Travay 10:25-48

Travay 10:25-48 1998 Haïtienne (HAT98)

Pyè fè sa pou l antre, Kònèy kouri vin devan l, li lage kò l nan pye l, li bese tèt li byen ba devan li. Men, Pyè fè l leve, li di l konsa: — Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou. Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble. Li di yo: — Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gendwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l pa penmèt sa. Men, Bondye fè m konnen, mwen pa gendwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. Se poutèt sa, voye ou voye rele m lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Kounyeya, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m lan. Kònèy di li: — Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. Epi l di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo. Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye. Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Kounyeya, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou. Pyè pran lapawòl, li di: — Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li. Nou konnen mesay Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bòn nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze. Nou konnen sa k te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo konmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a. Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li. Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l, yo te kloure l sou kwa a. Men sou twa jou, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l temwen. Wi, nou manje avè l, nou bwè avè l apre Bondye te fè l tounen vivan sòti nan lanmò. Li ban nou lòd mache fè konnen bòn nouvèl la bay pèp la, pou n fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a. Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesay la. Frè ki te sòti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l an kantite. Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di: — Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Kounyeya, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou? Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.

Travay 10:25-48 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Au moment où Pierre arrive, Corneille vient à sa rencontre. Il se jette à ses pieds pour le saluer avec grand respect. Mais Pierre le relève en lui disant : « Lève-toi ! Je ne suis qu’un homme, moi aussi ! » Et tout en parlant avec Corneille, il entre dans la maison. Là, Pierre voit beaucoup de gens rassemblés. Il leur dit : « Vous le savez, un Juif n’a pas le droit d’être l’ami d’un étranger ni d’entrer dans sa maison. Mais Dieu vient de me montrer une chose : je ne dois pas penser qu’une personne est impure et qu’il faut l’éviter. Je suis venu sans hésiter quand vous m’avez appelé. Je voudrais donc savoir pourquoi vous m’avez fait venir. » Corneille répond : « Il y a trois jours, à cette heure-ci, à trois heures de l’après-midi, je priais dans ma maison. Tout à coup, un homme aux vêtements brillants s’est trouvé devant moi et il m’a dit : “Corneille, Dieu a entendu ta prière. Il n’a pas oublié les dons que tu fais aux pauvres. Envoie des gens à Joppé, pour faire venir Simon qu’on appelle aussi Pierre. Il habite au bord de la mer, dans la maison d’un autre Simon, un artisan qui travaille le cuir.” J’ai immédiatement envoyé des gens chez toi, et tu as bien voulu venir. Maintenant, nous sommes tous ici devant Dieu, nous sommes prêts à écouter tout ce que le Seigneur t’a commandé de nous dire. » Alors Pierre prend la parole et dit : « Maintenant, je comprends vraiment que Dieu accueille tout le monde. Si quelqu’un le respecte avec confiance et fait ce qui est juste, cette personne plaît à Dieu. C’est vrai dans tous les pays. Dieu a envoyé sa parole au peuple d’Israël : il lui a annoncé la Bonne Nouvelle de la paix par Jésus-Christ, qui est le Seigneur de tous. Tout a commencé après que Jean a lancé cet appel : “Faites-vous baptiser !” Vous savez ce qui est arrivé, d’abord en Galilée, puis dans toute la Judée. Vous savez comment Dieu a répandu la puissance de l’Esprit Saint sur Jésus de Nazareth. Jésus est passé partout en faisant le bien. Il guérissait tous ceux qui étaient prisonniers de l’esprit du mal, parce que Dieu était avec lui. Et nous, nous sommes témoins de tout ce qu’il a fait dans le pays des Juifs et à Jérusalem. On l’a supprimé en le clouant sur une croix. Mais, le troisième jour, Dieu l’a réveillé de la mort et il lui a donné de se montrer non pas à tout le peuple, mais à nous. En effet, Dieu nous a choisis d’avance comme témoins. Quand Jésus s’est relevé de la mort, nous avons mangé et bu avec lui. Il nous a commandé d’annoncer la Bonne Nouvelle au peuple et de rendre ce témoignage : Jésus est celui que Dieu a choisi pour juger les vivants et les morts. Tous les prophètes ont parlé de lui en disant : “Toute personne qui croit en Jésus reçoit par son nom le pardon des péchés.” » Pendant que Pierre parle encore, l’Esprit Saint descend sur tous ceux qui écoutent la parole de Dieu. Les croyants d’origine juive qui sont venus avec Pierre sont très étonnés. En effet, Dieu donne largement l’Esprit Saint même à ceux qui ne sont pas juifs ! Les croyants entendent ces gens parler en langues inconnues et chanter la grandeur de Dieu. Alors Pierre dit : « Maintenant, ces gens ont reçu l’Esprit Saint comme nous. On ne peut donc pas les empêcher d’être baptisés dans l’eau. » Et Pierre commande de les baptiser au nom de Jésus-Christ. Alors tous lui demandent de rester quelques jours avec eux.

