Travay 13:1-23
Travay 13:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl. Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale. Se konsa, Sentespri te voye Banabas ak Sòl nan misyon. Yo ale nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman ki pral zile Chip. Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo. Yo travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li. Li te bon zanmi Sèjiyis Polis, chèf zile a. Sèjiyis te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye. Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l pat kwè. Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l sou majisyen an, li di li: — Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? Kounyeya, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agòch, li t'ap chache yon moun pou pran men l pou kondi li. Lè gouvènè a wè sa k te rive a, li kwè. Sa te frape l anpil lè l tande tou sa yo t'ap moutre li sou Senyè a. Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y'al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm. Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive Antyòch nan Pisidi. Jou saba a, yo antre nan sinagòg la, yo chita. Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: — Frè m yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale kounyeya. Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l, epi li di: — Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen. Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo sòti kite peyi a. Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo, pou katsansenkant (450) lanne. — Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m plezi. Li va fè tou sa m vle l fè. — Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la.
Travay 13:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Dans l’Église d’Antioche de Syrie, il y a des prophètes et des hommes qui enseignent. Ce sont Barnabas, Siméon appelé le Noir, Lucius de Cyrène, Manaën, qui a été élevé avec Hérode Antipas, et enfin Saul. Un jour, ils sont réunis pour prier le Seigneur et ils jeûnent. Alors l’Esprit Saint leur dit : « Mettez à part Barnabas et Saul pour faire le travail que je vais leur demander. » Ils continuent à jeûner et à prier. Ensuite, ils posent les mains sur la tête de Barnabas et de Saul et ils les laissent partir. Donc, l’Esprit Saint envoie Barnabas et Saul. Ils vont à Séleucie et, de là, ils prennent le bateau pour l’île de Chypre. Ils arrivent à Salamine et ils annoncent la parole de Dieu dans les maisons de prière des Juifs. Jean-Marc est avec eux pour les aider. Ils traversent toute l’île et arrivent à Paphos. Là, ils rencontrent un Juif appelé Bar-Jésus. Celui-ci pratique la magie et veut faire croire qu’il est prophète. Il vit dans le palais du gouverneur Sergius Paulus. Ce gouverneur est un homme intelligent. Il fait venir Barnabas et Saul, parce qu’il veut entendre la parole de Dieu. Mais Élymas (c’est le nom grec du magicien) est contre Barnabas et Saul, il ne veut pas que le gouverneur devienne croyant. Saul, appelé aussi Paul, est rempli de l’Esprit Saint. Alors il regarde Élymas et lui dit : « Espèce de menteur, tu trompes tout le monde ! Fils de Satan, tu es contre tout ce qui est bon ! La volonté du Seigneur est droite et toi, tu la rends toute tordue ! Est-ce que tu vas arrêter ? Maintenant, écoute, tu vas devenir aveugle. Pendant un certain temps, tu ne verras plus la lumière du soleil. » Aussitôt, tout devient sombre pour Élymas, il est dans la nuit, il tourne en rond, il cherche quelqu’un pour le conduire par la main. Le gouverneur voit ce qui est arrivé et devient croyant. En effet, l’enseignement au sujet du Seigneur l’a touché profondément. Paul et ceux qui l’accompagnent prennent le bateau à Paphos et ils vont à Pergé en Pamphylie. Alors Jean-Marc les quitte et retourne à Jérusalem. Ensuite, Paul et Barnabas quittent Pergé et ils arrivent à Antioche de Pisidie. Le jour du sabbat, ils entrent dans la maison de prière des Juifs et ils s’assoient. On fait la lecture dans les livres de la loi et des prophètes. Puis les chefs de la maison de prière disent à Paul et Barnabas : « Frères, est-ce que vous voulez dire quelques mots aux gens pour les encourager ? Vous pouvez parler ! » Paul se lève, il fait signe de la main et dit : « Israélites et vous qui adorez Dieu, écoutez-moi ! Le Dieu de notre peuple Israël a choisi nos ancêtres. Il a fait grandir ce peuple pendant qu’il vivait à l’étranger en Égypte. Ensuite, Dieu l’a fait sortir d’Égypte par sa puissance. Pendant à peu près 40 ans, il a pris soin de son peuple dans le désert. Il a détruit sept nations dans le pays de Canaan et il a donné leurs terres comme propriété à notre peuple. Tout cela a duré à peu près 450 ans. Puis Dieu a donné des chefs à nos ancêtres, jusqu’à l’époque du prophète Samuel. Ensuite nos ancêtres ont demandé un roi, et Dieu leur a donné Saül, le fils de Quich, de la tribu de Benjamin. Saül a été roi pendant 40 ans. « Après cela, Dieu l’a rejeté et il a donné David comme roi à nos ancêtres. Dieu parle de David en disant : “J’ai trouvé David, le fils de Jessé. C’est un homme qui me plaît, il fera tout ce que je veux.” Dans la famille de David, Dieu a fait naître, comme il l’avait promis, un Sauveur pour le peuple d’Israël : c’est Jésus.
