Galat 1:1-9
Galat 1:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa te voye yon moun chwazi mwen, men se Jezikri menm, ansanm ak Bondye Papa a ki te resisite li nan lanmò, se yo menm menm ki te chwazi mwen apot. Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn. Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n'al swiv yon lòt kalite Bòn Nouvèl. Pou di vre, pa gen okenn lòt Bòn Nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan Bòn Nouvèl Kris la. Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt Bòn Nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki sòti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, m'ap repete nou sa ankò: Si yon moun vin anonse nou yon levanjil ki diferan ak levanjil nou te resevwa a, se pou madichon tonbe sou li!
Galat 1:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Moi, Paul, apôtre, avec tous les frères et sœurs chrétiens qui sont avec moi, j’écris aux Églises de Galatie. Ce ne sont pas des hommes qui m’ont fait apôtre. Je ne le suis pas par l’intermédiaire d’un homme, mais par Jésus-Christ et par Dieu le Père, qui l’a réveillé de la mort. Que Dieu, notre Père, et le Seigneur Jésus-Christ vous bénissent et vous donnent la paix ! Le Seigneur Jésus a donné sa vie pour nous sauver de nos péchés. Il nous a arrachés à ce monde mauvais, comme Dieu notre Père l’a voulu. Rendons gloire à Dieu pour toujours ! Amen. Dieu vous a appelés gratuitement par le Christ, et je m’étonne que vous lui tourniez le dos si vite pour aller vers une autre Bonne Nouvelle. Cela ne veut pas dire qu’il y a une autre Bonne Nouvelle, non ! Il y a seulement des gens qui sèment le désordre chez vous et qui veulent changer la Bonne Nouvelle du Christ. Nous vous avons déjà annoncé la Bonne Nouvelle. Eh bien, si quelqu’un, même nous, ou un ange du ciel, vous annonce une Bonne Nouvelle différente, que Dieu le rejette ! Nous l’avons déjà dit, et je le redis maintenant : si quelqu’un vous annonce une Bonne Nouvelle différente de celle que vous avez reçue, que Dieu le rejette !
Galat 1:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la. Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi yo. Mwen mande Bondye, papa nou, ak Jezikris, Senyè a, pou yo fè nou anpil favè epi ban nou kè poze. Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle. Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn. Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil. Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la. Men sa m ap di nou: menmsi se ta youn nan nou menm apot yo, menmsi se ta yon anj ki soti nan syèl la, ki ta vin preche nou yon Levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li. Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.
Galat 1:1-9 New International Version (NIV)
Paul, an apostle—sent not from men nor by a man, but by Jesus Christ and God the Father, who raised him from the dead— and all the brothers and sisters with me, To the churches in Galatia: Grace and peace to you from God our Father and the Lord Jesus Christ, who gave himself for our sins to rescue us from the present evil age, according to the will of our God and Father, to whom be glory for ever and ever. Amen. I am astonished that you are so quickly deserting the one who called you to live in the grace of Christ and are turning to a different gospel— which is really no gospel at all. Evidently some people are throwing you into confusion and are trying to pervert the gospel of Christ. But even if we or an angel from heaven should preach a gospel other than the one we preached to you, let them be under God’s curse! As we have already said, so now I say again: If anybody is preaching to you a gospel other than what you accepted, let them be under God’s curse!
Galat 1:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Cette lettre vous est adressée par Paul, apôtre, non par une autorité humaine, ni par l’intermédiaire d’un homme, mais par Jésus-Christ et par Dieu, le Père, qui l’a ressuscité. Avec tous les frères et sœurs qui sont avec moi, je salue les Eglises de la Galatie. Que la grâce et la paix vous soient accordées par Dieu notre Père et par le Seigneur Jésus-Christ. Christ s’est offert lui-même en sacrifice pour expier nos péchés, afin de nous délivrer du monde présent dominé par le mal : il a ainsi accompli la volonté de Dieu, notre Père, à qui soit la gloire pour l’éternité ! Amen ! Je m’étonne de la rapidité avec laquelle vous abandonnez celui qui vous a appelés par la grâce de Christ, pour vous tourner vers un autre Evangile. Comme s’il pouvait y avoir un autre Evangile ! Mais il y a des gens qui sèment le trouble parmi vous et qui veulent renverser l’Evangile de Christ. Eh bien, si quelqu’un – même nous, même un ange du ciel – vous annonçait un Evangile différent de celui que nous vous avons annoncé, qu’il soit maudit ! Je l’ai déjà dit et je le répète maintenant : si quelqu’un vous prêche un autre Evangile que celui que vous avez reçu, qu’il soit maudit !