Ebre 12:18-24
Ebre 12:18-24 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Yo pat kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l sou mòn sa a, se pou yo touye l ak kout wòch. Moyiz menm, sa l te wè devan je l yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè. Okontrè, nou pwoche bò kote Mòn Siyon an, bò kote lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kote Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a. Nou pwoche bò kote Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.
Ebre 12:18-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quand vous vous êtes approchés de Dieu, vous n’êtes pas venus vers une montagne qu’on pouvait toucher : il n’y avait pas de grand feu, pas d’obscurité, pas de nuit, pas d’orage. Vous n’avez entendu ni le son de la trompette, ni le bruit de paroles. Les Israélites qui ont entendu ce bruit ont refusé d’écouter un mot de plus. Ils n’ont pas pu supporter cet ordre : « Celui qui touchera la montagne, même si c’est un animal, on le tuera en lui jetant des pierres. » Ce qu’on voyait était effrayant. Alors Moïse a dit : « Je suis effrayé et je tremble. » Mais vous vous êtes approchés de la montagne de Sion et de la ville du Dieu vivant. C’est la Jérusalem du ciel où des millions d’anges sont en fête. Vous vous êtes approchés de l’assemblée des premiers-nés de Dieu qui ont leurs noms écrits dans les cieux. Vous vous êtes approchés de Dieu, qui juge le monde entier. Vous vous êtes approchés des personnes justes qui sont devenues parfaites. Vous vous êtes approchés de Jésus, qui a répandu son sang pour nous rendre purs. Il est l’intermédiaire d’une alliance nouvelle que Dieu a établie avec nous, et son sang répandu parle plus fort que celui d’Abel.
Ebre 12:18-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Tankou pèp Bondye a jodi a, nou pako rive bò mòn yo ka touche a, ki gen gwo dife k ap boule, ki kouvri ak fènwa, tenèb ak tanpèt. Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò. Yo pa t ka sipòte lòd sa a: “Menmsi se yon bèt ki touche mòn nan se pou yo kalonnen l ak kout wòch pou touye l.” Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!” Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre. Nou vini nan asanble premye pitit Bondye yo. Yo gen non yo ekri nan syèl la. Nou vini bò kote Bondye ki se jij lemonn antye. Nou vini jwenn tout lespri moun ki jis yo, moun Bondye te fè rive nan pèfeksyon yo. Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.
Ebre 12:18-24 New International Version (NIV)
You have not come to a mountain that can be touched and that is burning with fire; to darkness, gloom and storm; to a trumpet blast or to such a voice speaking words that those who heard it begged that no further word be spoken to them, because they could not bear what was commanded: “If even an animal touches the mountain, it must be stoned to death.” The sight was so terrifying that Moses said, “I am trembling with fear.” But you have come to Mount Zion, to the city of the living God, the heavenly Jerusalem. You have come to thousands upon thousands of angels in joyful assembly, to the church of the firstborn, whose names are written in heaven. You have come to God, the Judge of all, to the spirits of the righteous made perfect, to Jesus the mediator of a new covenant, and to the sprinkled blood that speaks a better word than the blood of Abel.
Ebre 12:18-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Car vous ne vous êtes pas approchés, comme les Israélites au désert, d’une réalité que l’on pourrait toucher : un feu ardent, l’obscurité, des ténèbres et un ouragan. Vous n’avez pas entendu de sonneries de trompettes, ni l’éclat d’une voix telle que ceux qui l’ont entendue ont demandé qu’elle ne s’adresse plus à eux. En effet, ils ne pouvaient supporter l’ordre qui leur avait été donné : Quiconque touchera la montagne – même si c’est un animal – sera tué à coups de pierres . Le spectacle était si terrifiant que Moïse s’est écrié : Je suis épouvanté et tout tremblant. Non, vous, au contraire, vous vous êtes approchés de la montagne de Sion, de la cité du Dieu vivant, de la Jérusalem céleste et de milliers d’anges en fête. Vous vous êtes approchés de l’assemblée des premiers-nés de Dieu dont les noms sont inscrits dans les cieux. Vous vous êtes approchés de Dieu, le Juge de tous les hommes, et des esprits des justes qui sont parvenus à la perfection. Vous vous êtes approchés de Jésus, le médiateur d’une alliance nouvelle, et de son sang répandu qui parle mieux encore que celui d’Abel.