Travay 7:1-53
Travay 7:1-53 1998 Haïtienne (HAT98)
Granprèt la mande Etyèn: — Eske se vre? Etyèn reponn: — Frè m yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pat ankò vin rete Karan. Bondye di l konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l. Ale nan peyi m'a moutre ou la. Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, l'al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv kounyeya. — Lè sa a, Bondye pat bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pat gen pitit. Men sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo gen pou y'al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an). Men, Bondye di l ankò: Se mwen menm k'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a sòti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m isit la. Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l lan, wit jou apre l te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la. — Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf. Li delivre l nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l bon konprann, li fè l aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou. — Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pat jwenn anyen pou yo te manje. Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa. Dezyèm fwa y'ale a, Jozèf fè frè l yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo. Jozèf voye chache Jakòb, papa l, ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou. Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo. Yo pote kò yo Sichèm, y' antere yo la, nan gwòt Abraram te achte nan men eritye Emò yo. — Lè a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la. Yon lòt wa ki pat konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a. Wa sa a leve dèyè pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo. Li fòse yo kite tibebe ki fèk fèt yo deyò pou yo ka mouri. Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l pandan twa mwa lakay papa li pou ba l tete. Men, lè yo te lage l deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l: li elve l tankou pitit pa li. Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l te pale ak sa l t'ap fè, yo te wè mesye te fò anpil. — Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l yo, moun pèp Izrayèl yo. Lè l rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li. Li te kwè frè l yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l pou delivre yo a. Men, yo pat konprann sa. Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa? Men, sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a? Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, l'al viv nan peyi Madyan. Antan l te la, li fè de pitit gason. — Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a. Moyiz te sezi lè l wè aparisyon sa a. Antan l t'ap pwoche pou gade l pi pre, li tande vwa Bondye ki t'ap di: Se mwen menm ki Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb. Moyiz pran tranble sitèlman li te pè. Li pa menm louvri je l pou l gade. Lè sa a Bondye di l ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye. Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan l ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Kounyeya, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip. — Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a. Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan. Se menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan: se va yonn nan frè nou yo. Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a. Li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou. — Men, zansèt nou yo pat vle obeyi l. Yo mete l sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip. Yo di Arawon: Fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nou pa konnen sa ki rive nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la. Lè sa a, yo fè estati yon ti towo bèf, epi yo fè sakrifis bèt bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a. Men, Bondye vire do l ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl,eske se pou mwennou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou pasenan gwo dezè a? Non, se pat pou mwen. Men, nou redi pote wogatwa zidòl Molòk la, ansanm ak pòtre zetwal Refan, bondye nou an, bann zidòl nou te fè ak men nou pou n adore! Se poutèt sa, m'ap voye nou jouk lòt bò Babilòn. — Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l jan Bondye te mande Moyiz pou l fè l la, dapre modèl li te moutre Moyiz la. Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David. David te jwenn favè Bondye, li te mande l pèmisyon pou l te fè yon kay pou Bondye Jakòb la. Men se Salomon ki te bati kay la pou li. — Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di: Syèl la se fòtèy kote m chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m? Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo? — Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo. Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye. Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.
