Ebre 7:1-28
Ebre 7:1-28 1998 Haïtienne (HAT98)
Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l, li ba l benediksyon. Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Nonb Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a. Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l, ni manman l, ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l te fèt, ni ki bò l mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan. Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l te pran nan batay la. Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye. Mèlkisedèk menm pat moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon. Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre. Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la. Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan kounyeya. Paske, nan yon sans, Levi ki pat ankò fèt te nan ren granpapa l, Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l la. Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini. Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou. Men, nan tout pawòl sa yo, se sou Senyè a y'ap pale. Men li menm, li sòti nan yon lòt branch fanmi, ki pa janm gen pèsonn ladan l ki te konn fè sèvis prèt yo devan lotèl la. Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pat janm bay non sa a lè li t'ap pale sou prèt yo. Bon, men yon lòt pwen k'ap eklèsi kèsyon an plis toujou. Nou wè se yon lòt prèt ki tankou Mèlkisedèk ki vin la a. Yo pat fè l prèt dapre regleman lèzòm: men, se akòz pouvwa lavi ki p'ap janm fini an kifè yo fè l prèt. Men sa ki ekri nan Liv la: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk. Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pat kapab sèvi anyen ankò. Lalwa Moyiz la pat kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, kounyeya, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kote Bondye. Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l pat fè sèman. Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan. Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a. Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t'ap mouri. Yon sèl pat ka kenbe travay la nèt ale. Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l nan plas li. Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo. Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l apa, yo wete l nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l, li mete l pi wo pase syèl la. Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a. Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.
Ebre 7:1-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ce Melkisédec était roi de Salem, et prêtre du Dieu très-haut. Abraham revenait du combat où il avait vaincu les rois. Melkisédec est allé à sa rencontre et il a béni Abraham. Et Abraham lui a donné un dixième de tout ce qu’il avait pris. Le nom de Melkisédec veut dire « roi de justice ». De plus, Melkisédec est roi de Salem , et cela veut dire « roi de paix ». Il n’a pas de père, ni de mère, ni d’ancêtres. On ne parle jamais de sa naissance ni de sa mort. Il ressemble au Fils de Dieu : il reste prêtre pour toujours. Voyez combien Melkisédec est important ! Même Abraham, notre ancêtre, lui a donné un dixième de ce qu’il avait gagné dans la bataille. La loi de Moïse commande ceci aux prêtres de la famille de Lévi : ils doivent demander au peuple d’Israël un dixième de tout ce qu’il a . Ils le demandent au peuple, c’est-à-dire à leurs frères, qui sont pourtant de la famille d’Abraham. Or, Melkisédec, lui, n’appartenait pas à la famille de Lévi. Et pourtant, il a reçu d’Abraham un dixième de ce qu’il avait gagné. Et Melkisédec a béni celui qui avait reçu les promesses de Dieu. Sans aucun doute, c’est le plus grand qui bénit le plus petit. Les prêtres qui reçoivent un dixième des biens du peuple, ce sont des hommes qui doivent mourir un jour. Melkisédec aussi a reçu un dixième des biens, mais lui, il est toujours vivant, comme les Livres Saints le disent. Ce sont les fils de la famille de Lévi qui reçoivent un dixième des biens du peuple. Pourtant, on peut dire que Lévi, lui aussi, a payé cet impôt, par l’intermédiaire d’Abraham. En effet, Abraham est son ancêtre. Et d’une certaine façon, Lévi était déjà dans le corps de son ancêtre, quand Abraham a rencontré Melkisédec. Dans la loi du peuple d’Israël, ce sont les fils de la famille de Lévi qu’on doit choisir comme prêtres. Ils sont prêtres à la façon d’Aaron. Mais leur façon d’être prêtres n’était pas parfaite, sinon, pourquoi avoir un autre prêtre, à la façon de Melkisédec ? Cela ne serait pas