Ebre 7:18-28

Ebre 7:18-28 1998 Haïtienne (HAT98)

Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pat kapab sèvi anyen ankò. Lalwa Moyiz la pat kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, kounyeya, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kote Bondye. Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l pat fè sèman. Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan. Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a. Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t'ap mouri. Yon sèl pat ka kenbe travay la nèt ale. Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l nan plas li. Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo. Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l apa, yo wete l nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l, li mete l pi wo pase syèl la. Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a. Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.

Pataje
Li Ebre 7

Ebre 7:18-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

L’ancienne règle était imparfaite et inutile, alors on l’a supprimée. La loi de Moïse n’a rien produit de parfait. Mais une espérance meilleure nous est donnée, et par elle, nous nous approchons de Dieu. De plus, il y a eu un serment. Les autres sont devenus prêtres sans serment. Mais pour Jésus, Dieu a fait un serment quand il lui a dit : « Le Seigneur a fait ce serment, et il ne reprendra pas sa parole : tu es prêtre pour toujours. » C’est pourquoi, avec Jésus, nous sommes sûrs d’avoir une alliance meilleure. Il y a encore une différence : les autres prêtres ont été très nombreux, parce que la mort les empêchait de rester toujours prêtres. Mais Jésus, lui, vit pour toujours, et jamais personne d’autre ne sera prêtre à sa place. C’est pourquoi il peut sauver pour toujours ceux qui s’approchent de Dieu avec son aide. En effet, Jésus est toujours vivant, il peut donc toujours prier Dieu pour eux. Jésus est le grand-prêtre qu’il nous fallait. Il est saint, innocent et sans faute, il est séparé des pécheurs, et Dieu l’a placé plus haut que tout. Jésus n’est pas comme les autres grands-prêtres. Il n’a pas besoin d’offrir des sacrifices chaque jour, d’abord pour ses péchés à lui, ensuite pour ceux du peuple. Il a fait cela une fois pour toutes en s’offrant lui-même. La loi de Moïse établit comme grands-prêtres des hommes imparfaits. Mais le serment de Dieu, qui vient après la loi, établit comme grand-prêtre le Fils devenu parfait pour toujours.

Pataje
Li Ebre 7

Ebre 7:18-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ansyen sistèm nan rive nan bout li, paske l te fèb epi li pa t ka ede nou. Lalwa Moyiz la pa t ka mennen nou nan pèfeksyon. Kounye a gen yon pi bon espwa. Se espwa sa a ki ban nou asirans pou nou pwoche pi pre Bondye. Epi, li enpòtan pou nou konnen Bondye te fè yon sèman lè li te chwazi Jezi kòm granprèt. Pa t konn gen sèman pou etabli lòt prèt nan gwoup fanmi Levi yo. Men se yon sèman ki etabli Jezi prèt. Men sa Bondye te di: “SENYÈ a fè sèman eli p ap tounen sou pawòl li: Ou se prèt pou toujou.” Se sa ki fè, Jezi se garanti Bondye bay pèp li a pou l montre li fè l yon pi bon pwomès. Gen yon lòt diferans ankò: lè youn nan lòt prèt yo te mouri, misyon l kòm prèt te rive nan bout li. Sa fè yo te oblije genyen yon bann prèt. Men, Jezi vivan pou letènite. Misyon l kòm prèt p ap janm fin i. Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye. Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la. Li pa menm jan ak lòt prèt yo. Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l ak peche pèp la menm jan lòt prèt yo te konn fè sa. Li te ofri yon sakrifis yon fwa pou tout. Epi se tèt li li te ofri kòm sakrifis. Lalwa te etabli l kòm prèt ki te gen menm feblès ak tout moun. Men, se apre lalwa, Bondye te fè sèman l ap mete Pitit ki san fay la kòm sakrifikatè pou letènite.

Pataje
Li Ebre 7

Ebre 7:18-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

D’une part donc, la règle antérieure se trouve abrogée parce qu’elle était impuissante et inutile. La Loi, en effet, n’a rien amené à la perfection. D’autre part, une meilleure espérance a été introduite, par laquelle nous nous approchons de Dieu. En outre, tout cela ne s’est pas fait sans serment de Dieu. Les autres prêtres ont reçu la prêtrise sans un tel serment, mais Jésus est devenu prêtre en vertu d’un serment que Dieu a prononcé quand il lui a dit : Le Seigneur l’a juré, ╵ il ne reviendra pas ╵ sur son engagement : tu seras prêtre pour toujours . Ainsi, Jésus est devenu le garant d’une alliance meilleure. De plus, de nombreux prêtres se sont succédé parce que la mort les empêchait d’exercer leurs fonctions à perpétuité. Mais Jésus, lui, parce qu’il demeure éternellement, possède le sacerdoce perpétuel. Voilà pourquoi il est en mesure de sauver parfaitement ceux qui s’approchent de Dieu par lui, puisqu’il est toujours vivant pour intercéder en leur faveur auprès de Dieu. Jésus est donc bien le grand-prêtre qu’il nous fallait : il est saint, pleinement innocent, indemne de tout péché, séparé des pécheurs et il a été élevé plus haut que les cieux. Les autres grands-prêtres sont obligés d’offrir chaque jour des sacrifices, d’abord pour leurs propres péchés, ensuite pour ceux du peuple. Lui n’en a pas besoin, car il a tout accompli une fois pour toutes, en s’offrant lui-même. Les grands-prêtres institués par la Loi sont des hommes marqués par leur faiblesse. Mais celui que Dieu a établi grand-prêtre par un serment solennel, prononcé après la promulgation de la Loi, est son propre Fils, et il a été rendu parfait pour toujours.

Pataje
Li Ebre 7