Estè 6:1-14
Estè 6:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)
Menm jou lannwit sa a, wa a pat ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l pou li. Nan sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a. Wa a mande: — Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn: — Yo pat fè anyen pou li non. Wa a mande: — Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fenk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l te fè pann Madoche nan poto li te pare a. Mesye yo reponn: — Aman la a wi! L'ap espere ou nan lakou a. Wa a di: — Fè l antre! Lè Aman antre, wa a di l konsa: — Ki pi bèl bagay m ta fè pou yon moun mwen ta renmen renmèsye pou sèvis li rann mwen. Aman di nan kè l: Pa gen lòt moun wa a ta renmen renmèsye pase mwen menm! Epi li di wa a: — Yon moun ou ta renmen renmèsye pou sèvis li rann ou! Enben! Fè yo pran yonn nan bèl rad ou konn mete sou ou yo pote l bay moun sa a. Pran chwal ou konn moute a ak tout kouwòn lan sou tèt li. Chwazi yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li. Lè sa a, wa a di Aman: — Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. W'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a. Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li. Apre sa, Madoche tounen tounen l bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l sitèlman li te wont. Li rakonte madanm li ak tout zanmi l yo tou sa ki te rive l. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l yo ki te gen bon konprann di l konsa: — Si Madoche se yon jwif vre, kounyeya ou p'ap ka fè l anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou. Zanmi l yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l ale touswit nan fèt Estè te pare a.
Estè 6:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Cette nuit-là, le roi n’arrive pas à trouver le sommeil. Il demande qu’on lui apporte le livre des Souvenirs du royaume. C’est le livre où l’histoire du royaume est écrite. Quelqu’un se met à le lire devant le roi. Il lit en particulier le passage qui raconte que Mardochée a dénoncé Bigtan et Térech. Ces fonctionnaires, chargés de garder l’entrée des appartements royaux, ont voulu tuer le roi. Alors le roi demande : « Quelle récompense est-ce que Mardochée a reçue pour cela ? Quels honneurs ? » Ses serviteurs répondent : « Il n’a rien reçu. » Le roi demande : « Qui est dans la cour du palais ? » Or, Haman arrive juste dans la cour extérieure. Il vient demander au roi de faire pendre Mardochée au poteau préparé pour lui. Les serviteurs répondent : « C’est Haman qui est dans la cour. » Le roi dit : « Qu’il entre ! » Haman entre, et le roi lui demande : « Qu’est-ce que je dois faire pour un homme que je veux honorer ? » Haman pense : « Si le roi désire honorer quelqu’un, cela ne peut être que moi ! » Il répond donc : « Si tu désires honorer quelqu’un, donne-lui un vêtement que tu as porté, un cheval que tu as monté et qui a sur la tête une couronne royale. Demande à l’un de tes principaux fonctionnaires d’habiller cet homme avec l’un de tes vêtements, de le faire monter sur ton cheval et de le conduire sur la place de la ville en criant devant lui : “Voilà comment le roi traite l’homme qu’il veut honorer !” » Le roi dit à Haman : « Eh bien, va vite prendre le vêtement et le cheval, comme tu l’as dit. Et traite ainsi Mardochée, le Juif, qui est à son poste à l’entrée du palais. Agis exactement comme tu l’as dit ! » Alors Haman va chercher le vêtement et le cheval. Il met le vêtement à Mardochée et le fait monter sur le cheval. Puis il le conduit sur la place de la ville en criant devant lui : « Voilà comment le roi traite l’homme qu’il veut honorer ! » Ensuite, Mardochée reprend son poste à l’entrée du palais. Haman rentre chez lui à toute vitesse. Il se couvre le visage pour cacher sa honte. Il raconte à Zérech, sa femme, et à tous ses amis ce qui lui est arrivé. Ses conseillers et sa femme lui disent : « Ce Mardochée est un Juif, et tu as commencé à être abaissé devant lui. Donc, tu ne pourras rien contre cet homme, mais tu vas sûrement continuer à tomber toujours plus bas devant lui ! » Ils parlent encore quand les eunuques du roi arrivent. Ils conduisent aussitôt Haman au grand repas qu’Esther a préparé.
