Ezayi 1:2-31

Ezayi 1:2-31 1998 Haïtienne (HAT98)

Senyè a di konsa: — Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Senyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen. Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp Izrayèl pa konnen mwen. Pèp mwen an pa pyès diferans. Malè pou peyi nou an kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans li! Malè pou ras sa a k'ap fè sa ki mal! Malè pou bann moun sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye, Senyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li. Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou nou pran kou. Tèt la malad, tout rès kò a ap soufri. Soti nan kwenn tèt rive nan plapye, tout kò nou malad: Se blese, se foulay, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo. Yo pa mete anyen sou yo. Yo pa panse yo pou kalme doulè yo. Peyi nou an fini. Dife fin boule tout vil nou yo rapyetè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, epi la devan je nou. Yo fini ak tout bagay nèt nan peyi a. Yo sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a. Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonnèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l toupatou. Si Senyè ki gen tout pouvwa a pa te kite kèk nan nou chape, lavil la ta disparèt nèt Nou ta tankou Sodòm ak Gomò. Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Senyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo. Li di yo: Sa pou m fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa. Lè n'ap vin fè sèvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou Tanp mwen an? Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen. Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò. Lè n'ap leve bra anlè pou lapriyè nan pye mwen, m'ap bouche je mwen pou mwen pa wè nou. Nou mèt lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou kras. Paske tout men nou se san. Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal! Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo. Senyè a di konsa: — Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou ta wouj kou san, m'ap lave, m'ap fè nou vin blan kou koton. Si li ta wouj nètale, n'ap vin blan kou lablanchè. Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay. Men, si nou derefize koute m, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n mouri nan lagè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa ak bouch mwen. Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m ak tout kè li. Kounyeya, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l, yo pat fè lenjistis. Kounyeya se renk ansasen! Lajan nou pa vo anyen ankò. Kafe nou koule dlo klè! Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan anba. Yo pa defann kòz ti òfelen san papa yo. Lè yon vèv ale lajistis, yo fè lasoudorèy pou pa tande kòz li. Se poutèt sa, koulyeya, koute sa Senyè Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: - M'ap konbat advèsè mwen yo. M'ap tire revanj sou lènmi mwen yo. M'ap lonje men ban nou ankò. M'ap pase nou nan dife tankou y'ap netwaye lò. M'ap retire tout sa ki pa bon nan nou. Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: Vil lajistis, vil ki kenbe fèm nan Senyè a. Senyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L'a sove lavil Jerizalèm. Senyè a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo. Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Senyè a. N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo. N'ap tankou yon pye bwadchenn k'ap deperi, tankou yon jaden ki pa jwenn dlo. Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa grannèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pèsonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.

