Travay 2:36-47

Travay 2:36-47 1998 Haïtienne (HAT98)

— Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la. Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: — Frè nou yo, kisa pou nou fè? Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li. Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l te fè yo kwè, pou l te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: — Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo. Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè. Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè. Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.

Travay 2:36-47 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Tout le peuple d’Israël doit donc le savoir de façon très sûre : ce Jésus que vous avez cloué sur une croix, Dieu l’a fait Seigneur et Christ. » Quand les gens entendent cela, ils sont très émus, ils demandent à Pierre et aux autres apôtres : « Frères, qu’est-ce que nous devons faire ? » Pierre leur répond : « Changez votre vie ! Chacun de vous doit se faire baptiser au nom de Jésus-Christ. Ainsi, Dieu pardonnera vos péchés et il vous donnera l’Esprit Saint. En effet, la promesse de Dieu est pour vous et pour vos enfants. Elle est pour tous ceux qui sont loin, pour tous ceux que le Seigneur notre Dieu appellera. » Pierre parle encore longtemps pour les persuader et les encourager. Il leur dit : « Les gens d’aujourd’hui sont mauvais. Quittez-les, et Dieu vous sauvera. » Ceux qui acceptent la parole de Pierre se font baptiser. Ce jour-là, à peu près 3 000 personnes s’ajoutent au groupe des croyants. Régulièrement et fidèlement, les croyants écoutent l’enseignement des apôtres. Ils vivent comme des frères et des sœurs, ils partagent le pain et ils prient ensemble. Les apôtres font beaucoup de choses extraordinaires et étonnantes, et les gens sont frappés de cela. Tous les croyants sont unis et ils mettent en commun tout ce qu’ils ont. Ils vendent leurs propriétés et leurs objets de valeur, ils partagent l’argent entre tous, et chacun reçoit ce qui lui est nécessaire. Chaque jour, d’un seul cœur, ils se réunissent fidèlement dans le temple. Ils partagent le pain dans leurs maisons, ils mangent leur nourriture avec joie et avec un cœur simple. Ils chantent la louange de Dieu, et tout le peuple les aime. Et chaque jour, le Seigneur ajoute à leur communauté ceux qui sont sauvés.

Travay 2:36-47 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.” Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?” Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou. Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.” Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.” Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo. Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje ansanm epi yo te lapriyè ansanm. Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye. Tout kwayan yo te rete ansanm yon sèl kote, epi yo te pataje tout sa yo te genyen ansanm tou. Ye te vann tè yo ak lòt byen yo te genyen epi yo pataje lajan an ant yo tout, selon bezwen chak moun. Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite. Yo t ap fè lwanj pou Bondye. Tout pèp la te renmen yo. Chak jou Senyè a t ap ajoute moun li t ap delivre yo sou gwoup moun ki te la yo.

Travay 2:36-47 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Voici donc ce que tout le peuple d’Israël doit savoir avec une entière certitude : Dieu a fait Seigneur et Messie ce Jésus que vous avez crucifié. Ce discours toucha profondément ceux qui l’avaient entendu. Ils demandèrent à Pierre et aux autres apôtres : Frères, que devons-nous faire ? Pierre leur répondit : Changez, et que chacun de vous se fasse baptiser au nom de Jésus-Christ, pour que vos péchés vous soient pardonnés. Alors, vous recevrez le don du Saint-Esprit. Car la promesse est pour vous, pour vos enfants, et pour ceux qui vivent dans les pays lointains, tous ceux que le Seigneur notre Dieu fera venir à lui. Pierre continuait, avec instance, à leur adresser d’autres paroles pour les persuader, et il les encourageait, leur disant : Recevez le salut, séparez-vous de cette génération dévoyée. Ceux qui acceptèrent les paroles de Pierre se firent baptiser et, ce jour-là, environ trois mille personnes furent ajoutées au nombre des croyants. Dès lors, ils s’attachaient à écouter assidûment l’enseignement des apôtres, à vivre en communion les uns avec les autres, à rompre le pain et à prier ensemble. Tout le monde était très impressionné, car les apôtres accomplissaient beaucoup de prodiges et de signes miraculeux. Tous les croyants vivaient unis entre eux et partageaient tout ce qu’ils possédaient. Ils vendaient leurs propriétés et leurs biens et répartissaient l’argent entre tous, selon les besoins de chacun. Tous les jours, d’un commun accord, ils se retrouvaient dans la cour du Temple ; ils rompaient le pain dans les maisons, et prenaient leurs repas dans la joie, avec simplicité de cœur. Ils louaient Dieu, et le peuple tout entier leur était favorable. Le Seigneur ajoutait chaque jour à leur communauté ceux qu’il sauvait.