Travay 2:22-32
Travay 2:22-32 1998 Haïtienne (HAT98)
— Nou menm moun ras Izrayèl, koute sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l, paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen. Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l, nou fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa. Men, Bondye fè l leve vivan ankò, li delivre l anba doulè lanmò a, paske se pat posib pou lanmò te kenbe l anba pouvwa li. Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. Se poutèt sa kè m kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m ap poze l avèk espwa nan Bondye. Paske, ou p'ap kite m kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Ou fè m konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen. — Frè m yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a. Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li. David te wè sa Bondye ta pral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l leve sòti vivan nan lanmò lè l di: Yo p'ap kite l kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti. — Bondye fè Jezi sa a leve sòti vivan. Nou tout nou temwen bagay sa a.
Travay 2:22-32 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
« Frères israélites, écoutez ce que je vais dire : Dieu vous a montré qui était Jésus de Nazareth. En effet, au milieu de vous, Dieu a fait par Jésus des miracles, des choses extraordinaires et étonnantes, vous le savez bien. Cet homme, on vous l’a livré. Dieu savait cela d’avance, et l’avait décidé. Vous avez supprimé Jésus en le faisant clouer sur une croix par des gens qui ne connaissaient pas Dieu. Mais Dieu l’a relevé en le délivrant des douleurs de la mort. En effet, la mort n’avait pas le pouvoir de le garder. David a parlé de Jésus en disant : “Je voyais sans cesse le Seigneur devant moi. Oui, quand il est près de moi, je ne tombe pas. Alors mon cœur se réjouit et ma bouche chante de joie. Et même dans la tombe, mon corps reposera plein d’espérance. Non, tu ne m’abandonneras pas dans le monde des morts, tu ne laisseras pas ton ami fidèle pourrir dans la tombe. Tu m’as montré les chemins qui conduisent à la vie, tu me rempliras de joie par ta présence.” » Pierre ajoute : « Frères, je peux vous le dire très clairement : notre ancêtre David est mort, on l’a enterré, et sa tombe est encore chez nous aujourd’hui. Mais David était prophète et il savait que Dieu lui avait fait ce serment : “Je mettrai un de tes enfants sur ton siège royal.” « David avait prévu que le Christ allait se relever de la mort. En effet, il a dit : “Dieu ne l’abandonnera pas dans le monde des morts, et son corps ne pourrira pas dans la tombe.” « Ce Jésus, Dieu l’a relevé de la mort, nous en sommes tous témoins.
Travay 2:22-32 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l. Men sa wa David te ekri konsènan Jezi: Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen, paske li te toujou bò kote m pou asire sekirite m. Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m, epi bouch mwen ap chante lwanj. Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans, paske ou p ap kite m nan tonbo a, ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo. Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò. Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen. Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa. David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale kon sa konsènan rezireksyon Kris la. Li di: Bondye pa t kite l kote mò yo ye a, Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a. Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a.
Travay 2:22-32 New International Version (NIV)
“Fellow Israelites, listen to this: Jesus of Nazareth was a man accredited by God to you by miracles, wonders and signs, which God did among you through him, as you yourselves know. This man was handed over to you by God’s deliberate plan and foreknowledge; and you, with the help of wicked men, put him to death by nailing him to the cross. But God raised him from the dead, freeing him from the agony of death, because it was impossible for death to keep its hold on him. David said about him: “ ‘I saw the Lord always before me. Because he is at my right hand, I will not be shaken. Therefore my heart is glad and my tongue rejoices; my body also will rest in hope, because you will not abandon me to the realm of the dead, you will not let your holy one see decay. You have made known to me the paths of life; you will fill me with joy in your presence.’ “Fellow Israelites, I can tell you confidently that the patriarch David died and was buried, and his tomb is here to this day. But he was a prophet and knew that God had promised him on oath that he would place one of his descendants on his throne. Seeing what was to come, he spoke of the resurrection of the Messiah, that he was not abandoned to the realm of the dead, nor did his body see decay. God has raised this Jesus to life, and we are all witnesses of it.
Travay 2:22-32 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ecoutez bien, Israélites, ce que j’ai à vous dire. Vous le savez tous : Jésus de Nazareth – cet homme dont Dieu vous a montré qu’il l’approuvait en accomplissant, par son moyen, au milieu de vous des miracles, des signes et des actes extraordinaires – a été livré entre vos mains conformément à la décision que Dieu avait prise et au projet qu’il avait établi d’avance. Et vous, vous l’avez tué en le faisant crucifier par des hommes qui ne connaissent pas Dieu. Mais Dieu a brisé les liens de la mort : il l’a ressuscité, car il était impossible que la mort le retienne captif. En effet, David dit de lui : Je garde constamment ╵ les yeux fixés sur le Seigneur, car il est à ma droite, ╵ pour que je ne vacille pas. Voilà pourquoi mon cœur ╵ est dans la joie ╵ et mes paroles ╵ débordent d’allégresse. Même mon corps reposera ╵ dans l’espérance ; tu ne m’abandonneras pas ╵ dans le séjour des morts, tu ne laisseras pas ╵ un homme qui t’est dévoué ╵ se décomposer dans la tombe. Car tu m’as fait connaître ╵ le chemin de la vie, et tu me combleras ╵ de joie en ta présence . Mes frères, permettez-moi de vous parler franchement : le patriarche David est bel et bien mort et enterré. Son tombeau existe encore près d’ici aujourd’hui. Mais il était prophète et il savait que Dieu lui avait promis, sous la foi du serment , de faire asseoir sur son trône un de ses descendants. Ainsi il a entrevu par avance la résurrection du Messie, et c’est d’elle qu’il parle en disant que Dieu ne l’abandonnera pas dans le séjour des morts et qu’il ne laissera pas son corps se décomposer. Dieu a ressuscité ce Jésus dont je parle : nous en sommes tous témoins.