Travay 7:1-53 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le grand-prêtre demande à Étienne : « Ce qu’on dit de toi, est-ce que c’est vrai ? » Étienne répond : « Frères et pères, écoutez-moi. Le Dieu glorieux s’est montré à Abraham notre ancêtre, quand celui-ci était en Mésopotamie. C’était avant qu’Abraham parte habiter à Haran. Dieu lui a dit : “Quitte ton pays et ta famille et va dans le pays que je te montrerai.” Alors Abraham a quitté le pays des Babyloniens et il est allé habiter à Haran. Ensuite, le père d’Abraham est mort, et Dieu a fait passer Abraham de Haran dans le pays où vous habitez maintenant. Là, Dieu n’a donné aucune propriété à Abraham, pas même un petit morceau de terrain. Mais il lui a fait cette promesse : “Je te donnerai ce pays, tu le posséderas, toi et tes enfants après toi.” Pourtant Abraham n’avait pas d’enfant. Dieu lui a dit : “Les enfants de tes enfants vivront dans un pays étranger. Là, ils deviendront esclaves, et on leur fera du mal pendant 400 ans.” Mais Dieu a dit aussi : “Moi, je jugerai le peuple qui fera d’eux ses esclaves. Ensuite, ils partiront et ils viendront m’adorer ici.” Puis Dieu a fait alliance avec Abraham. Le signe qui montre cette alliance, c’est la circoncision. Ainsi, Abraham a circoncis son fils Isaac une semaine après sa naissance. Isaac a circoncis son fils Jacob, et Jacob a circoncis ses fils, nos douze ancêtres. « Nos ancêtres ont été jaloux de leur frère Joseph. Ils l’ont vendu comme esclave en Égypte. Mais Dieu était avec Joseph, il l’a délivré de toutes ses souffrances. Il lui a donné la sagesse pour parler au Pharaon, roi d’Égypte. Il lui a donné aussi d’être agréable à ce roi. Celui-ci l’a nommé gouverneur d’Égypte et responsable de toutes ses affaires. Mais voilà qu’il y a une famine dans toute l’Égypte et tout le pays de Canaan. Les gens souffrent beaucoup, et nos ancêtres ne trouvent plus de nourriture. Jacob entend dire qu’il y a du blé en Égypte, il envoie nos ancêtres une première fois. Quand ils y vont pour la deuxième fois, Joseph se fait reconnaître par ses frères. Alors le roi d’Égypte apprend quelle est la famille de Joseph. Joseph envoie chercher son père Jacob et toute sa famille. En tout, il y a 75 personnes. Jacob vient donc en Égypte, il meurt là, et nos ancêtres aussi. On transporte leurs corps à Sichem, et on les enterre dans la tombe qu’Abraham a achetée avec de l’argent aux fils de Hamor, à Sichem. « Le moment approche où Dieu va faire ce qu’il a promis à Abraham. Notre peuple devient alors de plus en plus nombreux en Égypte. Mais un jour, un nouveau roi commence à gouverner. Ce roi n’a pas connu Joseph. Il trompe notre peuple et il fait du mal à nos ancêtres. Il les oblige à abandonner leurs bébés, pour qu’ils meurent. C’est à ce moment-là que Moïse vient au monde. Il est très beau, et Dieu l’aime. Pendant trois mois, Moïse est nourri dans la maison de son père. Ensuite il est abandonné. La fille du roi d’Égypte le prend chez elle et elle l’élève comme son propre fils. Ainsi Moïse apprend toute la science des Égyptiens. C’est un homme qui parle et agit avec puissance. « Quand il a 40 ans, il décide d’aller voir ses frères, les Israélites. Il voit un Égyptien faire du mal à un Israélite. Moïse veut défendre l’homme attaqué et, pour le venger, il tue l’Égyptien. Il pense : “Mes frères vont comprendre que Dieu veut se servir de moi pour les sauver”, mais les Israélites ne comprennent pas. Le jour suivant, Moïse en rencontre deux qui se battent. Il veut faire la paix entre eux et il leur dit : “Mes amis, vous êtes frères. Pourquoi est-ce que vous vous faites du mal ?” Mais celui qui est en train d’attaquer son frère repousse Moïse et lui dit : “Qui t’a demandé d’être notre chef et notre juge ? Est-ce que tu veux me tuer comme tu as tué l’Égyptien hier ?” Quand Moïse entend cela, il s’enfuit. Il va vivre à l’étranger, dans le pays de Madian. Là, il a deux fils. « Au bout de 40 ans, dans le désert du mont Sinaï, un ange se montre à Moïse, dans la flamme d’un buisson en feu. Quand Moïse voit cela, il est étonné. Il s’approche pour regarder. Alors il entend le Seigneur lui dire : “Je suis le Dieu de tes ancêtres, le Dieu d’Abraham, d’Isaac et de Jacob.” Moïse tremble de peur et il n’ose plus regarder. Le Seigneur lui dit : “Enlève tes sandales. En effet, cet endroit est un lieu saint. J’ai vu la souffrance de mon