Ebre 12:14-24

Ebre 12:14-24 1998 Haïtienne (HAT98)

Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Yo pat kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l sou mòn sa a, se pou yo touye l ak kout wòch. Moyiz menm, sa l te wè devan je l yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè. Okontrè, nou pwoche bò kote Mòn Siyon an, bò kote lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kote Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a. Nou pwoche bò kote Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.

Ebre 12:14-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Cherchez à vivre en paix avec tout le monde et à mener une vie qui plaît à Dieu. Sans cela, personne ne verra le Seigneur. Attention, personne ne doit refuser ce que Dieu fait pour lui ! Parmi vous, aucune plante amère ne doit pousser pour troubler la communauté avec son poison. Attention, ne menez pas une vie immorale ! Respectez les choses saintes. Ne faites pas comme Ésaü qui, pour un seul repas, a vendu son droit de fils aîné ! Plus tard, vous le savez, il a voulu recevoir la bénédiction de son père, mais il a été rejeté. Il a essayé, en pleurant, d’amener son père à changer d’avis, mais il n’a pas réussi. Quand vous vous êtes approchés de Dieu, vous n’êtes pas venus vers une montagne qu’on pouvait toucher : il n’y avait pas de grand feu, pas d’obscurité, pas de nuit, pas d’orage. Vous n’avez entendu ni le son de la trompette, ni le bruit de paroles. Les Israélites qui ont entendu ce bruit ont refusé d’écouter un mot de plus. Ils n’ont pas pu supporter cet ordre : « Celui qui touchera la montagne, même si c’est un animal, on le tuera en lui jetant des pierres. » Ce qu’on voyait était effrayant. Alors Moïse a dit : « Je suis effrayé et je tremble. » Mais vous vous êtes approchés de la montagne de Sion et de la ville du Dieu vivant. C’est la Jérusalem du ciel où des millions d’anges sont en fête. Vous vous êtes approchés de l’assemblée des premiers-nés de Dieu qui ont leurs noms écrits dans les cieux. Vous vous êtes approchés de Dieu, qui juge le monde entier. Vous vous êtes approchés des personnes justes qui sont devenues parfaites. Vous vous êtes approchés de Jésus, qui a répandu son sang pour nous rendre purs. Il est l’intermédiaire d’une alliance nouvelle que Dieu a établie avec nous, et son sang répandu parle plus fort que celui d’Abel.

Ebre 12:14-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la. Fè atansyon pou pèsonn nan mitan nou pa tonbe nan peche seksyèl. Se pou nou gen respè pou bagay sakre. Pa fè tankou Ezayi, ki vann dwa premye pitit li te genyen an jis pou yon plat manje. Sonje pita lè li te vle resevwa benediksyon ki rezève pou premye pitit la, papa l pa t ka fè anyen pou li. Ezayi te tèlman vle benediksyon an li te kriye, men pa t gen okenn fason li te ka defèt sa l te gentan fè a. Tankou pèp Bondye a jodi a, nou pako rive bò mòn yo ka touche a, ki gen gwo dife k ap boule, ki kouvri ak fènwa, tenèb ak tanpèt. Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò. Yo pa t ka sipòte lòd sa a: “Menmsi se yon bèt ki touche mòn nan se pou yo kalonnen l ak kout wòch pou touye l.” Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!” Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre. Nou vini nan asanble premye pitit Bondye yo. Yo gen non yo ekri nan syèl la. Nou vini bò kote Bondye ki se jij lemonn antye. Nou vini jwenn tout lespri moun ki jis yo, moun Bondye te fè rive nan pèfeksyon yo. Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.

Ebre 12:14-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Faites tous vos efforts pour être en paix avec tout le monde et cultivez la sainteté sans laquelle nul ne verra le Seigneur. Veillez à ce que personne ne passe à côté de la grâce de Dieu, qu’aucune racine d’amertume ne pousse et ne cause du trouble en empoisonnant plusieurs d’entre vous. Qu’il n’y ait personne qui vive dans l’immoralité ou qui méprise les choses saintes, comme Esaü qui, pour un simple repas, a vendu son droit d’aînesse. Vous savez que plus tard, lorsqu’il a voulu recevoir en héritage la bénédiction de son père, il a été rejeté, car il n’a trouvé aucun moyen de revenir en arrière, bien qu’il l’ait cherché en pleurant. Car vous ne vous êtes pas approchés, comme les Israélites au désert, d’une réalité que l’on pourrait toucher : un feu ardent, l’obscurité, des ténèbres et un ouragan. Vous n’avez pas entendu de sonneries de trompettes, ni l’éclat d’une voix telle que ceux qui l’ont entendue ont demandé qu’elle ne s’adresse plus à eux. En effet, ils ne pouvaient supporter l’ordre qui leur avait été donné : Quiconque touchera la montagne – même si c’est un animal – sera tué à coups de pierres . Le spectacle était si terrifiant que Moïse s’est écrié : Je suis épouvanté et tout tremblant. Non, vous, au contraire, vous vous êtes approchés de la montagne de Sion, de la cité du Dieu vivant, de la Jérusalem céleste et de milliers d’anges en fête. Vous vous êtes approchés de l’assemblée des premiers-nés de Dieu dont les noms sont inscrits dans les cieux. Vous vous êtes approchés de Dieu, le Juge de tous les hommes, et des esprits des justes qui sont parvenus à la perfection. Vous vous êtes approchés de Jésus, le médiateur d’une alliance nouvelle, et de son sang répandu qui parle mieux encore que celui d’Abel.

Ebre 12:14-24

Ebre 12:14-24 HAT98Ebre 12:14-24 HAT98