Detewonòm 32:1-20

Detewonòm 32:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)

Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral sòti nan bouch mwen! Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant, tankou ti lapli tou fen k'ap tonbe sou zèb nan jaden. Mwen pral fè lwanj Senyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa! Se Senyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè okenn lenjistis. Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun. Se konsa nou di Senyè a mèsi pou sa l fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi? Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sa k te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan. Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè. Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l la menm. Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l, li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li. Tankou malfini k'ap moutre pitit li vole, Senyè a ap plannen anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l pou yo pa tonbe. Senyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l. Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann. Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven. Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a. Y'al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Senyè a fè jalouzi, y'al fè sa ki mal, yo fè l fè kòlè. Y'al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pat janm konnen anvan, lòt bondye ki fenk parèt, bondye zansèt yo pat janm gen krentif. Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a. Lè Senyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l yo ak sou pitit fi l yo! Li di: Mwen pral vire do m ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.

Detewonòm 32:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ciel, fais bien attention : je vais parler, terre, écoute ce que je vais dire. Que mes enseignements coulent comme la bonne pluie sur les plantes, que mes paroles se répandent comme la rosée sur l’herbe. Je vais chanter le nom du SEIGNEUR. Israélites, reconnaissez que notre Dieu est grand ! Le SEIGNEUR est un solide rocher. Toutes ses actions sont parfaites, toutes ses décisions sont justes. Notre Dieu est fidèle, il ne fait jamais le mal, il est toujours juste et droit. Mais vous, peuple mauvais et corrompu, vous avez mal agi envers lui. À cause de votre méchanceté, vous n’êtes plus ses enfants. Peuple stupide et sans sagesse, est-ce que vous pouvez vous conduire ainsi envers le SEIGNEUR ? Est-ce que le SEIGNEUR n’est pas votre père, celui qui vous a créés, celui qui a fait de vous son peuple ? Pensez aux jours d’autrefois, rappelez-vous les années passées, de génération en génération. Posez des questions à vos parents et aux vieillards, ils vous raconteront ce qui est arrivé. Quand le Dieu très-haut a distribué les pays aux habitants de la terre, il a fixé les frontières des peuples. Il a confié chaque peuple à un être du ciel. Mais il a choisi pour lui le peuple d’Israël. Il a pris sous sa protection la famille de Jacob. Le SEIGNEUR trouve son peuple dans le désert, au milieu des cris de chacals. Il prend soin de lui, il l’instruit, il veille sur lui comme sur son trésor le plus précieux. Comme l’aigle qui encourage ses petits à voler, il plane au-dessus de son nid. Il s’étend largement pour les recueillir et les porter sur ses ailes. Oui, le SEIGNEUR seul conduit son peuple, aucun autre dieu n’est avec lui. Il les installe sur les collines, il les nourrit des produits des champs. Pour eux, il fait couler le miel dans les trous des rochers, il fait pousser les oliviers sur une terre couverte de pierres. Les vaches et les brebis leur donnent du lait, les agneaux, les gros béliers et les boucs leur fournissent de la viande. Ils mangent un blé excellent et ils boivent le vin de leurs vignes. Alors Israël grossit, mais il se révolte. Oui, Yechouroun devient gras, épais, rempli, et il abandonne Dieu, son créateur. Il méprise son solide rocher, son sauveur. Les Israélites mettent le SEIGNEUR en colère en faisant des choses horribles, ils le rendent jaloux en adorant des dieux étrangers. Ils offrent des sacrifices à des esprits qui ne sont même pas des dieux et qu’ils ne connaissent pas. Ce sont des êtres nouveaux, et même leurs ancêtres les ignoraient. « Oui, Israël, tu négliges ton protecteur, celui qui t’a mis au monde, tu oublies le Dieu qui t’a donné la vie ! » Le SEIGNEUR a vu comment ses fils et ses filles se moquent de lui. Alors il les a méprisés en disant : « On ne peut pas avoir confiance en eux, ce sont des gens vraiment mauvais. Je ne vais plus m’occuper d’eux, je verrai bien ce qui leur arrivera.

Detewonòm 32:1-20 New International Version (NIV)

