Oze 11:1-12
Oze 11:1-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Izrayèl te jenn toujou, mwen te renmen li. Epi kòm li se pitit gason mwen. Mwen fè li soti kite peyi Lejip. Men, plis mwen te konsidere l tankou pitit mwen, se plis li t'ap vire do ban mwen. Yo t'ap plede fè ofrann bèt pou Baal, yo t'ap plede boule lansan pou zidòl. Se mwen menm ki te moutre moun Izrayèl yo jan pou yo mache. Mwen te konn pran yo nan bra mwen. Men, yo pat vle rekonèt se mwen menm ki te pran swen yo. Pou m te ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m ba yo manje. Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo. Lènmi pral desann sou lavil yo ak nepe nan men yo. Y'ap kraze miray ranpa lavil yo, y'ap detwi pèp mwen an, paske yo fè sa yo pito. Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pèsonn p'ap vin wete l sou yo. Nou menm, moun Efrayim, kouman nou ta vle pou m'ta lage nou an? Wi Efrayim, moun Izrayèl, kouman nou ta vle pou m'ta detwi nou tankou m' te fè lavil Adma a? Kouman nou ta vle pou m'ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou. Mwen p'ap fè sa m te di mwen t'ap fè lè m te ankòlè a. Mwen p'ap detwi moun Efrayim yo ankò. Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou lèzòm. Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou. Mwen p'ap fè kòlè pou m vin detwi nou. Y'a pran mache dèyè m ankò. Lè m'a gwonde tankou yon lyon, y'a tranble kou fèy bwa, y'a kouri kite peyi bò kote solèy kouche a, y'a vin jwenn mwen. Y'a vole tankou zwazo, y'a kouri kite peyi Lejip. Y'a pran zèl tankou toutrèl, y'a kouri kite peyi Lasiri. M'a fè yo tounen vin rete nan peyi yo a. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Senyè a di ankò: Moun Efrayim yo kouvri m anba manti. Moun Izrayèl yo vlope m ak bèl pawòl. Men, moun peyi Jida yo ap kenbe tèt avè m toujou, mwen menm Bondye ki toujou kenbe pawòl mwen, mwen menm ki yon Bondye apa!
Oze 11:1-12 New International Version (NIV)
“When Israel was a child, I loved him, and out of Egypt I called my son. But the more they were called, the more they went away from me. They sacrificed to the Baals and they burned incense to images. It was I who taught Ephraim to walk, taking them by the arms; but they did not realize it was I who healed them. I led them with cords of human kindness, with ties of love. To them I was like one who lifts a little child to the cheek, and I bent down to feed them. “Will they not return to Egypt and will not Assyria rule over them because they refuse to repent? A sword will flash in their cities; it will devour their false prophets and put an end to their plans. My people are determined to turn from me. Even though they call me God Most High, I will by no means exalt them. “How can I give you up, Ephraim? How can I hand you over, Israel? How can I treat you like Admah? How can I make you like Zeboyim? My heart is changed within me; all my compassion is aroused. I will not carry out my fierce anger, nor will I devastate Ephraim again. For I am God, and not a man— the Holy One among you. I will not come against their cities. They will follow the LORD; he will roar like a lion. When he roars, his children will come trembling from the west. They will come from Egypt, trembling like sparrows, from Assyria, fluttering like doves. I will settle them in their homes,” declares the LORD. Ephraim has surrounded me with lies, Israel with deceit. And Judah is unruly against God, even against the faithful Holy One.