2 Tesalonisyen 3:1-18
2 Tesalonisyen 3:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Pou fini, frè m yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Senyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou. Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè. Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan. Senyè a fè m gen konfyans nan nou: li ban m lasirans n'ap fè sa m te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l tou. Mwen mande Senyè a pou l dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la. Frè m yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Senyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m te moutre nou. Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pat fè parese lè m te nan mitan nou. Mwen pat kite pèsonn ban m manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m pat sou kont nou yonn. Se pa paske mwen pat gendwa resevwa anyen nan men pèsonn ki fè m te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv. Nou chonje lè m te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gendwa manje nonplis. M'ap pale konsa ak nou paske m pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun. Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Senyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouray nou. Pou nou menm, frè m yo, pa janm bouke fè sa ki byen. Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pèsonn gen okenn rapò avè l, pou l sa wont. Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l tankou yon frè. Mwen mande Senyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout. Se mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri. Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou tout.
2 Tesalonisyen 3:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Enfin, frères et sœurs, priez pour nous. Demandez que la parole du Seigneur se répande rapidement et qu’on l’honore partout, comme on le fait chez vous. Priez aussi pour que nous soyons libérés des gens mauvais et méchants. En effet, tout le monde ne croit pas en Dieu. Mais le Seigneur est fidèle, il vous rendra forts et il vous protégera contre le Mauvais . Le Seigneur nous donne confiance à votre sujet. Nous sommes sûrs d’une chose : vous suivez les conseils que nous vous donnons et vous continuerez à les suivre. Que le Seigneur dirige vos cœurs ! Alors vous aimerez Dieu et vous serez patients comme le Christ. Frères et sœurs, nous vous donnons cet ordre, au nom du Seigneur Jésus-Christ : n’allez pas avec les chrétiens qui sont paresseux et qui ne suivent pas l’enseignement reçu de nous. Vous, vous savez bien comment faire pour suivre notre exemple. Chez vous, nous n’avons pas vécu comme des paresseux. Nous n’avons demandé à personne la nourriture que nous avons mangée. Mais nous avons travaillé durement et nous nous sommes fatigués nuit et jour, nous avons travaillé pour ne rien vous coûter. Bien sûr, nous avions le droit de recevoir votre aide, mais nous avons voulu être pour vous un exemple à imiter. En effet, quand nous étions chez vous, nous vous avons donné ce conseil : celui qui ne veut pas travailler, qu’il ne mange pas non plus ! Pourtant, nous entendons dire ceci : parmi vous, certains sont paresseux, ils ne font rien, mais ils se mêlent des affaires des autres. À ces gens-là, nous donnons ce conseil, ou plutôt cet ordre, au nom du Seigneur Jésus-Christ : travaillez dans le calme pour gagner vous-mêmes votre nourriture. Et vous, frères et sœurs, continuez à faire le bien sans vous décourager. Si certains n’obéissent pas à ce que nous disons dans cette lettre, prenez cela au sérieux. N’allez plus avec eux pour qu’ils aient honte. Mais ne les traitez pas comme des ennemis, donnez-leur des conseils comme à des chrétiens. Que le Seigneur de la paix vous donne lui-même la paix, toujours et en toute occasion ! Que le Seigneur soit avec vous tous ! La salutation est de ma main à moi, Paul. Voilà comment je signe toutes mes lettres : c’est mon écriture. Que l’amour de notre Seigneur Jésus-Christ soit avec vous tous !
2 Tesalonisyen 3:1-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè m ak sè m yo, nou gen lòt bagay pou nou ta di ou ankò. Priye pou nou, pou mesaj Senyè a ka pwogrese byen rapid epi tou pou moun resevwa li, ba li valè, menm jan ou menm ou te fè l la. Priye tou pou nou ka delivre anba men mechan yo, paske se pa tout moun ki kwè nan Bondye vre. Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a. Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo. Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris. Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a. Mwen di sa paske ou konnen byen kijan ou dwe imite nou. Ou konnen nou pa t parese lè nou te la ansanm ak ou menm. Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun. Epi, se pa paske nou pa ta gen dwa mande ou pou ou ede nou. Men nou travay pou nou pran swen tèt nou menm pou nou ka yon egzanp pou ou. Lè nou te Tesalonik avèk ou, nou te di ou: “Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje tou.” Nou di sa, paske nou tande genyen kèk moun nan mitan w lan k ap mennen yon lavi parese. Yo pa vle travay, men yo gen tan pou yo foure bouch yo nan zafè lòt moun, bagay ki pa gade yo. Nou mande epi ekzòte moun sa yo, avèk otorite Senyè Jezikris, pou yo kòmanse travay byen di epi pou yo manje salè travay yo. Men nou menm frè m ak sè m yo, pa janm bouke fè byen. Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont. Men piga trete moun nan tankou yon lènmi. Okontrè, egzòte l tankou yon frè. Nou priye Senyè ki konn bay lapè a pou l ba w lapè nèt ale nan tout bagay. Se pou Segnè avèk nou tout. Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se kon sa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se kon sa mwen ekri. Se pou gras Senyè Jezikris nou an avèk nou tout.
