2 Korent 12:11-21

2 Korent 12:11-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen. Avèk anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye. Mwen pat sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fòt sa a. Men, apa sa, kisa yo fè pou lòt legliz yo yo pa fè pou nou? Mwen pare koulyeya pou mwen vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a tou, mwen p'ap soukont nou. Paske se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Epitou konprann sa byen: Se pa pitit ki fè byen kite pou paran, se paran ki fè byen kite pou pitit. Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m genyen, se va tout plezi m pou m bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m mwens paske mwen renmen nou anpil konsa? Se pou nou admèt mwen pat janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti. Nan moun mwen te voye lakay nou, eske gen ladan yo ki te souse nou? Mwen te mande Tit pou l'al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezon pou n aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an? Nou dwe mete nan tèt nou kounyeya se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? Enben non! M'ap pale jan Kris la vle l la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa. Mwen pè pou lè m rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l la. Mwen pè pou m pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou. Mwen pè pou lè m rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m ankò devan nou, pou m pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.

2 Korent 12:11-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Vous voyez, je deviens fou ! Vous m’avez forcé à cela. C’est vous qui deviez vanter mes qualités. En effet, je n’ai rien de moins que vos espèces de grands apôtres, et pourtant je ne suis rien ! Vous avez vu chez vous ma patience très grande, des signes étonnants, des faits extraordinaires, des actions puissantes. Cela montre que je suis un apôtre. Qu’est-ce que vous avez eu de moins que les autres Églises ? Une chose : je ne vous ai rien coûté. Vous trouvez que ce n’est pas juste ? Alors pardonnez-moi ! Je suis prêt à venir chez vous pour la troisième fois et je ne vous coûterai rien. Ce n’est pas votre argent que je veux, c’est vous ! D’habitude, les petits enfants ne gagnent pas d’argent pour leurs parents, mais ce sont les parents qui doivent gagner de l’argent pour leurs enfants. Moi, je donnerai facilement de l’argent pour vous, et même je donnerai ma vie tout entière. Est-ce que vous m’aimerez moins parce que je vous aime plus ? D’accord, je n’ai pas été un poids pour vous. Mais d’après certains, je ne suis pas franc et je vous ai pris au piège par des mensonges ! Regardez tous ceux que je vous ai envoyés : est-ce que j’ai utilisé un seul d’entre eux pour profiter de vous ? J’ai insisté pour que Tite aille vous voir, et j’ai envoyé un frère avec lui . Est-ce que Tite a profité de vous ? Est-ce que lui et moi, nous n’avons pas marché dans la même direction, en suivant le même chemin ? Depuis un bon moment, vous pensez peut-être que nous cherchons à nous défendre devant vous. Non ! Nous parlons devant Dieu, comme le Christ le veut. Et tout cela, amis très chers, nous le faisons pour construire votre communauté. J’ai bien peur de ceci : quand j’arriverai chez vous, vous serez peut-être différents de ce que j’attends. Et moi, je serai peut-être différent de ce que vous attendez. J’ai peur de trouver chez vous des disputes, de la jalousie, de la colère, des querelles de personnes, des jugements mauvais sur les autres, des bavardages méchants, de l’orgueil, du désordre. J’ai encore peur d’une chose : à ma prochaine visite, Dieu va peut-être me couvrir de honte devant vous. Je devrai peut-être pleurer sur beaucoup d’entre vous qui continuent à commettre des péchés comme autrefois. En effet, maintenant, ils ne se sont pas encore tournés vers Dieu. Ils mènent une vie immorale et mauvaise, ils se conduisent n’importe comment.

2 Korent 12:11-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non. Avèk anpil pasyans, lè m te avèk nou, mwen te fè tout sa ki pwouve mwen se yon apot. Te gen tout kalite mirak, siy ak pwodij yon apot. Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa! Tande non, mwen pare pou m vini lakay nou pou yon twazyèm fwa; menm lè sa a tou, mwen toujou pa vle yon fado pou nou. Lajan nou pa enterese m, se nou menm ki enterese m. Epi tou se pa pitit ki dwe ap sere kòb pou bay paran yo, se paran yo ki dwe ap sere kòb pou bay pitit yo. Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens? Li klè mwen pa t mete yon fado sou nou. Men gen kèk nan nou ki panse mwen pa t fran, mwen pran nou nan pyèj. Èske mwen eksplwate nou pa mwayen mesye mwen voye lakay nou yo? Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou? Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi. Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd. Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.