nécessaire. Or, si la façon d’être prêtre n’est plus la même, la loi aussi doit changer. Ces paroles sont dites au sujet de notre Seigneur. Lui, il appartient à une autre tribu, et dans cette tribu, personne ne s’est jamais occupé du service de l’autel. Tout le monde le sait, notre Seigneur est né dans la tribu de Juda. Eh bien, Moïse n’a pas parlé de cette tribu quand il a parlé des prêtres. Voici pourquoi les choses sont encore plus claires : un autre prêtre est venu, et il ressemble à Melkisédec. Il n’est pas prêtre selon une règle et selon des commandements humains. Il est devenu prêtre par la puissance d’une vie qui ne peut pas finir. C’est vrai, les Livres Saints le disent : « Tu es prêtre pour toujours à la façon de Melkisédec. » L’ancienne règle était imparfaite et inutile, alors on l’a supprimée. La loi de Moïse n’a rien produit de parfait. Mais une espérance meilleure nous est donnée, et par elle, nous nous approchons de Dieu. De plus, il y a eu un serment. Les autres sont devenus prêtres sans serment. Mais pour Jésus, Dieu a fait un serment quand il lui a dit : « Le Seigneur a fait ce serment, et il ne reprendra pas sa parole : tu es prêtre pour toujours. » C’est pourquoi, avec Jésus, nous sommes sûrs d’avoir une alliance meilleure. Il y a encore une différence : les autres prêtres ont été très nombreux, parce que la mort les empêchait de rester toujours prêtres. Mais Jésus, lui, vit pour toujours, et jamais personne d’autre ne sera prêtre à sa place. C’est pourquoi il peut sauver pour toujours ceux qui s’approchent de Dieu avec son aide. En effet, Jésus est toujours vivant, il peut donc toujours prier Dieu pour eux. Jésus est le grand-prêtre qu’il nous fallait. Il est saint, innocent et sans faute, il est séparé des pécheurs, et Dieu l’a placé plus haut que tout. Jésus n’est pas comme les autres grands-prêtres. Il n’a pas besoin d’offrir des sacrifices chaque jour, d’abord pour ses péchés à lui, ensuite pour ceux du peuple. Il a fait cela une fois pour toutes en s’offrant lui-même. La loi de Moïse établit comme grands-prêtres des hommes imparfaits. Mais le serment de Dieu, qui vient après la loi, établit comme grand-prêtre le Fils devenu parfait pour toujours.
Ebre 7:1-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Mèlkisedèk se te wa nan Salèm epi li te sakrifikatè pou Bondye ki pi Wo a tou. Li te rankontre Abraram apre Abraram te fin ranpòte laviktwa sou wa yo. Jou sa a, Mèlkisedèk te beni Abraram. Lè sa a, Abraram te ba li ladim sou tout sa l te genyen. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Pou premye sans lan, Mèlkisedèk vle di “wa ki pratike lajistis.” Pou dezyèm sans lan, Mèlkisedèk se wa Salèm, sa vle di “wa ki bay lapè.” Pèsonn pa konnen ni ki lès ki papa l, ni ki lès ki manman l, ni ki kote l soti. Pa gen moun ki konnen ni ki lè l te fèt ni ki lè l te mouri. Mèlkisedèk sanble ak Pitit Bondye a, nan sans li rete sakrifikatè pou tout tan. Nou ka konprann ki nivo enpòtans Mèlkisedèk te genyen. Menm Abraram te ba l ladim sou tout sa l te pran nan batay la. Lalwa Moyiz la pase lòd pou moun ki soti nan fanmi Levi yo epi ki sèvi kòm sakrifikatè kolekte ladim nan men pèp la, menmsi yo tout ansanm se pitit pitit Abraram. Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye. Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la. Moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki la pou kolekte ladim gen pou mouri tankou tout moun, epi Mèlkisedèk ki te resevwa ladim nan men Abraram toujou vivan, selon sa Bib la di nou. Se vre se sèlman moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki kolekte ladim nan men pèp la, men nou ka di lè Abraram te bay Mèlkisedèk ladim nan, Levi te ba l ladim pa mwayen Abraram tou. Lè Abraram te rankontre ak Mèlkisedèk, Levi pa t ko fèt, men nou ka di li te nan ren zansèt li Abraram. Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Aawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk. Depi liy sakrifikatè a chanje, fòk lalwa a chanje tou. N ap pale de Jezikris, Senyè nou ki soti nan yon fanmi diferan de sa Lalwa di. Li soti nan gwoup fanmi Jida. Pa gen okenn lòt moun nan fanmi sa a anvan l ki te sèvi kòm sakrifikatè. Moyiz pa t janm pale de yon sakrifikatè ki t ap soti nan gwoup fanmi Jida. Men bagay yo vin pi klè pou nou lè n wè lòt sakrifikatè ki parèt la tankou Mèlkisedèk. Li pa vin tounen sakrifikatè sou baz prensip nan ki fanmi l te fèt. Li vin sakrifikatè sou baz puisans yon lavi ki p ap janm fin i. Men sa Bib la di sou li: “Ou se sakrifikatè pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.” Ansyen sistèm