Travay 26:1-23

Travay 26:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Agripa di Pòl: — Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l, epi li fè defans li konsa: — Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen. Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite kèsyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen. — Tout jwif yo konnen ki jan m mennen tèt mwen depi lè m te jenn gason, ki jan m t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm. Yo konnen m depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwanyaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an. Kounyeya, yo rele m an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa. Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri? — Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m te fè sa m kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la. Se sa m te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale. Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pat vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje. — Se konsa, mwen ta pral Damas avèk pouvwa ansanm ak lòd chèf prèt yo te ban mwen. Antan m te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki sòti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m yo. Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li. Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi l di m: Mwen se Jezi w'ap pèsekite a. Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m, se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m jòdi a epi w'a fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa. M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a. — Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobeyi vizyon ki te sòti nan syèl la vin jwenn mwen. Mwen konmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesay la. Apre sa, male nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon. Se poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen. Mentou, Bondye toujou pwoteje m jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m sèvi l temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. Kris la te gen pou l soufri. Se li menm ki an premye gen pou l leve sòti vivan nan lanmò pou l fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a.

Travay 26:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Agrippa dit à Paul : « Tu as le droit de te défendre. » Alors Paul fait un signe de la main et il se défend en disant : « Roi Agrippa, aujourd’hui je suis vraiment heureux de pouvoir me défendre devant toi contre toutes les accusations de mes frères juifs. En effet, tu connais très bien toutes leurs coutumes et leurs discussions. Pour cela, je te demande de m’écouter avec patience. « Tous les Juifs connaissent ma vie depuis ma jeunesse. Ils savent comment j’ai vécu depuis le début, au milieu de mon peuple et à Jérusalem. J’étais membre du parti le plus sévère de notre religion, le parti des Pharisiens. Ils peuvent dire que c’est vrai, s’ils le veulent. En effet, ils me connaissent depuis longtemps. Et maintenant, voici pourquoi on me juge : j’espère en la promesse que Dieu a faite à nos ancêtres. Les douze tribus de notre peuple espèrent aussi que Dieu va réaliser cette promesse, et elles le servent sans cesse, nuit et jour. Roi Agrippa, moi aussi, j’espère cela. Voilà pourquoi mes frères juifs m’accusent. Vous, les Juifs, vous ne voulez pas croire que Dieu réveille de la mort. Pourquoi donc ? « Moi-même, j’ai pensé que je devais combattre le nom de Jésus de Nazareth par tous les moyens. C’est ce que j’ai fait à Jérusalem. J’ai jeté en prison beaucoup de croyants. En effet, les chefs des prêtres m’avaient permis de le faire. Et quand on les condamnait à mort, je donnais mon accord. Je passais dans toutes les maisons de prière. Je faisais souffrir les croyants pour les forcer à insulter le nom de Jésus. J’étais vraiment fou de colère contre eux et je les poursuivais jusque dans les villes étrangères. » « C’est ainsi qu’un jour, je suis allé à Damas. Les chefs des prêtres m’avaient envoyé là-bas avec le pouvoir d’arrêter les croyants. J’étais sur la route, roi Agrippa, et vers midi, j’ai vu une lumière