Galat 3:6-14

Galat 3:6-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li. Alò, nou bezwen konnen, moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki vrè pitit Abraram. Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.” Konsa, moun ki gen lafwa, yo jwenn benediksyon nan men Bondye, ansanm ak Abraram ki te gen lafwa tou. Men, tout moun ki patisipe nan fè sa lalwa mande, yo anba malediksyon. Paske Bib la di: “Malediksyon Bondye ap tonbe sou tout moun ki pa toujou pratike tout sa ki ekri nan liv lalwa a.” Bon! Nou tout konnen Bondye p ap deklare pèsonn dwat devan l paske moun nan obeyi lalwa. Men sa Bib la di: “Moun ki dwat devan Bondye, l ap viv dapre lafwa li.” Lavi ki baze sou lalwa a pa menm ditou ak sa k baze sou lafwa a. Bib la di pito: “Sèl fason yon moun ka gen lavi pa mwayen lalwa, se nan obeyi tout sa lalwa mande.” Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa, moun sa a anba malediksyon”. Poutèt Kris libere nou, moun ki pa Juif yo ka patisipe nan benediksyon Bondye te pwomèt Abraram nan. Lè nou mete konfyans nou nan Jezikris, n ap resevwa Sentespri a, paske Bondye fidèl nan kenbe pwomès li.

Galat 3:6-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

à la manière d’Abraham dont l’Ecriture déclare : Il a eu confiance en Dieu et Dieu, en portant sa foi à son crédit, l’a déclaré juste  ? Comprenez-le donc : seuls ceux qui placent leur confiance en Dieu sont les fils et les filles d’Abraham. En fait, l’Ecriture prévoyait que Dieu déclarerait les non-Juifs justes s’ils avaient la foi. C’est pourquoi elle a annoncé par avance cette bonne nouvelle à Abraham : Tu seras une source de bénédictions pour tous les peuples . Ainsi, tous ceux qui font confiance à Dieu, comme Abraham lui a fait confiance, ont part à la bénédiction avec lui. En effet, ceux qui comptent sur leur obéissance à la Loi tombent sous le coup de la malédiction, car il est écrit : Maudit soit l’homme qui n’obéit pas continuellement à tout ce qui est écrit dans le livre de la Loi . Il est d’ailleurs évident que personne ne sera déclaré juste devant Dieu grâce à son obéissance à la Loi, puisque l’Ecriture déclare : Le juste vivra grâce à la foi . Or, le régime de la Loi ne fait pas dépendre de la foi la justice de l’homme devant Dieu. Au contraire, il obéit à cet autre principe : Celui qui appliquera ces commandements vivra grâce à cela . Christ nous a libérés de la malédiction que la Loi faisait peser sur nous en prenant la malédiction sur lui, à notre place. Il est, en effet, écrit : Maudit est quiconque est pendu au gibet . Jésus-Christ l’a fait pour que, grâce à lui, la bénédiction d’Abraham s’étende aux non-Juifs et que nous recevions, par la foi, l’Esprit que Dieu avait promis.