Jenèz 31:1-20
Jenèz 31:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)
Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di: — Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa. Jakòb vin wè tou Laban pat ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an. Lè sa a, Senyè a di l: — Tounen nan peyi kote ou te fèt la, al jwenn fanmi ou. M'ap toujou la avè ou. Se konsa Jakòb fè chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote l nan savann kote bèt li yo ye a. Li di yo: — Mwen wè karaktè papa nou pa mimn jan avè m ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m lan toujou avè m. Nou tou de nou konnen jan mwen te sèvi ak papa nou ak tout kouray mwen. Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m. Men, Bondye pa janm kite l fè m anyen. Lè Laban di: ou mèt pran tout kabrit takte yo pou ou, tout bann bèt yo tonbe fè pitit takte. Lè li di: m'ap ba ou tout kabrit ki gen re sou tout kò yo, tout bann bèt yo tonbe fè pitit ak re sou tout kò yo. Se Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, li ban mwen yo. Lè bèt yo mande kwaze, mwen fè yon rèv, mwen wè tout bouk ki t'ap kwaze yo se bouk ki takte, ki pentle ak sa ki gen re sou tout kò yo. Zanj Bondye a pale avè m nan rèv la, li di m: Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi. Li di m ankò: Leve je ou gade: Tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tou sa Laban ap fè ou. Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Kounyeya, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la. Rachèl ak Leya reponn Jakòb: — Nou pa gen anyen ankò pou n eritye nan men papa nou. Eske li pa konsidere nou tankou etranje? Li vann nou. Kounyeya, li fin manje tout lajan yo te ba li pou nou an. Tout richès Bondye wete nan men papa nou an, se pou nou ansanm ak pitit nou yo. Kounyeya, se pou ou fè tou sa Bondye di ou fè. Lè sa a, Jakòb leve, li mete pitit li yo ansanm ak madanm li yo sou chamo. Li pran tout bèt li yo ansanm ak tou sa li te rive genyen pandan li te Mezopotami an, li mennen yo ale. Li pati, l'al jwenn papa l, Izarak, nan peyi Kanaran. Lè sa a, Laban te al taye lenn mouton l yo. Pandan li pat la, Rachèl vòlè ti zidòl kay papa l yo. Se konsa Jakòb twonpe Laban, moun lavil Aram lan, li pati san l pa di l sa.
Jenèz 31:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Il apprend que les fils de Laban disent : « Jacob a pris ce qui était à notre père, et c’est avec cela qu’il est devenu riche. » Jacob observe le visage de Laban et il voit que Laban n’agit plus avec lui comme avant. Alors le SEIGNEUR dit à Jacob : « Retourne dans le pays de tes ancêtres, auprès de ta famille, je serai avec toi. » Jacob est dans les champs avec les troupeaux. Il fait appeler Rachel et Léa. Il leur dit : « Je vois que votre père n’agit plus avec moi comme avant. Mais le Dieu de mon père a été avec moi. Vous savez bien que j’ai servi votre père de toutes mes forces. Pourtant, il m’a trompé en changeant dix fois mon salaire. Mais Dieu ne l’a pas laissé me faire du mal. Quand votre père disait : “Les bêtes qui ont des petites taches, voilà ton salaire”, toutes les mères faisaient des petits avec des taches. Quand il disait : “Les bêtes qui ont des raies, voilà ton salaire”, toutes les mères faisaient des petits avec des raies. Dieu a enlevé son troupeau à votre père et il me l’a donné. Au moment où les bêtes s’accouplent, j’ai vu ceci dans un rêve : les béliers qui s’accouplaient avec les brebis, les boucs qui s’accouplaient avec les chèvres avaient des raies, des petites taches ou un peu de blanc. Dans un rêve, l’ange de Dieu m’a dit : “Jacob !” J’ai répondu : “Oui, j’écoute.” Il a continué en disant : “Regarde ! Tous les béliers qui s’accouplent avec les brebis, tous les boucs qui s’accouplent avec les chèvres, tous ont des raies, des petites taches ou un peu de blanc. Cela se passe de cette façon, parce que j’ai vu ce que Laban t’a fait. Je suis le Dieu qui s’est montré à toi à Béthel. Là-bas, tu as dressé une pierre, tu as versé de l’huile sur elle, et tu m’as fait un vœu. Maintenant, mets-toi en route, quitte ce pays et retourne dans le pays de ta famille.” » Rachel et Léa répondent à Jacob : « Nous n’avons plus de part d’héritage dans la maison de notre père. Il nous a regardées comme des étrangères. En effet, il nous a vendues et il a même dépensé l’argent que nous devions recevoir. Donc, tous les biens que Dieu a enlevés à notre père sont à nous et à nos enfants. Fais donc tout ce que Dieu t’a dit. » Jacob se prépare à partir. Il fait monter ses enfants et ses femmes sur des chameaux. Il emmène tous ses troupeaux et tous les biens qu’il a acquis en Haute-Mésopotamie, et il revient chez son père Isaac en Canaan. Laban est allé couper la laine de ses moutons. Pendant ce temps, Rachel vole les petites statues de son père. Jacob trompe Laban l’Araméen en partant sans le prévenir.