2 Tesalonisyen 3:1-18 New International Version (NIV)
As for other matters, brothers and sisters, pray for us that the message of the Lord may spread rapidly and be honored, just as it was with you. And pray that we may be delivered from wicked and evil people, for not everyone has faith. But the Lord is faithful, and he will strengthen you and protect you from the evil one. We have confidence in the Lord that you are doing and will continue to do the things we command. May the Lord direct your hearts into God’s love and Christ’s perseverance. In the name of the Lord Jesus Christ, we command you, brothers and sisters, to keep away from every believer who is idle and disruptive and does not live according to the teaching you received from us. For you yourselves know how you ought to follow our example. We were not idle when we were with you, nor did we eat anyone’s food without paying for it. On the contrary, we worked night and day, laboring and toiling so that we would not be a burden to any of you. We did this, not because we do not have the right to such help, but in order to offer ourselves as a model for you to imitate. For even when we were with you, we gave you this rule: “The one who is unwilling to work shall not eat.” We hear that some among you are idle and disruptive. They are not busy; they are busybodies. Such people we command and urge in the Lord Jesus Christ to settle down and earn the food they eat. And as for you, brothers and sisters, never tire of doing what is good. Take special note of anyone who does not obey our instruction in this letter. Do not associate with them, in order that they may feel ashamed. Yet do not regard them as an enemy, but warn them as you would a fellow believer. Now may the Lord of peace himself give you peace at all times and in every way. The Lord be with all of you. I, Paul, write this greeting in my own hand, which is the distinguishing mark in all my letters. This is how I write. The grace of our Lord Jesus Christ be with you all.
2 Tesalonisyen 3:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Finalement, frères et sœurs, priez pour nous afin que la Parole du Seigneur se répande rapidement et qu’elle soit honorée ailleurs comme elle l’est chez vous. Priez aussi pour que nous soyons délivrés des hommes insensés et méchants. Car tous n’ont pas la foi. Mais le Seigneur, lui, est fidèle : il vous rendra forts et vous gardera du diable. Voici l’assurance que nous avons à cause du Seigneur à votre sujet : vous faites ce que nous vous recommandons et vous continuerez à le faire. Que le Seigneur dirige votre cœur vers l’amour de Dieu, et vers l’endurance que donne Christ. Nous vous recommandons, frères et sœurs, au nom de notre Seigneur Jésus-Christ, de vous tenir à l’écart de tout frère ou de toute sœur qui mène une vie déréglée et contraire à l’enseignement que nous lui avons transmis. Vous savez bien vous-mêmes ce qu’il faut faire pour suivre notre exemple : nous n’avons pas eu une vie déréglée au milieu de vous. Nous n’avons mangé gratuitement le pain de personne. Mais, de nuit comme de jour, nous avons travaillé, dans la fatigue et la peine, pour n’être à charge à aucun d’entre vous. Pourtant, ce n’est pas que nous n’en aurions pas eu le droit, mais nous avons voulu vous laisser un exemple à imiter. En effet, lorsque nous étions chez vous, nous vous avons donné cette recommandation : « Que celui qui refuse de travailler renonce aussi à manger » ! Or, nous apprenons que certains d’entre vous mènent une vie déréglée : ils ne travaillent pas et se mêlent des affaires des autres. Nous invitons ces personnes-là à suivre la recommandation suivante : au nom du Seigneur Jésus-Christ, travaillez dans la paix et gagnez vous-mêmes votre pain. Et vous, frères et sœurs, ne vous lassez pas de faire ce qui est bien. Si quelqu’un ne se conforme pas aux instructions de cette lettre, signalez-le à tous et rompez toute relation avec lui, pour qu’il en éprouve de la honte. Toutefois, ne le traitez pas en ennemi, reprenez-le comme un frère. Que le Seigneur qui donne la paix vous accorde lui-même la paix de toute manière et en toutes circonstances. Que le Seigneur soit avec vous tous. Cette salutation est de ma propre main, à moi, Paul. C’est ainsi que je signe toutes mes lettres : c’est là mon écriture. Que la grâce de notre Seigneur Jésus-Christ soit avec vous tous.