Ezayi 2:1-15

Ezayi 2:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòt, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm: Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a, l'a pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun ap soti tout peyi vin Jerizalèm. Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: — Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò. Kounyeya, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Senyè a ban nou an. Bondye, Ou lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo! Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, moun k'ap li zetwal. Peyi a tounen tankou peyi Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo. Peyi a plen lò ak lajan. Richès peyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen. Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo. Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Senyè! Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Senyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè. Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Senyè a va sèl chèf. Wi, jou sa a, se va jou Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo. L'ap detwi tout gwobwa peyi Liban an, tout gwo potanta peyi Bazan an. L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè. L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo.

Ezayi 2:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Voici le message qu’Ésaïe, fils d’Amots, a reçu dans une vision au sujet du royaume de Juda et de la ville de Jérusalem . Un jour, dans l’avenir, la montagne du temple du SEIGNEUR sera sûrement la plus haute des montagnes, elle s’élèvera au-dessus des collines. Alors tous les peuples viendront vers elle. Beaucoup de peuples se mettront en route. Ils diront : « Venez ! Montons à la montagne du SEIGNEUR, allons au temple du Dieu de Jacob. Il nous enseignera ce qu’il veut de nous, et nous suivrons le chemin qu’il nous montre. » En effet, l’enseignement du SEIGNEUR vient de Sion. Oui, sa parole nous arrive de Jérusalem. Il rendra son jugement entre les peuples, il sera un arbitre pour des peuples nombreux. Avec leurs épées, ils fabriqueront des socs de charrue, avec leurs lances, ils feront des faucilles. Un pays n’attaquera plus un autre pays, les hommes ne s’entraîneront plus pour la guerre. En route, famille de Jacob ! Marchons dans la lumière du SEIGNEUR ! SEIGNEUR, tu as abandonné ton peuple, la famille de Jacob. Voici pourquoi : son pays est rempli de devins venus de l’Orient. Ceux qui lisent dans le ciel sont aussi nombreux que chez les Philistins. Ton peuple fait des affaires avec les étrangers. Son pays est rempli d’argent, d’or et de trésors qu’on ne peut compter. Il est rempli de chevaux et de chars de guerre. Son pays est rempli de faux dieux. Tout le monde se met à genoux devant des statues, devant des objets fabriqués par des mains humaines. C’est pourquoi tous les êtres humains seront courbés et abaissés. Ne les relève pas, SEIGNEUR ! Cachez-vous parmi les rochers. Rentrez sous la terre pour fuir le SEIGNEUR, qui fait trembler de peur, pour fuir la lumière éblouissante de sa grandeur ! Ceux qui regardent les autres avec mépris devront baisser les yeux, les gens orgueilleux devront se courber. Ce jour-là, le SEIGNEUR seul sera grand. Le SEIGNEUR de l’univers garde un jour où il agira contre tout ce qui est fier et orgueilleux, contre tout ce qui se croit grand pour l’abaisser. Il agira contre tous les cèdres du Liban, ces arbres si élevés. Il agira contre tous les chênes du Bachan, contre toutes les hautes montagnes, contre toutes les collines élevées. Il agira contre toutes les grandes tours et contre tous les murs de défense

Ezayi 2:1-15 New International Version (NIV)

This is what Isaiah son of Amoz saw concerning Judah and Jerusalem: In the last days the mountain of the LORD’s temple will be established as the highest of the mountains; it will be exalted above the hills, and all nations will stream to it. Many peoples will come and say, “Come, let us go up to the mountain of the LORD, to the temple of the God of Jacob. He will teach us his ways, so that we may walk in his paths.” The law will go out from Zion, the word of the LORD from Jerusalem. He will judge between the nations and will settle disputes for many peoples. They will beat their swords into plowshares and their spears into pruning hooks. Nation will not take up sword against nation, nor will they train for war anymore. Come, descendants of Jacob, let us walk in the light of the LORD. LORD You, LORD, have abandoned your people, the descendants of Jacob. They are full of superstitions from the East; they practice divination like the Philistines and embrace pagan customs. Their land is full of silver and gold; there is no end to their treasures. Their land is full of horses; there is no end to their chariots. Their land is full of idols; they bow down to the work of their hands, to what their fingers have made. So people will be brought low and everyone humbled— do not forgive them. Go into the rocks, hide in the ground from the fearful presence of the LORD and the splendor of his majesty! The eyes of the arrogant will be humbled and human pride brought low; the LORD alone will be exalted in that day. The LORD Almighty has a day in store for all the proud and lofty, for all that is exalted (and they will be humbled), for all the cedars of Lebanon, tall and lofty, and all the oaks of Bashan, for all the towering mountains and all the high hills, for every lofty tower and every fortified wall

Ezayi 2:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Voici le message que Dieu a révélé à Esaïe, fils d’Amots, au sujet de Juda et de Jérusalem. Dans l’avenir, il adviendra que le mont ╵sur lequel est le temple ╵de l’Eternel sera fermement établi ╵au-dessus des montagnes, et il s’élèvera ╵par-dessus toutes les hauteurs, et tous les peuples étrangers ╵y afflueront. Oui, de nombreux peuples viendront, en se disant les uns aux autres : « Venez, montons ╵au mont de l’Eternel, au temple du Dieu de Jacob ! Il nous enseignera ╵les voies qu’il a prescrites ; nous suivrons ses sentiers. » Car de Sion viendra la Loi, et de Jérusalem, ╵la Parole de l’Eternel. Et il sera l’arbitre ╵entre les nations ; oui, il sera le juge ╵de nombreux peuples. Martelant leurs épées, ╵ils forgeront des socs ╵pour leurs charrues, et, de leurs lances, ╵ils feront des faucilles. Plus aucune nation ╵ne brandira l’épée ╵contre une autre nation, et l’on n’apprendra plus la guerre. Descendants de Jacob, venez donc et marchons ╵à la lumière ╵de l’Eternel. Tu as abandonné ton peuple, ╵la communauté de Jacob, car il est envahi ╵par les superstitions ╵qui viennent de l’Orient ; les devins y pullulent ╵autant qu’en Philistie. On pactise avec l’étranger. Le pays est rempli ╵d’argent et d’or et de trésors sans fin. Il est plein de chevaux, et ses chars de combat ╵ne peuvent se compter. Le pays est rempli d’idoles et les gens se prosternent devant leurs propres œuvres fabriquées de leurs mains. Mais les hommes s’inclineront, ils seront humiliés. Ne leur pardonne pas  ! Réfugiez-vous dans les rochers et cachez-vous sous terre à cause des terreurs ╵que l’Eternel provoque, de l’éclat de sa majesté. L’homme au regard hautain ╵devra baisser les yeux, l’orgueil humain sera brisé, car en ce jour-là, l’Eternel ╵sera seul honoré. Car l’Eternel, ╵le Seigneur des armées célestes, ╵tient en réserve un jour où il se dressera ╵contre tous les hautains, ╵les arrogants, les orgueilleux, ╵pour qu’ils soient abaissés ; contre les cèdres du Liban, ╵qui s’élèvent bien haut, et contre tous les chênes ╵des plateaux du Basan, et contre les hautes montagnes et contre les collines ╵qui sont altières, contre toutes les tours ╵qui sont très élevées et toutes les murailles ╵qui sont fortifiées