peuple en Égypte, je l’ai entendu gémir. Je suis descendu pour le libérer. Et maintenant, va, je t’envoie en Égypte.” « Avant, les Israélites avaient rejeté Moïse en lui disant : “Qui t’a demandé d’être notre chef et notre juge ?” Eh bien, ce même Moïse, Dieu l’envoie pour conduire et libérer son peuple. Il lui commande cela par l’intermédiaire de l’ange que Moïse a vu dans le buisson. C’est Moïse qui a fait sortir d’Égypte les Israélites. Il a accompli des choses extraordinaires et étonnantes, en Égypte, à la mer Rouge et au désert, pendant 40 ans. C’est encore Moïse qui a dit aux Israélites : “Dieu vous enverra un prophète comme moi, ce sera un de vos frères.” Quand le peuple était rassemblé au désert, Moïse était là. Il servait d’intermédiaire entre l’ange qui lui parlait sur le mont Sinaï et nos ancêtres. Ainsi, Moïse recevait de Dieu les paroles de vie pour nous les faire connaître. « Mais nos ancêtres n’ont pas voulu lui obéir, ils l’ont repoussé, ils voulaient retourner en Égypte. Ils ont dit à Aaron : “Fais-nous des dieux qui marchent devant nous. En effet, ce Moïse nous a fait sortir d’Égypte, mais nous ne savons pas ce qu’il est devenu.” Alors ils fabriquent un veau et ils offrent un sacrifice à cette statue. Ils sont si contents d’avoir ce veau qu’ils font une fête. Mais Dieu ne les regarde plus, il les laisse adorer les étoiles du ciel. On lit cela dans le livre des prophètes : “Peuple d’Israël, est-ce que vous m’avez offert des animaux et d’autres sacrifices, pendant 40 ans, dans le désert ? Non ! Mais vous avez porté la tente du dieu Molok. Vous avez porté l’étoile de votre dieu Réphan. Ce sont les objets que vous avez faits pour les adorer. C’est pourquoi je vous emmènerai prisonniers, plus loin que Babylone.” « Dans le désert, nos ancêtres avaient la tente de la rencontre avec Dieu. Moïse l’a construite comme Dieu l’a commandé. Il l’a faite d’après le modèle qu’il a vu. Plus tard, les enfants de nos ancêtres ont reçu cette tente à leur tour. Avec Josué, ils ont occupé le pays des peuples que Dieu a chassés devant eux. Ils ont amené la tente dans ce pays, et elle est restée là jusqu’au temps de David. David plaisait à Dieu. Alors il lui a demandé l’autorisation de construire un abri pour le Dieu de Jacob. Mais c’est Salomon qui a construit une maison pour Dieu. « Pourtant le Très-Haut n’habite pas dans des maisons construites par les hommes. Il a dit cela par le prophète : “Le ciel est mon siège royal, et la terre est le lieu où je pose mes pieds. Quelle maison est-ce que vous pourrez me bâtir ? Quel est le lieu où je peux habiter ? En effet, c’est moi qui ai créé tout cela .” » Étienne dit encore aux gens du Tribunal : « Vous êtes des hommes têtus, vos cœurs et vos oreilles sont fermés à Dieu. Vous résistez toujours à l’Esprit Saint. Vous êtes comme vos ancêtres ! Ils ont fait souffrir tous les prophètes ! Ils ont même tué ceux qui annonçaient la venue du Juste. Et maintenant, vous, vous avez livré le Juste et vous l’avez tué ! Vous avez reçu la loi de Dieu par l’intermédiaire des anges , mais vous n’avez pas obéi à cette loi ! »
Travay 7:1-53 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pi gran sakrifikatè a di Etyèn konsa: “Èske sa yo di yo se vre?” Etyèn reponn, li di: “Frè m ak papa m yo, koute: Bondye ki gran epi ki genyen tout glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an. Lè sa a, Abraram te rete nan Mezopotami toujou. Li pa t ko al rete Karan. Bondye di li: Kite peyi w ak tout fanmi w, pati ale nan peyi mwen va montre w la. Konsa, Abraram pati kite peyi Kalde, l al viv nan Karan. Apre papa Abraram te mouri, Bondye fè l kite Karan pou l vin viv nan peyi sa a, kote n ap viv la. Men Bondye pa t bay Abraram yon pati pou limenm. Li pa t bay Abraram menm yon pous nan peyi a. Okontrè, Bondye te pwomèt li l ap ba l tout peyi a nèt pou l rete ansanm ak pitit pitit li yo. Men Abraram pa t ko gen pitit lè sa a. Men sa Bondye te di Abraram: Pitit pitit ou yo gen pou y al viv kòm etranje nan yon lòt peyi. Y ap fè yo tounen esklav nan peyi sa a epi y ap maltrete yo anpil pandan kat san (400) zan. Men m ap gen pou m pini nasyon ki va fè yo tounen esklav yo a. Apre sa, Bondye di l ankò: Apre bagay sa yo fin rive, y a soti kite peyi kote yo te esklav la epi y a vin sèvi m isit la. Apre sa, Bondye fè yon kontra ak Abraram epi Bondye deside se sikonsizyon k ap senbòl kontra