Travay 23:1-22
Travay 23:1-22 1998 Haïtienne (HAT98)
Pòl fikse je l sou manm Gran Konsèy yo, li di: — Frè m yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a. Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l yon souflèt. Lè sa a, Pòl di li: — Ou pòtre yon miray blanchi! Se Bondye ki va frape ou. Paske ou swadizan chita sou lalwa pou jije mwen, epi se ou menm ankò k'ap vyole lalwa, lè ou bay lòd leve men sou mwen an. Moun ki te toupre Pòl yo di li: — Apa w'ap joure granprèt Bondye a? Pòl reponn: — Eskize m, frè m. Mwen pat konnen se granprèt mesye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal. Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: — Frè m yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m an jijman devan nou. Lè l di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo. Asanble a fè de kan. (Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.) Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: — Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li. Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pat dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l tounen nan kazèn lan. Jou lannwit sa a, Pòl wè Senyè a ki di li: — Kouray! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm. Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl. Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a. Y'al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: — Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl. Kounyeya, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n touye l anvan l gentan rive isit. Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. L'al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl. Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: — Mennen jenn gason sa a bò kote kòmandan an: li gen kichòy pou l di li. Ofisye a pran jenn gason an avè l, li mennen l bay kòmandan an, li di: — Prizonye yo rele Pòl la rele m, li mande m pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy. Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l sou kote, li mande li: — Kisa ou gen pou di mwen? Li reponn: — Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka mesye pi byen. Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Kounyeya yo fin pare nèt, se repons ou ase y'ap tann. Kòmandan an di l konsa: — Pa kite pèsonn konnen ou te vin di m sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li.
Travay 23:1-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Paul regarde en face les membres du Tribunal et il dit : « Frères, j’ai toujours vécu pour Dieu jusqu’à maintenant et je n’ai rien à me reprocher. » Mais le grand-prêtre Ananias commande à ceux qui sont près de Paul : « Frappez-le sur la bouche ! » Alors Paul lui dit : « C’est toi que Dieu va frapper, espèce de mur blanchi ! Tu es assis là pour me juger d’après la loi, et tu donnes l’ordre de me frapper, c’est contraire à la loi ! » Ceux qui sont près de Paul lui disent : « Tu insultes le grand-prêtre de Dieu ! » Paul répond : « Frères, je ne savais pas que c’était le grand-prêtre. En effet, dans les Livres Saints on lit : “Tu ne diras pas de mal du chef de ton peuple.” » Paul le sait : certains membres du Tribunal sont Sadducéens et d’autres sont Pharisiens. C’est pourquoi devant eux, il dit d’une voix forte : « Frères, je suis Pharisien et fils de Pharisien. Comme eux, j’ai l’espoir que les morts se relèveront, et c’est pour cela qu’on me juge. » Au moment où Paul dit cela, les Pharisiens et les Sadducéens se mettent à se disputer, et l’assemblée se divise en deux camps. En effet, les Sadducéens disent : « Les morts ne se relèvent pas, les anges et les esprits n’existent pas. » Mais les Pharisiens croient le contraire. Tout le monde se met à crier. Quelques maîtres de la loi du groupe des Pharisiens se lèvent et disent avec force : « Nous trouvons que cet homme n’a rien fait de mal. Un esprit ou un ange lui a peut-être parlé. » Ils se disputent de plus en plus. Le commandant a peur qu’ils ne mettent Paul en morceaux. Alors il donne cet ordre aux soldats : « Descendez ! Faites sortir Paul du Tribunal et ramenez-le à la caserne ! » La nuit suivante, le Seigneur se montre à Paul et dit : « Courage ! Tu as été mon témoin ici, à Jérusalem. Il faut aussi que tu sois mon témoin à Rome. » Le jour suivant, certains Juifs se réunissent en secret. Ils jurent devant Dieu : « Nous ne mangerons rien et nous ne boirons rien avant de tuer Paul ! » Ceux qui ont juré cela sont plus de 40. Ils vont voir les chefs des prêtres et les anciens et ils leur disent : « Voici ce que nous avons juré devant Dieu : nous ne prendrons aucune nourriture avant de tuer Paul. Maintenant donc, les autres membres du Tribunal doivent nous accompagner chez le commandant romain, et vous lui demanderez de faire venir Paul devant vous. Vous direz que vous voulez étudier son affaire de façon plus exacte. De notre côté, nous sommes prêts à le tuer avant qu’il arrive ici. » Mais un neveu de Paul, le fils de sa sœur, entend parler de ce piège. Il va à la caserne, il entre et prévient Paul. Alors Paul appelle un des officiers et lui dit : « Conduis ce jeune homme chez le commandant : il a quelque chose à lui annoncer. » L’officier emmène le jeune homme, il le conduit chez le commandant et dit : « Le prisonnier Paul m’a appelé, il m’a demandé de t’amener ce jeune homme. Il a quelque chose à t’annoncer. » Le commandant prend le jeune homme par la main, il l’emmène à l’écart et lui demande : « Qu’est-ce que tu as à me dire ? » Le jeune homme répond : « Certains Juifs sont d’accord pour te demander d’emmener Paul demain devant leur Tribunal. Ils diront qu’ils veulent étudier son affaire de façon plus exacte, mais ne les crois pas. En effet, plus de 40 hommes vont tendre un piège à Paul. Ils ont juré devant Dieu de ne rien manger et de ne rien boire avant de le tuer. Maintenant ils sont prêts, ils n’attendent plus que ta réponse. » Alors le commandant dit au jeune homme : « Ne raconte à personne ce que tu viens de me dire. » Puis il le laisse partir.
