Travay 13:13-25
Travay 13:13-25 1998 Haïtienne (HAT98)
Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y'al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm. Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive Antyòch nan Pisidi. Jou saba a, yo antre nan sinagòg la, yo chita. Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: — Frè m yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale kounyeya. Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l, epi li di: — Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen. Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo sòti kite peyi a. Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo, pou katsansenkant (450) lanne. — Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m plezi. Li va fè tou sa m vle l fè. — Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la. Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesay sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm. Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li.
Travay 13:13-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Paul et ceux qui l’accompagnent prennent le bateau à Paphos et ils vont à Pergé en Pamphylie. Alors Jean-Marc les quitte et retourne à Jérusalem. Ensuite, Paul et Barnabas quittent Pergé et ils arrivent à Antioche de Pisidie. Le jour du sabbat, ils entrent dans la maison de prière des Juifs et ils s’assoient. On fait la lecture dans les livres de la loi et des prophètes. Puis les chefs de la maison de prière disent à Paul et Barnabas : « Frères, est-ce que vous voulez dire quelques mots aux gens pour les encourager ? Vous pouvez parler ! » Paul se lève, il fait signe de la main et dit : « Israélites et vous qui adorez Dieu, écoutez-moi ! Le Dieu de notre peuple Israël a choisi nos ancêtres. Il a fait grandir ce peuple pendant qu’il vivait à l’étranger en Égypte. Ensuite, Dieu l’a fait sortir d’Égypte par sa puissance. Pendant à peu près 40 ans, il a pris soin de son peuple dans le désert. Il a détruit sept nations dans le pays de Canaan et il a donné leurs terres comme propriété à notre peuple. Tout cela a duré à peu près 450 ans. Puis Dieu a donné des chefs à nos ancêtres, jusqu’à l’époque du prophète Samuel. Ensuite nos ancêtres ont demandé un roi, et Dieu leur a donné Saül, le fils de Quich, de la tribu de Benjamin. Saül a été roi pendant 40 ans. « Après cela, Dieu l’a rejeté et il a donné David comme roi à nos ancêtres. Dieu parle de David en disant : “J’ai trouvé David, le fils de Jessé. C’est un homme qui me plaît, il fera tout ce que je veux.” Dans la famille de David, Dieu a fait naître, comme il l’avait promis, un Sauveur pour le peuple d’Israël : c’est Jésus. Avant que Jésus vienne, Jean-Baptiste a lancé cet appel à tout le peuple d’Israël : “Faites-vous baptiser, pour montrer que vous voulez changer votre vie !” À la fin de sa mission, Jean-Baptiste disait : “À votre avis, qui suis-je ? Je ne suis pas le Messie ! Mais écoutez, il vient après moi, et je ne suis pas digne de lui enlever ses sandales.” » Paul dit encore
Travay 13:13-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm. Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita. Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl. Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi zansèt nou yo. Pandan yo t ap viv kòm etranje nan peyi Lejip, Bondye te fè yo vin anpil anpil. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi Lejip. Bondye te pran pasyans avèk yo pandan karant (40) an nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo. Tout bagay sa yo te rive pandan 450 ane konsa. Apre sa, Bondye ba yo plizyè jij pou dirije yo jouk rive nan tan pwofèt Samyèl. Apre peryòd jij yo, pèp la vin mande pou yo gen yon wa, epi Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la. Sayil te soti nan tribi Benjamen. Li te renye sou Izrayèl pandan karant (40) an. Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè. Jan Bondye te pwomèt la, li voye Jezi, yon pitit pitit David, vin delivre pèp Izrayèl la. Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a, sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li.
Travay 13:13-25 New International Version (NIV)
From Paphos, Paul and his companions sailed to Perga in Pamphylia, where John left them to return to Jerusalem. From Perga they went on to Pisidian Antioch. On the Sabbath they entered the synagogue and sat down. After the reading from the Law and the Prophets, the leaders of the synagogue sent word to them, saying, “Brothers, if you have a word of exhortation for the people, please speak.” Standing up, Paul motioned with his hand and said: “Fellow Israelites and you Gentiles who worship God, listen to me! The God of the people of Israel chose our ancestors; he made the people prosper during their stay in Egypt; with mighty power he led them out of that country; for about forty years he endured their conduct in the wilderness; and he overthrew seven nations in Canaan, giving their land to his people as their inheritance. All this took about 450 years. “After this, God gave them judges until the time of Samuel the prophet. Then the people asked for a king, and he gave them Saul son of Kish, of the tribe of Benjamin, who ruled forty years. After removing Saul, he made David their king. God testified concerning him: ‘I have found David son of Jesse, a man after my own heart; he will do everything I want him to do.’ “From this man’s descendants God has brought to Israel the Savior Jesus, as he promised. Before the coming of Jesus, John preached repentance and baptism to all the people of Israel. As John was completing his work, he said: ‘Who do you suppose I am? I am not the one you are looking for. But there is one coming after me whose sandals I am not worthy to untie.’
Travay 13:13-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Paul et ses compagnons reprirent la mer à Paphos et arrivèrent à Pergé en Pamphylie. Là, Jean-Marc les abandonna et retourna à Jérusalem. Quant à eux, ils quittèrent Pergé et continuèrent leur route jusqu’à Antioche en Pisidie. Là, ils se rendirent à la synagogue le jour du sabbat et s’assirent. Après qu’on eut fait la lecture dans la Loi et les prophètes, les chefs de la synagogue leur firent dire : Frères, si vous avez quelques mots à adresser à la communauté, vous avez la parole. Alors Paul se leva ; d’un geste de la main il demanda le silence et dit : Israélites et vous tous qui craignez Dieu, écoutez-moi ! Le Dieu de notre peuple d’Israël a choisi nos ancêtres. Il a fait grandir le peuple pendant son séjour en Egypte. Ensuite, en déployant sa puissance, il l’en a fait sortir. Pendant quarante ans environ, il l’a supporté dans le désert. Après avoir détruit sept peuplades dans le pays de Canaan, il a donné leur territoire à son peuple. Tout cela a duré environ 450 ans. Après cela, il a donné à nos ancêtres des chefs jusqu’à l’époque du prophète Samuel. Alors le peuple a demandé un roi et Dieu leur a donné Saül, fils de Qish, de la tribu de Benjamin. Celui-ci a régné sur eux pendant quarante ans. Mais Dieu l’a rejeté et leur a choisi pour roi David. C’est à lui qu’il a rendu ce témoignage : En David, fils d’Isaï, j’ai trouvé un homme qui correspond à mes désirs , il accomplira toute ma volonté. Or, voici que Dieu vient d’accorder à Israël un Sauveur parmi les descendants de David, comme il l’avait promis, et ce Sauveur, c’est Jésus. Avant sa venue, Jean avait appelé tous les Israélites à se faire baptiser en signe d’un profond changement. Arrivé au terme de sa vie, Jean disait encore : « Qui pensez-vous que je suis ? Je ne suis pas celui que vous attendiez ! Non ! il vient après moi, et je ne mérite pas de dénouer ses sandales. »