Ezayi 43:1-13
Ezayi 43:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l: — Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou. M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil. Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou sòti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche. M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m yo tounen sòti byen lwen. Kite pitit fi m yo tounen sòti toupatou sou latè. Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo sòti. Senyè a di ankò: — Fè pèp la konparèt devan m. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande. Rele tout nasyon yo, fè yo tout reyini ansanm. Fè yo sanble nan tribinal la. Kilès nan bondye moun sa yo ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè nou konnen bagay k'ap rive kounyeya? Fè bondye sa yo vini ak temwen ki pou kanpe pale pou yo. Lè y'a tande yo, y'a ba yo rezon! Men pawòl Senyè a di: — Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Senyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm! Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen okenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Senyè a menm ki di sa. M pa janm chanje. Pèsonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?
Ezayi 43:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Maintenant, Israël, le SEIGNEUR te dit ceci, lui qui t’a créé et formé : « N’aie pas peur, je te libère. Je t’ai appelé par ton nom, tu es à moi. Quand tu traverseras l’eau profonde, je serai avec toi, quand tu passeras les fleuves, tu ne te noieras pas. Quand tu marcheras au milieu du feu, il ne te brûlera pas, les flammes ne te toucheront pas. En effet, moi, le SEIGNEUR, je suis ton Dieu. Moi, le Dieu saint d’Israël, je suis ton sauveur. Pour payer ta libération, je donne l’Égypte, je donne l’Éthiopie et Séba en échange de toi. Oui, je tiens beaucoup à toi, tu es précieux et je t’aime. C’est pourquoi je donne des peuples à ta place, des êtres humains en échange de toi. « N’aie pas peur, je suis avec toi. De l’est, je vais faire revenir tes enfants, de l’ouest, je les rassemblerai. Je dis au nord : “Rends-les”, et au sud : “Ne les retiens pas.” Ramenez mes fils de ces pays éloignés et mes filles du bout du monde. Ramenez tous ceux qui portent mon nom, tous ceux que j’ai créés, que j’ai formés, que j’ai faits pour qu’ils me rendent gloire. » Que ce peuple se présente ! Il a des yeux mais il ne voit pas, il a des oreilles mais il n’entend pas. Que les populations se réunissent, que tous les peuples se rassemblent ! Parmi eux, qui peut annoncer ce qui se passe ? Qui peut nous dire ce qui est déjà arrivé ? Qu’ils présentent leurs témoins pour montrer qu’ils ont raison ! Que les témoins les écoutent et disent : « C’est la vérité ! » Le SEIGNEUR déclare : « Mes témoins, c’est vous, mon peuple. Vous êtes le serviteur que moi, j’ai choisi. Je veux que vous ayez confiance en moi, que vous reconnaissiez et compreniez que moi, je suis Dieu. Avant moi, il n’y a eu aucun dieu, et il n’y en aura pas après moi. Le SEIGNEUR, c’est moi, et moi seul. En dehors de moi, il n’y a pas de sauveur. C’est moi qui apporte le salut, qui l’annonce et qui le fais connaître. C’est moi, et non pas un dieu étranger qu’on peut trouver chez vous. » Le SEIGNEUR déclare encore : « Vous, vous êtes mes témoins, et moi, je suis Dieu. Oui, je le suis depuis le commencement, et personne ne peut arracher quelqu’un de ma main. Quand je fais quelque chose, personne ne peut le changer. »
Ezayi 43:1-13 New International Version (NIV)
But now, this is what the LORD says— he who created you, Jacob, he who formed you, Israel: “Do not fear, for I have redeemed you; I have summoned you by name; you are mine. When you pass through the waters, I will be with you; and when you pass through the rivers, they will not sweep over you. When you walk through the fire, you will not be burned; the flames will not set you ablaze. For I am the LORD your God, the Holy One of Israel, your Savior; I give Egypt for your ransom, Cush and Seba in your stead. Since you are precious and honored in my sight, and because I love you, I will give people in exchange for you, nations in exchange for your life. Do not be afraid, for I am with you; I will bring your children from the east and gather you from the west. I will say to the north, ‘Give them up!’ and to the south, ‘Do not hold them back.’ Bring my sons from afar and my daughters from the ends of the earth— everyone who is called by my name, whom I created for my glory, whom I formed and made.” Lead out those who have eyes but are blind, who have ears but are deaf. All the nations gather together and the peoples assemble. Which of their gods foretold this and proclaimed to us the former things? Let them bring in their witnesses to prove they were right, so that others may hear and say, “It is true.” “You are my witnesses,” declares the LORD, “and my servant whom I have chosen, so that you may know and believe me and understand that I am he. Before me no god was formed, nor will there be one after me. I, even I, am the LORD, and apart from me there is no savior. I have revealed and saved and proclaimed— I, and not some foreign god among you. You are my witnesses,” declares the LORD, “that I am God. Yes, and from ancient days I am he. No one can deliver out of my hand. When I act, who can reverse it?”
