Travay 21:1-9

Travay 21:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre nou fin di Ansyen Efèz yo orevwa, nou fè vwal tou dwat pou yon zile yo rele Kòs. Nan demen, nou ale sou yon zile yo rele Wòd epi soti Wòd, nou pran direksyon Patara. Pandan nou Patara, nou jwenn yon batiman ki t apral nan peyi Fenisi. Nou monte nan batiman sa a epi nou pati. Nou pase toupre zile Chip. Zile a te sou bò goch nou, nan direksyon nò, men nou pase adwat li san n pa rete. Nou kontinye nan direksyon peyi Siri pito. N al kanpe nan vil Tir, paske batiman an te gen chay pou l debake nan vil sa a. Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo. Men, lè tan nou t ap pase a fin i, nou retounen nan batiman an pou n kontinye vwayaj nou. Tout kwayan yo te akonpanye nou. Tout madanm yo ak pitit yo te vin avèk nou sou rivaj la tou, kote nou tout te met ajenou pou n priye. Apre nou fin di youn lòt orevwa, nou monte nan batiman an epi yo menm yo retounen lakay yo. Kite nou kite Tir, nou kontinye vwayaje pou ale nan vil Tolemayis. Rive Tolemayis, nou pase salye frè yo ki te la epi nou pase yon jou avèk yo. Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan. Filip te gen kat pitit fi vyèj ki te gen don pwofesi.

Travay 21:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après nous être séparés d’eux, nous avons pris la mer et nous avons mis directement le cap sur l’île de Cos, puis le lendemain, nous avons continué sur Rhodes et, de là, vers Patara. Pendant notre escale, nous avons trouvé un navire en partance pour la Phénicie. Nous nous y sommes embarqués et nous avons pris le large. Arrivés en vue de Chypre, nous l’avons laissée sur notre gauche et nous avons continué notre route vers la Syrie, pour débarquer à Tyr où le navire devait livrer sa cargaison. Il y avait là des disciples. Après les avoir trouvés, nous sommes restés sept jours avec eux. Or ceux-ci, poussés par l’Esprit, conseillaient à Paul de ne pas se rendre à Jérusalem. Malgré cela, une fois cette semaine écoulée, nous sommes partis pour continuer notre voyage. Ils nous ont accompagnés, tous, avec leurs femmes et leurs enfants, à quelque distance de la ville. Là, nous nous sommes agenouillés sur le rivage pour prier. Puis, après avoir pris congé les uns des autres, nous sommes montés à bord du bateau, et les croyants s’en sont retournés chez eux. Nous avons terminé notre voyage par mer en allant de Tyr à Ptolémaïs. Dans cette ville, nous avons salué les frères et passé une journée avec eux. Dès le lendemain, nous sommes repartis par la route pour Césarée. Nous nous sommes rendus à la maison de Philippe, le prédicateur de l’Evangile – c’était l’un des sept hommes que l’on avait élus à Jérusalem – , et nous avons logé chez lui. Il avait quatre filles non mariées qui étaient prophétesses.