Estè 6:1-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan menm lannwit lan, wa a pa t gen dòmi nan je l. Alò, li pase youn nan sèvitè l yo lòd pou l pote liv ofisyèl ki gen tout rapò yo ladan l, epi li mande l pou l li tout sa k te pase sou reny li a. Youn nan pati li te li yo te rapòte kòman Madoche te dejwe yon plan pou touye wa Asyeris. Se te Bigtan ak Terèch, 2 nan ofisye wa yo, ki te fè konplo sa a. Men, se te Madoche ki te denonse konplo sa a lè l vin okouran de sa. Wa a mande: “Ki onè ak rekonpans Madoche te resevwa pou sa?” Sèvitè yo reponn wa a: “Yo pa t fè anyen pou li.” Nan menm moman sa, Aman antre nan lakou kay prive wa a. Li vin mande wa a pou pann Madoche nan poto li te fè prepare pou sa. Wa a mande: “Ki moun ki nan lakou a?” Sèvitè yo reponn li: “Se Aman ki kanpe deyò a.” Alò, wa a di: “Fè l rantre.” Lè Aman rantre, wa a mande l: “Kisa w panse ki ta apwopriye pou wa a ta fè pou yon nonm li vle onore?” Tousuit, Aman fè lide sa a: “Se de mwen menm menm wa a ap pale! Epi ki lòt moun wa a ta gen nan lide l pou l onore?” Alò, Aman reponn wa a konsa: “Men sa wa a ta dwe fè pou yon moun li vle onore: se pou l fè sèvitè l yo pran wòb espesyal wa a konn mete epi chwal li konn monte. Se pou yo mete yon kouwòn wayal sou tèt chwal la. Se pou wa a chwazi youn nan lidè ofisyèl li yo ki pi enpòtan epi pou l ba li responsab wòb la ak chwal la. Gwo lidè ofisyèl sa a ap mete wòb la sou nonm wa a vle onore a. Nonm lan ap monte chwal la epi gwo lidè ofisyèl sa a ap kenbe tèt chwal la pandan y ap mache tout ri ki nan vil la. Pandan l ap mennen chwal la, l ap rele byen fò: Men sa wa a fè pou yon nonm li vle onore.” Lè sa a, wa a di Aman: “Ale tousuit. Pran wòb la ak chwal la epi fè tout sa ou di yo pou Madoche, Jwif la, san manke anyen. Li chita nan baryè antre kay wa a.” Alò, Aman pran wòb la ak tout chwal la. Li mete wòb la sou Madoche epi li fè l monte sou do chwal la. Apre sa, li kenbe tèt chwal la pandan yo fè tout tou vil la. Aman te rele byen fò: “Men kijan wa a fè pou yon moun li vle onore.” Apre sa,, Madoche tounen al chita ankò devan baryè palè wa a. Men Aman menm kouri antre lakay li ak tèt li kouvri, tèlman l te wont. Li rakonte madanm li, Zerèch ak tout zanmi konseye l yo, tout sa k sot rive l. Madanm li ak tout zanmi konseye l yo ba l konsèy sa a: “Si se tout bon Madoche soti nan ras Jwif, ou p ap janm ka genyen l. Ou fèk kòmanse fè bèk atè devan l. Nan tout kote ou atake l, asireman w ap tonbe devan l.” Pandan yo kontinye ap pale kon sa ak Aman, ofisye wa yo te vin rive lakay la. Yo pran Aman epi yo kouri ale avè l nan festen Estè t ap fè a.