sa a. Konsa, lè Abraram vin gen pitit gason li Isaak, li sikonsi Izarak sou uit (8) jou apre l te fin fèt. Menm jan an tou, lè Izaak fè Jakòb, li te sikonsi li tou, epi Jakòb te sikonsi douz pitit gason li yo ki se papa douz branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Yon gwo jalouzi te vin pete pami douz zansèt nou yo kont Jozèf, pwòp frè yo. Konsa, yo vann li pou l al esklav nan peyi Lejip. Men Bondye pa t lage Jozèf. Li te toujou ansanm avè l. Bondye te delivre Jozèf anba tout tribilasyon li epi li te ranpli l ak sajès. Bondye te fè Jozèf jwenn favè devan Farawon ki te wa peyi L epi p la. Konsa, Farawon te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip ak sou tout kay Farawon an menm. Vwala te gen yon gwo grangou ki te vin tonbe sou tout peyi Lejip ak sou Kanaran tou. Bagay la te rèd anpil pou moun yo, sa te fè yo soufri. Zansèt nou yo nan Kanaran pa t jwenn anyen pou yo manje. Lè Jakòb aprann te gen manje pou vann nan peyi Lejip, li voye pitit gason l yo al achte. Se premye fwa yo te ale la. Sou dezyèm vwayaj frè Jozèf yo te fè pou al achte manje, Jozèf te fè yo rekonèt li. Konsa Farawon Lejip la te fè konesans ak fanmi Jozèf yo tou. Apre sa, Jozèf voye chache Jakòb, papa li, ansanm ak tout rès fanmi an. Yo tout ansanm te fè swasannkenz moun an total. Konsa, Jakòb desann nan peyi Lejip. Se nan peyi sa a li mouri tou, ansanm ak tout zansèt nou yo. Yo monte ak kadav yo ale Sichèm. Yo antere yo tout nan tonbo Abraram te peye lajan kontan lè l te achte l nan men pitit Emò yo nan lavil Sichèm nan. Firamezi lè pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram nan t ap pwoche, pèp la pa t sispann miltipliye nan peyi Lejip, li te vin pi plis. Se kon sa sa te ye jouktan te vin gen yon wa nan tèt peyi Lejip ki pa t konnen anyen menm sou Jozèf. Wa sa a te tonbe nan twonpe pèp nou an. Li maltrete zansèt nou yo byen maltrete. Li fòse yo abandone ti bebe yo deyò pou yo mouri. Se nan epòk sa a menm Moyiz te fèt. Se te yon bèl ti pitit devan Bondye. Yo te kache Moyiz pandan twa (3) mwa lakay papa l pou pran swen li. Finalman, lè yo oblije abandone l deyò, pitit fi Farawon an pran li. Prensès la elve Moyiz tankou pwòp pitit gason pa li. Konsa, Ejipsyen yo te anseye Moyiz tout sa yo te genyen kòm konesans nan sistèm edikasyon yo a. Moyiz te vin yon gwo save epi sa te parèt aklè nan tout sa l di ak tout sa l fè. Lè Moyiz te gen karant (40) an, li deside rann pèp li a yon vizit, m vle pale de pèp Izrayèl la. Je Moyiz al tonbe sou yon Ejipsyen ki t ap maltrete yon moun pèp Izrayèl la. Moyiz deside antre nan koze a pou rann izrayelit ki t ap sibi move trètman an jistis. Konsa, Moyiz touye Ejipsyen an. Moyiz te panse sa k pase a t ap ede pèp Izrayèl la konprann Bondye t ap sèvi ak li kòm enstriman pou delivre yo, men yo pa t konprann sa. Nan denmen, Moyiz retounen vin vizite pèp li a ankò. Fwa sa a, li wè de moun pèp Izrayèl la k ap goumen antre yo. Li t ap eseye fè yo rekonsilye. Li di yo: Mesye m yo, èske se pa frè nou ye? Pouki sa nou youn ap maltrete lòt konsa? Men, sa k t ap maltrete izrayelit parèy li a te pouse Moyiz sou kote. Epi li di Moyiz konsa: Ki lès ki mete w chèf sou nou pou pase nou lòd epi pou jije nou? Ou gen lè vle touye m menm jan ou te touye Ejipsyen an yè a? Lè Moyiz tande moun pèp Izrayèl la di pawòl sa a, li chape poul li. Li kouri kite peyi Lejip pou l al viv nan peyi Madyan kòm etranje. Pandan l nan peyi Madyan, Moyiz vin gen madanm epi se la li fè de pitit gason. Karant (40) an apre sa, pandan Moyiz te nan dezè ki bò mòn Sinayi a, yon anj parèt devan li nan mitan yon flanm dife ki t ap boule nan yon touf bwa. Lè Moyiz wè flanm dife a nan touf bwa a, sa te fè l sezi. Li pwoche pi pre pou wè sa k genyen. Lè sa a, li tande yon vwa ki pale. Se te vwa Senyè a. Senyè a di: Se mwen menm Bondye zansèt ou yo; Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la. Moyiz te pran tranble, tèlman li te pè. Li pa t menm oze gade touf bwa a ankò. Senyè a di Moyiz ankò: Retire sapat ou nan pye w, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen. Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y ap plenn anba soufrans yo. Mwen desann pou m vin delivre yo. Kounye a, vini m voye w retounen nan peyi Lejip. Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou? Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane. Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen. Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou. Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip. Yo di Aawon konsa: Fè kèk lòt bondye pou nou ki pou mache devan nou pou dirije nou, paske Moyiz ki te mennen nou soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa k pase avè l. Konsa, yo fè yon zidòl ki gen fòm yon towo bèf. Apre sa, yo ofri sakrifis bay zidòl la. Se pa ti kontan yo te kontan pou zidòl yo te fè ak pwòp men pa yo a. Men Bondye vire do ba yo. Li lage yo pou yo kontinye sèvi latriye move lespri yo ki nan lè a. Men sa Bondye te di nan liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou te pase nan dezè a? Se tant pou nou adore Molòk nou pote pito, epi pòtre zetwal ki reprezante Refan ansanm ak bann lòt imaj nou te fè pou n adore yo. Poutèt sa, m ap voye nou al chwe jouk lòtbò Babilòn. Tabènak la, ki se tant SENYÈ a la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a. Jenerasyon ki te fè tant lan te vin pase l bay jenerasyon ki te vin apre yo a, pami zansèt nou yo. Yo te gen tant lan ansanm ak yo lè Jozye t ap mennen yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, lè Bondye t ap chase pèp Kanaran yo devan yo a. Yo te kenbe tant sa a soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt jenerasyon jouk rive nan tan wa David la. David te jwenn favè devan Bondye. Li te menm mande Bondye pèmisyon pou l bati yon Tanp pou pèp Izrayèl la. Men se Salomon ki te bati Tanp lan pou SENYÈ a. Men, Bondye ki pi wo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la te di sou koze sa a: Senyè a di: Syèl la se twòn kote m chita, epi tè a menm se ti ban pou m lonje pye m. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Èske m bezwen yon kote pou m repoze pou nou ta ka ofri m? Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m?” Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se kon sa nou ye tou. Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l. Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz la Bondye te ban nou pa mwayen anj li yo, men nou pa obeyi lalwa sa a.”
Travay 7:1-53 New International Version (NIV)
Then the high priest asked Stephen, “Are these charges true?” To this he replied: “Brothers and fathers, listen to me! The God of glory appeared to our father Abraham while he was still in Mesopotamia, before he lived in Harran. ‘Leave your country and your people,’ God said, ‘and go to the land I will show you.’ “So he left the land of the Chaldeans and settled in Harran. After the death of his father, God sent him to this land where you are now living. He gave him no inheritance here, not even enough ground to set his foot on. But God promised him that he and his descendants after him would possess the land, even though at that time Abraham had no child. God spoke to him in this way: ‘For four hundred years your descendants will be strangers in a country not their own, and they will be enslaved and mistreated. But I will punish the nation they serve as slaves,’ God said, ‘and afterward they will come out of that country and worship me in this place.’ Then he gave Abraham the covenant of circumcision. And Abraham became the father of Isaac and circumcised him eight days after his birth. Later Isaac became the father of Jacob, and Jacob became the father of the twelve patriarchs. “Because the patriarchs were jealous of Joseph, they sold him as a slave into Egypt. But God was with him and rescued him from all his troubles. He gave Joseph wisdom and enabled him to gain the goodwill of Pharaoh king of Egypt. So Pharaoh made him ruler over Egypt and all his palace. “Then a famine struck all Egypt and Canaan, bringing great suffering, and our ancestors could not find food. When Jacob heard that there was grain in Egypt, he sent our forefathers on their first visit. On their second visit, Joseph told his brothers who he was, and Pharaoh learned about Joseph’s family. After this, Joseph sent for his father Jacob and his whole family, seventy-five in all. Then Jacob went down to Egypt, where he and our ancestors died. Their bodies were brought back to Shechem and placed in the tomb that Abraham had bought from the sons of Hamor at Shechem for a certain sum of money. “As the time drew near for God to fulfill his promise to Abraham, the number of our people in Egypt had greatly increased. Then ‘a new king, to whom Joseph meant nothing, came to power in Egypt.’ He dealt treacherously with our people and oppressed our ancestors by forcing them to throw out their newborn babies so that they would die. “At that time Moses was born, and he was no ordinary child. For three months he was cared for by his family. When he was placed outside, Pharaoh’s daughter took him and brought him up as her own son. Moses was educated in all the wisdom of the Egyptians and was powerful in speech and action. “When Moses was forty years old, he decided to visit his own people, the Israelites. He saw one of them being mistreated by an Egyptian, so he went to his defense and avenged him by killing the Egyptian. Moses thought that his own people would realize that God was using him to rescue them, but they did not. The next day Moses came upon two Israelites who were fighting. He tried to reconcile them by saying, ‘Men, you are brothers; why do you want to hurt each other?’ “But the man who was mistreating the other pushed Moses aside and said, ‘Who made you ruler and judge over us? Are you thinking of killing me as you killed the Egyptian yesterday?’ When Moses heard this, he fled to Midian, where he settled as a foreigner and had two sons. “After forty years had passed, an angel appeared to Moses in the flames of a burning bush in the desert near Mount Sinai. When he saw this, he was amazed at the sight. As he went over to get a closer look, he heard the Lord say: ‘I am the God of your fathers, the God of Abraham, Isaac and Jacob.’ Moses trembled with fear and did not dare to look. “Then the Lord said to him, ‘Take off your sandals, for the place where you are standing is holy ground. I have indeed seen the oppression of my people in Egypt. I have heard their groaning and have come down to set them free. Now come, I will send you back to Egypt.’ “This is the same Moses they had rejected with the words, ‘Who made you ruler and judge?’ He was sent to be their ruler and deliverer by God himself, through the angel who appeared to him in the bush. He led them out of Egypt and performed wonders and signs in Egypt, at the Red Sea and for forty years in the wilderness. “This is the Moses who told the Israelites, ‘God will raise up for you a prophet like me from your own people.’ He was in the assembly in the wilderness, with the angel who spoke to him on Mount Sinai, and with our ancestors; and he received living words to pass on to us. “But our ancestors refused to obey him. Instead, they rejected him and in their hearts turned back to Egypt. They told Aaron, ‘Make us gods who will go before us. As for this fellow Moses who led us out of Egypt—we don’t know what has happened to him!’ That was the time they made an idol in the form of a calf. They brought sacrifices to it and reveled in what their own hands had made. But God turned away from them and gave them over to the worship of the sun, moon and stars. This agrees with what is written in the book of the prophets: “ ‘Did you bring me sacrifices and offerings forty years in the wilderness, people of Israel? You have taken up the tabernacle of Molek and the star of your god Rephan, the idols you made to worship. Therefore I will send you into exile’ beyond Babylon. “Our ancestors had the tabernacle of the covenant law with them in the wilderness. It had been made as God directed Moses, according to the pattern he had seen. After receiving the tabernacle, our ancestors under Joshua brought it with them when they took the land from the nations God drove out before them. It remained in the land until the time of David, who enjoyed God’s favor and asked that he might provide a dwelling place for the God of Jacob. But it was Solomon who built a house for him. “However, the Most High does not live in houses made by human hands. As the prophet says: “ ‘Heaven is my throne, and the earth is my footstool. What kind of house will you build for me? says the Lord. Or where will my resting place be? Has not my hand made all these things?’ “You stiff-necked people! Your hearts and ears are still uncircumcised. You are just like your ancestors: You always resist the Holy Spirit! Was there ever a prophet your ancestors did not persecute? They even killed those who predicted the coming of the Righteous One. And now you have betrayed and murdered him— you who have received the law that was given through angels but have not obeyed it.”
