1 Samyèl 16:1-23
1 Samyèl 16:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Senyè a di Samyèl konsa: — Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l jete pou l pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l yo pou vin wa. Samyèl di li: — Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m. Senyè a reponn li: — Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Senyè a. W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m. Samyèl fè tou sa Senyè a te di l fè a. Lale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l. Yo tout te gen kè sote. Yo di l konsa: — Eske se pou byen nou ou vin isit la? Samyèl di: — Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Senyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou. Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l: — Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Senyè a chwazi. Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun. Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l yo, li mennen l bay Samyèl. Men, Samyèl di: — Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi. Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: — Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi. Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: — Non, Senyè a pa chwazi yonn ladan yo. Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: — Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: — Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l'al mennen mouton m yo al nan manje. Samyèl di li: — Voye chache l, paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini. Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Senyè a di Samyèl: — Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li. Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama. Lespri Senyè a te kite Sayil, epi Senyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l. Moun k'ap sèvi Sayil yo di l konsa: — Gade! Ou konnen Senyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou! Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman. Sayil di moun k'ap sèvi l yo: — Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen. Yonn nan mesye yo di konsa: — Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Senyè a avèk li. Se konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li: — Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen. Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou li bay Sayil. Epi li voye li al jwenn wa a. Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l pou sèvi l. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l pou pote zam li yo. Sayil voye di Izayi konsa: — Tanpri, kite David rete avè m. Mwen renmen l anpil. Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l, epi Sayil te soulaje, li te santi l byen ankò.
1 Samyèl 16:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le SEIGNEUR dit à Samuel : « Est-ce que tu vas pleurer Saül encore longtemps ? C’est moi qui l’ai rejeté, et il ne sera plus roi d’Israël. Prends de l’huile et va à Bethléem. Je t’envoie là-bas, chez Jessé. En effet, j’ai choisi parmi ses fils le roi qui me plaît. » Samuel demande : « Comment est-ce que je peux faire cela ? Si je vais à Bethléem, Saül va l’apprendre et il va me tuer ! » Le SEIGNEUR lui répond : « Prends avec toi un veau. Tu diras : “Je viens offrir un sacrifice au SEIGNEUR.” Invite Jessé à la cérémonie. Je te dirai ce que tu dois faire. Je te montrerai celui que j’ai choisi, et tu verseras de l’huile sur lui pour le faire roi. » Samuel fait ce que le SEIGNEUR a dit. Quand il arrive à Bethléem, les anciens de la ville sont inquiets. Ils viennent à sa rencontre et lui demandent : « Est-ce que tu viens nous annoncer une bonne nouvelle ? » Samuel répond : « Oui. Je viens offrir un sacrifice au SEIGNEUR. Rendez-vous purs pour la cérémonie et venez ensuite avec moi. » Samuel dit aussi à Jessé et à ses fils : « Rendez-vous purs, je vous invite au sacrifice. » Quand Jessé et ses fils arrivent, Samuel voit Éliab et pense : « C’est sûrement lui que le SEIGNEUR a choisi. » Mais le SEIGNEUR lui dit : « Cet homme est beau et il est grand. Mais ne fais pas attention à cela ! Ce n’est pas lui que j’ai choisi. Je ne juge pas comme les êtres humains. Les gens font attention à ce qui se voit, mais moi, je regarde le fond du cœur. » Ensuite Jessé appelle Abinadab. Il le fait passer devant Samuel, mais Samuel dit : « Ce n’est pas non plus cet homme-là que le SEIGNEUR a choisi. » Jessé fait passer encore Chamma, mais Samuel dit : « Ce n’est pas lui non plus. » Jessé fait passer ainsi sept de ses fils devant Samuel. Samuel lui dit : « Le SEIGNEUR n’a choisi aucun d’eux. » Puis il ajoute : « Est-ce que tes fils sont tous là ? » Jessé répond : « Non, il y a encore David, le plus jeune. Il garde les moutons. » Samuel lui dit : « Envoie quelqu’un le chercher ! Nous ne commencerons pas le repas du sacrifice avant son arrivée. » Aussitôt Jessé fait venir David. David a le teint clair, avec de beaux