Travay 13:1-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan legliz Antyòch la, te gen kèk pwofèt ansanm ak moun ki t ap anseye fidèl yo. Moun sa yo se te Banabas, Simeyon (yo te rele l mesye ki nwa a), Liziyis, moun lavil Sirèn nan, Manayèn (ki te leve ansanm ak wa Ewòd), ak Sòl. Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.” Konsa, legliz la fè jèn epi yo priye. Apre sa, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl epi yo kite yo ale. Sentespri a te voye Banabas ak Sòl. Yo pati ale nan vil Selesi. Pandan yo te Selesi, yo pran batiman pou y al nan zile Chip. Lè Banabas ak Sòl rive nan vil Salamin, yo kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo. Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt. Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a. Men, majisyen an, Elimas (paske se non sa a li te genyen nan lang Grèk la), t ap kenbe tèt avèk yo. Li t ap chache detounen gouvènè a pou l pa t mete konfyans li nan Kris la. Sòl limenm (yo te rele l Pòl tou) te fikse je l sou majisyen an, pandan l te anba pouvwa Sentespri a. Pòl di: “Se pitit Satan w ye, kè w plen ak manti ak mechanste! Ou se lènmi tout sa ki bon. Jouk ki lè ou ap sispann fè verite Bondye a pase pou manti? Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.” Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a. Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm. Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita. Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl. Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi zansèt nou yo. Pandan yo t ap viv kòm etranje nan peyi Lejip, Bondye te fè yo vin anpil anpil. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi Lejip. Bondye te pran pasyans avèk yo pandan karant (40) an nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo. Tout bagay sa yo te rive pandan 450 ane konsa. Apre sa, Bondye ba yo plizyè jij pou dirije yo jouk rive nan tan pwofèt Samyèl. Apre peryòd jij yo, pèp la vin mande pou yo gen yon wa, epi Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la. Sayil te soti nan tribi Benjamen. Li te renye sou Izrayèl pandan karant (40) an. Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè. Jan Bondye te pwomèt la, li voye Jezi, yon pitit pitit David, vin delivre pèp Izrayèl la.
Travay 13:1-23 New International Version (NIV)
Now in the church at Antioch there were prophets and teachers: Barnabas, Simeon called Niger, Lucius of Cyrene, Manaen (who had been brought up with Herod the tetrarch) and Saul. While they were worshiping the Lord and fasting, the Holy Spirit said, “Set apart for me Barnabas and Saul for the work to which I have called them.” So after they had fasted and prayed, they placed their hands on them and sent them off. The two of them, sent on their way by the Holy Spirit, went down to Seleucia and sailed from there to Cyprus. When they arrived at Salamis, they proclaimed the word of God in the Jewish synagogues. John was with them as their helper. They traveled through the whole island until they came to Paphos. There they met a Jewish sorcerer and false prophet named Bar-Jesus, who was an attendant of the proconsul, Sergius Paulus. The proconsul, an intelligent man, sent for Barnabas and Saul because he wanted to hear the word of God. But Elymas the sorcerer (for that is what his name means) opposed them and tried to turn the proconsul from the faith. Then Saul, who was also called Paul, filled with the Holy Spirit, looked straight at Elymas and said, “You are a child of the devil and an enemy of everything that is right! You are full of all kinds of deceit and trickery. Will you never stop perverting the right ways of the Lord? Now the hand of the Lord is against you. You are going to be blind for a time, not even able to see the light of the sun.” Immediately mist and darkness came over him, and he groped about, seeking someone to lead him by the hand. When the proconsul saw what had happened, he believed, for he was amazed at the teaching about the Lord. From Paphos, Paul and his companions sailed to Perga in Pamphylia, where John left them to return to Jerusalem. From Perga they went on to Pisidian Antioch. On the Sabbath they entered the synagogue and sat down. After the reading from the Law and the Prophets, the leaders of the synagogue sent word to them, saying, “Brothers, if you have a word of exhortation for the people, please speak.” Standing up, Paul motioned with his hand and said: “Fellow Israelites and you Gentiles who worship God, listen to me! The God of the people of Israel chose our ancestors; he made the people prosper during their stay in Egypt; with mighty power he led them out of that country; for about forty years he endured their conduct in the wilderness; and he overthrew seven nations in Canaan, giving their land to his people as their inheritance. All this took about 450 years. “After this, God gave them judges until the time of Samuel the prophet. Then the people asked for a king, and he gave them Saul son of Kish, of the tribe of Benjamin, who ruled forty years. After removing Saul, he made David their king. God testified concerning him: ‘I have found David son of Jesse, a man after my own heart; he will do everything I want him to do.’ “From this man’s descendants God has brought to Israel the Savior Jesus, as he promised.
