2 Samyèl 5:1-25

2 Samyèl 5:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l konsa: — Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou. Depi lontan, menm sou reny Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayel la kote l pase. Lèfini ankò, Senyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo. Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l devan Senyè a. Yo fè seremoni, yo mete l wa sou pèp Izrayèl la tou. David te gen trantan lè l rive wa. Li kòmande pandan karantan. Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan setan sis mwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun Jida yo pandan tranntwazan. Apre sa, wa David pati Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, l'al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa te ka antre pran lavil la. Yo di li: — Ou p'ap janm ka rive antre nan vil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ap gen fòs pou mete ou deyò. Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la. Jou sa a, David te di moun pa li yo: — Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gendwa mete pwent pye yo nan Tanp Senyè a. Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l. Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David. Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Senyè a menm ki te mete l wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la. Lè David kite lavil Ebwon pou l'al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi. Men jan yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon, Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya, Elichama, Elyada ak Elifelèt. Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y'al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò. Moun Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo. David pale ak Senyè a, li mande l: — Eske se pou m atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m? Senyè a reponn li: — Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou. David ale Baal-Parezim. Li bat moun Filisti yo. Lèfini li di: — Senyè a pase tankou yon lavalas. Li louvri pasay ban mwen nan mitan lènmi mwen yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Pasay-Granmèt. Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l yo pran yo pote ale. Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò. David mande Senyè a sa pou l fè. Senyè a di l: — Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo. Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m bat lame moun Filisti yo. David fè sa Senyè a te mande l fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Geba rive lavil Gezè.

2 Samyèl 5:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Des gens de toutes les tribus d’Israël viennent trouver David à Hébron. Ils lui disent : « Nous sommes de la même famille que toi. Dans le passé, quand Saül était notre roi, tu dirigeais les mouvements de l’armée d’Israël. À ce moment déjà, le SEIGNEUR t’avait dit : “C’est toi qui seras le berger d’Israël, mon peuple, tu seras son chef.” » Tous les anciens d’Israël viennent trouver le roi à Hébron. Là, David passe un accord avec eux, devant le SEIGNEUR. Et ils consacrent David comme roi d’Israël. David a 30 ans quand il devient roi et il sera roi pendant 40 ans. À Hébron, il est roi de la tribu de Juda pendant 7 ans et demi. À Jérusalem, il sera roi de tout Israël et de Juda pendant 33 ans. Le roi David et ses soldats marchent sur Jérusalem. Ils vont attaquer les Jébusites qui habitent cette région. Les Jébusites disent à David : « Tu n’entreras pas ici, même les aveugles et les boiteux t’écarteront. » Par ces paroles, ils veulent dire que David ne pourra pas prendre la ville. Pourtant, le roi prend Sion, la partie de la ville qui est protégée par de grands murs. Depuis on l’appelle la « Ville de David ». Ce jour-là, David a dit : « Si quelqu’un veut battre les Jébusites, il n’a qu’à monter par le canal qui est sous la terre ! Il les atteindra. Les boiteux et les aveugles, je les déteste ! » C’est pourquoi on dit : « Les aveugles et les boiteux ne doivent pas entrer dans le temple du SEIGNEUR. » David s’installe dans la partie protégée de la ville. Il l’appelle « Ville de David ». Ensuite, il fait construire d’autres murs de défense, entre la terrasse appelée Millo et sa maison. Ainsi David devient de plus en plus puissant. En effet, le SEIGNEUR, Dieu de l’univers, est avec lui. Hiram, roi de Tyr, envoie des messagers à David. Il lui fait livrer du bois de cèdre. Il lui envoie aussi des charpentiers et des tailleurs de pierres, pour lui construire un palais. David reconnaît ceci : c’est le SEIGNEUR lui-même qui l’a établi comme roi sur Israël. C’est lui qui a développé son pouvoir royal, à cause d’Israël, son peuple. Après que David a quitté Hébron pour Jérusalem, il se marie encore avec d’autres femmes : des femmes de premier rang et des femmes de deuxième rang. Elles lui donnent, elles aussi, des fils et des filles. Voici les noms de ses fils qui naissent à Jérusalem : Chammoua, Chobab, Natan, Salomon, Ibar, Élichoua, Néfeg, Yafia, Élichama, Éliada et Éliféleth. Les Philistins apprennent que David a été consacré comme roi d’Israël. Alors ils partent tous à sa recherche. Quand David l’apprend, il va dans un endroit bien protégé. Les Philistins arrivent et occupent toute la vallée des Refaïtes. David consulte le SEIGNEUR. Il lui demande : « Est-ce que je dois aller attaquer les Philistins ? Est-ce que tu vas les livrer en mon pouvoir ? » Le SEIGNEUR répond : « Oui, attaque-les, je vais te livrer les Philistins. » Alors David va à Baal-Perassim, et là, il bat les Philistins. Il dit : « Le SEIGNEUR a fait devant moi une ouverture dans les rangs de mes ennemis, comme un torrent dans un barrage. » Le nom donné à cet endroit vient de là. En effet, Baal-Perassim veut dire « le Maître des Ouvertures ». À cet endroit, les Philistins abandonnent les statues de leurs dieux. David et ses soldats les emportent. Les Philistins viennent une deuxième fois occuper la vallée des Refaïtes. David consulte de nouveau le SEIGNEUR, qui lui répond : « Ne les attaque pas directement ! Mais passe derrière eux et approche-toi d’eux en face des arbres. Quand tu entendras un bruit de pas en haut des arbres, dépêche-toi. En effet, c’est à ce moment-là que je marcherai devant toi pour battre l’armée des Philistins. » David fait ce que le SEIGNEUR lui a commandé et il bat les Philistins. Il les poursuit depuis Guéba jusqu’à l’entrée de Guézer.