Travay 7:1-53 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le grand-prêtre lui demanda : Reconnais-tu les faits qui te sont reprochés ? Etienne dit alors : Chers frères et pères de notre peuple, écoutez-moi : le Dieu glorieux apparut jadis à notre ancêtre Abraham, quand il vivait encore en Mésopotamie, avant de s’établir à Harân, et il lui dit : Quitte ton pays et ta parenté, et va dans le pays que je t’indiquerai . C’est ainsi qu’Abraham quitta la Chaldée et vint se fixer à Harân. De là, après la mort de son père, Dieu le fit venir dans le pays où vous habitez actuellement. Pourtant, il ne lui donna ici aucune propriété, pas même un mètre carré de terre. Mais il lui promit de lui donner le pays tout entier, à lui et à ses descendants après lui, alors qu’à cette époque il n’avait pas encore d’enfant. Et Dieu lui parla ainsi : Tes descendants séjourneront dans une terre étrangère, ils y seront réduits en esclavage et on les maltraitera pendant quatre cents ans . Mais , ajouta Dieu, j’exécuterai mon jugement contre la nation qui en aura fait ses esclaves. Après cela, ils quitteront le pays étranger et viendront ici même, dans ce pays, pour me rendre un culte . Puis Dieu conclut son alliance avec Abraham et lui en donna pour signe la circoncision. Ainsi il eut pour fils Isaac et le circoncit huit jours après sa naissance. Isaac fit de même pour son fils Jacob, et celui-ci, à son tour, pour ses fils, les douze ancêtres de nos tribus. Or, les fils de Jacob, poussés par la jalousie, vendirent leur frère Joseph, pour qu’il fût emmené comme esclave en Egypte. Mais Dieu était avec lui. Il le délivra de toutes ses épreuves et, dans sa grâce, il lui donna la sagesse nécessaire devant le pharaon, roi d’Egypte, si bien qu’il fut nommé gouverneur du pays et de toute la maison royale. Alors survint une grande famine dans toute l’Egypte et en Canaan. Ce fut un temps de grande misère. Nos ancêtres ne trouvaient plus de quoi manger. Quand Jacob apprit qu’il y avait du blé en Egypte, il y envoya une première fois ses fils, nos ancêtres. Lors de leur second voyage en Egypte, Joseph se fit reconnaître par ses frères, et le pharaon apprit quelle était l’origine de Joseph. Puis Joseph envoya chercher son père Jacob et toute sa parenté qui comprenait soixante-quinze personnes. Jacob descendit en Egypte ; il y finit ses jours, de même que nos ancêtres. Leurs corps furent ramenés à Sichem, et déposés dans le tombeau qu’Abraham avait acheté pour une certaine somme d’argent aux fils d’Hamor à Sichem. Le moment approchait où Dieu allait accomplir la promesse qu’il avait faite à Abraham : notre peuple s’était multiplié et les Israélites étaient devenus de plus en plus nombreux en Egypte. C’est alors qu’un nouveau roi, qui n’avait pas connu Joseph, monta sur le trône d’Egypte. Il exploita notre peuple de manière perfide et opprima nos ancêtres, jusqu’à les obliger à abandonner leurs nouveau-nés pour qu’ils ne survivent pas. A cette époque naquit Moïse, qui avait la faveur de Dieu. Pendant trois mois, il fut élevé dans la maison de son père. Lorsque finalement ses parents durent l’abandonner, il fut recueilli par la fille du pharaon qui l’éleva comme son propre fils. C’est ainsi que Moïse fut instruit dans toute la science des Egyptiens et qu’il devint un homme dont la parole et les actions avaient des effets remarquables. A l’âge de quarante ans, il voulut venir en aide à ses frères, les Israélites. Voyant que l’on maltraitait l’un d’eux, il prit sa défense, et, pour le venger, tua l’Egyptien qui le maltraitait. Il pensait que ses frères comprendraient que Dieu voulait se servir de lui pour les libérer. Mais ils ne le comprirent pas. Le lendemain, il vit deux d’entre eux se battre. Il s’interposa et essaya de réconcilier les adversaires. – Mes amis, leur dit-il, vous êtes des frères ! Pourquoi, alors, vous faites-vous du mal ? Mais celui qui maltraitait son compagnon le repoussa en disant : Qui t’a