yeux et un beau visage. Alors le SEIGNEUR dit à Samuel : « C’est lui ! Verse de l’huile sur sa tête pour le faire roi ! » Samuel prend l’huile et il la verse sur la tête de David devant ses frères. L’esprit du SEIGNEUR descend sur David et, à partir de ce jour-là, il ne le quitte plus. Ensuite Samuel part et il retourne à la ville de Rama. L’esprit du SEIGNEUR a quitté Saül, et un esprit mauvais, envoyé par le SEIGNEUR, le fait souffrir. Les serviteurs de Saül lui disent : « Nous le savons, Dieu t’a envoyé un esprit mauvais qui te fait souffrir. Donne un ordre, nous t’obéirons. Nous te trouverons un homme qui sait jouer de la cithare. Ainsi, quand l’esprit mauvais viendra en toi, le musicien jouera, et cela te calmera. » Saül répond : « Trouvez-moi un bon musicien et amenez-le. » Un des serviteurs dit : « Je connais justement un fils de Jessé, de Bethléem. C’est un bon musicien, un homme de valeur et un bon combattant. Il parle avec intelligence, il est beau, et le SEIGNEUR est avec lui. » Saül envoie des messagers à Jessé pour lui dire : « Envoie-moi ton fils David, celui qui garde les moutons. » Alors Jessé prend un âne. Il charge dessus du pain, une outre de vin et un cabri. Et il envoie son fils David porter ces cadeaux à Saül. David arrive chez Saül et il se met à son service. Saül l’aime beaucoup et il en fait son porteur d’armes. Puis Saül envoie dire à Jessé : « Je veux que David reste à mon service, parce qu’il me plaît. » À partir de ce moment, quand l’esprit mauvais entre dans Saül, David prend sa cithare et il en joue. Saül se calme, il se sent mieux, et l’esprit mauvais le quitte.
1 Samyèl 16:1-23 New International Version (NIV)
The LORD said to Samuel, “How long will you mourn for Saul, since I have rejected him as king over Israel? Fill your horn with oil and be on your way; I am sending you to Jesse of Bethlehem. I have chosen one of his sons to be king.” But Samuel said, “How can I go? If Saul hears about it, he will kill me.” The LORD said, “Take a heifer with you and say, ‘I have come to sacrifice to the LORD.’ Invite Jesse to the sacrifice, and I will show you what to do. You are to anoint for me the one I indicate.” Samuel did what the LORD said. When he arrived at Bethlehem, the elders of the town trembled when they met him. They asked, “Do you come in peace?” Samuel replied, “Yes, in peace; I have come to sacrifice to the LORD. Consecrate yourselves and come to the sacrifice with me.” Then he consecrated Jesse and his sons and invited them to the sacrifice. When they arrived, Samuel saw Eliab and thought, “Surely the LORD’s anointed stands here before the LORD.” But the LORD said to Samuel, “Do not consider his appearance or his height, for I have rejected him. The LORD does not look at the things people look at. People look at the outward appearance, but the LORD looks at the heart.” Then Jesse called Abinadab and had him pass in front of Samuel. But Samuel said, “The LORD has not chosen this one either.” Jesse then had Shammah pass by, but Samuel said, “Nor has the LORD chosen this one.” Jesse had seven of his sons pass before Samuel, but Samuel said to him, “The LORD has not chosen these.” So he asked Jesse, “Are these all the sons you have?” “There is still the youngest,” Jesse answered. “He is tending the sheep.” Samuel said, “Send for him; we will not sit down until he arrives.” So he sent for him and had him brought in. He was glowing with health and had a fine appearance and handsome features. Then the LORD said, “Rise and anoint him; this is the one.” So Samuel took the horn of oil and anointed him in the presence of his brothers, and from that day on the Spirit of the LORD came powerfully upon David. Samuel then went to Ramah. Now the Spirit of the LORD had departed from Saul, and an evil spirit from the LORD tormented him. Saul’s attendants said to him, “See, an evil spirit from God is tormenting you. Let our lord command his servants here to search for someone who can play the lyre. He will play when the evil spirit from God comes on you, and you will feel better.” So Saul said to his attendants, “Find someone who plays well and bring him to me.” One of the servants answered, “I have seen a son of Jesse of Bethlehem who knows how to play the lyre. He is a brave man and a warrior. He speaks well and is a fine-looking man. And the LORD is with him.” Then Saul sent messengers to Jesse and said, “Send me your son David, who is with the sheep.” So Jesse took a donkey loaded with bread, a skin of wine and a young goat and sent them with his son David to Saul. David came to Saul and entered his service. Saul liked him very much, and David became one of his armor-bearers. Then Saul sent word to Jesse, saying, “Allow David to remain in my service, for I am pleased with him.” Whenever the spirit from God came on Saul, David would take up his lyre and play. Then relief would come to Saul; he would feel better, and the evil spirit would leave him.
