1 Timote 4:1-6
1 Timote 4:1-6 1998 Haïtienne (HAT98)
Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki sòti nan move lespri yo. Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho. Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gendwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi. Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi. Se pawòl Bondye a ak lapriyè nou fè a k'ap mete yo apa pou Bondye. Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. W'a swen tèt ou ak pawòl ki sòti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a.
1 Timote 4:1-6 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
L’Esprit Saint le dit clairement : dans les derniers temps, certains abandonneront la foi. Ils suivront les idées fausses, et les enseignements qui viennent des esprits mauvais. Des gens faux et menteurs les tromperont par leurs paroles. Ces gens-là ont une conscience marquée par l’erreur comme au fer rouge. Ils interdiront le mariage, ils interdiront aussi de manger certains aliments. Pourtant, c’est Dieu qui a créé ces aliments. Les croyants qui connaissent la vérité peuvent donc les manger en lui disant merci. Oui, tout ce que Dieu a créé est bon. Rien n’est à rejeter, mais il faut tout prendre en remerciant Dieu. En effet, la parole de Dieu et la prière font que ces choses deviennent agréables à Dieu. Enseigne tout cela aux frères et sœurs chrétiens. Alors tu seras un bon serviteur du Christ Jésus, tu montreras que tu es nourri des paroles de la foi et de l’enseignement juste. Cet enseignement, tu l’as suivi fidèlement.
1 Timote 4:1-6 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Sentespri a fè eksprè, lè l di: nan dènye tan yo, gen moun k ap abandone lafwa. Y ap koute pito move lespri k ap twonpe yo ansanm ak anpil doktrin ki soti nan demon yo. Moun k ap anseye move bagay sa yo, yo se ipokrit, yo bay manti. Konsyans yo fin seche nèt. Y ap preskri pou moun pa marye, pou yo pa manje kèk nan manje Bondye fè pou kwayan yo manje avèk remèsiman ansanm avèk moun yo ki konnen verite a. Paske tout sa Bondye kreye yo bon. Pa gen anyen pou n refize manje. Sèlman, nou dwe remèsye Bondye pou yo. Tout bagay vin pwòp devan Bondye nan lapriyè ak deklarasyon Bondye fè. Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.
1 Timote 4:1-6 New International Version (NIV)
The Spirit clearly says that in later times some will abandon the faith and follow deceiving spirits and things taught by demons. Such teachings come through hypocritical liars, whose consciences have been seared as with a hot iron. They forbid people to marry and order them to abstain from certain foods, which God created to be received with thanksgiving by those who believe and who know the truth. For everything God created is good, and nothing is to be rejected if it is received with thanksgiving, because it is consecrated by the word of God and prayer. If you point these things out to the brothers and sisters, you will be a good minister of Christ Jesus, nourished on the truths of the faith and of the good teaching that you have followed.
1 Timote 4:1-6 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Cependant, l’Esprit déclare clairement que, dans les derniers temps, plusieurs se détourneront de la foi parce qu’ils s’attacheront à des esprits trompeurs et à des enseignements inspirés par des démons. Ils seront séduits par l’hypocrisie de prédicateurs de mensonge dont la conscience est comme marquée au fer rouge. Ces gens-là interdiront le mariage, et exigeront que l’on s’abstienne de certains aliments, alors que Dieu a créé toutes choses pour que les croyants, ceux qui connaissent la vérité, en jouissent avec reconnaissance. En effet, tout ce que Dieu a créé est bon, rien n’est à rejeter, pourvu que l’on remercie Dieu en le prenant. Car tout ce qu’il a créé est saint lorsqu’on l’utilise conformément à sa Parole et avec prière. Expose cela aux frères et sœurs, et tu seras un bon serviteur de Jésus-Christ, te nourrissant des paroles de la foi et du bon enseignement que tu as fidèlement suivi.