2 Korent 12:11-21 New International Version (NIV)

I have made a fool of myself, but you drove me to it. I ought to have been commended by you, for I am not in the least inferior to the “super-apostles,” even though I am nothing. I persevered in demonstrating among you the marks of a true apostle, including signs, wonders and miracles. How were you inferior to the other churches, except that I was never a burden to you? Forgive me this wrong! Now I am ready to visit you for the third time, and I will not be a burden to you, because what I want is not your possessions but you. After all, children should not have to save up for their parents, but parents for their children. So I will very gladly spend for you everything I have and expend myself as well. If I love you more, will you love me less? Be that as it may, I have not been a burden to you. Yet, crafty fellow that I am, I caught you by trickery! Did I exploit you through any of the men I sent to you? I urged Titus to go to you and I sent our brother with him. Titus did not exploit you, did he? Did we not walk in the same footsteps by the same Spirit? Have you been thinking all along that we have been defending ourselves to you? We have been speaking in the sight of God as those in Christ; and everything we do, dear friends, is for your strengthening. For I am afraid that when I come I may not find you as I want you to be, and you may not find me as you want me to be. I fear that there may be discord, jealousy, fits of rage, selfish ambition, slander, gossip, arrogance and disorder. I am afraid that when I come again my God will humble me before you, and I will be grieved over many who have sinned earlier and have not repented of the impurity, sexual sin and debauchery in which they have indulged.

2 Korent 12:11-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Voilà que je parle en insensé, mais vous m’y avez forcé. C’est vous qui auriez dû me recommander, car bien que je ne sois rien, je ne suis en rien inférieur à ces « super-apôtres ». Les marques qui caractérisent un apôtre ont été produites parmi vous : une persévérance sans faille, des signes miraculeux, des prodiges, des actes extraordinaires. En quoi avez-vous été défavorisés par rapport aux autres Eglises ? Tout au plus par le fait que je ne vous ai pas été à charge. Pardonnez-moi cette injustice ! Me voici prêt à me rendre chez vous pour la troisième fois. Et à nouveau, je ne vous serai pas à charge, car ce ne sont pas vos biens que je recherche, c’est vous-mêmes. En effet, ce n’est pas aux enfants d’épargner pour leurs parents : ce sont les parents qui doivent le faire pour leurs enfants. Pour moi, c’est très volontiers que je ferai des dépenses, et que je me dépenserai moi-même tout entier pour vous. Si je vous aime davantage, devrais-je être moins aimé de vous ? Soit, diront certains, je ne vous ai pas été à charge, mais en malin que je suis, je vous ai pris par ruse. Vous ai-je exploités par l’intermédiaire de l’un ou l’autre de mes envoyés ? J’ai demandé à Tite d’aller chez vous et j’ai envoyé avec lui le frère dont j’ai parlé. Tite vous a-t-il exploités ? N’avons-nous pas marché tous deux dans le même esprit ? N’avons-nous pas suivi les mêmes traces ? Vous croyez depuis longtemps que nous cherchons à nous justifier à vos yeux. Non, c’est devant Dieu que nous parlons, en accord avec Christ ; et tout cela, mes chers amis, ne vise qu’à une seule chose : votre croissance dans la foi. Car, je l’avoue, j’ai peur qu’à mon arrivée, je ne vous trouve pas tels que je voudrais, et que vous, de votre côté, vous me trouviez tout autre que vous le souhaitez. Je crains de découvrir de la discorde, des jalousies, de la colère, des rivalités, des médisances, des commérages, de l’orgueil et des désordres. Oui, j’ai peur qu’à mon arrivée, Dieu me réserve encore des expériences humiliantes parmi vous, je crains d’avoir à pleurer sur plusieurs qui ont péché auparavant et ne se sont pas détournés de leurs pratiques dégradantes, de la débauche et de l’inconduite dans lesquelles ils ont vécu.