Kolosyen 3:10-17

Kolosyen 3:10-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis. Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout. Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans. Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou. Apre tout sa, sa ki pi enpòtan nan nouvo lavi a, se pou nou youn renmen lòt. Se nan renmen tout bagay mare ansanm nèt. Se pou lapè ki soti nan Kris la kontwole tout panse nou. Bondye te rele nou pou nou viv nan lapè epi li mete nou ansanm nan yon sèl kò. Se pou nou toujou ap di Bondye mèsi. Se pou ansèyman Jezi yo toujou aji nan ou. Se pou nou anseye youn lòt, bay youn lòt konsèy ak anpil sajès. Pou n di Bondye mèsi, se pou n chante sòm, kantik, ak chan Sentespri Bondye enspire nou. Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.

Kolosyen 3:10-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

et vous vous êtes revêtus de l’homme nouveau. Celui-ci se renouvelle pour être l’image de son Créateur afin de parvenir à la pleine connaissance. Pour ce qui le concerne, il n’y a plus de différence entre Juifs et non-Juifs, entre circoncis et incirconcis, étrangers, barbares, esclaves, hommes libres : il n’y a plus que Christ, lui qui est tout et en tous. Ainsi, puisque Dieu vous a choisis pour faire partie du peuple saint et qu’il vous aime, revêtez-vous d’ardente bonté, de bienveillance, d’humilité, de douceur, de patience – supportez-vous les uns les autres, et si l’un de vous a quelque chose à reprocher à un autre, pardonnez-vous mutuellement ; le Seigneur vous a pardonné : vous aussi, pardonnez-vous de la même manière. Et, par-dessus tout cela, revêtez-vous de l’amour qui est le lien par excellence. Que la paix instaurée par Christ gouverne vos décisions. Car c’est à cette paix que Dieu vous a appelés pour former un seul corps. Soyez reconnaissants. Que la Parole de Christ réside au milieu de vous dans toute sa richesse : qu’elle vous inspire une pleine sagesse, pour vous instruire et vous avertir les uns les autres ou pour chanter à Dieu de tout votre cœur des psaumes, des hymnes et des cantiques inspirés par l’Esprit afin d’exprimer votre reconnaissance à Dieu. Dans tout ce que vous pouvez dire ou faire, agissez au nom du Seigneur Jésus, en remerciant Dieu le Père par lui.