Travay 2:14-21
Travay 2:14-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: — Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m pral di nou la a. Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. Men, sa pwofèt Jowèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase kounyeya: Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre.
Travay 2:14-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors Pierre, debout avec les onze apôtres, se met à dire d’une voix forte : « Frères juifs, et vous tous qui habitez à Jérusalem, vous devez comprendre ce qui se passe. Écoutez bien ce que je vais dire. Ces gens ne sont pas ivres, comme vous le pensez. En effet, il est seulement neuf heures du matin. Mais ce que le prophète Joël a annoncé, cela arrive maintenant. Voici ses paroles : “Dieu dit : Dans les derniers jours, je donnerai mon Esprit à tous. Vos fils et vos filles parleront de ma part. Je ferai voir des choses nouvelles à vos jeunes gens, j’enverrai des rêves à vos vieillards. Oui, en ces jours-là, je donnerai mon Esprit à mes serviteurs et à mes servantes, et ils parleront de ma part. Je ferai des choses extraordinaires en haut dans le ciel et des choses étonnantes en bas sur la terre. Il y aura du sang, du feu et des nuages de fumée. Le soleil deviendra sombre et la lune sera rouge comme du sang. Ensuite, le jour du Seigneur viendra, ce jour grand et magnifique. Alors tous ceux qui feront appel au Seigneur seront sauvés.”
Travay 2:14-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò. Moun sa yo pa sou, jan nou panse a, se nevè dimaten li ye sèlman. Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri: Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive: M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize. Jenn gason nou yo va fè vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo epi yo tout ap pwofetize. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, ak gwo mirak anba sou latè. Va gen san, dife ansanm ak gwo nyaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin nan pral vin wouj tankou san anvan jou Senyè va rive. Se yon gwo jou, yon jou gloriye jou sa va ye. Lè sa a, nenpòt moun ki va mete konfyans li nan Senyè a va sove.
Travay 2:14-21 New International Version (NIV)
Then Peter stood up with the Eleven, raised his voice and addressed the crowd: “Fellow Jews and all of you who live in Jerusalem, let me explain this to you; listen carefully to what I say. These people are not drunk, as you suppose. It’s only nine in the morning! No, this is what was spoken by the prophet Joel: “ ‘In the last days, God says, I will pour out my Spirit on all people. Your sons and daughters will prophesy, your young men will see visions, your old men will dream dreams. Even on my servants, both men and women, I will pour out my Spirit in those days, and they will prophesy. I will show wonders in the heavens above and signs on the earth below, blood and fire and billows of smoke. The sun will be turned to darkness and the moon to blood before the coming of the great and glorious day of the Lord. And everyone who calls on the name of the Lord will be saved.’
Travay 2:14-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors Pierre se leva entouré des Onze et, d’une voix forte, il dit à la foule : Ecoutez-moi bien, vous qui habitez la Judée et vous tous qui séjournez à Jérusalem : comprenez ce qui se passe. Certains d’entre vous insinuent que ces hommes seraient ivres. Pas du tout ! Il est à peine neuf heures du matin ! Mais maintenant se réalise ce qu’avait annoncé le prophète Joël : Voici ce qui arrivera, dit Dieu, ╵ dans les jours de la fin des temps : Je répandrai de mon Esprit ╵ sur tout le monde. Vos fils, vos filles prophétiseront , vos jeunes gens, par des visions, vos vieillards, par des songes, recevront des révélations. Oui, sur mes serviteurs, ╵ comme sur mes servantes, je répandrai de mon Esprit, ╵ en ces jours-là : ils prophétiseront. Je ferai des miracles ╵ et là-haut, dans le ciel, et ici-bas sur terre, ╵ des signes prodigieux : du sang, du feu ╵ et des colonnes de fumée. Et le soleil s’obscurcira, la lune deviendra de sang, avant la venue du jour du Seigneur, ce jour grand et glorieux. Alors seront sauvés ╵ tous ceux qui invoqueront le Seigneur .