établi chef et juge sur nous ? Voudrais-tu par hasard aussi me tuer, comme tu as tué hier l’Egyptien ? Quand Moïse entendit cela, il prit la fuite et alla vivre dans le pays de Madian où il eut deux fils. Quarante années plus tard, un ange lui apparut dans le désert du mont Sinaï, au milieu de la flamme d’un buisson en feu. Saisi d’étonnement à cette vision, Moïse s’approchait pour le considérer de plus près, quand la voix du Seigneur se fit entendre : Je suis le Dieu de tes ancêtres, le Dieu d’Abraham, d’Isaac et de Jacob . Tout tremblant, Moïse n’osait pas lever les yeux. Le Seigneur lui dit : Ote tes sandales, car le lieu où tu te tiens est un lieu saint . J’ai vu la souffrance de mon peuple en Egypte. J’ai entendu ses gémissements et je suis descendu pour le délivrer. Et maintenant, viens : je t’envoie en Egypte . Ainsi ce Moïse que ses frères avaient repoussé en lui disant : Qui t’a établi chef et juge sur nous ? , c’est lui que Dieu a envoyé comme chef et libérateur du peuple avec l’aide de l’ange qui lui était apparu dans le buisson. C’est lui qui les fit sortir d’Egypte en accomplissant des prodiges et des signes miraculeux dans ce pays, puis lors de la traversée de la mer Rouge et, pendant quarante ans, dans le désert. Ce fut encore lui qui dit aux Israélites : Dieu suscitera pour vous, du milieu de vos compatriotes, un prophète qui sera comme moi . Lorsque le peuple était rassemblé au désert, c’est encore lui qui servit d’intermédiaire entre l’ange qui lui parlait sur le mont Sinaï et nos ancêtres. Il reçut de Dieu des paroles de vie pour nous les transmettre. Nos ancêtres refusèrent de lui obéir. Bien plus : ils le repoussèrent et se laissèrent gagner par le désir de retourner en Egypte. Ils vinrent demander à Aaron : Fais-nous des dieux qui marchent à notre tête, car ce Moïse qui nous a fait sortir d’Egypte, nous ne savons pas ce qui lui est arrivé . Ils façonnèrent alors un veau, ils offrirent un sacrifice à cette idole, et ils célébrèrent de joyeuses fêtes en l’honneur de ce qu’ils avaient fabriqué de leurs mains. Dieu se détourna d’eux et les abandonna à l’idolâtrie et au culte des astres du ciel. C’est bien ce qui est écrit dans le livre des prophètes : Est-ce à moi que vous avez présenté ╵ des sacrifices et des offrandes, pendant les quarante ans ╵ de votre séjour au désert, ╵ vous, peuple d’ Israël ? Non, vous avez porté ╵ la tente de Molok et l’astre de votre dieu Rompha, idoles que vous avez fabriquées ╵ pour vous prosterner devant elles. C’est pourquoi je vous déporterai ╵ au-delà de Babylone . Au désert, nos ancêtres avaient avec eux la tente qui contenait le traité de l’alliance et que Dieu avait ordonné à Moïse de construire d’après le modèle qu’il lui avait montré. Cette tente a été confiée à la génération suivante de nos ancêtres. Ils l’emmenèrent avec eux quand ils conquirent, sous la conduite de Josué, le pays où se trouvaient les peuplades que Dieu chassa devant eux. Elle y demeura jusqu’au temps de David. Celui-ci obtint la faveur de Dieu et demanda de pouvoir donner une demeure au Dieu de Jacob. Mais ce fut Salomon qui bâtit le Temple. Cependant, le Dieu très-haut n’habite pas dans des édifices construits par des mains humaines. C’est ce que dit le prophète : Mon trône, c’est le ciel, et mon marchepied, c’est la terre. Quelle est donc la maison ╵ que vous me bâtirez, ╵ dit le Seigneur, quelle demeure ╵ pour mon lieu de repos ? Toutes ces choses, ╵ n’est-ce pas moi qui les ai faites ? O vous hommes obstinés qui, comme de véritables incirconcis, gardez votre cœur et vos oreilles fermés, vous résistez toujours à l’Esprit Saint ! Vous ressemblez bien à vos ancêtres ! Y a-t-il un seul prophète que vos ancêtres n’aient pas persécuté ? Ils ont tué ceux qui annonçaient la venue du seul Juste. Et vous, maintenant, vous l’avez trahi et assassiné ! Oui, vous avez bien reçu la Loi de Dieu par l’intermédiaire des anges, mais vous ne l’avez jamais observée…