Ebre 10:1-14

Ebre 10:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)

Lalwa Moyiz la pat menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbray benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt. Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye. Men, okontrè, chak lanne bèt yo touye yo fè moun yo chonje jan yo peche. Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun. Se poutèt sa, lè Kris la ta pral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m yon kò. Se pa ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la k'ap fè ou plezi. Ni se pa ofrann bèt yo touyepou wete peche yo k'ap fè ou plezi. Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a. Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande. Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm. Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l fini. Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche. Men, Kris la pou tèt pa l fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye. Kounyeya, se la l'ap tann Bondye mete tout lènmi l yo tankou yon ti ban pou lonje pye li. Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan.

Ebre 10:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

La loi de Moïse ne reproduit pas exactement ce qui existe, elle est seulement l’ombre des biens qui seront donnés plus tard. Elle demande qu’on offre sans arrêt, chaque année, toujours les mêmes sacrifices. C’est pourquoi elle ne peut absolument pas rendre parfaits ceux qui s’approchent de Dieu. Sinon, ceux qui rendent ce culte à Dieu seraient lavés de leurs péchés une fois pour toutes. Ils ne se sentiraient plus du tout coupables, et on n’offrirait plus aucun sacrifice. Mais bien au contraire, ces sacrifices rappellent chaque année le souvenir des péchés, parce que le sang des taureaux et des boucs ne peut pas enlever les péchés. C’est pourquoi, au moment où le Christ va entrer dans le monde, il dit à Dieu : « Tu n’as pas voulu de sacrifices ni d’offrandes, mais tu m’as fait un corps. Les animaux brûlés sur l’autel et les sacrifices pour les péchés ne te plaisent pas. Alors je t’ai dit : “Me voici, je viens faire ce que tu veux. C’est ce qui est écrit à mon sujet dans les Livres Saints.” » Le Christ dit d’abord : « Tu n’as pas voulu de sacrifices, ni d’offrandes, ni d’animaux brûlés sur l’autel, ni de sacrifices pour les péchés, ils ne te plaisent pas. » Et pourtant, la loi demande qu’on offre tous ces sacrifices. Le Christ dit ensuite : « Me voici, je viens faire ce que tu veux. » Le Christ supprime les anciens sacrifices, il les remplace par le sien. Jésus-Christ a fait ce que Dieu voulait. Il a offert son corps une fois pour toutes, et nous sommes alors libérés du péché. Chaque prêtre se tient debout tous les jours pour faire le service de Dieu. Il offre souvent les mêmes sacrifices, mais ceux-ci ne pourront jamais enlever les péchés. Au contraire, le Christ a offert un seul sacrifice pour les péchés, puis il s’est assis pour toujours à la droite de Dieu. Maintenant, il attend que Dieu mette ses ennemis sous ses pieds. Avec une seule offrande, il a rendu parfaits pour toujours ceux qui sont libérés du péché.

Ebre 10:1-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo. Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann, men, ou te prepare yon kò pou mwen. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo. Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo. Epi mwen di: men mwen Bondye mwen vini pou m fè tout sa ou vle selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.” Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.) Apre sa li di: “Men mwen Bondye, mwen vini pou m fè tout sa ou vle.” Kris la elimine ansyen kontra sakrifis la epi li ranplase l ak yon nouvo kontra. Jezikris te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen. Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li. Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.

Ebre 10:1-14 New International Version (NIV)

The law is only a shadow of the good things that are coming—not the realities themselves. For this reason it can never, by the same sacrifices repeated endlessly year after year, make perfect those who draw near to worship. Otherwise, would they not have stopped being offered? For the worshipers would have been cleansed once for all, and would no longer have felt guilty for their sins. But those sacrifices are an annual reminder of sins. It is impossible for the blood of bulls and goats to take away sins. Therefore, when Christ came into the world, he said: “Sacrifice and offering you did not desire, but a body you prepared for me; with burnt offerings and sin offerings you were not pleased. Then I said, ‘Here I am—it is written about me in the scroll— I have come to do your will, my God.’ ” First he said, “Sacrifices and offerings, burnt offerings and sin offerings you did not desire, nor were you pleased with them”—though they were offered in accordance with the law. Then he said, “Here I am, I have come to do your will.” He sets aside the first to establish the second. And by that will, we have been made holy through the sacrifice of the body of Jesus Christ once for all. Day after day every priest stands and performs his religious duties; again and again he offers the same sacrifices, which can never take away sins. But when this priest had offered for all time one sacrifice for sins, he sat down at the right hand of God, and since that time he waits for his enemies to be made his footstool. For by one sacrifice he has made perfect forever those who are being made holy.

Ebre 10:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

La Loi de Moïse ne possède qu’une ombre des biens à venir et non pas l’image même de ces réalités. Elle ne peut donc en aucun cas amener à la perfection ceux qui s’approchent ainsi de Dieu sur la base des mêmes sacrifices offerts perpétuellement d’année en année. Si elle l’avait pu, ceux qui participent à ce culte auraient depuis longtemps cessé d’offrir ces sacrifices car, purifiés une fois pour toutes, ils n’auraient plus eu la conscience chargée d’aucun péché. Mais, en fait, ces sacrifices rappellent chaque année le souvenir des péchés. En effet, il est impossible que du sang de taureaux et de boucs ôte les péchés. Voilà pourquoi, en entrant dans le monde, Christ a dit : Tu n’as voulu ╵ ni sacrifice, ni offrande : tu m’as formé un corps. Tu n’as pris nul plaisir ╵ aux holocaustes , ╵ aux sacrifices ╵ pour le péché. Alors j’ai dit : Voici je viens – dans le rouleau du livre, ╵ il est question de moi – pour faire, ô Dieu, ta volonté . Il commence ainsi par dire : «  Tu n’as voulu ni sacrifice, ni offrande, ni holocaustes, ni sacrifices pour le péché ; tu n’y as pris nul plaisir . » Pourtant, ces sacrifices sont offerts conformément à la Loi. Ensuite il déclare : Voici, je viens pour faire ta volonté . Ainsi il abolit le premier état des choses pour établir le second. Et c’est en raison de cette volonté de Dieu que nous sommes purifiés du péché, grâce au sacrifice de son propre corps que Jésus-Christ a offert une fois pour toutes. Tout prêtre se présente chaque jour pour accomplir son service et offrir souvent les mêmes sacrifices qui, cependant, ne peuvent jamais ôter les péchés. Christ, lui, a offert un sacrifice unique pour les péchés, valable pour toujours, et il s’est assis à la droite de Dieu où il attend désormais que ses ennemis soient mis à terre sous ses pieds . Par une offrande unique, en effet, il a rendu parfaits pour toujours ceux qu’il purifie du péché.