nan rive nan bout li, paske l te fèb epi li pa t ka ede nou. Lalwa Moyiz la pa t ka mennen nou nan pèfeksyon. Kounye a gen yon pi bon espwa. Se espwa sa a ki ban nou asirans pou nou pwoche pi pre Bondye. Epi, li enpòtan pou nou konnen Bondye te fè yon sèman lè li te chwazi Jezi kòm granprèt. Pa t konn gen sèman pou etabli lòt prèt nan gwoup fanmi Levi yo. Men se yon sèman ki etabli Jezi prèt. Men sa Bondye te di: “SENYÈ a fè sèman eli p ap tounen sou pawòl li: Ou se prèt pou toujou.” Se sa ki fè, Jezi se garanti Bondye bay pèp li a pou l montre li fè l yon pi bon pwomès. Gen yon lòt diferans ankò: lè youn nan lòt prèt yo te mouri, misyon l kòm prèt te rive nan bout li. Sa fè yo te oblije genyen yon bann prèt. Men, Jezi vivan pou letènite. Misyon l kòm prèt p ap janm fin i. Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye. Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la. Li pa menm jan ak lòt prèt yo. Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l ak peche pèp la menm jan lòt prèt yo te konn fè sa. Li te ofri yon sakrifis yon fwa pou tout. Epi se tèt li li te ofri kòm sakrifis. Lalwa te etabli l kòm prèt ki te gen menm feblès ak tout moun. Men, se apre lalwa, Bondye te fè sèman l ap mete Pitit ki san fay la kòm sakrifikatè pou letènite.
Ebre 7:1-28 New International Version (NIV)
This Melchizedek was king of Salem and priest of God Most High. He met Abraham returning from the defeat of the kings and blessed him, and Abraham gave him a tenth of everything. First, the name Melchizedek means “king of righteousness”; then also, “king of Salem” means “king of peace.” Without father or mother, without genealogy, without beginning of days or end of life, resembling the Son of God, he remains a priest forever. Just think how great he was: Even the patriarch Abraham gave him a tenth of the plunder! Now the law requires the descendants of Levi who become priests to collect a tenth from the people—that is, from their fellow Israelites—even though they also are descended from Abraham. This man, however, did not trace his descent from Levi, yet he collected a tenth from Abraham and blessed him who had the promises. And without doubt the lesser is blessed by the greater. In the one case, the tenth is collected by people who die; but in the other case, by him who is declared to be living. One might even say that Levi, who collects the tenth, paid the tenth through Abraham, because when Melchizedek met Abraham, Levi was still in the body of his ancestor. If perfection could have been attained through the Levitical priesthood—and indeed the law given to the people established that priesthood—why was there still need for another priest to come, one in the order of Melchizedek, not in the order of Aaron? For when the priesthood is changed, the law must be changed also. He of whom these things are said belonged to a different tribe, and no one from that tribe has ever served at the altar. For it is clear that our Lord descended from Judah, and in regard to that tribe Moses said nothing about priests. And what we have said is even more clear if another priest like Melchizedek appears, one who has become a priest not on the basis of a regulation as to his ancestry but on the basis of the power of an indestructible life. For it is declared: “You are a priest forever, in the order of Melchizedek.” The former regulation is set aside because it was weak and useless (for the law made nothing perfect), and a better hope is introduced, by which we draw near to God. And it was not without an oath! Others became priests without any oath, but he became a priest with an oath when God said to him: “The Lord has sworn and will not change his mind: ‘You are a priest forever.’ ” Because of this oath, Jesus has become the guarantor of a better covenant. Now there have been many of those priests, since death prevented them from continuing in office; but because Jesus lives forever, he has a permanent priesthood. Therefore he is able to save completely those who come to God through him, because he always lives to intercede for them. Such a high priest truly meets our need—one who is holy, blameless, pure, set apart from sinners, exalted above the heavens. Unlike the other high priests, he does not need to offer sacrifices day after day, first for his own sins, and then for the sins of the people. He sacrificed for their sins once for all when he offered himself. For the law appoints as high priests men in all their weakness; but the oath, which came after the law, appointed the Son, who has been made perfect forever.