qui venait du ciel. Elle était plus forte que la lumière du soleil, et elle brillait autour de moi et de ceux qui m’accompagnaient. Nous sommes tous tombés par terre, et j’ai entendu une voix qui me disait dans la langue des Juifs : “Saul, Saul, pourquoi est-ce que tu me fais souffrir ? Pourquoi résistes-tu comme le bœuf sous les coups de son maître ? C’est inutile !” J’ai demandé : “Seigneur, qui es-tu ?” Le Seigneur m’a répondu : “Je suis Jésus, c’est moi que tu fais souffrir. Maintenant debout, relève-toi ! Voici pourquoi je me suis montré à toi : je t’ai choisi pour être mon serviteur. Tu seras mon témoin pour annoncer comment tu m’as vu aujourd’hui. Tu annonceras aussi ce que je te montrerai plus tard. Je t’envoie vers ton peuple et vers les autres peuples et je te protégerai contre eux. Alors, tu vas leur ouvrir les yeux, ils sortiront de la nuit pour revenir à la lumière. Ils ne seront plus sous le pouvoir de Satan, mais ils reviendront à Dieu. S’ils croient en moi, ils recevront le pardon de leurs péchés et une place avec ceux qui appartiennent à Dieu.” » « Roi Agrippa, à partir de ce moment, je n’ai pas désobéi à ce que j’avais vu et qui venait de Dieu. Au contraire, voici ce que j’ai dit d’abord aux gens de Damas, puis de Jérusalem, aux habitants de toute la Judée et aux peuples qui ne connaissent pas Dieu : “Changez votre vie et tournez-vous vers Dieu. Faites de bonnes actions pour montrer que vous avez changé votre vie.” À cause de cela, les Juifs m’ont arrêté dans le temple et ils ont essayé de me tuer. Mais jusqu’à aujourd’hui, Dieu m’a toujours aidé, et je continue à être son témoin devant tous, les petits et les grands. Les prophètes et Moïse ont parlé de ce qui devait arriver, moi, je ne dis rien de plus. Je dis seulement : le Messie a souffert, il s’est levé le premier de la mort et il doit annoncer la lumière à notre peuple et aux autres peuples. »

Travay 26:1-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Agripa di Pòl konsa: “Ou mèt pale kounye a pou defann tèt ou.” Pòl lonje men l pou atire atansyon foul la, epi li kòmanse pale. Li di: “Wa Agripa, se avèk anpil kè kontan m ap pran lapawòl jodi a, pou m defann tèt mwen devan w kont tout akizasyon Jwif yo ap plede pote kont mwen yo. Mwen kontan, paske ou menm ou gen anpil konesans sou koutim Jwif yo ansanm ak tout bann kesyon yo renmen diskite yo. Silvouplè, pran yon ti pasyans pou tande m. Tout Jwif yo konnen temwanyaj lavi m. Yo konnen trè byen fason m te toujou viv nan mitan pèp mwen an depi nan kòmansman ak ki fason m viv nan Jerizalèm. Jwif sa yo konnen m depi lontan, si yo vle yo ka di w, mwen te yon bon Farizyen. Tout moun konnen Farizyen yo obeyi lalwa relijyon Jwif yo pi byen pase nenpòt lòt gwoup. Jodi a m kanpe nan tribinal poutèt mwen gen espwa nan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Se menm pwomès sa a tout douz tribi yo nan pèp nou an espere resevwa. Se pou pwomès sa a Jwif yo sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Wa Agripa, se pou menm pwomès sa a Jwif yo ap akize m. Poukisa nou kwè li enposib pou Bondye resisite moun ki mouri yo? Te gen yon lè, mwen menm tou, m te kwè m dwe fè tout sa m kapab pou m fè opozisyon kont non Jezi, nonm Nazarèt la. E se sa menm mwen te chache fè nan vil Jerizalèm. Mwen te resevwa otorite nan men chèf prèt yo pou m mete anpil moun nan pèp Bondye a nan prizon. Lè yo te konn ap touye yo, m te konn bay aval mwen paske m te dakò. M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo. Yon lè, chèf prèt yo te banm pouvwa ak otorite pou m al nan vil Damas. Pandan m te nan wout m prale, bò midi konsa, m wè yon gwo limyè klere nan syèl la, pi klere pase solèy la. Limyè a klere toutotou m ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè m yo. Nou tout sot tonbe atè. Lè sa a, mwen tande yon vwa ki di m nan lang Ebre: Sòl, Sòl, pou kisa ou ap pèsekite m? Se tèt ou w ap fè mal lè w ap batay avè m konsa. Mwen di: Ki moun ou ye, Senyè? Senyè a di: Mwen se Jezi. Se mwen ou ap pèsekite a. Kounye a, leve kampe! Mwen chwazi w pou sèvi m. Ou ap sèvi m temwen pou w pale ak moun de mwen, pou w pale sou sa ou wè jodi a ak sa m va montre w ankò. Se pou tèt sa m chwazi w. M ap voye w kote moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif yo epi m ap pwoteje w devan yo. Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.” Pòl kontinye pale: “Wa Agripa, apre m fin wè yon vizyon kon sa ki sot nan syèl la, mwen obeyi. Mwen kòmanse di moun yo pou yo chanje jan y a viv la, epi pou you vin jwenn Bondye. Mwen di yo pou yo viv yon fason ki montre lavi yo chanje. Premyèman, mwen pale ak moun lavil Damas. Apre sa, m ale Jerizalèm, toupatou nan Jide epi mwen pale ak tout moun sa yo. Mwen al pale ak moun ki pa Jwif yo tou. Se poutèt sa Jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan epi yo te vle touye m. Men Bondye te pote m sekou, jouk jodi a li kontinye ap ede m. Bondye soutni m epi li fè m kanpe jodi a pou rakonte tout moun sa m te wè. Mwen sèlman di sa Moyiz ansanm ak pwofèt yo te di ki te genyen pou rive.” Yo te di Mesi a te gen pou l mouri epi li t ap premye moun k ap resisite. Yo te di li t ap pote limyè delivrans pou moun ki pa Jwif yo.

Travay 26:1-23 New International Version (NIV)

Then Agrippa said to Paul, “You have permission to speak for yourself.” So Paul motioned with his hand and began his defense: “King Agrippa, I consider myself fortunate to stand before you today as I make my defense against all the accusations of the Jews, and especially so because you are well acquainted with all the Jewish customs and controversies. Therefore, I beg you to listen to me patiently. “The Jewish people all know the way I have lived ever since I was a child, from the beginning of my life in my own country, and also in Jerusalem. They have known me for a long time and can testify, if they are willing, that I conformed to the strictest sect of our religion, living as a Pharisee. And now it is because of my hope in what God has promised our ancestors that I am on trial today. This is the promise our twelve tribes are hoping to see fulfilled as they earnestly serve God day and night. King Agrippa, it is because of this hope that these Jews are accusing me. Why should any of you consider it incredible that God raises the dead? “I too was convinced that I ought to do all that was possible to oppose the name of Jesus of Nazareth. And that is just what I did in Jerusalem. On the authority of the chief priests I put many of the Lord’s people in prison, and when they were put to death, I cast my vote against them. Many a time I went from one synagogue to another to have them punished, and I tried to force them to blaspheme. I was so obsessed with persecuting them that I even hunted them down in foreign cities. “On one of these journeys I was going to Damascus with the authority and commission of the chief priests. About noon, King Agrippa, as I was on the road, I saw a light from heaven, brighter than the sun, blazing around me and my companions. We all fell to the ground, and I heard a voice saying to me in Aramaic, ‘Saul, Saul, why do you persecute me? It is hard for you to kick against the goads.’ “Then I asked, ‘Who are you, Lord?’ “ ‘I am Jesus, whom you are persecuting,’ the Lord replied. ‘Now get up and stand on your feet. I have appeared to you to appoint you as a servant and as a witness of what you have seen and will see of me. I will rescue you from your own people and from the Gentiles. I am sending you to them to open their eyes and turn them from darkness to light, and from the power of Satan to God, so that they may receive forgiveness of sins and a place among those who are sanctified by faith in me.’ “So then, King Agrippa, I was not disobedient to the vision from heaven. First to those in Damascus, then to those in Jerusalem and in all Judea, and then to the Gentiles, I preached that they should repent and turn to God and demonstrate their repentance by their deeds. That is why some Jews seized me in the temple courts and tried to kill me. But God has helped me to this very day; so I stand here and testify to small and great alike. I am saying nothing beyond what the prophets and Moses said would happen— that the Messiah would suffer and, as the first to rise from the dead, would bring the message of light to his own people and to the Gentiles.”