Travay 23:1-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.” Ananyas, ki te pi gran sakrifikatè a lè sa a, li te la tou. Lè l tande Pòl di pawòl sa yo, li pase moun ki te toupre Pòl yo lòd pou bay Pòl yon kalòt. Lè sa a, Pòl di: “Ou menm se Bondye k ap frape w! Miray blanchi! Gade w chita la pou jije m selon lalwa, epi gade w mande pou yo frape m, epi se yon bagay ki kont lalwa!” Moun ki te la yo di Pòl konsa: “W ap manke pi gran sakrifikatè Bondye a dega!” Pòl reponn: “Frè m yo, m pa t konn si se te pi gran sakrifikatè a; paske m konnen pawòl la di: Nou pa dwe di anyen mal kont yon chèf ki nan mitan pèp ou a.” Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!” Menm kote Pòl fin di sa a, yon diskisyon pete ant Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi gwoup la divize. Sadiseyen yo pa t kwè ni nan moun mouri gen pou leve, ni nan anj, ni nan espri, epi Farizyen yo te kwè nan tout bagay sa yo. Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.” Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan. Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se kon sa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.” Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. Te gen plis pase karant Jwif ki t ap prepare konplo sa a kont Pòl. Jwif sa yo t al jwenn chèf prèt yo ansanm ak ansyen lidè yo, yo di yo: “Nou fè sèman sou tèt nou pou nou pa ni manje ni bwè toutotan nou pa touye Pòl. Kidonk, nou menm, se pou nou aranje nou ak Gran konsèy la pou n al mande kòmandan an pou l mennen Pòl devan nou, sou pretèks nou bezwen poze l kèk kesyon toujou. Nou menm, nou pare pou n gentan touye l depi nan wout, anvan menm li rive devan nou.” Men, yon neve Pòl, pitit sè li, tande koze konplo a ap pale. L al nan kazèn nan, l al mete Pòl okouran. Konsa, Pòl rele youn nan ofisye sòlda yo, li di l: “Mennen ti jenn nonm sa a kot kòmandan an. Li gen yon mesaj pou li.” Konsa, ofisye a mennen neve Pòl la bay kòmandan an. Ofisye a di kòmandan an: “Prizonye yo rele Pòl la mande m pou m mennen ti jenn nonm sa a ba ou, paske li gen yon mesaj pou ou.” Kòmandan an mennen ti jenn nonm nan yon kote apa pou l ka alèz pou l pale; epi kòmandan an mande l: “Ki sa ou gen pou di m nan?” Neve Pòl la di kòmandan an konsa: “Gen kèk Jwif ki deside mande w pou mennen Pòl devan Gran konsèy Jwif yo demen sou pretèks yo bezwen poze l kèk kesyon toujou. Pa kwè yo! Gen plis pase karant Jwif k ap kache pou veye Pòl nan wout la pou yo touye l. Yo sèmante sou tèt yo pou yo pa ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. Se tann y ap tann pou w ta di wi w ap mennen Pòl desann.” Kòmandan an mande ti jenn nonm nan pou l pa di pèsonn si l te mete l okouran de konplo a, epi li voye l ale.
Travay 23:1-22 New International Version (NIV)
Paul looked straight at the Sanhedrin and said, “My brothers, I have fulfilled my duty to God in all good conscience to this day.” At this the high priest Ananias ordered those standing near Paul to strike him on the mouth. Then Paul said to him, “God will strike you, you whitewashed wall! You sit there to judge me according to the law, yet you yourself violate the law by commanding that I be struck!” Those who were standing near Paul said, “How dare you insult God’s high priest!” Paul replied, “Brothers, I did not realize that he was the high priest; for it is written: ‘Do not speak evil about the ruler of your people.’” Then Paul, knowing that some of them were Sadducees and the others Pharisees, called out in the Sanhedrin, “My brothers, I am a Pharisee, descended from Pharisees. I stand on trial because of the hope of the resurrection of the dead.” When he said this, a dispute broke out between the Pharisees and the Sadducees, and the assembly was divided. (The Sadducees say that there is no resurrection, and that there are neither angels nor spirits, but the Pharisees believe all these things.) There was a great uproar, and some of the teachers of the law who were Pharisees stood up and argued vigorously. “We find nothing wrong with this man,” they said. “What if a spirit or an angel has spoken to him?” The dispute became so violent that the commander was afraid Paul would be torn to pieces by them. He ordered the troops to go down and take him away from them by force and bring him into the barracks. The following night the Lord stood near Paul and said, “Take courage! As you have testified about me in Jerusalem, so you must also testify in Rome.” The next morning some Jews formed a conspiracy and bound themselves with an oath not to eat or drink until they had killed Paul. More than forty men were involved in this plot. They went to the chief priests and the elders and said, “We have taken a solemn oath not to eat anything until we have killed Paul. Now then, you and the Sanhedrin petition the commander to bring him before you on the pretext of wanting more accurate information about his case. We are ready to kill him before he gets here.” But when the son of Paul’s sister heard of this plot, he went into the barracks and told Paul. Then Paul called one of the centurions and said, “Take this young man to the commander; he has something to tell him.” So he took him to the commander. The centurion said, “Paul, the prisoner, sent for me and asked me to bring this young man to you because he has something to tell you.” The commander took the young man by the hand, drew him aside and asked, “What is it you want to tell me?” He said: “Some Jews have agreed to ask you to bring Paul before the Sanhedrin tomorrow on the pretext of wanting more accurate information about him. Don’t give in to them, because more than forty of them are waiting in ambush for him. They have taken an oath not to eat or drink until they have killed him. They are ready now, waiting for your consent to their request.” The commander dismissed the young man with this warning: “Don’t tell anyone that you have reported this to me.”
