Travay 13:13-41

Travay 13:13-41 1998 Haïtienne (HAT98)

Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y'al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm. Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive Antyòch nan Pisidi. Jou saba a, yo antre nan sinagòg la, yo chita. Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: — Frè m yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale kounyeya. Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l, epi li di: — Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen. Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo sòti kite peyi a. Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo, pou katsansenkant (450) lanne. — Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m plezi. Li va fè tou sa m vle l fè. — Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la. Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesay sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm. Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. — Frè m yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. Paske, moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. Atout yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. Men, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm sòti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l temwen kounyeya devan pèp Izrayèl la. Nou menm, nou vin fè nou konnen bòn nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo, li fè l pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou. Bondye te fè konnen li t'ap fè l sòti vivan nan lanmò pou l pat janm tounen pouriti ankò. Se sa l te fè konnen, lè l te di: M ava ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo. Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l yo, li mouri. Yo antere l menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè. Men, moun Bondye te leve sòti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè. Frè m yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pat ka wete pou yo. Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou: Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay kounyeya nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li.

Travay 13:13-41 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Paul et ceux qui l’accompagnent prennent le bateau à Paphos et ils vont à Pergé en Pamphylie. Alors Jean-Marc les quitte et retourne à Jérusalem. Ensuite, Paul et Barnabas quittent Pergé et ils arrivent à Antioche de Pisidie. Le jour du sabbat, ils entrent dans la maison de prière des Juifs et ils s’assoient. On fait la lecture dans les livres de la loi et des prophètes. Puis les chefs de la maison de prière disent à Paul et Barnabas : « Frères, est-ce que vous voulez dire quelques mots aux gens pour les encourager ? Vous pouvez parler ! » Paul se lève, il fait signe de la main et dit : « Israélites et vous qui adorez Dieu, écoutez-moi ! Le Dieu de notre peuple Israël a choisi nos ancêtres. Il a fait grandir ce peuple pendant qu’il vivait à l’étranger en Égypte. Ensuite, Dieu l’a fait sortir d’Égypte par sa puissance. Pendant à peu près 40 ans, il a pris soin de son peuple dans le désert. Il a détruit sept nations dans le pays de Canaan et il a donné leurs terres comme propriété à notre peuple. Tout cela a duré à peu près 450 ans. Puis Dieu a donné des chefs à nos ancêtres, jusqu’à l’époque du prophète Samuel. Ensuite nos ancêtres ont demandé un roi, et Dieu leur a donné Saül, le fils de Quich, de la tribu de Benjamin. Saül a été roi pendant 40 ans. « Après cela, Dieu l’a rejeté et il a donné David comme roi à nos ancêtres. Dieu parle de David en disant : “J’ai trouvé David, le fils de Jessé. C’est un homme qui me plaît, il fera tout ce que je veux.” Dans la famille de David, Dieu a fait naître, comme il l’avait promis, un Sauveur pour le peuple d’Israël : c’est Jésus. Avant que Jésus vienne, Jean-Baptiste a lancé cet appel à tout le peuple d’Israël : “Faites-vous baptiser, pour montrer que vous voulez changer votre vie !” À la fin de sa mission, Jean-Baptiste disait : “À votre avis, qui suis-je ? Je ne suis pas le Messie ! Mais écoutez, il vient après moi, et je ne suis pas digne de lui enlever ses sandales.” » Paul dit encore : « Frères, c’est à nous tous que Dieu envoie cette parole pour nous sauver. Il l’envoie à vous, les enfants d’Abraham, et à vous qui adorez Dieu. Les habitants de Jérusalem et leurs chefs n’ont pas compris qui est Jésus. Ils n’ont pas compris les paroles des prophètes qu’on lit chaque sabbat. Mais ils ont fait ce que ces prophètes annonçaient : ils ont condamné Jésus. Ils n’ont pas trouvé de raison pour le faire mourir, pourtant, ils ont demandé à Pilate de le tuer. Ils ont fait tout ce que les Livres Saints annonçaient au sujet de Jésus. Ensuite, ils l’ont descendu de la croix et ils l’ont mis dans une tombe. Mais Dieu l’a réveillé de la mort, et pendant plusieurs jours, Jésus s’est montré à ceux qui l’avaient accompagné de la Galilée jusqu’à Jérusalem. Maintenant, ils sont les témoins de Jésus devant le peuple. Et nous, nous vous annonçons cette Bonne Nouvelle : ce que Dieu a promis à nos ancêtres, il l’a fait pour nous, leurs enfants, il a relevé Jésus de la mort. On lit dans le Psaume 2 : “Tu es mon Fils. Aujourd’hui, moi, je suis devenu ton Père.” « Dieu a relevé Jésus de la mort, son corps ne retournera plus pourrir dans la tombe. Dieu l’avait annoncé en disant : “Je vous donnerai ce que j’ai promis à David, ce qui est saint et vrai.” « On lit aussi dans un autre passage : “Tu ne laisseras pas celui qui t’appartient pourrir dans la tombe.” « Pendant sa vie, David a été le serviteur de Dieu : il a fait ce que Dieu voulait. Quand il est mort, on l’a enterré auprès de ses ancêtres, et il a pourri dans la tombe. Mais Jésus n’a pas pourri dans la tombe : Dieu l’a réveillé de la mort. Frères, vous devez savoir une chose : grâce à Jésus, on vous annonce aujourd’hui que vos péchés sont pardonnés. La loi de Moïse n’a pas pu vous libérer de vos péchés, mais tous ceux qui croient en Jésus sont complètement libérés. Donc, faites attention ! Les prophètes ont dit : “Gens orgueilleux, regardez ! Soyez étonnés, puis disparaissez ! En effet, pendant votre vie, je vais faire quelque chose d’extraordinaire, et si on vous le raconte, vous ne le croirez pas !” « Il ne faut pas que cela vous arrive. »