1 Samyèl 16:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
L’Eternel dit à Samuel : Combien de temps encore vas-tu pleurer sur Saül, alors que moi, je l’ai rejeté pour lui retirer la royauté sur Israël ? Remplis ta corne d’huile et va à Bethléhem, je t’envoie chez Isaï, car je me suis choisi pour moi un roi parmi ses fils. Samuel répondit : Comment puis-je faire cela ? Saül l’apprendra et il me fera mourir ! L’Eternel lui dit : Tu emmèneras une génisse et tu diras que tu vas m’offrir un sacrifice. Tu inviteras Isaï à y assister et je t’indiquerai alors ce que tu devras faire. Tu conféreras de ma part l’onction à celui que je te désignerai. Samuel fit ce que l’Eternel lui avait ordonné. Lorsqu’il arriva à Bethléhem, les responsables de la ville, inquiets, vinrent au-devant de lui et lui demandèrent : Ta venue annonce-t-elle quelque chose de bon ? – Oui, répondit-il, c’est quelque chose de bon : je suis venu offrir un sacrifice à l’Eternel. Purifiez-vous et venez ensuite avec moi au sacrifice. Il demanda également à Isaï et ses fils de se purifier en les invitant à prendre part au repas du sacrifice. A leur arrivée, il remarqua Eliab et se dit : Certainement, c’est celui qui se tient maintenant devant l’Eternel qu’il a choisi pour lui donner l’onction. Mais l’Eternel lui dit : Ne te laisse pas impressionner par son apparence physique et sa taille imposante, car ce n’est pas lui que j’ai choisi. Je ne juge pas de la même manière que les hommes. L’homme ne voit que ce qui frappe les yeux, mais l’Eternel regarde au cœur. Ensuite Isaï appela Abinadab et le présenta à Samuel, mais il dit : L’Eternel n’a pas non plus choisi celui-ci. Puis Isaï fit avancer Shamma. Samuel dit à nouveau : L’Eternel n’a pas non plus choisi celui-ci. Isaï présenta ainsi sept fils à Samuel et celui-ci lui dit : L’Eternel n’a choisi aucun de ceux-là. Puis il lui demanda : Est-ce que ce sont là tous tes garçons ? – Non, répondit Isaï. Il reste encore le plus jeune qui garde les moutons au pâturage. – Envoie-le chercher ! ordonna Samuel, car nous ne nous installerons pas pour le repas du sacrifice avant qu’il ne soit arrivé ici. Isaï le fit donc venir. C’était un garçon aux cheveux roux, avec de beaux yeux et qui avait belle apparence. L’Eternel dit à Samuel : C’est lui. Vas-y, confère-lui l’onction. Samuel prit la corne pleine d’huile et il en oignit David en présence de sa famille. L’Esprit de l’Eternel tomba sur David et demeura sur lui à partir de ce jour-là et dans la suite. Après cela, Samuel se remit en route et retourna à Rama. L’Esprit de l’Eternel se retira de Saül, tandis qu’un mauvais esprit envoyé par l’Eternel se mit à le tourmenter. Les serviteurs de Saül lui dirent : Voilà qu’un mauvais esprit envoyé par Dieu te tourmente. Il te suffit, notre seigneur, de dire un mot et tes serviteurs ici présents te chercheront quelqu’un qui sache jouer de la lyre. Quand le mauvais esprit de Dieu t’assaillira, le musicien jouera de son instrument et cela te soulagera. Saül répondit : D’accord, cherchez-moi donc un bon musicien et amenez-le-moi ! L’un des serviteurs dit alors : J’ai justement remarqué un fils d’Isaï de Bethléhem, qui sait jouer de la lyre. C’est aussi un brave guerrier. De plus, il s’exprime bien, il a belle apparence et l’Eternel est avec lui. Saül envoya alors des messagers à Isaï avec cet ordre : Envoie-moi ton fils David, celui qui garde les moutons. Isaï prit un âne qu’il chargea de pains, d’une outre de vin et d’un chevreau et il envoya ces présents à Saül par son fils David. Quand celui-ci arriva chez Saül, il entra à son service ; Saül le prit en affection et lui confia le soin de porter ses armes. Il envoya dire à Isaï : J’apprécie beaucoup David. Qu’il reste donc à mon service ! Dès lors, chaque fois que le mauvais esprit venu de Dieu assaillait Saül, David prenait sa lyre et en jouait. Alors Saül se calmait et se sentait mieux, et le mauvais esprit le quittait.