Ebre 7:1-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ce Melchisédek était, selon l’Ecriture, roi de Salem et prêtre du Dieu très-haut. C’est lui qui a rencontré Abraham quand celui-ci revenait de sa victoire sur les rois et qui l’a béni . Et c’est à lui qu’ Abraham a donné le dixième de tout son butin . Tout d’abord, le nom de Melchisédek signifie roi de justice. Ensuite, il est roi de Salem , ce qui veut dire : roi de paix. En outre, l’Ecriture ne lui attribue ni père, ni mère, ni généalogie. Elle ne mentionne ni sa naissance, ni sa mort. Elle le rend ainsi semblable au Fils de Dieu, et il demeure prêtre pour toujours. Remarquez quel rang éminent occupait cet homme pour qu’Abraham, le patriarche, lui donne la dîme de son butin. Certes, la Loi ordonne à ceux des lévites qui sont prêtres de prélever la dîme sur le peuple d’Israël, c’est-à-dire sur leurs frères, bien que ceux-ci soient, comme eux, des descendants d’Abraham. Mais Melchisédek, qui ne figure pas parmi les descendants de Lévi, a reçu la dîme d’Abraham. En outre, il a invoqué la bénédiction de Dieu sur celui qui avait reçu les promesses divines. Or, incontestablement, c’est l’inférieur qui est béni par le supérieur. De plus, dans le premier cas, ceux qui perçoivent la dîme sont des hommes mortels ; dans le second, selon le témoignage de l’Ecriture, il s’agit de quelqu’un qui vit. Enfin, concernant Lévi, qui perçoit la dîme, on peut même dire qu’il l’a versée à Melchisédek en la personne d’Abraham. En effet, puisqu’il n’était pas encore né, il était encore en puissance dans la personne de son ancêtre Abraham lorsque Melchisédek a rencontré celui-ci. La Loi donnée au peuple d’Israël repose sur le sacerdoce lévitique. Or, s’il avait été possible d’atteindre la perfection par ce sacerdoce, pourquoi était-il nécessaire d’établir un autre prêtre , selon la ligne de Melchisédek , et non pas selon la ligne d’Aaron ? Or, ce changement de sacerdoce entraîne forcément un changement de loi. Car les affirmations du texte que nous venons de citer concernent un prêtre qui est d’une autre tribu que celle de Lévi, une tribu dont aucun membre n’a jamais été affecté au service de l’autel. Comme on le sait bien, en effet, notre Seigneur est issu de la tribu de Juda, et Moïse n’a jamais parlé de sacerdoce pour cette tribu. Cela devient plus évident encore quand on considère ce fait : c’est sur le modèle de Melchisédek qu’un autre prêtre s’est levé ; et il n’est pas devenu prêtre en vertu d’une règle liée à la filiation naturelle, mais par la puissance d’une vie indestructible. Car il est déclaré à son sujet : Tu es prêtre pour toujours selon la ligne de Melchisédek . D’une part donc, la règle antérieure se trouve abrogée parce qu’elle était impuissante et inutile. La Loi, en effet, n’a rien amené à la perfection. D’autre part, une meilleure espérance a été introduite, par laquelle nous nous approchons de Dieu. En outre, tout cela ne s’est pas fait sans serment de Dieu. Les autres prêtres ont reçu la prêtrise sans un tel serment, mais Jésus est devenu prêtre en vertu d’un serment que Dieu a prononcé quand il lui a dit : Le Seigneur l’a juré, ╵ il ne reviendra pas ╵ sur son engagement : tu seras prêtre pour toujours . Ainsi, Jésus est devenu le garant d’une alliance meilleure. De plus, de nombreux prêtres se sont succédé parce que la mort les empêchait d’exercer leurs fonctions à perpétuité. Mais Jésus, lui, parce qu’il demeure éternellement, possède le sacerdoce perpétuel. Voilà pourquoi il est en mesure de sauver parfaitement ceux qui s’approchent de Dieu par lui, puisqu’il est toujours vivant pour intercéder en leur faveur auprès de Dieu. Jésus est donc bien le grand-prêtre qu’il nous fallait : il est saint, pleinement innocent, indemne de tout péché, séparé des pécheurs et il a été élevé plus haut que les cieux. Les autres grands-prêtres sont obligés d’offrir chaque jour des sacrifices, d’abord pour leurs propres péchés, ensuite pour ceux du peuple. Lui n’en a pas besoin, car il a tout accompli une fois pour toutes, en s’offrant lui-même. Les grands-prêtres institués par la Loi sont des hommes marqués par leur faiblesse. Mais celui que Dieu a établi grand-prêtre par un serment solennel, prononcé après la promulgation de la Loi, est son propre Fils, et il a été rendu parfait pour toujours.