Travay 26:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Agrippa dit à Paul : Tu as la parole : tu peux présenter ta défense. Alors Paul étendit la main et présenta ainsi sa défense : Roi Agrippa ! Je m’estime heureux de pouvoir aujourd’hui me défendre devant toi de toutes les accusations que les Juifs ont portées contre moi, car tu connais parfaitement toutes leurs coutumes et leurs discussions. Veuille donc, je te prie, m’écouter avec patience. Tous mes compatriotes savent comment j’ai vécu, dès ma jeunesse, au sein de mon peuple, à Jérusalem. Ils me connaissent depuis longtemps et ils peuvent témoigner, s’ils le veulent bien, que j’ai conduit ma vie selon les principes du parti le plus strict de notre religion : celui des pharisiens. Et maintenant, si je suis traduit en justice, c’est à cause de mon espérance dans la promesse de Dieu à nos ancêtres. Nos douze tribus espèrent voir son accomplissement, en rendant leur culte à Dieu nuit et jour. Oui, c’est à cause de cette espérance que je suis mis en accusation, par des Juifs, ô roi ! Et pourtant ! trouvez-vous incroyable que Dieu puisse ressusciter des morts ? Pour moi donc, j’ai d’abord pensé que je devais m’opposer par tous les moyens au nom de Jésus de Nazareth. C’est ce que j’ai fait à Jérusalem : j’ai jeté en prison, en vertu des pouvoirs que j’avais reçus des chefs des prêtres, un grand nombre des membres du peuple saint et, lorsqu’il s’agissait de les condamner, j’ai voté leur mise à mort. Je passais d’une synagogue à l’autre pour les faire punir et essayer de les contraindre à renier leur foi ; dans l’excès de ma fureur, j’allais les traquer jusque dans les villes étrangères. C’est ainsi qu’un jour, muni des pleins pouvoirs que m’avaient accordés les chefs des prêtres en me donnant cette mission, je me suis rendu à Damas. J’étais en chemin et il était environ midi. C’est alors, ô roi, que j’ai vu, venant du ciel, une lumière plus éclatante que celle du soleil. Elle m’enveloppait de son éclat ainsi que mes compagnons de voyage. Nous sommes tous tombés à terre, et j’entendis une voix qui me disait en hébreu : « Saul, Saul, pourquoi me persécutes-tu ? Tu te blesses toi-même en te rebiffant contre l’aiguillon. » Je demandai : « Qui es-tu, Seigneur ? » Et le Seigneur dit : « Je suis, moi, Jésus, que tu persécutes. Mais lève-toi, tiens-toi debout. Car je te suis apparu pour que tu sois mon serviteur, pour témoigner aux hommes que tu m’as vu et leur dire ce que je te ferai encore voir par la suite. Je t’ai choisi du milieu du peuple juif et des non-Juifs, vers lesquels je t’envoie. Tu devras leur ouvrir les yeux et les faire passer des ténèbres à la lumière et du pouvoir de Satan à Dieu pour qu’en croyant en moi, ils reçoivent le pardon de leurs péchés et une part d’héritage avec les membres du peuple saint. » Ainsi, ô roi Agrippa, je n’ai pas désobéi à cette vision venue du ciel. Mais je me suis adressé d’abord aux habitants de Damas et à ceux de Jérusalem, puis à ceux de toute la Judée, et enfin aux non-Juifs, et je leur ai annoncé qu’ils devaient changer, se convertir à Dieu et traduire ce changement par des actes. Et c’est pour cette raison que les Juifs se sont emparés de moi dans la cour du Temple et qu’ils ont essayé de me tuer. Mais j’ai été protégé par Dieu jusqu’à ce jour et je suis donc encore là pour apporter mon témoignage aux gens d’humble condition comme aux personnages importants. Et ce que je déclare, ce n’est rien d’autre que les événements dont les prophètes et Moïse ont annoncé l’accomplissement : c’est-à-dire que le Messie souffrirait, et qu’il serait le premier à ressusciter pour annoncer la lumière du salut, non seulement au peuple juif, mais aussi aux non-Juifs.