Travay 12:5-17

Travay 12:5-17 1998 Haïtienne (HAT98)

Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l, li di li: — Leve vit. Chenn ki te mare men l yo tonbe. Zanj lan di li: — Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l ankò: — Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. Pyè swiv zanj lan, li mache sòti nan kacho a. Li pat kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l t'ap reve. Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo sòti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè. Se lè sa a Pyè vin konprann sa k te rive li a. Li di: — Kounyeya, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m anba men Ewòd. Li sove m anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an. Lè l vin konprann sitirasyon an, l'ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè. Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn. Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: — Men Pyè deyò a wi. Yo di li: — Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l te di a se vre. Lè sa a, yo di li: — Se dwe bonnanj li. Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l, yo pat manke sezi. Li fè yo siy ak men l pou yo pa pale, epi l rakonte yo ki jan Bondye te fè l sòti nan prizon an. Li di yo ankò. — Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l sòti, l'al yon lòt kote.

Travay 12:5-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les soldats gardent Pierre dans la prison, mais les membres de l’Église prient sans cesse Dieu pour lui. Hérode est sur le point de faire juger Pierre devant le peuple. La nuit avant le jugement, Pierre est en train de dormir entre deux soldats. Il est attaché avec deux chaînes, et des gardiens sont devant la porte pour le surveiller. Tout à coup, l’ange du Seigneur est là, une lumière brille dans la cellule de la prison. L’ange réveille Pierre en lui touchant le côté. Il lui dit : « Lève-toi vite ! » Alors les chaînes tombent de ses mains. L’ange lui dit : « Mets ta ceinture et attache tes sandales. » Pierre obéit. L’ange lui dit : « Mets ton vêtement de dessus et suis-moi. » Pierre sort de la cellule et le suit. Il pense que tout cela n’est pas réel, il croit rêver. Pierre et l’ange passent devant le premier groupe de soldats, puis devant le deuxième groupe. Ils arrivent à une porte en fer qui donne sur la ville. La porte s’ouvre toute seule devant eux et ils sortent. Ils vont au bout de la rue, et tout à coup, l’ange quitte Pierre. Alors Pierre se rend compte de ce qui est arrivé et il dit : « Maintenant, je vois bien que c’est vrai : le Seigneur a envoyé son ange et il m’a délivré du pouvoir d’Hérode. Il m’a protégé aussi de tout le mal que le peuple juif voulait me faire. » Quand Pierre comprend cela, il va à la maison de Marie, la mère de Jean, celui qu’on appelle aussi Marc. Là, beaucoup de croyants sont réunis et ils prient. Pierre frappe à la porte d’entrée. Une servante, appelée Rhodè, vient répondre. Elle reconnaît la voix de Pierre et elle est tellement contente qu’elle ne pense pas à ouvrir la porte. Elle court annoncer aux autres : « Pierre est là, devant la porte ! » Les autres lui disent : « Tu es folle ! » Mais elle insiste : « Il est là, c’est vrai ! » Ils lui disent : « Alors, c’est son double ! » Pierre continue à frapper. Enfin, ils ouvrent la porte, ils voient Pierre et sont très étonnés. De la main, Pierre leur fait signe de se taire. Il leur raconte comment le Seigneur l’a fait sortir de prison. Il leur dit encore : « Annoncez cela à Jacques et aux autres chrétiens. » Puis il sort et s’en va ailleurs.

Travay 12:5-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pyè te nan prizon se vre, men legliz la pa t sispann priye Bondye pou li. Lavèy jou Ewòd te fè plan pou mennen Pyè devan pèp la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda, nan mitan lannuit la. Yo te mare Pyè ak de chenn epi te gen lòt sòlda toujou ki t ap veye pòt prizon an. Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe. Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.” Zanj lan soti kite prizon an, Pyè menm ap swiv li. Pyè pa t rann li kont si sa anj lan t ap fè a te reyèl. Li te panse li te nan yon vizyon. Pyè ansanm ak anj lan pase premye pòs gad la, apre sa yo pase dezyèm nan. Lè yo rive devan pòtay an fè ki bay sou lavil la, pòtay la louvri poukont li devan yo epi yo soti. Apre yo mache nan lari a rive sou yon lòt lari, anj lan disparèt. Lè Pyè reyalize sa k pase a, li di nan kè l: “Kounye a m sèten Senyè a voye anj li toutbon vre vin delivre m. Li delivre m ni anba men Ewòd, ni anba tout move bagay Jwif yo t ap atann rive m yo.” Lè Pyè wè li deyò toutbonvre, li ale tou dwat lakay Mari, manman Jan, jen nonm yo te konn rele Mak la. Anpil moun te rasanble lakay Mari, yo t ap priye Bondye. Pyè frape nan pòt devan an, epi yon sèvant yo rele Wod vin reponn. Lè Wod reyalize se vwa Pyè, li sitèlman kontan li bliye louvri pòt la. Okontrè, li kouri antre al di gwoup ki t ap priye a: “Men Pyè devan Pòt la wi!” Men, moun yo di sèvant lan: “Ou genlè fou!” Sèvant lan menm kontinye plede ak yo. Lè sa a, yo di: “Genlè se bonnanj Pyè!” Pyè menm pa t sispann frape pòt la. Lè kwayan yo louvri pòt la, yo wè se Pyè, yo pa t manke sezi. Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.