Travay 13:13-41 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm. Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita. Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl. Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi zansèt nou yo. Pandan yo t ap viv kòm etranje nan peyi Lejip, Bondye te fè yo vin anpil anpil. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi Lejip. Bondye te pran pasyans avèk yo pandan karant (40) an nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo. Tout bagay sa yo te rive pandan 450 ane konsa. Apre sa, Bondye ba yo plizyè jij pou dirije yo jouk rive nan tan pwofèt Samyèl. Apre peryòd jij yo, pèp la vin mande pou yo gen yon wa, epi Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la. Sayil te soti nan tribi Benjamen. Li te renye sou Izrayèl pandan karant (40) an. Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè. Jan Bondye te pwomèt la, li voye Jezi, yon pitit pitit David, vin delivre pèp Izrayèl la. Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a, sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li. Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm. Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. Men Bondye Papa a te resisite Jezi. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la. Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la: Ou se pitit mwen. Depi jodi a, se mwen menm ki papa w. Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di: M ap ba ou tout bon bagay mwen te pwomèt David yo. Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò: Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè. David li menm te fè volonte Bondye pandan tout lavi li. Apre sa, li mouri, yo antere l tankou tout zansèt li yo. Kò David pouri anba tè! Men, sila a Bondye resisite a, li pa pouri anba tè. Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou: Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou, nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li; Paske pandan tan pa nou an la, m pral fè yon bagay nou p ap kwè. Nou pa t ap janm kwè l, menmsi moun ta rakonte nou li!”

Travay 13:13-41 New International Version (NIV)

From Paphos, Paul and his companions sailed to Perga in Pamphylia, where John left them to return to Jerusalem. From Perga they went on to Pisidian Antioch. On the Sabbath they entered the synagogue and sat down. After the reading from the Law and the Prophets, the leaders of the synagogue sent word to them, saying, “Brothers, if you have a word of exhortation for the people, please speak.” Standing up, Paul motioned with his hand and said: “Fellow Israelites and you Gentiles who worship God, listen to me! The God of the people of Israel chose our ancestors; he made the people prosper during their stay in Egypt; with mighty power he led them out of that country; for about forty years he endured their conduct in the wilderness; and he overthrew seven nations in Canaan, giving their land to his people as their inheritance. All this took about 450 years. “After this, God gave them judges until the time of Samuel the prophet. Then the people asked for a king, and he gave them Saul son of Kish, of the tribe of Benjamin, who ruled forty years. After removing Saul, he made David their king. God testified concerning him: ‘I have found David son of Jesse, a man after my own heart; he will do everything I want him to do.’ “From this man’s descendants God has brought to Israel the Savior Jesus, as he promised. Before the coming of Jesus, John preached repentance and baptism to all the people of Israel. As John was completing his work, he said: ‘Who do you suppose I am? I am not the one you are looking for. But there is one coming after me whose sandals I am not worthy to untie.’ “Fellow children of Abraham and you God-fearing Gentiles, it is to us that this message of salvation has been sent. The people of Jerusalem and their rulers did not recognize Jesus, yet in condemning him they fulfilled the words of the prophets that are read every Sabbath. Though they found no proper ground for a death sentence, they asked Pilate to have him executed. When they had carried out all that was written about him, they took him down from the cross and laid him in a tomb. But God raised him from the dead, and for many days he was seen by those who had traveled with him from Galilee to Jerusalem. They are now his witnesses to our people. “We tell you the good news: What God promised our ancestors he has fulfilled for us, their children, by raising up Jesus. As it is written in the second Psalm: “ ‘You are my son; today I have become your father.’ God raised him from the dead so that he will never be subject to decay. As God has said, “ ‘I will give you the holy and sure blessings promised to David.’ So it is also stated elsewhere: “ ‘You will not let your holy one see decay.’ “Now when David had served God’s purpose in his own generation, he fell asleep; he was buried with his ancestors and his body decayed. But the one whom God raised from the dead did not see decay. “Therefore, my friends, I want you to know that through Jesus the forgiveness of sins is proclaimed to you. Through him everyone who believes is set free from every sin, a justification you were not able to obtain under the law of Moses. Take care that what the prophets have said does not happen to you: “ ‘Look, you scoffers, wonder and perish, for I am going to do something in your days that you would never believe, even if someone told you.’”