Travay 10:25-48 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Parèt Pyè parèt nan pòt la, Kònèy al rankontre l. Li jete kò l ajenou nan pye Pyè pou l adore l. Men, Pyè fè l leve. Li di l: “Leve! Se yon senp moun mwen ye.” Pyè kontinye pale ak Kònèy. Apre sa li antre nan kay la epi li wè yon bann moun te rasanble. Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye. Se poutèt sa, lè ou voye chache m, mwen vini san m pa ezite. Kounye a, mwen ta vle konnen poukisa ou te voye chache m.” Lè sa a, Kònèy di: “Sa fè kat jou, m t ap priye lakay mwen, nan menm lè sa a, twazè apremidi. Sanzatann konsa, mwen wè yon nonm ak yon rad byen klere sou li kanpe devan m. Li di m: Kònèy, Bondye tande priyè w. Li wè tout byen ou fè pou pòv yo tou. Li sonje w ak tout sa w fè. Voye kèk moun nan lavil Jope al chache Simon yo rele Pyè a. Li fè ladesant lakay yon lòt Simon, yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a. Menm kote a, mwen voye chache w. Li byen bon ou vini. Kounye a, men nou tout la devan Bondye. Nou pare pou n koute tout sa Senyè a pase w lòd di nou.” Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun. Li aksepte tout moun ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat, nan kèlkeswa nasyon yo soti. Bondye te pale ak pèp Izrayèl la. Li fè yo konnen Bòn Nouvèl la ki di lapè a vini nan Jezikris. Jezikris sa a se Senyè sou tout moun. Nou konnen kisa k te rive nan tout rejyon Jide a. Bagay sa yo te kòmanse nan Galile apre Jan te fin preche batèm repantans lan. Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li. Nou te temwen tout sa Jezi te fè nan tout rejyon Jide a ak nan Jerizalèm. Malgre sa, yo touye l epi yo mete l sou yon kwa ki fèt an bwa. Sou twa jou, Bondye resisite l epi li fè moun wè l vivan ankò. Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a. Li ban nou lòd pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay pèp la; pou n al fè konnen se Jezi menm Bondye chwazi pou jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo te gentan pwofetize pawòl sa a konsènan Jezi: Nenpòt moun ki mete konfyans li nan Jezi ap resevwa padon pou peche l yo, grenmesi puisans non Kris la.” Pyè t ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t ap tande l yo. Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou. Paske yo te tande moun yo ap pale divès lang epi yo t ap fè lwanj pou Bondye. Lè sa a Pyè di: “Kilès ki ka anpeche moun sa yo batize nan dlo, poutèt yo resevwa Sentespri a menm jan avèk nou?” Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.

Travay 10:25-48 New International Version (NIV)

As Peter entered the house, Cornelius met him and fell at his feet in reverence. But Peter made him get up. “Stand up,” he said, “I am only a man myself.” While talking with him, Peter went inside and found a large gathering of people. He said to them: “You are well aware that it is against our law for a Jew to associate with or visit a Gentile. But God has shown me that I should not call anyone impure or unclean. So when I was sent for, I came without raising any objection. May I ask why you sent for me?” Cornelius answered: “Three days ago I was in my house praying at this hour, at three in the afternoon. Suddenly a man in shining clothes stood before me and said, ‘Cornelius, God has heard your prayer and remembered your gifts to the poor. Send to Joppa for Simon who is called Peter. He is a guest in the home of Simon the tanner, who lives by the sea.’ So I sent for you immediately, and it was good of you to come. Now we are all here in the presence of God to listen to everything the Lord has commanded you to tell us.” Then Peter began to speak: “I now realize how true it is that God does not show favoritism but accepts from every nation the one who fears him and does what is right. You know the message God sent to the people of Israel, announcing the good news of peace through Jesus Christ, who is Lord of all. You know what has happened throughout the province of Judea, beginning in Galilee after the baptism that John preached— how God anointed Jesus of Nazareth with the Holy Spirit and power, and how he went around doing good and healing all who were under the power of the devil, because God was with him. “We are witnesses of everything he did in the country of the Jews and in Jerusalem. They killed him by hanging him on a cross, but God raised him from the dead on the third day and caused him to be seen. He was not seen by all the people, but by witnesses whom God had already chosen—by us who ate and drank with him after he rose from the dead. He commanded us to preach to the people and to testify that he is the one whom God appointed as judge of the living and the dead. All the prophets testify about him that everyone who believes in him receives forgiveness of sins through his name.” While Peter was still speaking these words, the Holy Spirit came on all who heard the message. The circumcised believers who had come with Peter were astonished that the gift of the Holy Spirit had been poured out even on Gentiles. For they heard them speaking in tongues and praising God. Then Peter said, “Surely no one can stand in the way of their being baptized with water. They have received the Holy Spirit just as we have.” So he ordered that they be baptized in the name of Jesus Christ. Then they asked Peter to stay with them for a few days.

