2 Samyèl 13:1-39
2 Samyèl 13:1-39 1998 Haïtienne (HAT98)
Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit David te vin tonbe damou pou Tama. Amnon te sitèlman renmen l, li vin malad paske li pat ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pat kite l kontre ak okenn gason. Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil. Li di Amnon konsa: — Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: — Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m lan. Jonadab di li: — Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w'a di l: Tanpri, kite Tama, sè m lan, vin ban m manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m pou m wè l, lèfini pou l sèvi m manje a li menm. Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l. Amnon di l konsa: — Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m lan, lèfini pou l sèvi m yo li menm. David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l ale kay Amnon pare manje pou li. Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l, li fè kèk gato pou li devan je l. Lèfini, li mete yo kwit. Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l: — Fè tout moun sòti! Lè tout moun fin sòti, Amnon di Tama konsa: — Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m. Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan. Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l konsa: — Vin kouche avè m non, sè m! Tama di l: — Non, frè m! Pa fòse m! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a. Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m. Men Amon pa wè, li pa tande, li derefize lage li. Li fè vyolans sou fi a, li kouche li. Lèfini, li santi li rayi Tama pou l mouri. Li vin rayi l plis pase jan li te renmen l lan. Li di l: — Mete ou deyò lakay mwen! Tama reponn: — Aa non! Mete mwen deyò konsa menm! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m' la a! Men Amnon pa te soti pou koute li. Li rele gason ki t'ap sèvi li a, li di li: — Wete fi sa a devan je mwen! Mete li deyò. Lèfini, kochte pòt la byen kochte. Gason an mete Tama deyò, epi li kochte pòt la vre. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit fi wa yo te konn mete sou yo lè yo poko nan lavi gason. Li simen sann dife sou tèt li, li chira rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi l ale. Lè sa a, Absalon, frè li la, mande li: — Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri sè mwen, pa kite sa fatige ou tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete poukont li kay frè li Absalon. Li te nan gwo lapenn. Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l. Li te renmen l kou de grenn je nan tèt li. Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l bonjou. Dezan apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l yo lavil Baal-Azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje. L'al jwenn wa David, li di l konsa: — Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen? Wa reponn li: — Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini. Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l ale ak benediksyon l. Lè sa a Absalon di l: — Men, eske w'ap kite Amnon, frè m lan, vini ak nou? Wa a reponn li? — Poukisa pou l ale a? Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l yo. Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l t'ap fè l pou yon wa. Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: — Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. N'a touye l. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsabilite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble. Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò. Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape. Wa a leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou. Men Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l: — Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l la. Kounyeya, monwa, ou pa bezwen koute moun k'ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye. Lè sa a Absalon te gentan kraze rak. Sòlda ki te faksyonè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. L'al jwenn wa a, li di l sa li wè. Jonabad di wa a konsa: — Men sa m t'ap di ou la. Se pitit gason ou yo k'ap vini. Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo. Absalon menm kraze rak, l'al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon. Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a. Lè wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.