Travay 13:13-41 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Paul et ses compagnons reprirent la mer à Paphos et arrivèrent à Pergé en Pamphylie. Là, Jean-Marc les abandonna et retourna à Jérusalem. Quant à eux, ils quittèrent Pergé et continuèrent leur route jusqu’à Antioche en Pisidie. Là, ils se rendirent à la synagogue le jour du sabbat et s’assirent. Après qu’on eut fait la lecture dans la Loi et les prophètes, les chefs de la synagogue leur firent dire : Frères, si vous avez quelques mots à adresser à la communauté, vous avez la parole. Alors Paul se leva ; d’un geste de la main il demanda le silence et dit : Israélites et vous tous qui craignez Dieu, écoutez-moi ! Le Dieu de notre peuple d’Israël a choisi nos ancêtres. Il a fait grandir le peuple pendant son séjour en Egypte. Ensuite, en déployant sa puissance, il l’en a fait sortir. Pendant quarante ans environ, il l’a supporté dans le désert. Après avoir détruit sept peuplades dans le pays de Canaan, il a donné leur territoire à son peuple. Tout cela a duré environ 450 ans. Après cela, il a donné à nos ancêtres des chefs jusqu’à l’époque du prophète Samuel. Alors le peuple a demandé un roi et Dieu leur a donné Saül, fils de Qish, de la tribu de Benjamin. Celui-ci a régné sur eux pendant quarante ans. Mais Dieu l’a rejeté et leur a choisi pour roi David. C’est à lui qu’il a rendu ce témoignage : En David, fils d’Isaï, j’ai trouvé un homme qui correspond à mes désirs , il accomplira toute ma volonté. Or, voici que Dieu vient d’accorder à Israël un Sauveur parmi les descendants de David, comme il l’avait promis, et ce Sauveur, c’est Jésus. Avant sa venue, Jean avait appelé tous les Israélites à se faire baptiser en signe d’un profond changement. Arrivé au terme de sa vie, Jean disait encore : « Qui pensez-vous que je suis ? Je ne suis pas celui que vous attendiez ! Non ! il vient après moi, et je ne mérite pas de dénouer ses sandales. » Mes frères, vous qui êtes les descendants d’Abraham et vous qui craignez Dieu et qui êtes présents parmi nous, c’est à nous que Dieu a envoyé cette Parole de salut. En effet, les habitants de Jérusalem et leurs chefs n’ont compris ni qui était Jésus, ni les paroles des prophètes qui sont lues chaque jour de sabbat. Et voici qu’en condamnant Jésus, ils ont accompli ces prophéties. Ils n’ont trouvé chez lui aucune raison de le condamner à mort, et pourtant, ils ont demandé à Pilate de le faire exécuter. Après avoir réalisé tout ce que les Ecritures avaient prédit à son sujet, ils l’ont descendu de la croix et l’ont déposé dans un tombeau. Mais Dieu l’a ressuscité. Pendant de nombreux jours, Jésus s’est montré à ceux qui étaient montés avec lui de la Galilée jusqu’à Jérusalem et qui sont maintenant ses témoins devant le peuple. Et nous, nous vous annonçons que la promesse que Dieu avait faite à nos ancêtres, il l’a pleinement accomplie pour nous, qui sommes leurs descendants, en ressuscitant Jésus, selon ce qui est écrit au Psaume deux : Tu es mon Fils ; aujourd’hui, ╵ je fais de toi mon enfant . Dieu avait annoncé celui qui ne devait pas retourner à la pourriture. C’est ce qu’il avait dit en ces termes : Je vous accorderai les bénédictions saintes et sûres ╵ que j’ai promises à David . Dans un autre passage, il est dit encore : Tu ne laisseras pas ╵ un homme qui t’est dévoué ╵ se décomposer dans la tombe . Pourtant, David, après avoir en son temps contribué à l’accomplissement du plan de Dieu, est mort et a été enterré aux côtés de ses ancêtres. Il a donc connu la décomposition. Mais celui que Dieu a ressuscité ne l’a pas connue. Sachez-le donc, mes frères, c’est grâce à lui que le pardon des péchés vous est annoncé ; c’est par lui que tout homme qui croit est acquitté de toutes les fautes dont vous ne pouviez pas être acquittés par la Loi de Moïse. Veillez donc à ce qu’il n’arrive pas ce qu’ont dit les prophètes : Regardez, hommes pleins de mépris, soyez dans l’étonnement, ╵ et disparaissez, car je vais accomplir ╵ en votre temps une œuvre, une œuvre que vous ne croiriez pas ╵ si l’on vous en parlait .