Travay 13:26-35
Travay 13:26-35 1998 Haïtienne (HAT98)
— Frè m yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. Paske, moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. Atout yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. Men, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm sòti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l temwen kounyeya devan pèp Izrayèl la. Nou menm, nou vin fè nou konnen bòn nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo, li fè l pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou. Bondye te fè konnen li t'ap fè l sòti vivan nan lanmò pou l pat janm tounen pouriti ankò. Se sa l te fè konnen, lè l te di: M ava ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo. Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
Travay 13:26-35 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
« Frères, c’est à nous tous que Dieu envoie cette parole pour nous sauver. Il l’envoie à vous, les enfants d’Abraham, et à vous qui adorez Dieu. Les habitants de Jérusalem et leurs chefs n’ont pas compris qui est Jésus. Ils n’ont pas compris les paroles des prophètes qu’on lit chaque sabbat. Mais ils ont fait ce que ces prophètes annonçaient : ils ont condamné Jésus. Ils n’ont pas trouvé de raison pour le faire mourir, pourtant, ils ont demandé à Pilate de le tuer. Ils ont fait tout ce que les Livres Saints annonçaient au sujet de Jésus. Ensuite, ils l’ont descendu de la croix et ils l’ont mis dans une tombe. Mais Dieu l’a réveillé de la mort, et pendant plusieurs jours, Jésus s’est montré à ceux qui l’avaient accompagné de la Galilée jusqu’à Jérusalem. Maintenant, ils sont les témoins de Jésus devant le peuple. Et nous, nous vous annonçons cette Bonne Nouvelle : ce que Dieu a promis à nos ancêtres, il l’a fait pour nous, leurs enfants, il a relevé Jésus de la mort. On lit dans le Psaume 2 : “Tu es mon Fils. Aujourd’hui, moi, je suis devenu ton Père.” « Dieu a relevé Jésus de la mort, son corps ne retournera plus pourrir dans la tombe. Dieu l’avait annoncé en disant : “Je vous donnerai ce que j’ai promis à David, ce qui est saint et vrai.” « On lit aussi dans un autre passage : “Tu ne laisseras pas celui qui t’appartient pourrir dans la tombe.”
Travay 13:26-35 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm. Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. Men Bondye Papa a te resisite Jezi. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la. Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la: Ou se pitit mwen. Depi jodi a, se mwen menm ki papa w. Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di: M ap ba ou tout bon bagay mwen te pwomèt David yo. Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò
Travay 13:26-35 New International Version (NIV)
“Fellow children of Abraham and you God-fearing Gentiles, it is to us that this message of salvation has been sent. The people of Jerusalem and their rulers did not recognize Jesus, yet in condemning him they fulfilled the words of the prophets that are read every Sabbath. Though they found no proper ground for a death sentence, they asked Pilate to have him executed. When they had carried out all that was written about him, they took him down from the cross and laid him in a tomb. But God raised him from the dead, and for many days he was seen by those who had traveled with him from Galilee to Jerusalem. They are now his witnesses to our people. “We tell you the good news: What God promised our ancestors he has fulfilled for us, their children, by raising up Jesus. As it is written in the second Psalm: “ ‘You are my son; today I have become your father.’ God raised him from the dead so that he will never be subject to decay. As God has said, “ ‘I will give you the holy and sure blessings promised to David.’ So it is also stated elsewhere: “ ‘You will not let your holy one see decay.’
Travay 13:26-35 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Mes frères, vous qui êtes les descendants d’Abraham et vous qui craignez Dieu et qui êtes présents parmi nous, c’est à nous que Dieu a envoyé cette Parole de salut. En effet, les habitants de Jérusalem et leurs chefs n’ont compris ni qui était Jésus, ni les paroles des prophètes qui sont lues chaque jour de sabbat. Et voici qu’en condamnant Jésus, ils ont accompli ces prophéties. Ils n’ont trouvé chez lui aucune raison de le condamner à mort, et pourtant, ils ont demandé à Pilate de le faire exécuter. Après avoir réalisé tout ce que les Ecritures avaient prédit à son sujet, ils l’ont descendu de la croix et l’ont déposé dans un tombeau. Mais Dieu l’a ressuscité. Pendant de nombreux jours, Jésus s’est montré à ceux qui étaient montés avec lui de la Galilée jusqu’à Jérusalem et qui sont maintenant ses témoins devant le peuple. Et nous, nous vous annonçons que la promesse que Dieu avait faite à nos ancêtres, il l’a pleinement accomplie pour nous, qui sommes leurs descendants, en ressuscitant Jésus, selon ce qui est écrit au Psaume deux : Tu es mon Fils ; aujourd’hui, ╵ je fais de toi mon enfant . Dieu avait annoncé celui qui ne devait pas retourner à la pourriture. C’est ce qu’il avait dit en ces termes : Je vous accorderai les bénédictions saintes et sûres ╵ que j’ai promises à David . Dans un autre passage, il est dit encore : Tu ne laisseras pas ╵ un homme qui t’est dévoué ╵ se décomposer dans la tombe .