2 Samyèl 13:1-39 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Après cela, voici ce qui arrive. Absalom, fils de David, a une sœur très belle qui s’appelle Tamar. Amnon, un autre fils de David, en devient amoureux. Il se rend malade de chagrin à cause de Tamar, sa demi-sœur. En effet, il lui semble impossible de s’approcher d’elle, car elle n’a jamais couché avec un homme. Amnon a un ami très rusé. C’est Yonadab, fils de Chamma, et neveu de David. Yonadab demande à Amnon : « Tous les matins, tu es découragé, prince. Tu ne veux pas me dire pourquoi ? » Amnon répond : « Je suis amoureux de Tamar, la sœur de mon demi-frère Absalom. » Yonadab lui dit : « Eh bien, couche-toi sur ton lit et fais semblant d’être malade. Quand ton père viendra te voir, tu lui diras : “Permets à ma sœur Tamar de venir me donner à manger. Elle préparera la nourriture sous mes yeux pour que je la voie faire. Elle me servira et je mangerai.” » Alors Amnon se couche et fait semblant d’être malade. Le roi va le voir, et Amnon lui dit : « Permets à ma sœur Tamar de venir préparer deux petits gâteaux sous mes yeux. Elle me les servira elle-même, et je les mangerai. » David envoie quelqu’un chez Tamar pour lui dire : « Va chez ton frère Amnon et prépare-lui à manger. » Tamar va chez Amnon et elle le trouve au lit. Elle prépare de la pâte, elle la travaille, fait des gâteaux sous ses yeux et les fait cuire. Ensuite, elle prend la poêle et présente les gâteaux pour qu’il les mange, mais il refuse. Il demande de faire sortir tout le monde, et tous sortent. Alors il dit à Tamar : « Apporte ces gâteaux dans ma chambre. Tu me les serviras, et je les mangerai. » Tamar prend les gâteaux et elle les porte à Amnon dans sa chambre. Elle lui présente les gâteaux à manger. À ce moment-là, Amnon saisit Tamar et lui dit : « Viens au lit avec moi, ma sœur ! » Elle lui répond : « Non, mon frère, ne me fais pas violence ! On n’agit pas de cette façon en Israël. Ne commets pas cet acte horrible, sinon, je vais perdre mon honneur ! Où pourrai-je aller ensuite ? Et toi, tu seras comme un homme qui ne vaut rien en Israël. Je t’en prie, va parler au roi. Il ne refusera pas de me donner à toi. » Mais Amnon ne veut pas l’écouter. Il la saisit, lui fait violence et couche avec elle. Ensuite, Amnon se met à haïr Tamar. Sa haine est plus violente que l’amour qu’il a eu pour elle. Il lui dit : « Va-t’en ! » Tamar crie : « Non ! Si tu me chasses, ce sera un mal plus grand que celui que tu m’as déjà fait. » Mais Amnon ne veut pas l’écouter. Il appelle son serviteur et lui dit : « Chasse cette fille de chez moi ! Ferme la porte à clé derrière elle ! » Le serviteur chasse Tamar et ferme la porte à clé. Tamar portait une très belle robe, comme les princesses en portaient d’habitude avant d’être mariées. Elle déchire sa belle robe et se couvre la tête de cendre. Elle met la main sur sa tête en signe de honte et s’en va en poussant des cris. Son frère Absalom lui demande : « Est-ce qu’Amnon t’a fait violence, petite sœur ? Maintenant, tais-toi, c’est ton frère. Ne t’en fais pas trop pour cela ! » Tamar reste dans la maison de son frère Absalom, comme une femme abandonnée. Le roi David apprend ce qui s’est passé et il est très en colère. Pourtant il ne fait pas de reproches à Amnon. C’est son fils aîné, et il l’aime beaucoup. Absalom ne parle plus à Amnon. Il le déteste parce qu’il a fait violence à sa sœur Tamar. Deux ans passent. Un jour, ceux qui coupent la laine des moutons sont chez Absalom, à Baal-Hassor, près d’Éfraïm. Absalom invite donc tous les fils du roi. Il va trouver David et lui dit : « Mon roi, les tondeurs de moutons sont chez moi. Accepte de venir à cette fête avec tes ministres. » Le roi répond : « Non, mon fils, nous n’irons pas tous chez toi, cela coûterait trop cher. » Absalom insiste, mais le roi refuse d’y aller. Il lui donne seulement sa bénédiction. Absalom dit encore : « Si tu ne viens pas, permets au moins à mon frère Amnon de venir avec nous. » Le roi demande : « Pourquoi donc ? » Absalom insiste de nouveau. À la fin, le roi laisse Amnon et ses autres fils partir avec Absalom. Alors Absalom prépare un repas, un vrai repas de roi. Il donne cet ordre à ses serviteurs : « Surveillez Amnon ! Quand il sera gai à cause du vin, et que je vous dirai : “Frappez Amnon !”, tuez-le ! N’ayez pas peur, c’est moi qui vous donne cet ordre. N’hésitez pas et montrez votre courage ! » Les serviteurs obéissent à Absalom et tuent Amnon. Aussitôt les autres fils du roi se lèvent, ils montent chacun sur son mulet et ils fuient. Ils sont encore en route quand David apprend cette nouvelle : « Absalom a tué tous tes fils. Il n’en reste pas un seul en vie. » Alors le roi déchire ses vêtements et il se couche par terre. Tous ses ministres sont là, les habits déchirés. Mais Yonadab, fils de Chamma et neveu de David, prend la parole et dit : « Mon roi, ne crois pas que tous tes fils sont morts. Amnon seul est mort. Absalom a décidé cela le jour où Amnon a fait violence à sa sœur Tamar. Ne pense donc pas que tous tes fils sont morts. Amnon seul est mort, et Absalom est en fuite. » Le jeune homme qui surveille la route aperçoit tout à coup une troupe nombreuse. Elle descend par la route de Horonaïm, sur le côté de la colline. Il vient prévenir le roi : « J’ai vu des gens arriver par la route de Horonaïm, sur le côté de la colline. » Alors Yonadab dit au roi : « Ce sont tes fils qui arrivent. Tout s’est passé comme je l’ai dit. » Yonadab finit à peine de parler quand les fils du roi arrivent. Ils se mettent à pleurer à grands cris. Le roi et tous ses ministres pleurent beaucoup, eux aussi. Absalom a fui et il est allé chez Talmaï, fils d’Ammihoud et roi de Guéchour . David, lui, porte tous les jours le deuil de son fils Amnon. Absalom, qui a fui à Guéchour, reste là-bas trois ans. Le roi David finit par se consoler de la mort d’Amnon, et sa colère contre Absalom se calme.
