1 Tesalonisyen 5:4-28

1 Tesalonisyen 5:4-28 1998 Haïtienne (HAT98)

Men nou menm, frè m yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann. Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa! Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas. Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou. Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l tankou yon kas an fè nan tèt nou. Paske, Bondye pat chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n te ka delivre, gremesi Jezikri, Senyè nou an. Jezi te mouri pou n te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè l'a vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li. Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l la. Frè m yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Senyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. M'ap mande nou tou, frè m yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun. Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri. Pa antrave travay Sentespri a. Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. Egzante tou sa ki mal. Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li. Frè m yo, lapriyè pou mwen tou. Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l la. Tanpri souple, nan non Senyè a, li lèt sa a bay tout frè yo. Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou.

1 Tesalonisyen 5:4-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Mais vous, frères et sœurs, vous n’êtes pas dans la nuit, et ce jour-là ne peut pas vous surprendre comme un voleur. En effet, tous, vous appartenez à la lumière, vous appartenez au jour. Nous ne vivons pas dans la nuit, nous ne vivons pas dans l’obscurité. Ne dormons pas comme les autres, mais restons éveillés et soyons sobres. Ceux qui dorment dorment la nuit. Ceux qui boivent trop boivent la nuit. Mais nous, nous appartenons au jour : alors, soyons sobres ! Prenons la foi et l’amour comme vêtements de combat. Mettons comme casque l’espérance d’être sauvés. Dieu ne nous a pas appelés pour nous juger, mais pour que nous obtenions le salut, par notre Seigneur Jésus-Christ. Jésus est mort pour nous afin que, vivants ou morts, nous vivions unis à lui. Alors, encouragez-vous les uns les autres et construisez la communauté comme vous le faites déjà. Frères et sœurs, nous vous demandons ceci : respectez ceux qui travaillent parmi vous comme responsables. Le Seigneur vous les a donnés pour vous conseiller. Montrez-leur beaucoup de respect et d’amour à cause de ce qu’ils font. Soyez en paix entre vous. Frères et sœurs, nous vous demandons encore ceci : faites des reproches aux paresseux. Donnez du courage à ceux qui n’en ont pas beaucoup, soutenez les faibles, soyez patients envers tous. Attention, personne ne doit rendre le mal pour le mal ! Mais cherchez toujours à faire le bien, entre vous et avec tous. Soyez toujours joyeux, priez sans cesse, remerciez Dieu en toute occasion. C’est ce qu’il attend de vous qui êtes unis au Christ Jésus. N’empêchez pas l’Esprit Saint d’agir, ne méprisez pas les paroles des prophètes. Examinez tout avec soin et retenez ce qui est bon. Évitez le mal sous toutes ses formes. Que le Dieu de la paix lui-même vous fasse vivre totalement pour lui. Qu’il garde toute votre personne, votre esprit, votre âme et votre corps. Alors on ne pourra rien vous reprocher quand notre Seigneur Jésus-Christ viendra. Celui qui vous a appelés est fidèle : il agira pour cela. Frères et sœurs, priez pour nous. Saluez tous les chrétiens en les embrassant comme des frères et des sœurs. Je vous le demande au nom du Seigneur : lisez cette lettre à tous les chrétiens. Que l’amour de notre Seigneur Jésus-Christ soit avec vous !

1 Tesalonisyen 5:4-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè. Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit. Konsa, nou pa dwe dòmi menm jan ak lòt yo. Okontrè se pou nou rete vijilan, ak je nou byen klè epi tèt nou byen frèt. Moun k ap dòmi fè l pandan lannwit. Moun k ap bwè tafya pou yo sou fè l pandan lannwit. Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo. Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris. Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen. Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa. Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou. Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun. Toujou fè kè ou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris. Pa antrave travay Sentespri a. Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. Kouri lwen tout sa ki mal. Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl. Frè m ak sè m yo, toujou sonje priye pou nou tou. Salye tout frè ak sè ki laba yo pou nou ak yon bèl akolad tankou moun pa Bondye yo. N ap mande w pou fè pwomès devan Senyè a pou li lèt sa a devan tout frè ak sè yo. Se pou gras Jezikris Senyè nou an rete ansanm avèk ou.