Jenèz 31:1-20 New International Version (NIV)
Jacob heard that Laban’s sons were saying, “Jacob has taken everything our father owned and has gained all this wealth from what belonged to our father.” And Jacob noticed that Laban’s attitude toward him was not what it had been. Then the LORD said to Jacob, “Go back to the land of your fathers and to your relatives, and I will be with you.” So Jacob sent word to Rachel and Leah to come out to the fields where his flocks were. He said to them, “I see that your father’s attitude toward me is not what it was before, but the God of my father has been with me. You know that I’ve worked for your father with all my strength, yet your father has cheated me by changing my wages ten times. However, God has not allowed him to harm me. If he said, ‘The speckled ones will be your wages,’ then all the flocks gave birth to speckled young; and if he said, ‘The streaked ones will be your wages,’ then all the flocks bore streaked young. So God has taken away your father’s livestock and has given them to me. “In breeding season I once had a dream in which I looked up and saw that the male goats mating with the flock were streaked, speckled or spotted. The angel of God said to me in the dream, ‘Jacob.’ I answered, ‘Here I am.’ And he said, ‘Look up and see that all the male goats mating with the flock are streaked, speckled or spotted, for I have seen all that Laban has been doing to you. I am the God of Bethel, where you anointed a pillar and where you made a vow to me. Now leave this land at once and go back to your native land.’ ” Then Rachel and Leah replied, “Do we still have any share in the inheritance of our father’s estate? Does he not regard us as foreigners? Not only has he sold us, but he has used up what was paid for us. Surely all the wealth that God took away from our father belongs to us and our children. So do whatever God has told you.” Then Jacob put his children and his wives on camels, and he drove all his livestock ahead of him, along with all the goods he had accumulated in Paddan Aram, to go to his father Isaac in the land of Canaan. When Laban had gone to shear his sheep, Rachel stole her father’s household gods. Moreover, Jacob deceived Laban the Aramean by not telling him he was running away.
Jenèz 31:1-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Jacob apprit que les fils de Laban disaient : Jacob s’est emparé de tout ce qui appartenait à notre père et c’est avec le bien de notre père qu’il s’est acquis toute cette richesse. Il remarqua que l’attitude de Laban envers lui n’était plus comme avant. L’Eternel lui dit : Retourne au pays de tes pères, auprès de ta parenté, et je serai avec toi. Alors Jacob fit venir Rachel et Léa aux champs où il était avec ses troupeaux et il leur dit : Je vois que votre père n’a plus envers moi la même attitude qu’auparavant. Mais le Dieu de mon père a été avec moi. Vous savez vous-mêmes que j’ai servi votre père de toutes mes forces, tandis que lui m’a trompé : par dix fois, il a changé les conditions de mon salaire. Heureusement, Dieu ne lui a pas permis de me causer du tort. Quand votre père affirmait : « Les bêtes tachetées constitueront ton salaire », toutes les bêtes mettaient bas des petits tachetés. Et quand il affirmait : « Les mouchetés seront ton salaire », toutes les bêtes faisaient des petits mouchetés. Ainsi, c’est Dieu qui a pris le bétail de votre père et qui me l’a donné. En effet, à l’époque où les bêtes s’accouplent, j’ai vu en songe que les boucs qui couvraient les brebis étaient mouchetés, tachetés, ou marquetés. L’ange de Dieu m’appela dans ce rêve : « Jacob ! » Et j’ai répondu : « J’écoute. » « Lève les yeux, dit-il, et regarde : tous les boucs qui couvrent le troupeau sont mouchetés, tachetés, ou marquetés, car j’ai vu tout ce que te fait Laban. Je suis le Dieu de Béthel, où tu as répandu de l’huile sur une pierre dressée en stèle, et où tu m’as fait un vœu. Maintenant, lève-toi, quitte ce pays et retourne dans ton pays natal. » Rachel et Léa lui répondirent : Avons-nous encore quelque chose, ou un héritage, chez notre père ? Ne nous a-t-il pas traitées comme des étrangères puisqu’il nous a vendues ? Et, de plus, il a mangé notre argent. Tous les biens que Dieu a sauvés de notre père nous appartiennent, à nous et à nos enfants. Maintenant, donc, fais tout ce que Dieu t’a demandé. Alors Jacob se mit en route : il fit monter ses enfants et ses femmes sur les chameaux ; il emmena tout son bétail et tous les biens qu’il avait acquis, en particulier, le cheptel qu’il avait amassé pendant son séjour à Paddân-Aram, pour rentrer chez son père Isaac au pays de Canaan. Quant à Laban, il était parti tondre ses moutons. En partant, Rachel vola les idoles domestiques de son père. Ainsi Jacob partit à la dérobée sans informer Laban l’Araméen de sa fuite.