1 Timote 3:1-13
1 Timote 3:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Sa se yon pawòl kach: Si yon moun dèyè dirije legliz, li dèyè yon bèl travay. Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l san repwòch. Se pou l gen yon sèl madanm. Se pou l yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li anplas, ki gen lòd. Se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l konn ki jan pou l moutre moun verite a. Li pa dwe fèb pou alkòl, ni renmen vyolans. Okontrè, se pou li renmen kalme, renmen mete lapè. Li pa fèt pou li wè nan lajan. Se pou l konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l ak respè. Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l, kouman li ka dirije legliz Bondye a? Fòk li pa yon nonm ki fenk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l nan tèt, la tonbe anba men m kondannasyon ak Satan. Fòk menm moun deyò pale byen pou li dekwa pou yo pa pase li nan betiz epi pou li pa tonbe anba pèlen satan. Konsa tou, pou dyak yo, fòk se moun ki respektab, ki gen yon sèl pawòl, ki pa bwè depase mezi, ki p'ap kouri dèyè move lajan. Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp. Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak. Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay. Yon dyak fèt pou l gen yon sèl madanm, se pou l konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen. Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.
1 Timote 3:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Voici une parole sûre : si quelqu’un veut être un des principaux responsables de l’Église, il désire une belle fonction. Alors il faut que ce responsable soit sans défaut. Il doit s’être marié une seule fois, être sobre, raisonnable et correct. Il doit bien recevoir les gens qui viennent chez lui. Il faut qu’il soit capable d’enseigner. Il ne doit pas être buveur ni violent, mais doux et calme. Qu’il n’aime pas l’argent ! Il doit bien diriger sa famille et avoir des enfants qui obéissent avec respect. Si quelqu’un ne sait pas diriger sa famille, comment peut-il s’occuper de l’Église de Dieu ? Le responsable ne doit pas être un nouveau chrétien, sinon l’orgueil peut le rendre aveugle. Et il risque d’être condamné comme l’esprit du mal. Il faut aussi que les non-chrétiens pensent du bien de ce responsable. Alors personne ne dira de mal de lui, et il ne tombera pas dans les pièges de l’esprit du mal. Il faut aussi que les diacres soient des hommes respectables et sincères. Ils ne doivent pas boire trop de vin, ni chercher à gagner de l’argent de façon malhonnête. Il faut qu’ils gardent la vérité de la foi avec une conscience pure. On doit d’abord les examiner. Ensuite, si on n’a rien à leur reprocher, ils pourront servir comme diacres. Les femmes qui sont diacres doivent aussi être respectables. Elles ne doivent pas dire du mal des autres, elles doivent être sobres et dignes de confiance en toutes choses. Les diacres doivent s’être mariés une seule fois. Il faut qu’ils dirigent bien leurs enfants et leur famille. Oui, ceux qui font bien leur travail de diacre seront honorés. Ils auront beaucoup d’assurance, parce qu’ils croient au Christ Jésus.
1 Timote 3:1-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè. Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li. Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen. Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan. Se pou l yon moun ki dirije kay li byen, epi se pou timoun li yo gen volonte pou obeyi, nan diyite. Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a? Li pa dwe you moun ki fenk konvèti, pou lògèy pa monte l nan tèt. Sa ta fè l tonbe anba menm kondanasyon ki rezève pou Satan. Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li. Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan. Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp. Se pou nou mete yo nan travay pou egzamine yo anvan. Apre sa, si nou pa gen anyen pou n repwoche yo, lè sa a, yo va sèvi kòm dyak. Se menm bagay pou medam yo tou. Yo dwe moun ki fè respè yo. Yo pa dwe nan pale moun mal. Yo dwe moun ki kontwole tèt yo byen, moun yo fè konfyans nan tout bagay. Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo. Moun ki fè travay yo byen, moun va onore yo. Y ap rete byen fèm nan lafwa yo nan Jezikris.
1 Timote 3:1-13 New International Version (NIV)
Here is a trustworthy saying: Whoever aspires to be an overseer desires a noble task. Now the overseer is to be above reproach, faithful to his wife, temperate, self-controlled, respectable, hospitable, able to teach, not given to drunkenness, not violent but gentle, not quarrelsome, not a lover of money. He must manage his own family well and see that his children obey him, and he must do so in a manner worthy of full respect. (If anyone does not know how to manage his own family, how can he take care of God’s church?) He must not be a recent convert, or he may become conceited and fall under the same judgment as the devil. He must also have a good reputation with outsiders, so that he will not fall into disgrace and into the devil’s trap. In the same way, deacons are to be worthy of respect, sincere, not indulging in much wine, and not pursuing dishonest gain. They must keep hold of the deep truths of the faith with a clear conscience. They must first be tested; and then if there is nothing against them, let them serve as deacons. In the same way, the women are to be worthy of respect, not malicious talkers but temperate and trustworthy in everything. A deacon must be faithful to his wife and must manage his children and his household well. Those who have served well gain an excellent standing and great assurance in their faith in Christ Jesus.
1 Timote 3:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
« Celui qui aspire à être un dirigeant dans l’Eglise désire une belle tâche. » Cette parole est certaine. Il faut toutefois que le dirigeant soit un homme irréprochable : mari fidèle à sa femme, faisant preuve de modération, réfléchi et vivant de façon convenable. Qu’il soit hospitalier et capable d’enseigner. Il ne doit pas être buveur ni querelleur, mais au contraire aimable, pacifique et désintéressé. Qu’il dirige bien sa famille et maintienne ses enfants dans l’obéissance, en toute dignité. Car, comment un homme qui ne dirige pas bien sa famille, serait-il qualifié pour prendre soin de l’Eglise de Dieu ? Que ce ne soit pas un converti de fraîche date, de peur qu’il se laisse aveugler par l’orgueil et tombe sous la même condamnation que le diable. Enfin, il doit aussi jouir d’une bonne réputation parmi ceux qui ne font pas partie de la famille de Dieu afin de ne pas s’exposer au mépris public et de ne pas tomber dans les pièges du diable. Il en va de même des diacres. Ils doivent inspirer le respect : qu’ils soient des hommes de parole, sans penchant pour la boisson ni pour le gain malhonnête. Ils doivent garder avec une bonne conscience la vérité révélée de la foi. Il faut qu’eux aussi soient d’abord soumis à examen. Ensuite, si on n’a rien à leur reprocher, ils accompliront leur service. Il en va de même pour les diaconesses : elles doivent inspirer le respect : qu’elles ne soient pas médisantes ; qu’elles fassent preuve de modération et soient dignes de confiance dans tous les domaines. Que les diacres soient des maris fidèles ; qu’ils assument bien leurs responsabilités à l’égard de leurs enfants et de leur famille. Car ceux qui remplissent bien leur ministère acquièrent une situation respectée et une grande assurance dans la foi en Jésus-Christ.