1 Tesalonisyen 2:14-20
1 Tesalonisyen 2:14-20 1998 Haïtienne (HAT98)
Frè m yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo. Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Senyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m ansanm ak zanmi m yo. Yo pa sòti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun. Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou konn fè a. Men, kounyeya kòlè Bondye tonbe sou yo. Pou mwen menm, frè m yo, pa gen lontan depi m kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò. Mwen pa konnen sa m ta fè pou m tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen. Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m kontan. Se nou menm k'ap ban m okazyon pou m vante tèt mwen devan Jezi, Senyè nou an, lè l'a vini. Se nou menm ki ban m satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m kontan.
1 Tesalonisyen 2:14-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
En effet, frères et sœurs, vous avez imité les Églises de Dieu qui sont en Judée et qui sont unies au Christ Jésus. Vous avez souffert à cause des gens de votre pays, comme ces Églises ont souffert à cause des Juifs. Ils ont tué le Seigneur Jésus et les prophètes, et ils nous ont fait souffrir, nous aussi. Ils ne plaisent pas à Dieu, ils sont ennemis de tout le monde ! Ils nous empêchent d’annoncer à ceux qui ne sont pas juifs le message qui doit les sauver. Ainsi, ils complètent la somme des péchés qu’ils ont toujours commis. Mais finalement, la colère de Dieu est tombée sur eux. Frères et sœurs, nous avons été séparés de vous pendant un certain temps, loin des yeux mais non pas loin du cœur ! Nous désirions beaucoup vous revoir et nous avons tout fait pour cela. Nous avons voulu vous rendre visite plusieurs fois, en tout cas, moi, Paul, j’ai voulu le faire, mais Satan nous en a empêchés. Oui, notre raison d’espérer, notre joie, c’est vous. Quand notre Seigneur Jésus-Christ viendra, vous serez pour nous la récompense qu’on donne aux vainqueurs, et devant lui, nous serons fiers de vous. C’est vrai, vous êtes notre fierté et notre joie !
1 Tesalonisyen 2:14-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye. Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w. Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou. Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen. Wi! Ou se fyète nou ak lajwa nou.
1 Tesalonisyen 2:14-20 New International Version (NIV)
For you, brothers and sisters, became imitators of God’s churches in Judea, which are in Christ Jesus: You suffered from your own people the same things those churches suffered from the Jews who killed the Lord Jesus and the prophets and also drove us out. They displease God and are hostile to everyone in their effort to keep us from speaking to the Gentiles so that they may be saved. In this way they always heap up their sins to the limit. The wrath of God has come upon them at last. But, brothers and sisters, when we were orphaned by being separated from you for a short time (in person, not in thought), out of our intense longing we made every effort to see you. For we wanted to come to you—certainly I, Paul, did, again and again—but Satan blocked our way. For what is our hope, our joy, or the crown in which we will glory in the presence of our Lord Jesus when he comes? Is it not you? Indeed, you are our glory and joy.
1 Tesalonisyen 2:14-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Vous l’avez montré, frères et sœurs, en suivant l’exemple des Eglises de Dieu en Judée qui sont unies à Jésus-Christ, car vous aussi, vous avez souffert, de la part de vos compatriotes, les mêmes persécutions qu’elles ont endurées de la part des Juifs. Ce sont eux qui ont fait mourir le Seigneur Jésus et les prophètes. Ils nous ont persécutés nous-mêmes, ils ne se soucient nullement de plaire à Dieu et se montrent ennemis de tous les hommes. Ils essaient, en effet, de nous empêcher d’annoncer la Parole aux non-Juifs pour que ceux-ci soient sauvés et ils portent ainsi à leur comble les péchés qu’ils ont toujours commis. Aussi la colère de Dieu a-t-elle fini par les atteindre. En ce qui nous concerne, frères et sœurs, étant séparés de vous pour un temps – de corps mais non de cœur – nous avons fait beaucoup d’efforts pour vous revoir, car nous en avions le vif désir. C’est pourquoi nous avons voulu aller chez vous – moi, Paul, je l’ai tenté à une et même deux reprises – mais Satan nous en a empêchés. N’êtes-vous pas, en effet, vous aussi, notre espérance, notre joie et la couronne dont nous serons fiers en présence de notre Seigneur Jésus au jour de sa venue ? Oui, c’est vous qui êtes notre gloire et notre joie !