Jak 1:17-27

Jak 1:17-27 1998 Haïtienne (HAT98)

Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li. Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l te vle l la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye. Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè. Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye. Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a. Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen. Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

Pataje
Li Jak 1

Jak 1:17-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Tout ce qui nous arrive de bon, tous les plus beaux cadeaux viennent d’en haut. Ils viennent de Dieu, le créateur du soleil et des étoiles. Chez lui, il n’y a pas de changement, pas de mouvement, pas d’ombre. Dieu a voulu nous donner la vie par la parole de vérité. Alors nous sommes d’une certaine façon au premier rang de tout ce qu’il a créé. Mes frères et mes sœurs très aimés, vous devez savoir ceci : chacun doit être rapide pour écouter, mais lent pour parler, lent pour se mettre en colère. Un homme en colère ne fait pas ce qui est juste aux yeux de Dieu. Alors, rejetez tout ce qui salit, tout ce qui rend mauvais. Recevez avec douceur la parole que Dieu a plantée en vous, elle peut vous sauver la vie. Ne vous contentez pas de l’écouter, mais faites ce qu’elle dit, sinon, vous vous trompez vous-mêmes. Oui, celui qui écoute la parole et qui ne fait pas ce qu’elle dit, voici à qui il ressemble : il ressemble à un homme qui regarde son visage dans un miroir. Il se voit tel qu’il est, il se regarde, puis il s’en va et il oublie tout de suite comment il est. Au contraire, voici quelqu’un qui étudie avec attention la loi parfaite qui rend libre. Il reste attaché à cette loi, il écoute la parole, il ne l’oublie pas et il fait ce qu’elle dit. Cet homme-là sera heureux dans ce qu’il fera. Si quelqu’un croit être un bon chrétien, mais n’est pas maître de sa langue, il se trompe lui-même, et sa façon de pratiquer la religion ne vaut rien. Aux yeux de Dieu notre Père, voici la façon parfaite de pratiquer la religion : prendre soin des orphelins et des veuves dans leur malheur, ne pas se laisser salir par les choses du monde.

Pataje
Li Jak 1

Jak 1:17-27 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l. Bondye te deside ban nou lavi pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo. Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè. Kout kòlè yon nonm fè pa ka ede Bondye fè jistis li. Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w. Mete pawòl Bondye yo an pratik. Pa sèlman koute yo. Sinon, se twonpe w ap twonpe tèt ou. Lè yon moun koute ansèyman pawòl Bondye yo, san l pa mete yo an pratik, se menm jan ak yon moun ki gade figi li nan yon glas epi ki wè kijan figi l ye. Lè l fin i, li pati epi li bliye kijan figi l te ye. Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè. Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè. Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon kon sa Bondye aksepte.

Pataje
Li Jak 1

Jak 1:17-27 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

tout cadeau de valeur, tout don parfait, nous vient d’en haut, du Père des lumières et en qui il n’y a ni changement, ni ombre due à des variations. Par un acte de sa libre volonté, il nous a engendrés par la parole de vérité pour que nous soyons comme les premiers fruits de sa nouvelle création. Vous savez tout cela, mes chers frères et sœurs. Mais que chacun de vous soit toujours prêt à écouter, qu’il ne se hâte pas de parler, ni de se mettre en colère. Car ce n’est pas par la colère qu’un homme accomplit ce qui est juste aux yeux de Dieu. Débarrassez-vous donc de tout ce qui souille et de tout ce qui reste en vous de méchanceté, pour recevoir, avec humilité, la Parole qui a été plantée dans votre cœur, car elle a le pouvoir de vous sauver. Seulement, ne vous contentez pas de l’écouter, traduisez-la en actes, sans quoi vous vous tromperiez vous-mêmes. En effet, si quelqu’un se contente d’écouter la Parole sans y conformer ses actes, il ressemble à un homme qui, en s’observant dans un miroir, découvre son vrai visage : après s’être ainsi observé, il s’en va et oublie ce qu’il est. Voici, au contraire, un homme qui scrute la loi parfaite qui donne la liberté : il lui demeure fidèlement attaché et, au lieu de l’oublier après l’avoir entendue, il y conforme ses actes ; cet homme sera heureux dans tout ce qu’il fait. Mais si quelqu’un croit être religieux, alors qu’il ne sait pas tenir sa langue en bride, il s’illusionne lui-même : sa religion ne vaut rien. La religion authentique et pure aux yeux de Dieu, le Père, consiste à aider les orphelins et les veuves dans leurs détresses et à ne pas se laisser corrompre par ce monde.

Pataje
Li Jak 1

Jak 1:17-27

Jak 1:17-27 HAT98Jak 1:17-27 HAT98