Travay 13:6-12
Travay 13:6-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Yo travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li. Li te bon zanmi Sèjiyis Polis, chèf zile a. Sèjiyis te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye. Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l pat kwè. Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l sou majisyen an, li di li: — Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? Kounyeya, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agòch, li t'ap chache yon moun pou pran men l pou kondi li. Lè gouvènè a wè sa k te rive a, li kwè. Sa te frape l anpil lè l tande tou sa yo t'ap moutre li sou Senyè a.
Travay 13:6-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ils traversent toute l’île et arrivent à Paphos. Là, ils rencontrent un Juif appelé Bar-Jésus. Celui-ci pratique la magie et veut faire croire qu’il est prophète. Il vit dans le palais du gouverneur Sergius Paulus. Ce gouverneur est un homme intelligent. Il fait venir Barnabas et Saul, parce qu’il veut entendre la parole de Dieu. Mais Élymas (c’est le nom grec du magicien) est contre Barnabas et Saul, il ne veut pas que le gouverneur devienne croyant. Saul, appelé aussi Paul, est rempli de l’Esprit Saint. Alors il regarde Élymas et lui dit : « Espèce de menteur, tu trompes tout le monde ! Fils de Satan, tu es contre tout ce qui est bon ! La volonté du Seigneur est droite et toi, tu la rends toute tordue ! Est-ce que tu vas arrêter ? Maintenant, écoute, tu vas devenir aveugle. Pendant un certain temps, tu ne verras plus la lumière du soleil. » Aussitôt, tout devient sombre pour Élymas, il est dans la nuit, il tourne en rond, il cherche quelqu’un pour le conduire par la main. Le gouverneur voit ce qui est arrivé et devient croyant. En effet, l’enseignement au sujet du Seigneur l’a touché profondément.
Travay 13:6-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt. Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a. Men, majisyen an, Elimas (paske se non sa a li te genyen nan lang Grèk la), t ap kenbe tèt avèk yo. Li t ap chache detounen gouvènè a pou l pa t mete konfyans li nan Kris la. Sòl limenm (yo te rele l Pòl tou) te fikse je l sou majisyen an, pandan l te anba pouvwa Sentespri a. Pòl di: “Se pitit Satan w ye, kè w plen ak manti ak mechanste! Ou se lènmi tout sa ki bon. Jouk ki lè ou ap sispann fè verite Bondye a pase pou manti? Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.” Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a.
Travay 13:6-12 New International Version (NIV)
They traveled through the whole island until they came to Paphos. There they met a Jewish sorcerer and false prophet named Bar-Jesus, who was an attendant of the proconsul, Sergius Paulus. The proconsul, an intelligent man, sent for Barnabas and Saul because he wanted to hear the word of God. But Elymas the sorcerer (for that is what his name means) opposed them and tried to turn the proconsul from the faith. Then Saul, who was also called Paul, filled with the Holy Spirit, looked straight at Elymas and said, “You are a child of the devil and an enemy of everything that is right! You are full of all kinds of deceit and trickery. Will you never stop perverting the right ways of the Lord? Now the hand of the Lord is against you. You are going to be blind for a time, not even able to see the light of the sun.” Immediately mist and darkness came over him, and he groped about, seeking someone to lead him by the hand. When the proconsul saw what had happened, he believed, for he was amazed at the teaching about the Lord.
Travay 13:6-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ils traversèrent toute l’île et arrivèrent à Paphos. Ils trouvèrent là un magicien juif nommé Bar-Jésus, qui se faisait passer pour un prophète. Il faisait partie de l’entourage du proconsul Sergius Paulus, un homme intelligent. Celui-ci invita Barnabas et Saul et leur exprima son désir d’entendre la Parole de Dieu. Mais Elymas le magicien (car c’est ainsi que l’on traduit son nom) s’opposait à eux ; il cherchait à détourner le proconsul de la foi. Alors Saul, qui s’appelait aussi Paul, rempli du Saint-Esprit, s’adressa à lui en le regardant droit dans les yeux : Charlatan plein de ruse et de méchanceté, fils du diable, ennemi de tout ce qui est bien, quand cesseras-tu de fausser les plans du Seigneur qui sont droits ? Mais maintenant, attention ! La main du Seigneur va te frapper, tu vas devenir aveugle et, pendant un certain temps, tu ne verras plus la lumière du soleil. Au même instant, les yeux d’Elymas s’obscurcirent ; il se trouva plongé dans une nuit noire et se tournait de tous côtés en cherchant quelqu’un pour le guider par la main. Quand le proconsul vit ce qui venait de se passer, il crut ; car il avait été vivement impressionné par l’enseignement qui lui avait été donné au sujet du Seigneur.