Estè 6:1-14 New International Version (NIV)
That night the king could not sleep; so he ordered the book of the chronicles, the record of his reign, to be brought in and read to him. It was found recorded there that Mordecai had exposed Bigthana and Teresh, two of the king’s officers who guarded the doorway, who had conspired to assassinate King Xerxes. “What honor and recognition has Mordecai received for this?” the king asked. “Nothing has been done for him,” his attendants answered. The king said, “Who is in the court?” Now Haman had just entered the outer court of the palace to speak to the king about impaling Mordecai on the pole he had set up for him. His attendants answered, “Haman is standing in the court.” “Bring him in,” the king ordered. When Haman entered, the king asked him, “What should be done for the man the king delights to honor?” Now Haman thought to himself, “Who is there that the king would rather honor than me?” So he answered the king, “For the man the king delights to honor, have them bring a royal robe the king has worn and a horse the king has ridden, one with a royal crest placed on its head. Then let the robe and horse be entrusted to one of the king’s most noble princes. Let them robe the man the king delights to honor, and lead him on the horse through the city streets, proclaiming before him, ‘This is what is done for the man the king delights to honor!’ ” “Go at once,” the king commanded Haman. “Get the robe and the horse and do just as you have suggested for Mordecai the Jew, who sits at the king’s gate. Do not neglect anything you have recommended.” So Haman got the robe and the horse. He robed Mordecai, and led him on horseback through the city streets, proclaiming before him, “This is what is done for the man the king delights to honor!” Afterward Mordecai returned to the king’s gate. But Haman rushed home, with his head covered in grief, and told Zeresh his wife and all his friends everything that had happened to him. His advisers and his wife Zeresh said to him, “Since Mordecai, before whom your downfall has started, is of Jewish origin, you cannot stand against him—you will surely come to ruin!” While they were still talking with him, the king’s eunuchs arrived and hurried Haman away to the banquet Esther had prepared.
Estè 6:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Cette nuit-là, comme l’empereur n’arrivait pas à trouver le sommeil, il se fit apporter le livre des Annales relatant les événements passés et l’on en fit la lecture devant lui. On tomba sur le passage racontant comment Mardochée avait prévenu que Bigtân et Téresh, deux eunuques de l’empereur qui faisaient partie de la garde postée à l’entrée du palais, complotaient de porter la main sur l’empereur Xerxès. L’empereur demanda : De quelle manière a-t-on honoré Mardochée et quelle distinction lui a-t-on accordée pour cela ? Les serviteurs qui étaient en fonction auprès de lui répondirent : On n’a rien fait pour lui. L’empereur demanda alors : Qui est dans la cour ? C’était justement Haman qui entrait dans la cour extérieure du palais impérial, pour demander à l’empereur que l’on pende Mardochée à la potence qu’il avait fait préparer pour lui. Les serviteurs dirent à l’empereur : C’est Haman qui se tient dans la cour. – Qu’il entre ! ordonna l’empereur. Haman entra et l’empereur lui demanda : Que faut-il faire pour un homme que l’empereur désire honorer ? En son for intérieur, Haman se dit : Quel homme l’empereur peut-il désirer honorer, sinon moi ? Il répondit donc à l’empereur : Pour un homme que l’empereur désire honorer, que l’on apporte un manteau de l’empereur que l’empereur a déjà porté, que l’on amène un des chevaux que l’empereur a montés, et que l’on pose sur la tête du cheval un diadème impérial. Que l’on confie le manteau ainsi que le cheval à l’un des ministres de l’empereur, l’un des hauts dignitaires, et qu’on revête du manteau l’homme que l’empereur désire honorer, puis qu’on le fasse monter sur le cheval et qu’on le conduise ainsi sur la place de la ville en proclamant devant lui : « Voilà ce que l’empereur fait pour l’homme qu’il désire honorer ! » Alors l’empereur dit à Haman : Dépêche-toi d’aller chercher le manteau et le cheval, comme tu l’as dit, et fais tout cela pour le Juif Mardochée, qui exerce des fonctions au palais ! N’omets rien de tout ce que tu as proposé ! Haman alla chercher le manteau et le cheval, il revêtit Mardochée du manteau, puis il le fit monter sur le cheval et le conduisit ainsi sur la grande place de la ville en proclamant devant lui : Voilà ce que l’empereur fait pour l’homme qu’il désire honorer ! Ensuite, tandis que Mardochée retournait à ses fonctions au palais impérial, Haman rentra précipitamment chez lui comme en deuil et en se couvrant le visage. Il raconta à Zéresh sa femme et à tous ses amis ce qui venait de lui arriver. Ses conseillers et sa femme lui dirent : Si ce Mardochée devant qui tu as commencé à être humilié est Juif, tu ne pourras rien contre lui. Tu peux être certain que tu continueras à déchoir devant lui. Ils étaient encore en train de s’entretenir avec lui quand survinrent les envoyés de l’empereur venus faire presser Haman de se rendre au festin préparé par Esther.