1 Tesalonisyen 3:1-13
1 Tesalonisyen 3:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Se konsa, mwen pat kapab tann ankò. Mwen pran desizyon rete pou kont mwen lavil Atèn. Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bòn nouvèl Kris la. Li te gen pou l te fòtifye nou, pou l te ankouraje nou nan lafwa, pou pèsonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa ta pral rive nou. Lè m te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou ta pral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou. Se poutèt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pat kapab tann ankò. Mwen te voye l pran nouvèl jan konfyans nou nan Bondye ye. Mwen te pè pou Satan pat pran nou nan pèlen li, pou tout travay mwen an pat pèdi. Men kounyeya, Timote fenk rive sot lakay nou, li fè kè m kontan, li ban m bòn nouvèl, li di m jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m jan nou menm tou nou toujou chonje m, jan nou anvi wè m, menm jan mwen menm mwen anvi wè nou. Konsa, frè m yo, nan mitan tout difikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m kouray lè m tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa. Se kounyeya m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la. Mwen pa konn ki jan pou m di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m kontan devan li. Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m chans yon lè vizite nou ankò, pou m ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou, pou yo louvri chemen pou m'ka vin wè nou. Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.
1 Tesalonisyen 3:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Aussi, comme nous ne pouvions plus attendre, nous avons décidé de rester seuls à Athènes. Et nous vous avons envoyé notre frère Timothée qui travaille avec Dieu pour annoncer la Bonne Nouvelle du Christ. Nous l’avons envoyé pour qu’il rende votre foi solide et vous donne du courage. Ainsi, personne ne se laissera troubler par les souffrances d’aujourd’hui. Vous savez vous-mêmes qu’elles font partie du projet de Dieu pour nous. Quand nous étions chez vous, nous vous avons annoncé d’avance que nous allions souffrir durement, et c’est ce qui s’est passé, vous le savez. C’est pourquoi, comme je ne pouvais plus attendre, j’ai envoyé Timothée prendre des nouvelles de votre foi. J’avais peur d’une chose : l’esprit du mal vous avait peut-être tentés, et dans ce cas, nous aurions travaillé pour rien. Maintenant, Timothée vient d’arriver de chez vous. Il nous a apporté de bonnes nouvelles de votre foi et de votre amour. Il nous a dit que vous gardez toujours un bon souvenir de nous et que vous désirez nous revoir, comme nous désirons vous revoir. Alors, frères et sœurs, au milieu de tous nos malheurs et de nos souffrances, votre foi nous a encouragés. Maintenant, nous revivons parce que vous restez forts dans le Seigneur. Comment remercier Dieu pour vous, à cause de la grande joie que vous nous donnez devant lui ? Nuit et jour, voici ce que nous lui demandons avec force : qu’il nous permette de vous revoir et de compléter ce qui manque à votre foi. Que Dieu lui-même, notre Père, et que notre Seigneur Jésus-Christ nous ouvrent la route pour aller jusqu’à vous ! Que le Seigneur fasse grandir de plus en plus l’amour que vous avez les uns pour les autres et pour tous ! Que cet amour ressemble à notre amour pour vous ! Ainsi, le Seigneur remplira vos cœurs de sa force. Et quand notre Seigneur Jésus viendra avec tous ceux qui lui appartiennent, vous serez saints devant Dieu notre Père, et on ne pourra rien vous reprocher.
1 Tesalonisyen 3:1-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè nou reyalize se toutbon vre nou p ap ka vin wè w, epi nou pa t ka sipòte ankò, nou te deside pou nou rete Atèn pou kont nou. Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa. Nou te voye l pou okenn nan nou pa kite pwoblèm yo pote n ale. Ou konnen deja fòk pwoblèm yo vini. Depi lè nou te avèk ou, nou te anonse w davans pwoblèm yo te gen pou vini. Epi nou konnen sa rive egzakteman jan nou te gentan di l la. Konsa, kòm m pa t ka tann ankò, mwen te voye Timote pou pran nouvèl sou kijan lafwa ou ap mache. Mwen te gen krentif pou satan, tantatè a, pa t gentan fè nou tonbe, epi pase travay nou te fè nan mitan nou anba pye. Men Timote fè k retounen ak bon jan nouvèl sou kalite lafwa ou ak lanmou ou. Li fè nou konnen kijan ou toujou sonje nou tou. Li di nou: se pa nou sèlman ki anvi wè w, ou anvi wè nou tou. Konsa, menm nan mitan tèt chaje nou yo, nouvèl nou te pran sou lafwa ou te ankouraje nou anpil. Wi, kounye a nou santi n ap viv paske ou ap kenbe fèm nan Senyè a. Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa. Lajounen kon lannwit nou priye ak tout kè nou, pou mande Bondye pou nou ka ale an pèsòn pou vin bay anplis kèlkeswa sa k nesesè pou fè lafwa ou vin pi fèm toujou. Se pou Bondye Papa nou ak Senyè nou Jezikris ranje tout bagay pou nou ka vin wè ou. Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt. Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.