Listen, you heavens, and I will speak; hear, you earth, the words of my mouth. Let my teaching fall like rain and my words descend like dew, like showers on new grass, like abundant rain on tender plants. I will proclaim the name of the LORD. Oh, praise the greatness of our God! He is the Rock, his works are perfect, and all his ways are just. A faithful God who does no wrong, upright and just is he. They are corrupt and not his children; to their shame they are a warped and crooked generation. Is this the way you repay the LORD, you foolish and unwise people? Is he not your Father, your Creator, who made you and formed you? Remember the days of old; consider the generations long past. Ask your father and he will tell you, your elders, and they will explain to you. When the Most High gave the nations their inheritance, when he divided all mankind, he set up boundaries for the peoples according to the number of the sons of Israel. For the LORD’s portion is his people, Jacob his allotted inheritance. In a desert land he found him, in a barren and howling waste. He shielded him and cared for him; he guarded him as the apple of his eye, like an eagle that stirs up its nest and hovers over its young, that spreads its wings to catch them and carries them aloft. The LORD alone led him; no foreign god was with him. He made him ride on the heights of the land and fed him with the fruit of the fields. He nourished him with honey from the rock, and with oil from the flinty crag, with curds and milk from herd and flock and with fattened lambs and goats, with choice rams of Bashan and the finest kernels of wheat. You drank the foaming blood of the grape. Jeshurun grew fat and kicked; filled with food, they became heavy and sleek. They abandoned the God who made them and rejected the Rock their Savior. They made him jealous with their foreign gods and angered him with their detestable idols. They sacrificed to false gods, which are not God— gods they had not known, gods that recently appeared, gods your ancestors did not fear. You deserted the Rock, who fathered you; you forgot the God who gave you birth. The LORD saw this and rejected them because he was angered by his sons and daughters. “I will hide my face from them,” he said, “and see what their end will be; for they are a perverse generation, children who are unfaithful.

Detewonòm 32:1-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

O ciel, prête l’oreille, ╵je parlerai. Et toi, ô terre, ╵écoute ce que je vais dire. Mes instructions ruissellent ╵comme la pluie, et ma parole coule ╵ainsi que la rosée – comme une fine pluie ╵tombe sur la verdure ou comme des ondées sur l’herbe. Car je vais proclamer ╵comment est l’Eternel. Célébrez la grandeur ╵de notre Dieu ! Il est comme un rocher, ╵ses œuvres sont parfaites, tout ce qu’il fait est juste. Il est un Dieu fidèle ╵qui ne commet pas d’injustice, c’est un Dieu juste et droit. Mais vous, à son égard, ╵vous êtes corrompus, vous n’êtes plus ses fils, ╵à cause de vos tares, gens pervers, dépravés ! Comment peut-on ainsi ╵se conduire envers lui, peuple fou, insensé ! N’est-il pas votre père ╵et votre créateur, celui qui vous a faits, ╵qui vous a établis ? Pensez aux jours d’alors et songez aux années ╵du temps de vos aïeux ! Interrogez vos pères ╵et ils vous le diront, demandez aux vieillards ╵et ils vous l’apprendront. Quand le Très-Haut donna ╵un territoire aux peuples, quand il dissémina ╵les hommes sur la terre, en fixant les frontières ╵des diverses nations, il tint compte du nombre ╵des enfants d’Israël. L’Eternel a pour bien son peuple ; les enfants de Jacob, ╵voilà sa possession. L’Eternel l’a trouvé ╵dans une steppe aride, dans un désert inhabité, ╵rempli de hurlements. Il a pris soin de lui ╵et il l’a éduqué. Il a veillé sur lui ╵comme sur la prunelle de ses yeux ! Il fut comme un grand aigle ╵qui pousse sa couvée ╵à prendre son envol, planant sur ses aiglons, puis, étendant ses ailes, ╵il les a pris et portés sur ses ailes. Lui seul les a conduits, aucun dieu étranger ╵n’est venu à son aide. Il les fit chevaucher ╵les hauteurs du pays, et il les a nourris ╵des productions des champs. Il leur a fait goûter ╵le miel qui s’écoulait ╵dans le creux des rochers et l’huile qui jaillit ╵dans un sol rocailleux, le lait des vaches ╵et des brebis, les viandes grasses des agneaux, des béliers du Basan ╵aussi bien que des boucs. Ils se sont régalés ╵du meilleur des froments, ils ont bu le vin rouge ╵extrait de bons raisins. Mais bientôt Yeshouroun, ╵après s’être engraissé, ╵s’est mis à regimber. Devenu gros et gras, ╵bien chargé d’embonpoint, il a abandonné ╵le Dieu qui l’a créé, et il a méprisé ╵le Roc qui l’a sauvé. Ils l’ont rendu jaloux ╵parce qu’ils l’ont trahi ╵en suivant d’autres dieux, et ils l’ont irrité ╵par leurs pratiques ╵abominables. Ils ont sacrifié ╵à des démons ╵qui ne sont pas des dieux, à des divinités ╵qu’ils n’avaient pas connues, des dieux nouveaux venus, des dieux que vos ancêtres ╵n’avaient pas redoutés. Israël, tu oublies ╵le rocher protecteur ╵par lequel tu es né, tu négliges le Dieu ╵qui t’a donné la vie. Quand l’Eternel l’a vu, ╵il s’est mis en colère : il était offensé ╵par ses fils et ses filles, et il a déclaré : ╵« Je me détourne d’eux, je verrai bien alors ╵le sort qui les attend. Car ce sont des gens fourbes, des enfants infidèles.