Travay 21:27-40
Travay 21:27-40 1998 Haïtienne (HAT98)
Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki sòti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li. Yo t'ap rele: — Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Kounyeya, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l antre nan tanp lan tou.) Tout lavil la te tèt anba, moun kouri sòti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan. Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l ki jan tout lavil la te tèt anba. Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl. Kòmandan an pwoche bò kote Pòl, li fè yo arete l, li bay lòd pou yo mare l ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l te fè. Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pat kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan. Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l anlè pou yo te sa pase avè l, sitèlman moun yo te ankòlè. Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: — Touye li. Yo ta pral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: — Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: — Kouman? Apa ou pale grèk? Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revòl tou lòt jou la a epi ki te mennen katsan bandi ak li nan dezè a? Pòl reponn li: — Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m pale ak pèp la. Kòmandan an ba l pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa
Travay 21:27-40 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les sept jours de la purification sont presque finis. Des Juifs de la province d’Asie voient Paul dans le temple, ils excitent toute la foule et ils arrêtent Paul. Ils crient : « Gens d’Israël, au secours ! Le voilà, l’homme qui donne partout et à tout le monde un enseignement contre notre peuple, contre notre loi et contre ce temple ! Il a même fait entrer des non-Juifs ici, et il a rendu impur ce lieu saint. » En effet, à Jérusalem, les Juifs ont vu Trophime d’Éphèse qui accompagnait Paul, et ils pensent que Paul l’a fait entrer dans le temple. Il y a de l’agitation dans toute la ville, et le peuple arrive en foule. Ils arrêtent Paul et l’entraînent en dehors du temple. Tout de suite après, on ferme ses portes. Les gens cherchent à tuer Paul, mais le commandant des soldats romains apprend que l’agitation s’est répandue dans toute la ville de Jérusalem. Il prend immédiatement avec lui des soldats et des officiers et il court vers la foule. Quand les gens voient le commandant et les soldats, ils cessent de frapper Paul. Alors le commandant s’approche, il fait arrêter Paul et il donne l’ordre de l’attacher avec deux chaînes. Puis il demande : « Qui est cet homme ? Qu’est-ce qu’il a fait ? » Mais dans la foule, les uns crient une chose, les autres en crient une autre. Comme le commandant ne peut rien apprendre de sûr à cause du bruit, il donne l’ordre d’emmener Paul dans la caserne. Quand Paul arrive près de l’escalier, les soldats doivent le porter, parce que la foule est très violente. En effet, tout le peuple le suit en criant : « À mort ! » Au moment où on va faire entrer Paul dans la caserne, il dit au commandant : « Est-ce que je peux dire un mot ? » Le commandant répond : « Tu sais le grec ? Donc, tu n’es pas l’Égyptien qui, ces temps-ci, a fait un complot et qui a emmené au désert 4 000 terroristes ? » Paul dit : « Moi, je suis juif, de la ville de Tarse en Cilicie. Je suis citoyen d’une ville célèbre. S’il te plaît, permets-moi de parler au peuple ! » Le commandant le permet. Paul, debout sur les marches, fait signe de la main au peuple. Alors il y a un grand silence, et Paul leur dit dans la langue des Juifs
Travay 21:27-40 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl. Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.” (Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.) Tout moun nan vil la k te tande koze a te vin fache anpil epi yo t ap kouri sot nan tout direksyon vin nan Tanp lan. Yo mete men sou Pòl, yo trennen l soti deyò espas lakou Tanp lan kote ki sakre a, epi yo fèmen baryè yo tousuit. Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba. Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou. Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!” Pandan yo t apral antre nan kazèn nan, Pòl di kòmandan an konsa: “Èske m ka di w yon bagay?” Kòmandan an di l: “O, apa ou pale Grèk? Enben si se pou sa, ou pa moun m te panse w ye a? M te panse se te Ejipsyen ki te lakòz soulèvman kont gouvènman an fwa pase a wi; nonm ki te mennen kat mil (4,000) bandi ame ansanm avè l nan dezè a.” Pòl reponn li: “Mwen menm mwen se yon Jwif ki soti lavil Tas, nan peyi Silisi. Se la m soti, nan yon vil ki gen kalite bon renome w konnen an. Silvouplè, ban m pèmisyon pou m pale ak pèp la.” Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.