1 Tesalonisyen 3:1-13 New International Version (NIV)
So when we could stand it no longer, we thought it best to be left by ourselves in Athens. We sent Timothy, who is our brother and co-worker in God’s service in spreading the gospel of Christ, to strengthen and encourage you in your faith, so that no one would be unsettled by these trials. For you know quite well that we are destined for them. In fact, when we were with you, we kept telling you that we would be persecuted. And it turned out that way, as you well know. For this reason, when I could stand it no longer, I sent to find out about your faith. I was afraid that in some way the tempter had tempted you and that our labors might have been in vain. But Timothy has just now come to us from you and has brought good news about your faith and love. He has told us that you always have pleasant memories of us and that you long to see us, just as we also long to see you. Therefore, brothers and sisters, in all our distress and persecution we were encouraged about you because of your faith. For now we really live, since you are standing firm in the Lord. How can we thank God enough for you in return for all the joy we have in the presence of our God because of you? Night and day we pray most earnestly that we may see you again and supply what is lacking in your faith. Now may our God and Father himself and our Lord Jesus clear the way for us to come to you. May the Lord make your love increase and overflow for each other and for everyone else, just as ours does for you. May he strengthen your hearts so that you will be blameless and holy in the presence of our God and Father when our Lord Jesus comes with all his holy ones.
1 Tesalonisyen 3:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’est pourquoi, nous n’avons plus supporté d’attendre davantage et nous avons préféré rester seuls à Athènes. Nous vous avons envoyé notre frère Timothée, qui collabore avec nous au service de Dieu dans l’annonce de l’Evangile de Christ. Nous l’avons chargé de vous affermir et de vous encourager dans votre foi, afin que personne ne vienne à vaciller dans les détresses par lesquelles vous passez. Vous savez vous-mêmes qu’elles font partie de notre lot. Lorsque nous étions parmi vous, nous vous avions prévenus que nous aurions à souffrir de nombreuses détresses. Et c’est ce qui est arrivé, vous le savez bien. Ainsi, ne pouvant supporter d’attendre davantage, j’ai envoyé Timothée pour prendre des nouvelles de votre foi. Je craignais que le Tentateur ne vous ait éprouvés au point de réduire à néant tout notre travail. Mais voici que Timothée vient de nous arriver de chez vous, il nous a rapporté de bonnes nouvelles de votre foi et de votre amour. Il nous a dit en particulier que vous conservez toujours un bon souvenir de nous et que vous désirez nous revoir autant que nous désirons vous revoir. Aussi, frères et sœurs, au milieu de nos angoisses et de nos détresses, vous nous avez réconfortés par la réalité de votre foi. Oui, maintenant, nous nous sentons revivre, puisque vous tenez bon dans votre vie avec le Seigneur. Comment, en réponse, pourrions-nous assez remercier notre Dieu pour vous, pour toute la joie que vous nous donnez devant lui ? C’est pourquoi, nuit et jour, nous lui demandons avec instance de nous accorder de vous revoir et de compléter ce qui manque à votre foi. Que Dieu notre Père lui-même et notre Seigneur Jésus aplanissent notre chemin jusqu’à vous. Que le Seigneur vous remplisse, jusqu’à en déborder, d’amour les uns pour les autres et envers tous les hommes, à l’exemple de l’amour que nous vous portons. Qu’il affermisse ainsi votre cœur pour que vous soyez saints et irréprochables devant Dieu notre Père au jour où notre Seigneur Jésus-Christ viendra avec tous ses saints anges.