2 Samyèl 13:1-39 New International Version (NIV)
In the course of time, Amnon son of David fell in love with Tamar, the beautiful sister of Absalom son of David. Amnon became so obsessed with his sister Tamar that he made himself ill. She was a virgin, and it seemed impossible for him to do anything to her. Now Amnon had an adviser named Jonadab son of Shimeah, David’s brother. Jonadab was a very shrewd man. He asked Amnon, “Why do you, the king’s son, look so haggard morning after morning? Won’t you tell me?” Amnon said to him, “I’m in love with Tamar, my brother Absalom’s sister.” “Go to bed and pretend to be ill,” Jonadab said. “When your father comes to see you, say to him, ‘I would like my sister Tamar to come and give me something to eat. Let her prepare the food in my sight so I may watch her and then eat it from her hand.’ ” So Amnon lay down and pretended to be ill. When the king came to see him, Amnon said to him, “I would like my sister Tamar to come and make some special bread in my sight, so I may eat from her hand.” David sent word to Tamar at the palace: “Go to the house of your brother Amnon and prepare some food for him.” So Tamar went to the house of her brother Amnon, who was lying down. She took some dough, kneaded it, made the bread in his sight and baked it. Then she took the pan and served him the bread, but he refused to eat. “Send everyone out of here,” Amnon said. So everyone left him. Then Amnon said to Tamar, “Bring the food here into my bedroom so I may eat from your hand.” And Tamar took the bread she had prepared and brought it to her brother Amnon in his bedroom. But when she took it to him to eat, he grabbed her and said, “Come to bed with me, my sister.” “No, my brother!” she said to him. “Don’t force me! Such a thing should not be done in Israel! Don’t do this wicked thing. What about me? Where could I get rid of my disgrace? And what about you? You would be like one of the wicked fools in Israel. Please speak to the king; he will not keep me from being married to you.” But he refused to listen to her, and since he was stronger than she, he raped her. Then Amnon hated her with intense hatred. In fact, he hated her more than he had loved her. Amnon said to her, “Get up and get out!” “No!” she said to him. “Sending me away would be a greater wrong than what you have already done to me.” But he refused to listen to her. He called his personal servant and said, “Get this woman out of my sight and bolt the door after her.” So his servant put her out and bolted the door after her. She was wearing an ornate robe, for this was the kind of garment the virgin daughters of the king wore. Tamar put ashes on her head and tore the ornate robe she was wearing. She put her hands on her head and went away, weeping aloud as she went. Her brother Absalom said to her, “Has that Amnon, your brother, been with you? Be quiet for now, my sister; he is your brother. Don’t take this thing to heart.” And Tamar lived in her brother Absalom’s house, a desolate woman. When King David heard all this, he was furious. And Absalom never said a word to Amnon, either good or bad; he hated Amnon because he had disgraced his sister Tamar. Two years later, when Absalom’s sheepshearers were at Baal Hazor near the border of Ephraim, he invited all the king’s sons to come there. Absalom went to the king and said, “Your servant has had shearers come. Will the king and his attendants please join me?” “No, my son,” the king replied. “All of us should not go; we would only be a burden to you.” Although Absalom urged him, he still refused to go but gave him his blessing. Then Absalom said, “If not, please let my brother Amnon come with us.” The king asked him, “Why should he go with you?” But Absalom urged him, so he sent with him Amnon and the rest of the king’s sons. Absalom ordered his men, “Listen! When Amnon is in high spirits