1 Tesalonisyen 5:2-8
1 Tesalonisyen 5:2-8 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou menm nou konn sa byen: Jou Senyè a gen pou l vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P'ap gen chape pou yo. Men nou menm, frè m yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann. Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa! Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas. Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou. Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l tankou yon kas an fè nan tèt nou.
1 Tesalonisyen 5:2-8 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Vous le savez très bien vous-mêmes, le jour du Seigneur arrivera comme un voleur dans la nuit. Quand les gens diront : « Quelle paix ! Quelle sécurité ! », alors tout à coup, ce sera la catastrophe. Elle tombera sur eux comme les douleurs sur la femme enceinte, et ils ne pourront pas y échapper. Mais vous, frères et sœurs, vous n’êtes pas dans la nuit, et ce jour-là ne peut pas vous surprendre comme un voleur. En effet, tous, vous appartenez à la lumière, vous appartenez au jour. Nous ne vivons pas dans la nuit, nous ne vivons pas dans l’obscurité. Ne dormons pas comme les autres, mais restons éveillés et soyons sobres. Ceux qui dorment dorment la nuit. Ceux qui boivent trop boivent la nuit. Mais nous, nous appartenons au jour : alors, soyons sobres ! Prenons la foi et l’amour comme vêtements de combat. Mettons comme casque l’espérance d’être sauvés.
1 Tesalonisyen 5:2-8 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit. Lè moun ap di: “Nou gen lapè ak sekirite,” se lè sa a malè pral tonbe sou yo sanzatann, menm jan ak lè tranche pran yon fanm ansent, yo p ap gen okenn mwayen pou yo evite soufrans la. Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè. Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit. Konsa, nou pa dwe dòmi menm jan ak lòt yo. Okontrè se pou nou rete vijilan, ak je nou byen klè epi tèt nou byen frèt. Moun k ap dòmi fè l pandan lannwit. Moun k ap bwè tafya pou yo sou fè l pandan lannwit. Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.
1 Tesalonisyen 5:2-8 New International Version (NIV)
for you know very well that the day of the Lord will come like a thief in the night. While people are saying, “Peace and safety,” destruction will come on them suddenly, as labor pains on a pregnant woman, and they will not escape. But you, brothers and sisters, are not in darkness so that this day should surprise you like a thief. You are all children of the light and children of the day. We do not belong to the night or to the darkness. So then, let us not be like others, who are asleep, but let us be awake and sober. For those who sleep, sleep at night, and those who get drunk, get drunk at night. But since we belong to the day, let us be sober, putting on faith and love as a breastplate, and the hope of salvation as a helmet.
1 Tesalonisyen 5:2-8 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
vous savez fort bien vous-mêmes que le jour du Seigneur viendra de façon aussi inattendue qu’un voleur en pleine nuit. Lorsque les gens diront : « Paix et sécurité ! », alors la ruine fondra subitement sur eux, comme les douleurs saisissent la femme enceinte, et aucun n’échappera. Mais vous, frères et sœurs, vous n’êtes pas dans les ténèbres pour que le jour du Seigneur vous surprenne comme un voleur. Car vous êtes tous enfants de la lumière, enfants du jour. Nous n’appartenons ni à la nuit ni aux ténèbres. Ne dormons donc pas comme le reste des hommes, mais restons vigilants et faisons preuve de modération. Ceux qui dorment, dorment la nuit, et ceux qui s’enivrent, s’enivrent la nuit. Mais nous qui sommes enfants du jour, faisons preuve de modération : revêtons-nous de la cuirasse de la foi et de l’amour, et mettons le casque de l’espérance du salut .