Travay 12:5-17 New International Version (NIV)

So Peter was kept in prison, but the church was earnestly praying to God for him. The night before Herod was to bring him to trial, Peter was sleeping between two soldiers, bound with two chains, and sentries stood guard at the entrance. Suddenly an angel of the Lord appeared and a light shone in the cell. He struck Peter on the side and woke him up. “Quick, get up!” he said, and the chains fell off Peter’s wrists. Then the angel said to him, “Put on your clothes and sandals.” And Peter did so. “Wrap your cloak around you and follow me,” the angel told him. Peter followed him out of the prison, but he had no idea that what the angel was doing was really happening; he thought he was seeing a vision. They passed the first and second guards and came to the iron gate leading to the city. It opened for them by itself, and they went through it. When they had walked the length of one street, suddenly the angel left him. Then Peter came to himself and said, “Now I know without a doubt that the Lord has sent his angel and rescued me from Herod’s clutches and from everything the Jewish people were hoping would happen.” When this had dawned on him, he went to the house of Mary the mother of John, also called Mark, where many people had gathered and were praying. Peter knocked at the outer entrance, and a servant named Rhoda came to answer the door. When she recognized Peter’s voice, she was so overjoyed she ran back without opening it and exclaimed, “Peter is at the door!” “You’re out of your mind,” they told her. When she kept insisting that it was so, they said, “It must be his angel.” But Peter kept on knocking, and when they opened the door and saw him, they were astonished. Peter motioned with his hand for them to be quiet and described how the Lord had brought him out of prison. “Tell James and the other brothers and sisters about this,” he said, and then he left for another place.

Travay 12:5-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Pierre était donc sous bonne garde dans la prison. Mais l’Eglise priait ardemment Dieu en sa faveur. Or, la nuit qui précédait le jour où Hérode allait le faire comparaître, Pierre, attaché par deux chaînes, dormait entre deux soldats, et devant la porte de la prison, des sentinelles montaient la garde. Tout à coup, un ange du Seigneur apparut, et la cellule fut inondée de lumière. L’ange toucha Pierre au côté pour le réveiller : Lève-toi vite ! lui dit-il. Au même instant, les chaînes lui tombèrent des poignets. – Allons, poursuivit l’ange, mets ta ceinture et attache tes sandales ! Pierre obéit. – Maintenant, ajouta l’ange, mets ton manteau et suis-moi. Pierre le suivit et sortit, sans se rendre compte que tout ce que l’ange faisait était réel : il croyait avoir une vision. Ils passèrent ainsi devant le premier poste de garde, puis devant le second et arrivèrent devant la porte de fer qui donnait sur la ville. Celle-ci s’ouvrit toute seule. Ils sortirent et s’avancèrent dans une rue. Et soudain, l’ange le quitta. Alors seulement, Pierre reprit ses esprits et se dit : « Ah, maintenant je le vois bien, c’est vrai : le Seigneur a envoyé son ange et m’a délivré des mains d’Hérode et de tout le mal que voulait me faire le peuple juif. » Après réflexion, il se rendit à la maison de Marie, la mère de Jean appelé aussi Marc. Un assez grand nombre de frères s’y étaient réunis pour prier. Il frappa au battant de la porte. Une jeune servante, appelée Rhode, s’approcha et demanda qui était là. Elle reconnut la voix de Pierre et, dans sa joie, au lieu d’ouvrir, elle se précipita pour annoncer : C’est Pierre ! Il est là, dehors, devant la porte. – Tu es folle, lui dirent-ils. Mais elle n’en démordait pas. – Alors, c’est son ange, dirent-ils. Pendant ce temps, Pierre continuait à frapper. Ils ouvrirent, le virent et en restèrent tout étonnés. D’un geste de la main, Pierre leur fit signe de se taire, et il leur raconta comment le Seigneur l’avait fait sortir de prison. Il ajouta : Faites savoir tout cela à Jacques et aux autres frères. Ensuite, il repartit et se rendit ailleurs.