Travay 13:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Il y avait alors à Antioche, dans l’Eglise qui se trouvait là, des prophètes et des enseignants : Barnabas, Siméon surnommé le Noir, Lucius, originaire de Cyrène, Manaën, qui avait été élevé avec Hérode le gouverneur, et Saul. Un jour qu’ils adoraient ensemble le Seigneur et qu’ils jeûnaient, le Saint-Esprit leur dit : Mettez à part pour moi Barnabas et Saul pour l’œuvre à laquelle je les ai appelés. Alors, après avoir jeûné et prié, ils leur imposèrent les mains et les laissèrent partir. C’est donc envoyés par le Saint-Esprit que Barnabas et Saul descendirent à Séleucie, où ils s’embarquèrent pour l’île de Chypre. Une fois arrivés à Salamine, ils annoncèrent la Parole de Dieu dans les synagogues des Juifs. Jean-Marc était avec eux et les secondait. Ils traversèrent toute l’île et arrivèrent à Paphos. Ils trouvèrent là un magicien juif nommé Bar-Jésus, qui se faisait passer pour un prophète. Il faisait partie de l’entourage du proconsul Sergius Paulus, un homme intelligent. Celui-ci invita Barnabas et Saul et leur exprima son désir d’entendre la Parole de Dieu. Mais Elymas le magicien (car c’est ainsi que l’on traduit son nom) s’opposait à eux ; il cherchait à détourner le proconsul de la foi. Alors Saul, qui s’appelait aussi Paul, rempli du Saint-Esprit, s’adressa à lui en le regardant droit dans les yeux : Charlatan plein de ruse et de méchanceté, fils du diable, ennemi de tout ce qui est bien, quand cesseras-tu de fausser les plans du Seigneur qui sont droits ? Mais maintenant, attention ! La main du Seigneur va te frapper, tu vas devenir aveugle et, pendant un certain temps, tu ne verras plus la lumière du soleil. Au même instant, les yeux d’Elymas s’obscurcirent ; il se trouva plongé dans une nuit noire et se tournait de tous côtés en cherchant quelqu’un pour le guider par la main. Quand le proconsul vit ce qui venait de se passer, il crut ; car il avait été vivement impressionné par l’enseignement qui lui avait été donné au sujet du Seigneur. Paul et ses compagnons reprirent la mer à Paphos et arrivèrent à Pergé en Pamphylie. Là, Jean-Marc les abandonna et retourna à Jérusalem. Quant à eux, ils quittèrent Pergé et continuèrent leur route jusqu’à Antioche en Pisidie. Là, ils se rendirent à la synagogue le jour du sabbat et s’assirent. Après qu’on eut fait la lecture dans la Loi et les prophètes, les chefs de la synagogue leur firent dire : Frères, si vous avez quelques mots à adresser à la communauté, vous avez la parole. Alors Paul se leva ; d’un geste de la main il demanda le silence et dit : Israélites et vous tous qui craignez Dieu, écoutez-moi ! Le Dieu de notre peuple d’Israël a choisi nos ancêtres. Il a fait grandir le peuple pendant son séjour en Egypte. Ensuite, en déployant sa puissance, il l’en a fait sortir. Pendant quarante ans environ, il l’a supporté dans le désert. Après avoir détruit sept peuplades dans le pays de Canaan, il a donné leur territoire à son peuple. Tout cela a duré environ 450 ans. Après cela, il a donné à nos ancêtres des chefs jusqu’à l’époque du prophète Samuel. Alors le peuple a demandé un roi et Dieu leur a donné Saül, fils de Qish, de la tribu de Benjamin. Celui-ci a régné sur eux pendant quarante ans. Mais Dieu l’a rejeté et leur a choisi pour roi David. C’est à lui qu’il a rendu ce témoignage : En David, fils d’Isaï, j’ai trouvé un homme qui correspond à mes désirs , il accomplira toute ma volonté. Or, voici que Dieu vient d’accorder à Israël un Sauveur parmi les descendants de David, comme il l’avait promis, et ce Sauveur, c’est Jésus.