Ezayi 1:2-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ciel, écoute ! Et toi, la terre, tends l’oreille ! C’est le SEIGNEUR qui parle : « J’ai fait grandir des enfants, je les ai élevés, mais ils se sont révoltés contre moi. Un bœuf connaît son propriétaire. Un âne connaît la mangeoire où son maître lui apporte à manger. Mais Israël ne connaît rien, mon peuple ne comprend rien. » Quel malheur, peuple coupable, peuple chargé de crimes ! Vous êtes une race de bandits, des fils pourris ! Vous avez abandonné le SEIGNEUR, vous avez méprisé le Dieu saint d’Israël, vous lui avez tourné le dos. Vous qui continuez à vous révolter contre moi, à quel endroit faut-il encore vous frapper ? La tête est couverte de blessures, le cœur tout entier est malade. Des pieds à la tête, plus rien n’est en bon état. Partout il n’y a que blessures, traces de coups, plaies ouvertes. Personne ne les a nettoyées, personne ne les a couvertes de bandages, personne ne les a soignées avec de l’huile. Votre pays ressemble à un désert de tristesse. Vos villes sont détruites par le feu, des étrangers dévorent vos récoltes sous vos yeux. Vos champs sont détruits, bouleversés comme après le passage des ennemis. Seule la ville de Sion est restée comme un abri dans une vigne, comme une hutte dans un champ de légumes, comme une ville entourée de soldats ennemis. Si le SEIGNEUR de l’univers n’avait pas laissé quelques personnes en vie chez nous, nous serions comme la ville de Sodome, nous ressemblerions à Gomorrhe . Vous, les chefs et le peuple, vous ne valez pas mieux que les chefs corrompus et la population de Sodome et Gomorrhe . Écoutez donc la parole du SEIGNEUR, ouvrez vos oreilles à l’enseignement de notre Dieu ! Le SEIGNEUR dit : « À quoi me servent vos nombreux sacrifices ? Vous brûlez entièrement des moutons pour moi, vous m’offrez la graisse des veaux. J’en ai assez de tout cela. Le sang des taureaux, des agneaux et des boucs, je n’en veux plus. Quand vous venez vous présenter devant moi, vous occupez inutilement les cours de mon temple. Est-ce que je vous ai demandé cela ? Arrêtez de m’apporter des offrandes qui ne servent à rien ! La fumée, je l’ai en horreur. Vous fêtez la nouvelle lune et le sabbat, vous organisez de grands rassemblements, et en même temps, vous commettez le mal. Je ne peux plus supporter cela. Je déteste vos fêtes de nouvelle lune et vos cérémonies. Elles sont un poids pour moi, et je suis fatigué de les supporter. Quand vous étendez les mains pour prier, je détourne mon regard. Même si vous faites beaucoup de prières, je n’écoute pas. Vos mains sont couvertes de sang. Lavez-vous, rendez-vous purs. Éloignez de mes yeux vos actions mauvaises, arrêtez de faire le mal. Apprenez à faire le bien. Cherchez à respecter le droit. Ramenez dans le bon chemin celui qui écrase les autres par l’injustice. Défendez les droits des orphelins, prenez en main la cause des veuves. » Le SEIGNEUR dit : « Venez, nous allons discuter. Même si vos péchés ont la couleur du sang, ils prendront la couleur du lait. S’ils sont rouges comme le feu, ils deviendront aussi blancs que la neige. Si vous acceptez d’obéir, vous pourrez manger les bonnes choses du pays. Mais si vous refusez, si vous continuez à vous révolter contre moi, l’épée vous dévorera. » Voilà ce que le SEIGNEUR affirme. Comment la ville fidèle est-elle devenue une prostituée ? Autrefois, le droit était respecté à Jérusalem, les gens vivaient en étant justes. Mais maintenant, la ville est remplie d’assassins. Jérusalem, ton argent s’est changé en déchets, ton bon vin est mélangé avec de l’eau. Tes chefs sont des révoltés et ils s’associent avec des voleurs. Ils aiment les cadeaux et sont prêts à tout pour en recevoir. Ils ne défendent pas les droits des orphelins et ils refusent de prendre en main la cause des veuves. C’est pourquoi, voici ce que déclare le SEIGNEUR de l’univers, le Maître, le Dieu puissant d’Israël : « Quel malheur ! Je me vengerai de mes adversaires, je prendrai ma revanche sur mes ennemis ! Jérusalem, je me tournerai contre toi. Je te rendrai pure comme avec du sel, je ferai fondre tes déchets, j’enlèverai toutes tes impuretés. Grâce à moi, tes juges ressembleront à ceux d’autrefois, tes conseillers seront comme ceux de jadis. Ensuite, on pourra t’appeler “Ville de la justice”, “Ville fidèle”. » Sion sera sauvée en respectant le droit. Ses habitants qui reviendront vers Dieu seront sauvés en pratiquant la justice. Mais ce sera une catastrophe pour les révoltés et les pécheurs. Ce sera la fin pour ceux qui abandonnent le SEIGNEUR. Alors vous aurez honte des arbres sacrés que vous aimiez tant. Vous serez déçus des jardins que vous avez choisis pour y servir les faux dieux. Vous ressemblerez à des arbres qui perdent leurs feuilles, ou à des jardins qui manquent d’eau. L’homme fort deviendra comme de la paille, et ses actions comme une étincelle. Les deux brûleront ensemble, et personne n’éteindra ce feu.