2 Samyèl 5:1-25 New International Version (NIV)

All the tribes of Israel came to David at Hebron and said, “We are your own flesh and blood. In the past, while Saul was king over us, you were the one who led Israel on their military campaigns. And the LORD said to you, ‘You will shepherd my people Israel, and you will become their ruler.’ ” When all the elders of Israel had come to King David at Hebron, the king made a covenant with them at Hebron before the LORD, and they anointed David king over Israel. David was thirty years old when he became king, and he reigned forty years. In Hebron he reigned over Judah seven years and six months, and in Jerusalem he reigned over all Israel and Judah thirty-three years. The king and his men marched to Jerusalem to attack the Jebusites, who lived there. The Jebusites said to David, “You will not get in here; even the blind and the lame can ward you off.” They thought, “David cannot get in here.” Nevertheless, David captured the fortress of Zion—which is the City of David. On that day David had said, “Anyone who conquers the Jebusites will have to use the water shaft to reach those ‘lame and blind’ who are David’s enemies.” That is why they say, “The ‘blind and lame’ will not enter the palace.” David then took up residence in the fortress and called it the City of David. He built up the area around it, from the terraces inward. And he became more and more powerful, because the LORD God Almighty was with him. Now Hiram king of Tyre sent envoys to David, along with cedar logs and carpenters and stonemasons, and they built a palace for David. Then David knew that the LORD had established him as king over Israel and had exalted his kingdom for the sake of his people Israel. After he left Hebron, David took more concubines and wives in Jerusalem, and more sons and daughters were born to him. These are the names of the children born to him there: Shammua, Shobab, Nathan, Solomon, Ibhar, Elishua, Nepheg, Japhia, Elishama, Eliada and Eliphelet. When the Philistines heard that David had been anointed king over Israel, they went up in full force to search for him, but David heard about it and went down to the stronghold. Now the Philistines had come and spread out in the Valley of Rephaim; so David inquired of the LORD, “Shall I go and attack the Philistines? Will you deliver them into my hands?” The LORD answered him, “Go, for I will surely deliver the Philistines into your hands.” So David went to Baal Perazim, and there he defeated them. He said, “As waters break out, the LORD has broken out against my enemies before me.” So that place was called Baal Perazim. The Philistines abandoned their idols there, and David and his men carried them off. Once more the Philistines came up and spread out in the Valley of Rephaim; so David inquired of the LORD, and he answered, “Do not go straight up, but circle around behind them and attack them in front of the poplar trees. As soon as you hear the sound of marching in the tops of the poplar trees, move quickly, because that will mean the LORD has gone out in front of you to strike the Philistine army.” So David did as the LORD commanded him, and he struck down the Philistines all the way from Gibeon to Gezer.