from drinking wine and I say to you, ‘Strike Amnon down,’ then kill him. Don’t be afraid. Haven’t I given you this order? Be strong and brave.” So Absalom’s men did to Amnon what Absalom had ordered. Then all the king’s sons got up, mounted their mules and fled. While they were on their way, the report came to David: “Absalom has struck down all the king’s sons; not one of them is left.” The king stood up, tore his clothes and lay down on the ground; and all his attendants stood by with their clothes torn. But Jonadab son of Shimeah, David’s brother, said, “My lord should not think that they killed all the princes; only Amnon is dead. This has been Absalom’s express intention ever since the day Amnon raped his sister Tamar. My lord the king should not be concerned about the report that all the king’s sons are dead. Only Amnon is dead.” Meanwhile, Absalom had fled. Now the man standing watch looked up and saw many people on the road west of him, coming down the side of the hill. The watchman went and told the king, “I see men in the direction of Horonaim, on the side of the hill.” Jonadab said to the king, “See, the king’s sons have come; it has happened just as your servant said.” As he finished speaking, the king’s sons came in, wailing loudly. The king, too, and all his attendants wept very bitterly. Absalom fled and went to Talmai son of Ammihud, the king of Geshur. But King David mourned many days for his son. After Absalom fled and went to Geshur, he stayed there three years. And King David longed to go to Absalom, for he was consoled concerning Amnon’s death.
2 Samyèl 13:1-39 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Absalom, un fils de David, avait une sœur qui était très belle et qui se nommait Tamar. Amnôn, un autre fils du roi David, en tomba passionnément amoureux. Il se rongeait tant à propos de sa demi-sœur qu’il s’en rendait malade, car elle était vierge et il lui semblait impossible de l’approcher. Amnôn avait un ami nommé Yonadab, un fils de Shimea, le frère de David. C’était un homme très astucieux. Il demanda à Amnôn : Fils du roi, pourquoi es-tu si déprimé ? Chaque matin tu parais l’être davantage. Ne veux-tu pas m’en dire la cause ? Amnôn lui répondit : Je suis amoureux de Tamar, la sœur de mon frère Absalom. Yonadab lui dit alors : Mets-toi au lit et fais comme si tu étais malade. Quand ton père viendra te voir, dis-lui : « Permets à ma sœur Tamar de venir me faire à manger, qu’elle prépare le repas sous mes yeux afin que je la voie faire, puis je mangerai de sa main. » Amnôn se mit donc au lit et fit semblant d’être malade. Le roi vint le voir et Amnôn lui dit : Fais venir ma sœur Tamar pour qu’elle me prépare deux galettes sous mes yeux, et je les mangerai de sa main. David envoya dire à Tamar dans son appartement : Va chez ton frère Amnôn et prépare-lui son repas. Tamar se rendit donc chez son frère Amnôn et le trouva couché. Elle prépara de la pâte et la pétrit, puis confectionna des galettes devant lui et les fit cuire. Ensuite elle prit la poêle et lui en servit le contenu devant lui, mais il refusa d’en manger et dit : Faites sortir tout le monde d’ici. Tous se retirèrent. Alors il demanda à Tamar : Apporte-moi ces galettes dans ma chambre pour que je les mange de ta main. Tamar prit les galettes qu’elle avait faites et les apporta à son frère Amnôn dans sa chambre. Au moment où elle les lui présentait, il l’empoigna et lui dit : Viens, couche avec moi, ma sœur ! Mais elle s’écria : Non, mon frère, ne me fais pas violence ! Cela ne se fait pas en Israël. Ne commets pas une telle infamie ! Après cela, où irais-je porter ma honte ? Et toi, tu serais considéré comme un individu méprisable dans notre peuple. Pourquoi ne parles-tu pas au roi ? Il ne refusera pas de me donner à toi. Mais il ne voulut rien entendre, et comme il était plus fort qu’elle, il lui fit violence et coucha