Jenèz 31:21-55
Jenèz 31:21-55 1998 Haïtienne (HAT98)
Li pran tou sa li te genyen, li mete deyò, l ale, li travèse larivyè Lefrat, li pran chemen pou l'al sou mòn Galarad. Twa jou apre, Laban pran nouvèl Jakòb te pati. Mesye pran moun pa li yo avè l, li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad. Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l: — Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal. Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tou sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l yo. Laban di Jakòb: — Kisa ou fè konsa? Ou twonpe m, ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè. Poukisa ou twonpe m, ou leve ou pati an kachèt san ou pa avèti m? Si ou te di m sa, nou ta fè fèt, nou ta chante, nou ta bat tanbou, nou ta jwe gita anvan nou voye ou ale. Ou pa menm kite m bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m yo. Ou aji tankou moun fou, monchè! Mwen gen kont pouvwa anba men mwen pou mwen ta regle ou. Men yèswa, pandan lannwit lan, Bondye, papa ou, di mwen: - Piga ou di Jakòb anyen, ni anbyen, ni anmal. Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè? Jakòb reponn Laban, li di l: — Mwen te pè, paske mwen te kwè ou ta ka reprann pitit fi ou yo nan menm. Men, kanta pou ti zidòl kay ou yo, si ou jwenn yo nan men yon moun isit la, se pou moun sa a mouri. Men, mwen pran tout moun sa yo pou temwen, si ou jwenn yon bagay lakay mwen ki pou ou, pran l pote l ale. Jakòb pat konnen Rachèl te vòlè ti zidòl kay yo. Laban antre anba tant Jakòb la, li chache, l'ale anba tant Leya a, apre sa anba tant de sèvant yo, li pa jwenn anyen. Li sòti anba tant Leya a, li antre anba tant Rachèl la. Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen. Rachèl di papa l konsa: — Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalin mwen mwen genyen. Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo. Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouya ak li, li di l: — Ki krim mwen fè? Kisa m fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa? Ou fin fouye tout zafè m yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l la devan moun pa ou yo ak moun pa m yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon! Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo. Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen. Lajounen, chalè te fini avè m. Lannwit, se te fredi, mwen pat kapab dòmi. Se konsa sa te ye pandan tout ventan mwen pase lakay ou yo. Mwen travay pandan katòzan pou de pitit fi ou yo. Apre sa, mwen fè sizan ankò ap travay pou bann bèt ou yo. Atousa, ou jwenn mwayen chanje pawòl dis fwa lè lè a rive pou ou peye m. Si Bondye papa mwen an, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a pa te kanpe avèk mwen, koulyeya ou ta voye mwen ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè. Se konsa yèswa, li rann jijman li. Laban reponn Jakòb: — Fi sa yo se pitit mwen yo ye. Timoun sa yo, se pa m yo ye. Bann bèt sa yo se pou mwen yo ye. Tou sa ou wè la a, se pou mwen yo ye. Bon, kisa m ka fè kounyeya pou pitit fi mwen yo ak pou pitit pitit mwen yo? Vini non. Annou pase yon kontra, mwen menm avè ou. Ann kite yon mak ki va sèvi pou fè nou toujou chonje kontra a. Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l nan tè a, li fè l rete kanpe tankou yon bòn. Epi, li di moun li yo: — Ranmase wòch. Mesye yo ranmase wòch, yo anpile yo fè yon gwo pil. Apre sa, yo chita bò pil wòch la, yo manje. Laban rele pil wòch la Jega Saadouta nan lang pa l, men Jakòb te rele l nan lang pa l Galèd. Laban di: — Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tou de toujou chonje kontra a. Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd. Laban di ankò: — Se pou Bondye voye je sou nou tou de lè nou fin separe. Se konsa yo rele kote sa a Mispa. Laban pale ankò, li di: — Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè. Laban di Jakòb ankò: — Men pil wòch mwen mete pou separe nou an. Men bòn ou plante a la. Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gendwa depase l pou m vin atake ou, ni ou pa gendwa depase l pou ou vin atake m. Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l respekte a. Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan. Nan denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.
