Galat 3:1-9
Galat 3:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a? M'ap mande nou yon sèl kesyon: Lè nou te resevwa Lespri Bondye a, èske se paske nou te fè sa lalwa mande osinon sa lafwa mande? Ki jan nou fè egare konsa? Nou konmanse ak pouvwa Lespri Bondye a, kounyeya nou vle fini ak pwòp fòs kouray nou? Eske se pou gremesi nou te fè esperyans sa yo? Non, se pa vre, se pa ka pou gremesi. Lè Bondye ban nou Lespri l, lè li fè mirak sa yo nan mitan nou, eske li fè sa paske nou fè sa lalwa mande, osinon paske nou mete konfyans nou nan li lè nou tande Bòn Nouvèl la? Men sa ki ekri nan Liv la menm: Abraram te mete konfyans li nan Bondye. Se poutèt sa Bondye te fè l gras. Konsa, se pou nou konprann sa byen: Moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki pitit Abraram. Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram Bòn Nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon. Se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te beni li. Konsa, tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye va resevwa benediksyon Bondye a ansanm ak Abraram.
Galat 3:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Galates stupides, qui vous a jeté un sort ? Pourtant, on vous a mis devant les yeux Jésus-Christ cloué sur une croix ! Je veux que vous répondiez seulement à cette question : l’Esprit Saint, est-ce que vous l’avez reçu parce que vous avez obéi à la loi, ou parce que vous avez cru à la Bonne Nouvelle ? Mais vous avez perdu la tête ! Au début, vous avez compté sur l’Esprit Saint, et maintenant, est-ce que vous allez compter sur vos seules forces ? Tout ce que vous avez vécu, est-ce que c’est pour rien ? D’ailleurs, pour rien, c’est impossible ! Dieu vous donne son Esprit et il fait chez vous tant de choses extraordinaires ! Est-ce qu’il fait cela parce que vous obéissez à la loi, ou bien parce que vous croyez à la Bonne Nouvelle ? Abraham a cru en Dieu, et pour cela, Dieu l’a considéré comme un homme juste. Comprenez bien une chose : la vraie famille d’Abraham, ce sont les croyants. D’ailleurs, les Livres Saints ont prévu ceci : Dieu devait rendre justes les non-Juifs à cause de leur foi. C’est pourquoi les Livres Saints ont annoncé d’avance à Abraham cette bonne nouvelle : « Dieu bénira tous les peuples à travers toi. » Alors, ceux qui croient, Dieu les bénira avec Abraham, le croyant.
Galat 3:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye? Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l. Nou kòmanse viv nouvo lavi a dapre Sentespri a. Kòman nou fè panse nou ka vin pafè nèt avèk yon bagay san fòs kon sa tankou sikonsizyon? Èske nou te fè tout eksperyans sa yo pou granmesi? Mwen panse se pa t pou granmesi. Bondye ki te ba nou Sentespri a epi ki te fè tout mirak sa yo nan mitan nou, èske li te fè sa paske nou te fè sa lalwa mande, oubyen paske nou te kwè nan mesaj nou te tande a? Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li. Alò, nou bezwen konnen, moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki vrè pitit Abraram. Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.” Konsa, moun ki gen lafwa, yo jwenn benediksyon nan men Bondye, ansanm ak Abraram ki te gen lafwa tou.
Galat 3:1-9 New International Version (NIV)
You foolish Galatians! Who has bewitched you? Before your very eyes Jesus Christ was clearly portrayed as crucified. I would like to learn just one thing from you: Did you receive the Spirit by the works of the law, or by believing what you heard? Are you so foolish? After beginning by means of the Spirit, are you now trying to finish by means of the flesh? Have you experienced so much in vain—if it really was in vain? So again I ask, does God give you his Spirit and work miracles among you by the works of the law, or by your believing what you heard? So also Abraham “believed God, and it was credited to him as righteousness.” Understand, then, that those who have faith are children of Abraham. Scripture foresaw that God would justify the Gentiles by faith, and announced the gospel in advance to Abraham: “All nations will be blessed through you.” So those who rely on faith are blessed along with Abraham, the man of faith.
Galat 3:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
O Galates insensés ! Qui vous a envoûtés ainsi ? Pourtant, la mort de Jésus-Christ sur la croix a été clairement dépeinte à vos yeux. Je ne vous poserai qu’une seule question : A quel titre avez-vous reçu le Saint-Esprit ? Est-ce parce que vous avez accompli la Loi, ou parce que vous avez accueilli avec foi l’Evangile que vous avez entendu ? Manquez-vous à ce point d’intelligence ? Après avoir commencé par l’Esprit de Dieu, est-ce en comptant sur les ressources de l’homme livré à lui-même que vous allez parvenir à la perfection ? Avez-vous fait tant d’expériences pour rien ? Si encore, c’était pour rien ! Voyons ! Lorsque Dieu vous donne son Esprit et qu’il accomplit parmi vous des miracles, le fait-il parce que vous obéissez à la Loi ou parce que vous accueillez avec foi l’Evangile que vous avez entendu, à la manière d’Abraham dont l’Ecriture déclare : Il a eu confiance en Dieu et Dieu, en portant sa foi à son crédit, l’a déclaré juste ? Comprenez-le donc : seuls ceux qui placent leur confiance en Dieu sont les fils et les filles d’Abraham. En fait, l’Ecriture prévoyait que Dieu déclarerait les non-Juifs justes s’ils avaient la foi. C’est pourquoi elle a annoncé par avance cette bonne nouvelle à Abraham : Tu seras une source de bénédictions pour tous les peuples . Ainsi, tous ceux qui font confiance à Dieu, comme Abraham lui a fait confiance, ont part à la bénédiction avec lui.