Travay 23:1-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Paul fixa ses regards sur tous les membres du Grand-Conseil et déclara : Mes frères, j’ai vécu devant Dieu jusqu’à ce jour avec une conscience parfaitement pure. Mais le grand-prêtre Ananias ordonna à ceux qui étaient près de Paul de le frapper sur la bouche. Paul lui dit alors : Dieu lui-même va te frapper, muraille blanchie ! Tu sièges là pour me juger selon la Loi, et voilà que tu violes la Loi en ordonnant de me frapper ! Les assistants s’écrièrent : Tu oses injurier le grand-prêtre de Dieu ! – Frères, reprit Paul, j’ignorais que c’était le grand-prêtre, car je sais bien qu’il est écrit : Tu n’insulteras pas le chef de ton peuple . Paul savait que le Conseil était composé pour une part de sadducéens, pour l’autre de pharisiens, et il s’écria au milieu du Conseil : Frères, je suis pharisien et fils de pharisien. Si je suis mis en accusation, c’est pour notre espérance de la résurrection. Ces mots provoquèrent une dispute entre pharisiens et sadducéens, et l’assemblée se divisa en deux camps. – Les sadducéens, en effet, déclarent qu’il n’y a pas de résurrection, pas plus que d’anges ou d’esprits, et les pharisiens affirment le contraire. – Le ton monta considérablement. Quelques spécialistes de la Loi qui étaient du parti des pharisiens se levèrent pour protester avec énergie en faveur de l’accusé : Vraiment, nous ne trouvons rien à reprocher à cet homme. Après tout, qui sait ? Peut-être un esprit ou un ange lui a-t-il parlé ? La dispute s’envenimait et le commandant craignit que son prisonnier soit tué par ces gens. Alors il fit signe à un détachement de soldats de descendre dans la salle pour tirer Paul du milieu d’eux et le ramener à la citadelle. La nuit suivante, le Seigneur apparut à Paul et lui dit : Courage ! Tu as été mon témoin à Jérusalem, il faut que tu le sois aussi à Rome. Le lendemain matin, au petit jour, les Juifs formèrent un complot. Ils firent le serment de ne rien manger ni boire avant d’avoir tué Paul. Plus de quarante hommes participaient à cette conjuration. Ils allèrent trouver les chefs des prêtres et les responsables du peuple et leur déclarèrent : Nous nous sommes engagés par un serment solennel à ne rien manger ni boire tant que nous n’aurons pas tué Paul. A vous d’agir maintenant avec l’appui du Grand-Conseil : intervenez auprès du commandant et proposez-lui de faire comparaître Paul devant vous sous prétexte que vous voulez instruire son cas de plus près. De notre côté, nous avons pris nos dispositions pour le supprimer avant qu’il arrive ici. Mais le fils de la sœur de Paul entendit parler du guet-apens. Il se rendit à la citadelle, y entra, et prévint Paul de ce qui se tramait. Alors Paul fit appeler un officier de service et lui dit : Conduis ce jeune homme auprès du commandant, je t’en prie, il a quelque chose à lui dire. L’officier l’emmena donc avec lui et l’introduisit auprès du commandant en disant : Le détenu Paul m’a fait appeler et m’a demandé de t’amener ce jeune homme qui a quelque chose à te dire. Le commandant, prenant le jeune homme par la main, se retira avec lui à l’écart et lui demanda : Qu’as-tu à me dire ? Alors le neveu de Paul raconta : Les Juifs ont convenu de te demander de leur amener Paul, demain, au Grand-Conseil. Ils disent qu’ils veulent examiner son cas de plus près. Mais surtout, ne t’y laisse pas prendre. Ils sont à plus de quarante qui préparent un guet-apens contre lui. Ils ont juré de ne rien manger ni boire avant de l’avoir tué. Tout est prêt. Ils n’attendent plus que ton accord. Le commandant laissa repartir le jeune homme. Mais il lui fit d’abord cette recommandation : Surtout ne va dire à personne que tu m’as prévenu de cette affaire.