Ezayi 43:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Maintenant, l’Eternel ╵qui t’a créé, ╵ô peuple de Jacob, et qui t’a façonné, ╵ô Israël, te déclare ceci : Ne sois pas effrayé car je t’ai délivré, je t’ai appelé par ton nom, tu es à moi. Quand tu passeras par les eaux, je serai avec toi, quand tu traverseras les fleuves, ils ne te submergeront pas, quand tu marcheras dans le feu, il ne te fera pas de mal et par les flammes tu ne seras pas brûlé, puisque moi, l’Eternel, ╵je suis ton Dieu, le Saint d’Israël, ton Sauveur. Je donnerai l’Egypte ╵comme rançon pour toi, l’Ethiopie et Seba ╵en échange de toi. Oui, parce que tu m’es précieux, et que tu as du prix pour moi, ╵et que je t’aime, je donnerai des hommes ╵en échange de toi, et des peuples contre ta vie. Sois donc sans crainte, car je suis avec toi, je ferai revenir ╵tes enfants de l’orient je te rassemblerai ╵de l’occident. Je dirai au septentrion : ╵« Rends-les ! » Et au midi : ╵« Ne les retiens donc pas ! Fais revenir mes fils ╵des pays éloignés, fais revenir mes filles ╵des confins de la terre, oui, tous ceux qui portent mon nom et que j’ai créés pour ma gloire, que j’ai formés, oui, que j’ai faits ! Laisse sortir le peuple ╵qui est aveugle tout en ayant des yeux, et qui est sourd bien qu’il ait des oreilles ! » Que toutes les nations s’assemblent et que les peuples se regroupent ! Qui, parmi eux, ╵avait prédit ces choses ? Qui avait annoncé ╵les événements antérieurs ? Qu’ils citent leurs témoins ╵et qu’ils se justifient ! Qu’on les écoute bien ╵afin de pouvoir dire : « Oui, c’est la vérité ! » Mais mes témoins, c’est vous, déclare l’Eternel, votre peuple est le serviteur, ╵que je me suis choisi, pour que vous le sachiez, que vous croyiez en moi et que vous compreniez ╵que moi seul, je suis Dieu. Avant moi aucun dieu ╵ne fut jamais formé, et après moi, jamais ╵il n’en existera. Moi, je suis l’Eternel et, en dehors de moi, ╵il n’est pas de Sauveur. C’est moi qui ai prédit, ╵c’est moi qui ai sauvé, ╵je me suis fait entendre. Pas un dieu étranger ╵ne l’a fait parmi vous, et vous, déclare l’Eternel, vous êtes mes témoins, et c’est moi qui suis Dieu. Oui, je le suis depuis toujours et personne ne peut ╵délivrer de ma main. Ce que je réalise, ╵qui pourrait l’annuler ?