1 Tesalonisyen 5:4-28 New International Version (NIV)

But you, brothers and sisters, are not in darkness so that this day should surprise you like a thief. You are all children of the light and children of the day. We do not belong to the night or to the darkness. So then, let us not be like others, who are asleep, but let us be awake and sober. For those who sleep, sleep at night, and those who get drunk, get drunk at night. But since we belong to the day, let us be sober, putting on faith and love as a breastplate, and the hope of salvation as a helmet. For God did not appoint us to suffer wrath but to receive salvation through our Lord Jesus Christ. He died for us so that, whether we are awake or asleep, we may live together with him. Therefore encourage one another and build each other up, just as in fact you are doing. Now we ask you, brothers and sisters, to acknowledge those who work hard among you, who care for you in the Lord and who admonish you. Hold them in the highest regard in love because of their work. Live in peace with each other. And we urge you, brothers and sisters, warn those who are idle and disruptive, encourage the disheartened, help the weak, be patient with everyone. Make sure that nobody pays back wrong for wrong, but always strive to do what is good for each other and for everyone else. Rejoice always, pray continually, give thanks in all circumstances; for this is God’s will for you in Christ Jesus. Do not quench the Spirit. Do not treat prophecies with contempt but test them all; hold on to what is good, reject every kind of evil. May God himself, the God of peace, sanctify you through and through. May your whole spirit, soul and body be kept blameless at the coming of our Lord Jesus Christ. The one who calls you is faithful, and he will do it. Brothers and sisters, pray for us. Greet all God’s people with a holy kiss. I charge you before the Lord to have this letter read to all the brothers and sisters. The grace of our Lord Jesus Christ be with you.

1 Tesalonisyen 5:4-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Mais vous, frères et sœurs, vous n’êtes pas dans les ténèbres pour que le jour du Seigneur vous surprenne comme un voleur. Car vous êtes tous enfants de la lumière, enfants du jour. Nous n’appartenons ni à la nuit ni aux ténèbres. Ne dormons donc pas comme le reste des hommes, mais restons vigilants et faisons preuve de modération. Ceux qui dorment, dorment la nuit, et ceux qui s’enivrent, s’enivrent la nuit. Mais nous qui sommes enfants du jour, faisons preuve de modération : revêtons-nous de la cuirasse de la foi et de l’amour, et mettons le casque de l’espérance du salut . Car Dieu ne nous a pas destinés à connaître sa colère, mais à posséder le salut par notre Seigneur Jésus-Christ : il est mort pour nous afin que, vivants ou morts, nous entrions ensemble, avec lui, dans la vie. C’est pourquoi encouragez-vous les uns les autres et aidez-vous mutuellement à grandir dans la foi, comme vous le faites déjà. Nous vous demandons, frères et sœurs, d’apprécier ceux qui travaillent parmi vous, qui vous dirigent au nom du Seigneur et qui vous avertissent. Témoignez-leur une grande estime et de l’affection à cause de leur travail. Vivez en paix entre vous. Nous vous le recommandons, frères et sœurs : avertissez ceux qui mènent une vie déréglée, réconfortez ceux qui sont découragés, soutenez les faibles, soyez patients envers tous. Veillez à ce que personne ne rende le mal pour le mal mais, en toute occasion, recherchez le bien, dans vos rapports mutuels comme envers tous les hommes. Soyez toujours dans la joie. Priez sans cesse. Remerciez Dieu en toute circonstance : telle est pour vous la volonté que Dieu a exprimée en Jésus-Christ. N’éteignez pas l’action de l’Esprit : ne méprisez pas les prophéties ; au contraire, examinez toutes choses, retenez ce qui est bon, et gardez-vous de ce qui est mauvais, sous quelque forme que ce soit. Que le Dieu de paix vous rende lui-même entièrement saints et qu’il vous garde parfaitement esprit, âme et corps pour que vous soyez irréprochables lors de la venue de notre Seigneur Jésus-Christ. Celui qui vous appelle est fidèle et c’est lui qui accomplira tout cela. Frères et sœurs, priez aussi pour nous. Saluez-vous entre vous par un baiser fraternel. Je vous en conjure par le Seigneur : que cette lettre soit lue à tous les frères et sœurs. Que la grâce de notre Seigneur Jésus-Christ soit avec vous.