2 Samyèl 5:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Des représentants de toutes les tribus d’Israël vinrent auprès de David à Hébron et lui dirent : Nous voici ! Nous sommes de ta race et de ton sang. Autrefois déjà, du temps où Saül était notre roi, c’est toi qui dirigeais les expéditions militaires d’Israël. Or l’Eternel t’a promis que tu serais le berger d’Israël son peuple et que tu en deviendrais le chef. Ainsi tous les responsables d’Israël vinrent trouver le roi à Hébron. Là, le roi David conclut une alliance avec eux devant l’Eternel, et ils lui conférèrent l’onction pour le faire roi d’Israël. David était âgé de trente ans à son avènement, et son règne dura quarante ans. Il régna sept ans et six mois sur Juda à Hébron, et il régna trente-trois ans sur tout Israël et Juda à Jérusalem. Le roi marcha avec ses hommes sur Jérusalem pour combattre les Yebousiens qui habitaient la région. Ceux-ci déclarèrent à David : Tu n’entreras pas ici ! Même des aveugles et des boiteux te repousseraient. C’était une manière de dire : David n’entrera pas dans la ville. Mais David s’empara de la forteresse de Sion, qu’on appelle la Cité de David. Ce jour-là, David avait déclaré à ses hommes : Celui qui veut battre les Yebousiens n’a qu’à grimper par le canal souterrain pour les atteindre. Quant à ces boiteux et ces aveugles, je les déteste. C’est de là que vient le dicton : Les aveugles et les boiteux n’entreront pas dans ma maison. David s’installa dans la forteresse qu’il appela la Cité de David. Il fit des constructions tout autour, depuis les terrasses aménagées pour les cultures jusque vers l’intérieur. David devenait de plus en plus puissant, et l’Eternel, le Dieu des armées célestes, était avec lui. Hiram, le roi de Tyr, envoya une délégation à David, en lui faisant livrer du bois de cèdre et en lui envoyant des charpentiers et des tailleurs de pierre qui lui construisirent un palais. David reconnut alors que l’Eternel le confirmait comme roi sur Israël et qu’il donnait de l’éclat à son règne à cause d’Israël, son peuple. Après son départ d’Hébron et son installation à Jérusalem, David épousa encore d’autres femmes de premier et de second rang, dont il eut des fils et des filles. Voici le nom de ses enfants nés à Jérusalem : Shammoua, Shobab, Nathan, Salomon, Yibhar, Elishoua, Népheg, Yaphia, Elishama, Elyada et Eliphéleth. Lorsque les Philistins apprirent que David avait été établi roi d’Israël par l’onction, ils se mirent tous en campagne à sa recherche. David en fut informé et se retira dans le refuge fortifié. Les Philistins arrivèrent et se déployèrent dans la vallée des Rephaïm. David consulta l’Eternel et lui demanda : Dois-je attaquer les Philistins ? Me donneras-tu la victoire sur eux ? L’Eternel répondit à David : Attaque-les ! Car je t’assure que je te donnerai la victoire sur les Philistins. David se rendit donc jusqu’à Baal-Peratsim et les battit là. Puis il déclara : Comme les eaux rompent une digue, l’Eternel a fait une brèche devant moi dans les rangs de mes ennemis. C’est pourquoi on a donné à ce lieu le nom de Baal-Peratsim (le Maître des brèches). Les Philistins abandonnèrent leurs idoles sur place, et David et ses gens les emportèrent. Les Philistins revinrent à l’attaque et se déployèrent de nouveau dans la vallée des Rephaïm. David consulta l’Eternel qui lui répondit : N’y va pas directement ! Contourne-les par leurs arrières, puis reviens sur eux en face de la forêt des mûriers. Quand tu entendras un bruissement de pas dans les cimes des mûriers, alors hâte-toi, car je me serai mis en campagne devant toi pour battre l’armée des Philistins. David fit ce que l’Eternel lui avait ordonné, et il battit les Philistins en les poursuivant depuis Guéba jusqu’à l’entrée de Guézer.