Travay 26:1-11
Travay 26:1-11 1998 Haïtienne (HAT98)
Agripa di Pòl: — Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l, epi li fè defans li konsa: — Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen. Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite kèsyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen. — Tout jwif yo konnen ki jan m mennen tèt mwen depi lè m te jenn gason, ki jan m t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm. Yo konnen m depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwanyaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an. Kounyeya, yo rele m an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa. Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri? — Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m te fè sa m kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la. Se sa m te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale. Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pat vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje.
Travay 26:1-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Agrippa dit à Paul : « Tu as le droit de te défendre. » Alors Paul fait un signe de la main et il se défend en disant : « Roi Agrippa, aujourd’hui je suis vraiment heureux de pouvoir me défendre devant toi contre toutes les accusations de mes frères juifs. En effet, tu connais très bien toutes leurs coutumes et leurs discussions. Pour cela, je te demande de m’écouter avec patience. « Tous les Juifs connaissent ma vie depuis ma jeunesse. Ils savent comment j’ai vécu depuis le début, au milieu de mon peuple et à Jérusalem. J’étais membre du parti le plus sévère de notre religion, le parti des Pharisiens. Ils peuvent dire que c’est vrai, s’ils le veulent. En effet, ils me connaissent depuis longtemps. Et maintenant, voici pourquoi on me juge : j’espère en la promesse que Dieu a faite à nos ancêtres. Les douze tribus de notre peuple espèrent aussi que Dieu va réaliser cette promesse, et elles le servent sans cesse, nuit et jour. Roi Agrippa, moi aussi, j’espère cela. Voilà pourquoi mes frères juifs m’accusent. Vous, les Juifs, vous ne voulez pas croire que Dieu réveille de la mort. Pourquoi donc ? « Moi-même, j’ai pensé que je devais combattre le nom de Jésus de Nazareth par tous les moyens. C’est ce que j’ai fait à Jérusalem. J’ai jeté en prison beaucoup de croyants. En effet, les chefs des prêtres m’avaient permis de le faire. Et quand on les condamnait à mort, je donnais mon accord. Je passais dans toutes les maisons de prière. Je faisais souffrir les croyants pour les forcer à insulter le nom de Jésus. J’étais vraiment fou de colère contre eux et je les poursuivais jusque dans les villes étrangères. »
Travay 26:1-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Agripa di Pòl konsa: “Ou mèt pale kounye a pou defann tèt ou.” Pòl lonje men l pou atire atansyon foul la, epi li kòmanse pale. Li di: “Wa Agripa, se avèk anpil kè kontan m ap pran lapawòl jodi a, pou m defann tèt mwen devan w kont tout akizasyon Jwif yo ap plede pote kont mwen yo. Mwen kontan, paske ou menm ou gen anpil konesans sou koutim Jwif yo ansanm ak tout bann kesyon yo renmen diskite yo. Silvouplè, pran yon ti pasyans pou tande m. Tout Jwif yo konnen temwanyaj lavi m. Yo konnen trè byen fason m te toujou viv nan mitan pèp mwen an depi nan kòmansman ak ki fason m viv nan Jerizalèm. Jwif sa yo konnen m depi lontan, si yo vle yo ka di w, mwen te yon bon Farizyen. Tout moun konnen Farizyen yo obeyi lalwa relijyon Jwif yo pi byen pase nenpòt lòt gwoup. Jodi a m kanpe nan tribinal poutèt mwen gen espwa nan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Se menm pwomès sa a tout douz tribi yo nan pèp nou an espere resevwa. Se pou pwomès sa a Jwif yo sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Wa Agripa, se pou menm pwomès sa a Jwif yo ap akize m. Poukisa nou kwè li enposib pou Bondye resisite moun ki mouri yo? Te gen yon lè, mwen menm tou, m te kwè m dwe fè tout sa m kapab pou m fè opozisyon kont non Jezi, nonm Nazarèt la. E se sa menm mwen te chache fè nan vil Jerizalèm. Mwen te resevwa otorite nan men chèf prèt yo pou m mete anpil moun nan pèp Bondye a nan prizon. Lè yo te konn ap touye yo, m te konn bay aval mwen paske m te dakò. M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo.
Travay 26:1-11 New International Version (NIV)
Then Agrippa said to Paul, “You have permission to speak for yourself.” So Paul motioned with his hand and began his defense: “King Agrippa, I consider myself fortunate to stand before you today as I make my defense against all the accusations of the Jews, and especially so because you are well acquainted with all the Jewish customs and controversies. Therefore, I beg you to listen to me patiently. “The Jewish people all know the way I have lived ever since I was a child, from the beginning of my life in my own country, and also in Jerusalem. They have known me for a long time and can testify, if they are willing, that I conformed to the strictest sect of our religion, living as a Pharisee. And now it is because of my hope in what God has promised our ancestors that I am on trial today. This is the promise our twelve tribes are hoping to see fulfilled as they earnestly serve God day and night. King Agrippa, it is because of this hope that these Jews are accusing me. Why should any of you consider it incredible that God raises the dead? “I too was convinced that I ought to do all that was possible to oppose the name of Jesus of Nazareth. And that is just what I did in Jerusalem. On the authority of the chief priests I put many of the Lord’s people in prison, and when they were put to death, I cast my vote against them. Many a time I went from one synagogue to another to have them punished, and I tried to force them to blaspheme. I was so obsessed with persecuting them that I even hunted them down in foreign cities.
Travay 26:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Agrippa dit à Paul : Tu as la parole : tu peux présenter ta défense. Alors Paul étendit la main et présenta ainsi sa défense : Roi Agrippa ! Je m’estime heureux de pouvoir aujourd’hui me défendre devant toi de toutes les accusations que les Juifs ont portées contre moi, car tu connais parfaitement toutes leurs coutumes et leurs discussions. Veuille donc, je te prie, m’écouter avec patience. Tous mes compatriotes savent comment j’ai vécu, dès ma jeunesse, au sein de mon peuple, à Jérusalem. Ils me connaissent depuis longtemps et ils peuvent témoigner, s’ils le veulent bien, que j’ai conduit ma vie selon les principes du parti le plus strict de notre religion : celui des pharisiens. Et maintenant, si je suis traduit en justice, c’est à cause de mon espérance dans la promesse de Dieu à nos ancêtres. Nos douze tribus espèrent voir son accomplissement, en rendant leur culte à Dieu nuit et jour. Oui, c’est à cause de cette espérance que je suis mis en accusation, par des Juifs, ô roi ! Et pourtant ! trouvez-vous incroyable que Dieu puisse ressusciter des morts ? Pour moi donc, j’ai d’abord pensé que je devais m’opposer par tous les moyens au nom de Jésus de Nazareth. C’est ce que j’ai fait à Jérusalem : j’ai jeté en prison, en vertu des pouvoirs que j’avais reçus des chefs des prêtres, un grand nombre des membres du peuple saint et, lorsqu’il s’agissait de les condamner, j’ai voté leur mise à mort. Je passais d’une synagogue à l’autre pour les faire punir et essayer de les contraindre à renier leur foi ; dans l’excès de ma fureur, j’allais les traquer jusque dans les villes étrangères.