2 Wa 13:14-21

2 Wa 13:14-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l. Wa a kriye, li lage kò l sou figi Elize, li di konsa: — Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre! Elize di li: — Pran yon banza ak kèk flèch. Wa a pran yon banza ak kèk flèch. Lè sa a, Elize di l konsa: — Pare ou pou ou tire yon flèch. Wa a pare. Elize mete men pa l sou men wa a. Li di l: — Louvri fennèt ki bay sou solèy leve a. Wa a louvri fennèt la. Elize di li: — Kounyeya tire! Wa a tire flèch la, lè sa a Elize pale byen fò li di: — Men flèch Senyè a voye pou bay delivrans lan, flèch ki pral kraze peyi Siri a! Ou pral bat moun Siri yo lavil Afèk jouk ou a fini ak yo. Apre sa, Elize di wa a: — Pran lòt flèch yo! Wa a pran lòt flèch yo. Elize di li: — Frape yo atè. Wa a frape yo atè twa fwa epi li rete. Lè sa a, pwofèt la fache sou li, li di l konsa: — Se pou ou te frape atè a senk fwa osinon sis fwa. Konsa, ou ta bat moun peyi Siri yo jouk ou ta fini nèt nèt ak yo. Kounyeya, ou pral bat yo twa fwa ase. Elize mouri, yo antere l. Chak lanne moun Mowab yo te konn fè bann pou vin fè piyay nan peyi Izrayèl la. Yon lè moun peyi Izrayèl yo ta pral antere yon moun mouri, yo wè yonn nan bann moun Mowab yo, yo prese lage kadav la nan tonm Elize a epi yo met deyò. Kadav la al tonbe sou zosman Elize yo. Lamenm, mò a leve vivan, li kanpe sou de pye l.

2 Wa 13:14-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Elisée était atteint de la maladie dont il mourut, quand Joas, le roi d’Israël, lui rendit visite. Il se pencha sur son visage et pleura en répétant : Mon père ! Mon père ! Mon père ! Toi qui es comme les chars d’Israël et ses équipages  ! Elisée lui dit : Prends un arc et des flèches ! Joas se les fit apporter. Puis Elisée lui ordonna : Tends l’arc ! Quand il l’eut tendu, Elisée posa ses mains sur celles du roi et dit : Ouvre la fenêtre du côté de l’est ! Joas l’ouvrit. Puis Elisée commanda : Tire ! Il tira. Elisée s’écria : C’est la flèche de la victoire de l’Eternel, la flèche de la victoire contre les Syriens. Oui, tu battras les Syriens à Apheq jusqu’à leur extermination. Elisée ajouta : Prends maintenant d’autres flèches ! Il les prit. – Frappe contre le sol ! Le roi d’Israël frappa trois coups et s’arrêta. L’homme de Dieu se mit en colère contre lui et lui déclara : Il fallait frapper cinq ou six coups, alors tu aurais vaincu les Syriens jusqu’à leur extermination, tandis qu’à présent tu ne les battras que trois fois. Elisée mourut et fut enterré. L’année suivante, des bandes de pillards moabites firent une incursion dans le pays. On était en train d’enterrer un mort quand, tout à coup, on vit venir une de ces bandes. Alors on jeta le corps en hâte dans la tombe d’Elisée. Au contact des ossements du prophète, le mort reprit vie et se dressa sur ses pieds.