Ezayi 1:2-31 New International Version (NIV)

Hear me, you heavens! Listen, earth! For the LORD has spoken: “I reared children and brought them up, but they have rebelled against me. The ox knows its master, the donkey its owner’s manger, but Israel does not know, my people do not understand.” Woe to the sinful nation, a people whose guilt is great, a brood of evildoers, children given to corruption! They have forsaken the LORD; they have spurned the Holy One of Israel and turned their backs on him. Why should you be beaten anymore? Why do you persist in rebellion? Your whole head is injured, your whole heart afflicted. From the sole of your foot to the top of your head there is no soundness— only wounds and welts and open sores, not cleansed or bandaged or soothed with olive oil. Your country is desolate, your cities burned with fire; your fields are being stripped by foreigners right before you, laid waste as when overthrown by strangers. Daughter Zion is left like a shelter in a vineyard, like a hut in a cucumber field, like a city under siege. Unless the LORD Almighty had left us some survivors, we would have become like Sodom, we would have been like Gomorrah. Hear the word of the LORD, you rulers of Sodom; listen to the instruction of our God, you people of Gomorrah! “The multitude of your sacrifices— what are they to me?” says the LORD. “I have more than enough of burnt offerings, of rams and the fat of fattened animals; I have no pleasure in the blood of bulls and lambs and goats. When you come to appear before me, who has asked this of you, this trampling of my courts? Stop bringing meaningless offerings! Your incense is detestable to me. New Moons, Sabbaths and convocations— I cannot bear your worthless assemblies. Your New Moon feasts and your appointed festivals I hate with all my being. They have become a burden to me; I am weary of bearing them. When you spread out your hands in prayer, I hide my eyes from you; even when you offer many prayers, I am not listening. Your hands are full of blood! Wash and make yourselves clean. Take your evil deeds out of my sight; stop doing wrong. Learn to do right; seek justice. Defend the oppressed. Take up the cause of the fatherless; plead the case of the widow. “Come now, let us settle the matter,” says the LORD. “Though your sins are like scarlet, they shall be as white as snow; though they are red as crimson, they shall be like wool. If you are willing and obedient, you will eat the good things of the land; but if you resist and rebel, you will be devoured by the sword.” For the mouth of the LORD has spoken. See how the faithful city has become a prostitute! She once was full of justice; righteousness used to dwell in her— but now murderers! Your silver has become dross, your choice wine is diluted with water. Your rulers are rebels, partners with thieves; they all love bribes and chase after gifts. They do not defend the cause of the fatherless; the widow’s case does not come before them. Therefore the Lord, the LORD Almighty, the Mighty One of Israel, declares: “Ah! I will vent my wrath on my foes and avenge myself on my enemies. I will turn my hand against you; I will thoroughly purge away your dross and remove all your impurities. I will restore your leaders as in days of old, your rulers as at the beginning. Afterward you will be called the City of Righteousness, the Faithful City.” Zion will be delivered with justice, her penitent ones with righteousness. But rebels and sinners will both be broken, and those who forsake the LORD will perish. “You will be ashamed because of the sacred oaks in which you have delighted; you will be disgraced because of the gardens that you have chosen. You will be like an oak with fading leaves, like a garden without water. The mighty man will become tinder and his work a spark; both will burn together, with no one to quench the fire.”

