1 Tesalonisyen 3:6-13
1 Tesalonisyen 3:6-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Men kounyeya, Timote fenk rive sot lakay nou, li fè kè m kontan, li ban m bòn nouvèl, li di m jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m jan nou menm tou nou toujou chonje m, jan nou anvi wè m, menm jan mwen menm mwen anvi wè nou. Konsa, frè m yo, nan mitan tout difikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m kouray lè m tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa. Se kounyeya m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la. Mwen pa konn ki jan pou m di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m kontan devan li. Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m chans yon lè vizite nou ankò, pou m ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou, pou yo louvri chemen pou m'ka vin wè nou. Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.
1 Tesalonisyen 3:6-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Maintenant, Timothée vient d’arriver de chez vous. Il nous a apporté de bonnes nouvelles de votre foi et de votre amour. Il nous a dit que vous gardez toujours un bon souvenir de nous et que vous désirez nous revoir, comme nous désirons vous revoir. Alors, frères et sœurs, au milieu de tous nos malheurs et de nos souffrances, votre foi nous a encouragés. Maintenant, nous revivons parce que vous restez forts dans le Seigneur. Comment remercier Dieu pour vous, à cause de la grande joie que vous nous donnez devant lui ? Nuit et jour, voici ce que nous lui demandons avec force : qu’il nous permette de vous revoir et de compléter ce qui manque à votre foi. Que Dieu lui-même, notre Père, et que notre Seigneur Jésus-Christ nous ouvrent la route pour aller jusqu’à vous ! Que le Seigneur fasse grandir de plus en plus l’amour que vous avez les uns pour les autres et pour tous ! Que cet amour ressemble à notre amour pour vous ! Ainsi, le Seigneur remplira vos cœurs de sa force. Et quand notre Seigneur Jésus viendra avec tous ceux qui lui appartiennent, vous serez saints devant Dieu notre Père, et on ne pourra rien vous reprocher.
1 Tesalonisyen 3:6-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men Timote fè k retounen ak bon jan nouvèl sou kalite lafwa ou ak lanmou ou. Li fè nou konnen kijan ou toujou sonje nou tou. Li di nou: se pa nou sèlman ki anvi wè w, ou anvi wè nou tou. Konsa, menm nan mitan tèt chaje nou yo, nouvèl nou te pran sou lafwa ou te ankouraje nou anpil. Wi, kounye a nou santi n ap viv paske ou ap kenbe fèm nan Senyè a. Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa. Lajounen kon lannwit nou priye ak tout kè nou, pou mande Bondye pou nou ka ale an pèsòn pou vin bay anplis kèlkeswa sa k nesesè pou fè lafwa ou vin pi fèm toujou. Se pou Bondye Papa nou ak Senyè nou Jezikris ranje tout bagay pou nou ka vin wè ou. Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt. Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.
1 Tesalonisyen 3:6-13 New International Version (NIV)
But Timothy has just now come to us from you and has brought good news about your faith and love. He has told us that you always have pleasant memories of us and that you long to see us, just as we also long to see you. Therefore, brothers and sisters, in all our distress and persecution we were encouraged about you because of your faith. For now we really live, since you are standing firm in the Lord. How can we thank God enough for you in return for all the joy we have in the presence of our God because of you? Night and day we pray most earnestly that we may see you again and supply what is lacking in your faith. Now may our God and Father himself and our Lord Jesus clear the way for us to come to you. May the Lord make your love increase and overflow for each other and for everyone else, just as ours does for you. May he strengthen your hearts so that you will be blameless and holy in the presence of our God and Father when our Lord Jesus comes with all his holy ones.
1 Tesalonisyen 3:6-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Mais voici que Timothée vient de nous arriver de chez vous, il nous a rapporté de bonnes nouvelles de votre foi et de votre amour. Il nous a dit en particulier que vous conservez toujours un bon souvenir de nous et que vous désirez nous revoir autant que nous désirons vous revoir. Aussi, frères et sœurs, au milieu de nos angoisses et de nos détresses, vous nous avez réconfortés par la réalité de votre foi. Oui, maintenant, nous nous sentons revivre, puisque vous tenez bon dans votre vie avec le Seigneur. Comment, en réponse, pourrions-nous assez remercier notre Dieu pour vous, pour toute la joie que vous nous donnez devant lui ? C’est pourquoi, nuit et jour, nous lui demandons avec instance de nous accorder de vous revoir et de compléter ce qui manque à votre foi. Que Dieu notre Père lui-même et notre Seigneur Jésus aplanissent notre chemin jusqu’à vous. Que le Seigneur vous remplisse, jusqu’à en déborder, d’amour les uns pour les autres et envers tous les hommes, à l’exemple de l’amour que nous vous portons. Qu’il affermisse ainsi votre cœur pour que vous soyez saints et irréprochables devant Dieu notre Père au jour où notre Seigneur Jésus-Christ viendra avec tous ses saints anges.