Ezayi 46:5-13
Ezayi 46:5-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Ak ki moun nou ta konpare m? Ki moun nou ka di ki sanble m? Ki moun nou ka mete bò kote m ki tankou m? Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l, yo adore l. Yo leve l mete sou zepòl yo, yo pote l ale. Yo mete l kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray. Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè! Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m! Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki ta pral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a. Mwen rele yon nonm mwen te chwazi sòti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt. Koute sa m'ap di nou, bann tèt di, nou menm ki pa sòti pou fè sa ki dwat: M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.
Ezayi 46:5-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
À qui pouvez-vous me comparer ? Qui peut être égal à moi ? À qui est-ce que je ressemble ? Certains sortent beaucoup d’or de leur poche. Ils pèsent l’argent dans une balance. Ils demandent à un fondeur de leur fabriquer un dieu. Ensuite, ils s’inclinent devant ce dieu et ils l’adorent. Puis ils le mettent sur leur épaule, ils le transportent et ils le placent quelque part. Ils fixent la statue, et elle ne bouge plus. Si quelqu’un crie vers le dieu, celui-ci ne répond pas. Dans le malheur, il ne sauve personne. Souvenez-vous de cela et reprenez courage ! Pensez-y, gens infidèles ! Rappelez-vous le passé, les événements d’autrefois. C’est moi qui suis Dieu, et il n’y en a pas d’autre. Il n’y a pas de Dieu comme moi. Depuis le commencement, j’ai annoncé ce qui devait arriver. Longtemps à l’avance, j’ai prédit ce qui ne s’est pas encore passé. Je dis : mon projet se réalisera. Tout ce que je veux, je le fais. De très loin, de l’est, j’appelle un homme puissant comme un aigle. C’est lui qui réalisera mes projets. Ce que je dis, je le fais. Le projet que j’ai formé, je le réalise. Écoutez-moi, vous qui avez la tête dure, vous qui êtes si loin de ce qui est juste ! Je fais venir ma justice, elle n’est plus loin. La libération est proche. Je l’apporte moi-même à Sion. Oui, je donne à Israël quelque chose de magnifique.
Ezayi 46:5-13 New International Version (NIV)
“With whom will you compare me or count me equal? To whom will you liken me that we may be compared? Some pour out gold from their bags and weigh out silver on the scales; they hire a goldsmith to make it into a god, and they bow down and worship it. They lift it to their shoulders and carry it; they set it up in its place, and there it stands. From that spot it cannot move. Even though someone cries out to it, it cannot answer; it cannot save them from their troubles. “Remember this, keep it in mind, take it to heart, you rebels. Remember the former things, those of long ago; I am God, and there is no other; I am God, and there is none like me. I make known the end from the beginning, from ancient times, what is still to come. I say, ‘My purpose will stand, and I will do all that I please.’ From the east I summon a bird of prey; from a far-off land, a man to fulfill my purpose. What I have said, that I will bring about; what I have planned, that I will do. Listen to me, you stubborn-hearted, you who are now far from my righteousness. I am bringing my righteousness near, it is not far away; and my salvation will not be delayed. I will grant salvation to Zion, my splendor to Israel.
Ezayi 46:5-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
A qui me comparerez-vous ? De qui me rendrez-vous l’égal ? A qui m’assimilerez-vous pour que nous soyons comparables ? Ils prennent tout l’or de leur bourse, ils pèsent l’argent au fléau et ils paient un orfèvre pour qu’il en fasse un dieu devant lequel ils puissent ╵se prosterner et l’adorer. Ils se le chargent sur l’épaule, ils le soutiennent, puis ils l’installent à sa place, ╵et il se tiendra là ; de sa place, il ne bouge plus. On a beau l’invoquer, il ne répondra pas, il ne peut délivrer ╵personne du malheur. Rappelez-vous cela et reprenez courage ! Considérez ces choses, vous qui vous êtes révoltés. Rappelez-vous ╵les événements du passé, ╵survenus il y a bien longtemps, car c’est moi qui suis Dieu, il n’y en a pas d’autre. Oui, moi seul, je suis Dieu, et il n’existe rien ╵qui me soit comparable. Dès le commencement, j’annonce l’avenir, et longtemps à l’avance ce qui n’est pas encore. C’est moi qui dis, ╵et mon dessein s’accomplira, oui, j’exécuterai ╵tout ce que je désire. J’appelle de l’orient un oiseau de proie, d’un pays éloigné, ╵l’homme prévu par mes desseins. Ce que j’ai déclaré, je le fais arriver, ce que j’ai résolu, je l’exécuterai. Ecoutez-moi, ╵gens au cœur obstiné, vous si loin d’être justes, je vais bientôt faire justice et cela n’est pas loin, je ne tarderai pas ╵à faire venir le salut : je vais accorder à Sion ╵la délivrance, et ma splendeur à Israël.