Travay 21:27-40 New International Version (NIV)
When the seven days were nearly over, some Jews from the province of Asia saw Paul at the temple. They stirred up the whole crowd and seized him, shouting, “Fellow Israelites, help us! This is the man who teaches everyone everywhere against our people and our law and this place. And besides, he has brought Greeks into the temple and defiled this holy place.” (They had previously seen Trophimus the Ephesian in the city with Paul and assumed that Paul had brought him into the temple.) The whole city was aroused, and the people came running from all directions. Seizing Paul, they dragged him from the temple, and immediately the gates were shut. While they were trying to kill him, news reached the commander of the Roman troops that the whole city of Jerusalem was in an uproar. He at once took some officers and soldiers and ran down to the crowd. When the rioters saw the commander and his soldiers, they stopped beating Paul. The commander came up and arrested him and ordered him to be bound with two chains. Then he asked who he was and what he had done. Some in the crowd shouted one thing and some another, and since the commander could not get at the truth because of the uproar, he ordered that Paul be taken into the barracks. When Paul reached the steps, the violence of the mob was so great he had to be carried by the soldiers. The crowd that followed kept shouting, “Get rid of him!” As the soldiers were about to take Paul into the barracks, he asked the commander, “May I say something to you?” “Do you speak Greek?” he replied. “Aren’t you the Egyptian who started a revolt and led four thousand terrorists out into the wilderness some time ago?” Paul answered, “I am a Jew, from Tarsus in Cilicia, a citizen of no ordinary city. Please let me speak to the people.” After receiving the commander’s permission, Paul stood on the steps and motioned to the crowd. When they were all silent, he said to them in Aramaic
Travay 21:27-40 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
La semaine exigée pour la purification allait s’achever, lorsque des Juifs de la province d’Asie virent Paul dans la cour du Temple. Ils ameutèrent toute la foule et se jetèrent sur lui en criant : Israélites ! Au secours ! Le voilà, celui qui ne cesse de prêcher partout et à tout le monde contre notre peuple, contre la Loi de Moïse et contre ce temple ! Et même, à présent, il a introduit des non-Juifs dans l’enceinte sacrée ; il a souillé ce saint lieu ! Ils disaient cela parce qu’ils avaient vu Trophime d’Ephèse en ville avec lui, et ils s’imaginaient que Paul l’avait fait entrer dans la cour intérieure du Temple. L’agitation gagna la ville tout entière et le peuple accourut en foule de toutes parts. On s’empara de Paul et on le traîna hors de la cour du Temple dont on ferma immédiatement les portes. On cherchait à le mettre à mort, quand le commandant de la garnison romaine fut informé que tout Jérusalem était en effervescence. Aussitôt, il rassembla des soldats avec leurs officiers et se précipita vers la foule. Dès qu’on aperçut le commandant et les soldats, on cessa de battre Paul. Alors le commandant s’approcha, fit saisir Paul et donna ordre de le lier avec une double chaîne, puis il demanda qui il était et ce qu’il avait fait. Mais dans la foule, les uns criaient une chose, les autres une autre, et le commandant ne put rien savoir de sûr de ce tumulte. Alors il ordonna de conduire Paul à la forteresse. Quand Paul commença à gravir les marches de l’escalier, les soldats, devant la violence de la foule, se virent obligés de le porter à bras-le-corps. En effet, tout le peuple le suivait en hurlant : A mort ! Au moment où on allait le faire entrer dans la citadelle, Paul demanda au commandant : M’est-il permis de te dire quelque chose ? – Comment, fit l’autre, tu sais le grec ! Tu n’es donc pas cet Egyptien qui a provoqué une émeute dernièrement et qui a entraîné quatre mille rebelles au désert ? – Non, répondit Paul, je suis juif, né à Tarse en Cilicie, et citoyen d’une ville assez importante. Je te prie, permets-moi de dire quelques mots au peuple. Le commandant lui en accorda la permission. Alors Paul, debout sur les marches, fit signe de la main à la foule. Il se fit un grand silence, et Paul leur adressa la parole en hébreu.