Travay 25:13-19
Travay 25:13-19 1998 Haïtienne (HAT98)
Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou. Yo t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitirasyon Pòl la bay wa a, li di li: — Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la. Lè mwen t'al Jerizalèm, chèf prèt yo ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li. Yo mande m' pou mwen kondannen li. Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l konsa san yo pa mete l fasafas ak moun k'ap akize l yo anvan. Se pou l gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo. Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pat pèdi tan mwen. Nan denmen mal chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan. Moun ki t'ap akize l yo vin parèt tou, men yo pat bay okenn move zak li te fè, jan m te kwè a. Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò.
Travay 25:13-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quelques jours plus tard, le roi Agrippa et Bérénice, sa sœur, arrivent à Césarée pour saluer Festus. Ils restent là plusieurs jours. Et Festus explique l’affaire de Paul au roi. Il lui dit : « Il y a ici un homme que Félix a laissé en prison. Quand je suis allé à Jérusalem, les chefs des prêtres et les anciens des Juifs sont venus porter plainte contre lui et ils m’ont demandé de le condamner. Je leur ai répondu : “Les Romains n’ont pas l’habitude de livrer quelqu’un de cette façon. L’accusé doit d’abord rencontrer ceux qui l’accusent, et il doit pouvoir se défendre contre leurs accusations.” Donc, les chefs religieux sont venus ici avec moi, et sans retard, le jour suivant, je me suis assis au tribunal, et j’ai commandé de faire venir cet homme. Ses accusateurs sont arrivés. Je pensais qu’ils allaient lui reprocher certaines choses graves, mais non ! Ils se sont disputés avec lui au sujet de leur religion et d’un certain Jésus. Cet homme est mort, mais Paul dit qu’il est vivant.
Travay 25:13-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kèk jou apre sa, wa Agripa rive Sezare ansanm ak Berenis, sè li, yo te vin vizite Festis. Yo te pase anpil jou la avèk Festis. Pandan yo te la, Festis mete yo okouran de dosye Pòl la. Li di yo: “Gen yon nonm Feliks te kite nan prizon an lè l t ap kite pòs la. Lè m te monte Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo te vin fè depozisyon kont li pou akize l. Yo te menm vle m kondane l amò. M te di yo: Lè yo akize yon moun de bagay ki mal, Women yo pa gen nan koutim yo pou yo remèt li bay moun pou jije li san l pa gen chans defann tèt li devan moun k ap akize l yo anvan epi pou l defann tèt li parapò ak akizasyon yo pote kont li yo. Konsa, lè Jwif yo te vin isit la nan Sezare, m pa t kite tan pase. M te chita sou fotèy jijman an depi nan landmen epi mwen te mande pou yo mennen nonm nan devan m. Jwif yo te pote anpil akizasyon kont li se vre, men yo pa t akize l te fè okenn krim jan m te atann yo t apral akize l la. Tout akizasyon yo te pote se te bagay ki konsène pwòp relijyon yo epi sa ki konsène yon nonm yo te rele Jezi. Jezi sa a te mouri, men Pòl di li toujou vivan.
Travay 25:13-19 New International Version (NIV)
A few days later King Agrippa and Bernice arrived at Caesarea to pay their respects to Festus. Since they were spending many days there, Festus discussed Paul’s case with the king. He said: “There is a man here whom Felix left as a prisoner. When I went to Jerusalem, the chief priests and the elders of the Jews brought charges against him and asked that he be condemned. “I told them that it is not the Roman custom to hand over anyone before they have faced their accusers and have had an opportunity to defend themselves against the charges. When they came here with me, I did not delay the case, but convened the court the next day and ordered the man to be brought in. When his accusers got up to speak, they did not charge him with any of the crimes I had expected. Instead, they had some points of dispute with him about their own religion and about a dead man named Jesus who Paul claimed was alive.
Travay 25:13-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quelque temps plus tard, le roi Agrippa et Bérénice arrivèrent à Césarée pour rendre visite à Festus. Leur séjour dura plusieurs jours. Festus en profita pour exposer au roi le cas de Paul : J’ai là un homme, dit-il, que mon prédécesseur Félix a laissé en prison. Lors de mon passage à Jérusalem, les chefs des prêtres et les responsables des Juifs sont venus porter plainte contre lui et ils m’ont demandé de le condamner. Mais je leur ai répondu que les Romains n’ont pas coutume de livrer un prévenu avant de l’avoir confronté avec ses accusateurs et de lui avoir donné l’occasion de se défendre de leurs accusations. Ils sont donc venus ici avec moi. Je n’ai pas voulu remettre l’affaire à plus tard et, dès le lendemain, j’ai tenu audience et donné l’ordre d’amener cet homme. Je m’attendais à ce que ses accusateurs le chargent de toutes sortes de crimes graves. Il n’en fut rien. Il ne s’agissait que de discussions au sujet de leur propre religion et d’un certain Jésus qui est mort et dont Paul dit qu’il est vivant.