Jenèz 31:21-55 New International Version (NIV)
So he fled with all he had, crossed the Euphrates River, and headed for the hill country of Gilead. On the third day Laban was told that Jacob had fled. Taking his relatives with him, he pursued Jacob for seven days and caught up with him in the hill country of Gilead. Then God came to Laban the Aramean in a dream at night and said to him, “Be careful not to say anything to Jacob, either good or bad.” Jacob had pitched his tent in the hill country of Gilead when Laban overtook him, and Laban and his relatives camped there too. Then Laban said to Jacob, “What have you done? You’ve deceived me, and you’ve carried off my daughters like captives in war. Why did you run off secretly and deceive me? Why didn’t you tell me, so I could send you away with joy and singing to the music of timbrels and harps? You didn’t even let me kiss my grandchildren and my daughters goodbye. You have done a foolish thing. I have the power to harm you; but last night the God of your father said to me, ‘Be careful not to say anything to Jacob, either good or bad.’ Now you have gone off because you longed to return to your father’s household. But why did you steal my gods?” Jacob answered Laban, “I was afraid, because I thought you would take your daughters away from me by force. But if you find anyone who has your gods, that person shall not live. In the presence of our relatives, see for yourself whether there is anything of yours here with me; and if so, take it.” Now Jacob did not know that Rachel had stolen the gods. So Laban went into Jacob’s tent and into Leah’s tent and into the tent of the two female servants, but he found nothing. After he came out of Leah’s tent, he entered Rachel’s tent. Now Rachel had taken the household gods and put them inside her camel’s saddle and was sitting on them. Laban searched through everything in the tent but found nothing. Rachel said to her father, “Don’t be angry, my lord, that I cannot stand up in your presence; I’m having my period.” So he searched but could not find the household gods. Jacob was angry and took Laban to task. “What is my crime?” he asked Laban. “How have I wronged you that you hunt me down? Now that you have searched through all my goods, what have you found that belongs to your household? Put it here in front of your relatives and mine, and let them judge between the two of us. “I have been with you for twenty years now. Your sheep and goats have not miscarried, nor have I eaten rams from your flocks. I did not bring you animals torn by wild beasts; I bore the loss myself. And you demanded payment from me for whatever was stolen by day or night. This was my situation: The heat consumed me in the daytime and the cold at night, and sleep fled from my eyes. It was like this for the twenty years I was in your household. I worked for you fourteen years for your two daughters and six years for your flocks, and you changed my wages ten times. If the God of my father, the God of Abraham and the Fear of Isaac, had not been with me, you would surely have sent me away empty-handed. But God has seen my hardship and the toil of my hands, and last night he rebuked you.” Laban answered Jacob, “The women are my daughters, the children are my children, and the flocks are my flocks. All you see is mine. Yet what can I do today about these daughters of mine, or about the children they have borne? Come now, let’s make a covenant, you and I, and let it serve as a witness between us.” So Jacob took a stone and set it up as a pillar. He said to his relatives, “Gather some stones.” So they took stones and piled them in a heap, and they ate there by the heap. Laban called it Jegar Sahadutha, and Jacob called it Galeed. Laban said, “This heap is a witness between you and me today.” That is why it was called Galeed. It was also called Mizpah, because he said, “May the LORD keep watch between you and me when we are away from each other. If you mistreat my daughters or if you take any wives besides my daughters, even though no one is with us, remember that God is a witness between you and me.” Laban also said to Jacob, “Here is this heap, and here is this pillar I have set up between you and me. This heap is a witness, and this pillar is a witness, that I will not go past this heap to your side to harm you and that you will not go past this heap and pillar to my side to harm me. May the God of Abraham and the God of Nahor, the God of their father, judge between us.” So Jacob took an oath in the name of the Fear of his father Isaac. He offered a sacrifice there in the hill country and invited his relatives to a meal. After they had eaten, they spent the night there. Early the next morning Laban kissed his grandchildren and his daughters and blessed them. Then he left and returned home.