Travay 10:25-48 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Au moment où Pierre allait entrer, Corneille s’avança vers lui, se jeta à ses pieds et se prosterna devant lui. Mais Pierre le releva. – Non, lui dit-il, lève-toi ! Je ne suis qu’un simple homme, moi aussi. Puis, tout en s’entretenant avec lui, il entra dans la maison et découvrit les nombreuses personnes qui s’y étaient réunies. Il leur dit : Vous savez que la Loi interdit à un Juif de fréquenter un étranger ou d’entrer chez lui. Mais Dieu m’a fait comprendre qu’il ne faut considérer aucun être humain comme souillé ou impur. Voilà pourquoi je n’ai fait aucune difficulté pour venir quand vous m’avez appelé. A présent, puis-je savoir pour quelle raison vous m’avez fait venir ? Corneille lui répondit : Il y a trois jours, à peu près à cette heure-ci, j’étais chez moi en train de faire la prière de trois heures de l’après-midi. Soudain, un homme aux habits resplendissants s’est présenté devant moi et m’a dit : « Corneille, ta prière a été entendue et Dieu a tenu compte des secours que tu as apportés aux pauvres. Envoie donc des hommes à Jaffa pour inviter Simon, que l’on surnomme Pierre, à venir ici. Il loge chez un autre Simon, un tanneur qui habite une maison près de la mer. » Par conséquent, je t’ai donc immédiatement envoyé chercher, et je te remercie d’avoir bien voulu venir. Nous voici donc maintenant tous ici devant Dieu, prêts à écouter tout ce que le Seigneur t’a chargé de nous dire. Alors Pierre prit la parole et dit : Maintenant je me rends vraiment compte que Dieu ne fait pas de différence entre les hommes. Au contraire, parmi tous les peuples, tout homme qui le craint et qui fait ce qui est juste lui est agréable. Il a adressé sa parole aux Israélites pour leur annoncer la paix par Jésus-Christ, qui est le Seigneur de tous les hommes. Vous savez ce qui s’est passé, à commencer par la Galilée, puis dans toute la Judée, après que Jean a appelé les foules à se faire baptiser. Ensuite, Dieu a oint Jésus de Nazareth en répandant sur lui la puissance du Saint-Esprit. Celui-ci a parcouru le pays en faisant le bien et en guérissant tous ceux qui étaient tombés sous le pouvoir du diable, car Dieu était avec lui. Nous sommes les témoins de tout ce qu’il a fait, dans le pays des Juifs et à Jérusalem, où ils l’ont mis à mort en le clouant à la croix. Mais Dieu l’a ramené à la vie le troisième jour et lui a donné de se montrer vivant, non à tout le peuple, mais aux témoins que Dieu avait lui-même choisis d’avance, c’est-à-dire à nous. Et nous avons mangé et bu avec lui après sa résurrection. Jésus nous a donné l’ordre de prêcher au peuple juif et de proclamer que c’est lui que Dieu a désigné pour juger les vivants et les morts. Tous les prophètes ont parlé de lui en disant que tout homme qui croit en lui reçoit par lui le pardon de ses péchés. Alors que Pierre prononçait ces mots, l’Esprit Saint descendit soudain sur tous ceux qui écoutaient la Parole. Les croyants juifs qui étaient venus avec Pierre furent très étonnés de voir que l’Esprit Saint était aussi donné aux non-Juifs, et répandu sur eux. En effet, ils les entendaient parler en différentes langues et célébrer la grandeur de Dieu. Alors Pierre demanda : Peut-on refuser de baptiser dans l’eau ceux qui ont reçu l’Esprit Saint aussi bien que nous ? Et il donna ordre de les baptiser au nom de Jésus-Christ. Ensuite, ils le prièrent de rester encore quelques jours avec eux.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an