2 Pyè 1:1-9

2 Pyè 1:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Senyè nou an, nou genyen. Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo. Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun. Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans. Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun. Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye. Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo.

2 Pyè 1:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Simon-Pierre, serviteur et apôtre de Jésus-Christ, j’écris à ceux qui ont reçu une foi aussi précieuse que la nôtre, par la générosité de Jésus-Christ, notre Dieu et notre Sauveur. Vous connaissez Dieu et Jésus notre Seigneur. Alors, qu’ils vous bénissent et vous donnent la paix en abondance ! Dans sa puissance, Dieu nous a donné tout ce qu’il faut pour vivre en lui restant fidèles. En effet, il nous a fait connaître celui qui nous a appelés à participer à sa gloire et à sa bonté. Par cette gloire et cette puissance, Dieu nous a donné des promesses très grandes et précieuses. Alors, en recevant ce qu’il a promis, vous pourrez sortir de ce monde pourri par des désirs mauvais et vous pourrez être unis avec Dieu lui-même. C’est pourquoi, faites tous les efforts que vous pouvez pour croire, et en même temps pour mener une vie honnête. Menez une vie honnête, et en même temps apprenez à connaître ce que Dieu veut. Connaissez ce que Dieu veut, et en même temps soyez maîtres de vous-mêmes. Soyez maîtres de vous-mêmes, et en même temps soyez patients. Soyez patients, et en même temps fidèles à Dieu. Soyez fidèles à Dieu, et en même temps ayez de l’amitié pour vos frères et sœurs chrétiens. Ayez de l’amitié pour eux et aussi de l’amour. Voilà les qualités que vous devez posséder. Et si vous les possédez en abondance, vous serez actifs et vous serez capables de mieux connaître notre Seigneur Jésus-Christ. Mais si quelqu’un ne possède pas ces qualités, il ne voit pas clair et il ressemble à un aveugle. Il oublie qu’il a été lavé de ses péchés d’autrefois.

2 Pyè 1:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou. M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo. Poutèt nou konnen Bondye ak Jezi, Senyè nou an, se pou yo ban nou gras ak lapè an abondans. Nan pouvwa Bondye genyen, Jezi ban nou tout sa nou bezwen pou n ka viv epi sèvi l ak fidelite. Li te fè nou konnen moun ki te rele nou an, pou fè n patisipe nan glwa ak nan bonte li. Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm. Poutèt nou genyen benediksyon sa yo, an n fè tout sa n kapab pou n mete bagay sa yo nan lavi nou: mete bon konduit sou lafwa nou; mete konesans sou bon konduit nou; mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou; mete jantiyès pou frè ak sè an Kris yo sou devouman nou pou Bondye; epi mete lanmou sou jantiyès nou pou frè ak sè an Kris yo. Lè n gen bagay sa yo nan lavi nou, lè y ap ogmante detanzantan, nou p ap janm tonbe nan pwen pou n ta vin pa itil Bondye ankò. N ap pote fwi ki soti nan konesans Jezikris, Senyè nou an. Men, moun ki pa grandi nan domèn sa yo, yo avèg. Yo pa wè klè sa yo genyen. Yo bliye Bondye te netwaye peche yo te genyen yo.