avec elle. Après cela, il conçut pour elle une forte aversion, plus violente que la passion qu’il avait éprouvée pour elle. Tout à coup, il lui ordonna : Lève-toi, va-t’en ! – Non, lui dit-elle, en me chassant, tu commettrais un crime encore pire que le mal que tu m’as déjà fait. Mais il ne voulut pas l’écouter. Il appela le domestique qui était à son service et lui ordonna : Débarrassez-moi de cette fille ! Jetez-la dehors et verrouillez la porte derrière elle ! Elle portait jusque-là une longue robe multicolore, car c’était autrefois la tenue des princesses aussi longtemps qu’elles étaient vierges. Le domestique la mit dehors et verrouilla la porte derrière elle. Alors Tamar répandit de la cendre sur sa tête, elle déchira sa longue robe, se prit à deux mains la tête, puis elle partit en poussant des cris. Son frère Absalom lui demanda : Ton frère Amnôn t’a-t-il fait violence ? Maintenant, ma sœur, n’en parle pas, c’est ton frère, et ne prends pas la chose trop à cœur ! Dès lors Tamar alla demeurer dans la maison d’Absalom, comme une femme abandonnée. Le roi David apprit tout ce qui s’était passé et il en fut très irrité. Quant à Absalom, il n’adressait plus la parole à Amnôn, ni en bien, ni en mal, car il l’avait pris en haine à cause du viol de sa sœur Tamar. Deux ans plus tard, Absalom avait les tondeurs à Baal-Hatsor, près d’Ephraïm. Il invita tous les fils du roi. Il se rendit chez le roi et lui dit : Tu sais que ton serviteur fait tondre ses moutons ; que le roi et ses hauts fonctionnaires veuillent bien venir chez ton serviteur ! Mais le roi lui répondit : Non, mon fils, nous n’allons pas tous venir, ce serait une trop lourde charge pour toi ! Absalom insista, mais le roi refusa l’invitation et lui donna simplement sa bénédiction. Absalom reprit : Si tu ne veux pas venir, permets au moins à mon frère Amnôn de nous accompagner. Le roi lui dit : Pourquoi t’accompagnerait-il ? Mais Absalom insista tellement que David laissa partir avec lui Amnôn et tous les autres fils du roi. Absalom donna des ordres à ses serviteurs en disant : Quand vous verrez qu’Amnôn sera égayé par le vin, et que je vous dirai : « Frappez Amnôn ! » vous le tuerez. Ne craignez rien, car c’est moi qui en prends la responsabilité. Ayez du courage et soyez forts ! Les serviteurs d’Absalom exécutèrent les ordres de leur maître et tuèrent Amnôn. Aussitôt, tous les autres fils du roi se levèrent de table, enfourchèrent chacun son mulet et prirent la fuite. Ils étaient encore en route quand la nouvelle parvint à David qu’Absalom avait tué tous les fils du roi sans qu’aucun d’eux en réchappe. Le roi se leva, déchira ses vêtements en signe de deuil et s’étendit à même le sol. Tous ses ministres se tenaient autour de lui avec leurs habits déchirés. A ce moment-là, Yonadab, fils de Shimea, le frère de David, prit la parole et déclara : Que mon seigneur ne pense pas que tous les fils du roi ont été tués ; Amnôn seul est mort. Depuis le jour où il a violé sa sœur Tamar, Absalom parlait de le tuer. Que le roi mon seigneur ne s’imagine donc pas que tous les princes ont péri ! Non, Amnôn seul est mort. Absalom, quant à lui, avait pris la fuite. Lorsque le guetteur regarda au loin, il aperçut soudain une troupe nombreuse arrivant par la route occidentale, au flanc de la colline. Alors Yonadab dit au roi : Ce sont les fils du roi qui viennent. Tout s’est passé comme ton serviteur l’a dit. A peine achevait-il de parler, que les fils du roi entrèrent et se mirent à parler fort et à pleurer. Alors le roi et toute sa cour se répandirent aussi en pleurs et en lamentations. Entre-temps, Absalom avait fui jusque chez Talmaï, fils d’Ammihoud, roi de Gueshour. Pendant tout ce temps, David porta le deuil de son fils. Absalom resta pendant trois ans réfugié à Gueshour. Le roi David finit par renoncer à poursuivre Absalom, car il se consolait peu à peu de la mort d’Amnôn.