Ezayi 1:2-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Vous, les cieux, écoutez, toi, terre, tends l’oreille, c’est l’Eternel qui parle : J’ai élevé des enfants, et j’ai pris soin d’eux, mais ils se sont révoltés contre moi. Le bœuf sait bien ╵à qui il appartient, et l’âne connaît la mangeoire ╵où le nourrit son maître. Israël ne veut rien savoir, et mon peuple ne comprend pas. Malheur à toi, nation coupable, peuple chargé de fautes, race adonnée au mal et enfants corrompus ! Vous avez abandonné l’Eternel, méprisé le Saint d’Israël, vous lui avez tourné le dos. Où vous frapper encore, puisque vous persistez ╵dans votre rébellion ? Car, déjà, votre tête ╵tout entière est malade, votre cœur est tout affligé. De la plante des pieds ╵jusqu’à la tête, rien n’est en bon état, ce ne sont que blessures, ╵contusions et plaies vives que l’on n’a pas pansées ╵ni bandées, ni soignées avec de l’huile. Le pays que vous habitez ╵est dévasté, vos villes sont détruites par le feu, vos campagnes sont ravagées ╵sous vos yeux par des étrangers. Oui, tout est dévasté, ╵détruit par des envahisseurs. Et Sion est restée comme une hutte ╵au milieu d’une vigne, comme un abri ╵dans un champ de concombres, comme une ville ╵entourée d’armées ennemies. Si l’Eternel, ╵le Seigneur des armées célestes, ne nous avait laissé ╵un faible reste, nous ressemblerions à Sodome et nous serions comme Gomorrhe. Vous, les chefs de Sodome, écoutez bien ╵ce que dit l’Eternel, vous, peuple de Gomorrhe, écoutez bien ╵la Loi de notre Dieu. A quoi peuvent bien me servir ╵vos nombreux sacrifices ? dit l’Eternel, car je suis rassasié ╵des holocaustes de béliers, et de la graisse ╵de bêtes à l’engrais. Je ne prends pas plaisir aux sacrifices de taureaux, ╵d’agneaux comme de boucs. Quand vous venez ╵pour vous présenter devant moi, qui vous a demandé ╵de fouler mes parvis ? Cessez de m’apporter ╵d’inutiles offrandes : j’ai l’encens en horreur ; quant aux nouvelles lunes, ╵aux sabbats et aux assemblées, je ne veux plus ╵de ces rassemblements de culte ╵de gens qui font le mal. Oui, vos nouvelles lunes, ╵toutes vos fêtes, ╵je les déteste, elles sont un fardeau pour moi ; je suis las de les supporter. Lorsque vous étendez les mains ╵pour me prier, je me cache les yeux, vous avez beau multiplier ╵le nombre des prières, je ne vous entends pas, car vos mains sont pleines de sang. Lavez-vous donc, ╵purifiez-vous, écartez de ma vue ╵vos mauvaises actions et cessez de faire le mal. Apprenez à faire le bien, efforcez-vous d’agir avec droiture, assistez l’opprimé, et défendez le droit ╵de l’orphelin, plaidez la cause de la veuve ! Venez et discutons ensemble, dit l’Eternel : si vos péchés sont rouges ╵comme de l’écarlate, ils deviendront aussi blancs que la neige. Oui, s’ils sont rouges ╵comme la pourpre, ils deviendront ╵aussi blancs que la laine. Si vous vous décidez à m’obéir, vous mangerez ╵les meilleurs produits du pays. Mais, si vous refusez, ╵si vous êtes rebelles, c’est l’épée qui vous mangera, l’Eternel le déclare. Jérusalem ! Comment se fait-il donc ╵que la cité fidèle soit devenue ╵une prostituée  ? Toi, jadis pleine de droiture, où la justice demeurait, maintenant, tu abrites ╵des assassins. Ton argent n’est plus que scories, et ton vin le meilleur ╵est coupé d’eau. Tes chefs sont des rebelles, complices de voleurs, tous aiment les pots-de-vin et sont avides de présents, ils ne défendent pas ╵les droits de l’orphelin ; la cause de la veuve ╵jamais ne leur parvient. C’est pourquoi l’Eternel, le Seigneur des armées célestes, le Puissant d’Israël, ╵vous déclare ceci : Malheur à vous ! Je tirerai vengeance ╵de vous, mes adversaires, je vous ferai payer, ╵ô vous, mes ennemis. Je tournerai ma main ╵contre toi, ô Jérusalem, je fondrai tes scories, comme avec de la soude, et je vais supprimer ╵tous tes déchets. Je te redonnerai des dirigeants ╵comme ceux d’autrefois, des conseillers ╵comme au commencement. Après cela, ╵tu seras appelée la Ville-de-Justice et la Cité fidèle. Le salut viendra pour Sion ╵selon le droit, ses habitants ╵qui reviendront à Dieu ╵seront sauvés : ╵ils obtiendront justice. Mais les pécheurs ╵et ceux qui transgressent la Loi seront brisés ensemble et ceux qui se détournent ╵de l’Eternel, ╵disparaîtront. Et quant aux chênes, ╵ceux que vous aimez tant, ils tourneront à votre honte, vous rougirez ╵à cause des jardins sacrés que vous avez choisis. Car vous serez vous-mêmes ╵pareils aux chênes au feuillage flétri, ou tout comme un jardin ╵qui serait privé d’eau. L’homme le plus puissant ╵sera comme l’étoupe, et ce qu’il a produit ╵servira d’étincelle pour qu’il soit consumé ╵avec ce qu’il a fait sans qu’il y ait personne ╵pour éteindre les flammes.